BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib:Sakalava
  • Jodi a

Lendi 31 out

Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la. — Sòm 56:8.

David te oblije andire anpil sitiyasyon difisil nan lavi l e sa te fè l kriye. Gen moun ki te rayi l e gen moun li te fè konfyans ki te menm trayi l (1 Sam. 19:​10, 11; 2 Sam. 15:​10-14, 30). Rive yon lè, men sa David te ekri: “Mwen fatige tèlman m ap plenn. Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m, mwen benyen kabann mwen nèt tèlman m kriye.” (Sòm 6:6). Malgre David te nan gwo pwoblèm, li te gen konviksyon Jewova renmen l. Men sa l te ekri: “Jewova ap tande m lè m ap kriye.” (Sòm 6:8). Pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an montre aklè Jewova renmen nou anpil, li enterese konn ki jan n santi n. David te santi se kòmsi Jewova t ap ranmase dlo nan je l met nan yon bidon oswa Li t ap ekri yo nan yon liv. David te sèten Jewova te wè jan l t ap soufri e L pa t bliye sa. David te gen konviksyon Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou pa t sèlman wè pwoblèm li yo, men l te wè tou jan sa te fè l santi l. w24.12 22 § 11-12.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Madi 1ye septanm

Kontinye verifye si nou nan lafwa. — 2 Kor. 13:5.

Nou dwe fè efò nonsèlman pou nou vin gen matirite, men tou, pou nou kontinye genyen l. Sa mande pou nou veye pou n pa twò kwè nan tèt nou (1 Kor. 10:12). Nou dwe “kontinye verifye” pou nou wè si n ap kontinye fè pwogrè. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Kolòs yo, yon lòt fwa ankò li te montre nou bezwen kontinye gen matirite. Menm lè kretyen sa yo te vin gen matirite, Pòl te ankouraje yo pou yo veye pou yo pa kite fason monn nan panse twonpe yo (Kol. 2:​6-10). Epafras, sanble ki te byen konnen moun ki nan kongregasyon an, te toujou ap priye “yon fason pou [yo te] ka rete djanm antanke moun ki gen matirite”. (Kol. 4:12.) Ki leson nou ka aprann? Pòl ak Epafras te konprann pou n kontinye gen matirite sa mande pou n fè efò e nou bezwen èd Bondye. Yo te vle kretyen nan vil Kolòs yo kontinye gen matirite oswa kontinye fè pwogrè antanke kretyen malgre difikilte yo te jwenn. w24.04 6-7 § 16-17.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026

Mèkredi 2 septanm

Jewova avèk nou. Nou pa bezwen pè yo. — Nonb 14:9.

Lè n vin gen bonjan lakrentif pou Jewova, nou vin tèlman renmen l nou pa t ap janm fè yon bagay ki pap fè l plezi. Nou vrèman anvi aprann konnen diferans ki genyen ant sa ki byen ak sa ki mal, ant laverite ak manti, pou n ka jwenn favè Jewova (Pwo. 2:​3-6; Ebre 5:14). Si nou plis pè moun pase nou gen lakrentif pou Bondye, nou ka kòmanse kwè yon seri bagay ki depaman ak laverite. Ann pran egzanp 12 chèf ki t al kòm espyon nan peyi Jewova te pwomèt l ap bay Izrayelit yo. Laperèz dis nan espyon yo te gen pou moun Kanaran yo te pi fò pase lanmou yo te gen pou Jewova. Men sa yo te di lòt Izrayelit yo: “Nou pap kapab monte al goumen ak pèp sa a, paske yo gen plis fòs pase nou.” (Nonb 13:​27-31). Gen moun ki te ka di moun Kanaran yo te gen plis fòs e se te vre. Men, si yo ta di Izrayelit yo pa t ap kapab pot laviktwa sou ènmi yo, konnen yo bliye Jewova. w24.07 9 § 5-6.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje