Revelasyon
6 Mwen wè lè Timouton an kase youn nan sèt sele yo, e mwen tande youn nan kat cheriben* yo ki di avèk yon vwa ki tankou bri loray: “Vini!” 2 Epi mwen gade, mwen wè yon cheval blan, e moun ki chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yo ba li yon kouwòn, epi li derape pou l konbat ènmi l yo e pou l fin ranpòte laviktwa sou yo.
3 E lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm cheriben an di: “Vini!” 4 E yon lòt cheval soti, youn ki koulè dife. Yo bay moun ki chita sou li a pèmisyon pou l retire lapè sou tè a yon fason pou moun yo touye youn lòt, e yo ba li yon gwo epe.
5 E lè l kase twazyèm sele a, mwen tande twazyèm cheriben an di: “Vini!” E mwen gade, mwen wè yon cheval nwa, e moun ki chita sou li a te gen yon balans nan men l. 6 Mwen tande yon bagay ki tankou yon vwa ki soti nan mitan kat cheriben yo ki di: “Yon mezi ble pou yon denye*, twa mezi lòj pou yon denye, epi pa gaspiye luil doliv la ak diven an.”
7 E lè l kase katriyèm sele a, mwen tande vwa katriyèm cheriben an ki di: “Vini!” 8 E mwen gade, mwen wè yon cheval ki gen yon koulè blèm. Yo rele moun ki chita sou li a Lanmò. Adès* t ap suiv li pye pou pye. Yo te ba yo pouvwa sou yon ka tè a, pou yo touye moun avèk yon epe ki long, ak grangou, ak epidemi mòtèl e avèk bèt sovaj ki sou tè a.
9 E lè l kase senkyèm sele a, nan pye lotèl la, mwen wè san* moun yo te touye poutèt pawòl Bondye a e poutèt temwayaj yo t ap bay la. 10 E yo rele byen fò, yo di: “Souvren Seyè, ou menm ki sen, ou menm sa w di w ye a se sa w ye vre, ki lè w ap jije moun ki abite sou tè a, e ki lè w ap vanje san nou sou yo?” 11 Yo ba yo chak yon wòb blan long, e yo di yo pou yo repoze yon ti tan toujou, jiskaske kantite esklav parèy yo ak kantite frè yo moun pral touye menm jan yo te touye yo a fin kont.
12 E mwen wè lè l kase sizyèm sele a, gen yon gwo tranblemanntè ki fèt. Solèy la vin nwa tankou yon twal sak nwa, e tout lalin nan vin tankou san. 13 Zetwal nan syèl la tonbe sou tè a, tankou fig frans vèt k ap tonbe sot nan yon pye fig frans gwo van ap souke. 14 Syèl la retire kò l tankou yon woulo y ap woule, e tout mòn yo ak tout zile yo kite plas kote yo te ye yo. 15 Wa k ap dirije latè yo, moun ki nan gwo pozisyon yo, kòmandan lame yo, moun ki rich yo, moun ki pisan yo, tout esklav ak tout moun ki lib, yo tout al kache nan gwòt ak nan mitan mas wòch ki nan mòn yo. 16 Yo pa sispann di mòn yo ak mas wòch yo: “Kouvri nou, kache nou pou Moun ki chita sou twòn nan pa wè nou, kache nou pou pwoteje nou anba kòlè Timouton an, 17 paske gran jou kòlè yo a rive. E ki moun ki ka kanpe?”