BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 40
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo mennen Ezekyèl ann Izrayèl nan yon vizyon (1, 2)

      • Ezekyèl wè yon tanp nan yon vizyon (3, 4)

      • Lakou yo ak pòtay yo (5-47)

        • Pòtay ki sou deyò nan direksyon lès la (6-16)

        • Lakou ki deyò a; lòt pòtay yo (17-26)

        • Lakou ki anndan an ak pòtay yo (27-37)

        • Salamanje pou yo fè sèvis nan tanp lan (38-46)

        • Lotèl la (47)

      • Galri tanp lan (48, 49)

Ezekyèl 40:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 24:15, 16
  • +2Wa 25:8-10; Eze 33:21
  • +Eze 8:3

Ezekyèl 40:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 2:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 142, 149, 152-154

Ezekyèl 40:3

Nòt anba paj

  • *

    Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 1:5, 7; Dn 10:5, 6
  • +Eze 47:3; Za 2:1, 2; Re 11:1; 21:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1717-1718, 1793

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    8/2017, p. 3

Ezekyèl 40:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “fikse kè w sou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 43:10

Ezekyèl 40:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kay la”. Soti nan chapit 40 rive nan chapit 48, se “tanp lan” nou mete pou mo “kay la” depi se de tanp lan y ap pale.

  • *

    Lit.: “yon wozo pou mezire ki te sis koude, yon koude ak lajè kat dwèt”. Y ap pale de koude ki long nan. Gade Apendis B14.

Ezekyèl 40:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:10; 43:1, 4; 46:1, 2

Ezekyèl 40:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 9:26, 27

Ezekyèl 40:13

Nòt anba paj

  • *

    Petèt y ap pale de tèt mi chanm gad yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:20, 21

Ezekyèl 40:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 149

Ezekyèl 40:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:4; Eze 41:26
  • +1Wa 6:35

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    8/2017, p. 3-5

Ezekyèl 40:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “chanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 28:12

Ezekyèl 40:19

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “lajè”.

Ezekyèl 40:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 41:20, 26

Ezekyèl 40:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 46:9

Ezekyèl 40:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:20, 22

Ezekyèl 40:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:20, 21

Ezekyèl 40:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 40:16
  • +Eze 40:32, 34, 35, 37

Ezekyèl 40:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 44:4

Ezekyèl 40:38

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 8:21

Ezekyèl 40:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 1:3, 6; 8:20; Eze 43:18
  • +Le 4:3, 4
  • +Le 5:6; 7:1; Eze 42:13; 44:29

Ezekyèl 40:44

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 6:31, 32

Ezekyèl 40:45

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 3:6-8; 1Kw 9:22, 23; Sm 134:1

Ezekyèl 40:46

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 6:12, 13; Nb 18:5; 2Kw 13:10, 11
  • +1Wa 2:35; Eze 43:19
  • +Nb 16:39, 40; Eze 44:15, 16

Ezekyèl 40:48

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “poto”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 6:3; 2Kw 3:4

Ezekyèl 40:49

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “12”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 7:21

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 40:12Wa 24:15, 16
Eze. 40:12Wa 25:8-10; Eze 33:21
Eze. 40:1Eze 8:3
Eze. 40:2Eza 2:2
Eze. 40:3Eze 1:5, 7; Dn 10:5, 6
Eze. 40:3Eze 47:3; Za 2:1, 2; Re 11:1; 21:15
Eze. 40:4Eze 43:10
Eze. 40:6Eze 40:10; 43:1, 4; 46:1, 2
Eze. 40:71Kw 9:26, 27
Eze. 40:13Eze 40:20, 21
Eze. 40:161Wa 6:4; Eze 41:26
Eze. 40:161Wa 6:35
Eze. 40:171Kw 28:12
Eze. 40:22Eze 41:20, 26
Eze. 40:24Eze 46:9
Eze. 40:26Eze 40:20, 22
Eze. 40:29Eze 40:20, 21
Eze. 40:31Eze 40:16
Eze. 40:31Eze 40:32, 34, 35, 37
Eze. 40:35Eze 44:4
Eze. 40:38Le 8:21
Eze. 40:39Le 1:3, 6; 8:20; Eze 43:18
Eze. 40:39Le 4:3, 4
Eze. 40:39Le 5:6; 7:1; Eze 42:13; 44:29
Eze. 40:441Kw 6:31, 32
Eze. 40:45Nb 3:6-8; 1Kw 9:22, 23; Sm 134:1
Eze. 40:46Le 6:12, 13; Nb 18:5; 2Kw 13:10, 11
Eze. 40:461Wa 2:35; Eze 43:19
Eze. 40:46Nb 16:39, 40; Eze 44:15, 16
Eze. 40:481Wa 6:3; 2Kw 3:4
Eze. 40:491Wa 7:21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
  • 46
  • 47
  • 48
  • 49
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 40:1-49

Ezekyèl

40 Nan 25yèm ane nou te ann egzil la+, sa vle di nan 14yèm ane apre yo te fin kraze vil Jerizalèm nan, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan premye mwa a+, pisans Jewova te vin sou mwen, li te pran m e li mennen m nan vil la+. 2 Nan yon vizyon Bondye te fè m wè, li te mennen m nan peyi Izrayèl e li te mete m sou yon mòn ki byen wo+. Sou mòn nan, nan direksyon sid, te gen yon bagay ki te tankou yon vil.

3 Lè l te mennen m kote sa a, mwen te wè yon mesye. Kò l te sanble ak kuiv+. Li te gen yon kòd ki fèt an len nan men l ak yon wozo* pou mezire+. Li te kanpe nan antre pòtay la. 4 Mesye a di m: “Pitit lòm, byen gade epi byen koute, byen suiv* tout sa m ap montre w, paske se pou rezon sa a yo mennen w isit la. Se pou w fè moun Izrayèl yo konnen tout sa w wè yo+.”

5 Mwen te wè yon miray ki te antoure tanp lan* pa deyò. Mesye a te gen yon wozo pou mezire nan men l e longè wozo a se te sis koude (sou chak koude, yo te ajoute lajè kat dwèt)*. Mesye a te kòmanse mezire miray la. Lajè miray la se te yon wozo e wotè l se te yon wozo.

6 Apre sa, li vini nan pòtay ki bay nan direksyon lès la+ e li monte mach eskalye yo. Lè l mezire espas ki apre antre pòtay la, li wè lajè a te egal ak yon wozo. Te gen yon lòt espas ankò ki te mezire yon wozo. 7 Longè chak chanm gad yo se te yon wozo e lajè yo se te yon wozo. Te gen yon espas ki mezire senk koude ki te separe chanm yo+. Lòt espas ki te mezire yon wozo a te toupre galri pòtay la ki te bay sou anndan.

8 Li te mezire galri pòtay la al sou anndan e lajè a se te yon wozo. 9 Apre sa, li mezire longè galri pòtay la, li te jwenn uit koude. Epi, li mezire poto ki te sou chak bò galri a, yo chak te mezire de koude. Galri pòtay la te sou bò ki bay sou anndan an.

10 Sou chak bò pòtay ki bay nan direksyon lès la, te gen twa chanm pou gad yo. Toule twa te menm gwosè e poto dekorasyon ki te sou chak bò pòtay la te menm gwosè.

11 Apre sa, li mezire lajè antre pòtay la, li te jwenn dis koude. Longè antre pòtay la sou deyò se te 13 koude.

12 Devan chanm gad yo ki te sou chak bò, te gen yon ti espas ki bare ki te mezire yon koude. Chak chanm gad yo te mezire sis koude.

13 Apre sa, li mezire lajè pòtay la soti sou tèt yon chanm gad* al sou tèt chanm gad ki anfas li a, li te jwenn 25 koude. Kote pou yo antre nan chanm yo te youn anfas lòt+. 14 Apre sa, li mezire wotè poto dekorasyon yo, li te jwenn 60 koude. E li te mezire wotè lòt poto dekorasyon ki nan lòt pòtay ki toutotou lakou a. 15 Lè l mezire distans ki genyen ant devan antre pòtay la rive devan galri a, ki bay sou anndan, li te jwenn 50 koude.

16 Chanm gad yo ak poto dekorasyon yo ki te sou chak bò te gen fenèt ki te pi piti sou deyò e ki te pi laj sou anndan+. Anndan galri yo te gen fenèt sou chak bò tou. Poto dekorasyon yo te gen desen pye palmye sou yo+.

17 Apre sa, li mennen m nan lakou ki deyò a, mwen te wè plizyè salamanje*+ e toutotou lakou a te gen yon pati ki pave ak wòch. Te gen 30 salamanje sou pati ki pave a. 18 Lajè pati ki pave ak wòch ki sou bò pòtay yo te egal ak longè pòtay yo. Sa a se pati ki pave ki pi ba a.

19 Apre sa, li te mezire distans* ant devan pòtay ki sou deyò a rive nan limit lakou ki anndan an, li te jwenn 100 koude, ni sou bò lès, ni sou bò nò.

20 Lakou ki deyò a te gen yon pòtay ki bay nan direksyon nò. Li te mezire ni longè l, ni lajè l. 21 Sou chak bò pòtay la, te gen twa chanm pou gad yo. Poto dekorasyon l yo ak galri li te genyen an te menm gwosè ak sa ki nan premye pòtay la. Pòtay la te mezire 50 koude longè sou 25 koude lajè. 22 Fenèt li yo, galri l la ak desen pye palmye l yo+ te menm gwosè ak sa ki nan pòtay ki bay nan direksyon lès la. Pou yon moun te antre nan pòtay sa a, li te dwe monte sèt mach. Galri pòtay la te apre mach yo.

23 Te gen yon pòtay nan lakou anndan an ki te anfas pòtay ki bay nan direksyon nò a e te gen youn anfas pòtay ki bay nan direksyon lès la. Li te mezire distans ki genyen ant pòtay ki fas pou fas yo e li te jwenn 100 koude.

24 Apre sa, li mennen m nan direksyon sid. Mwen te wè yon pòtay ki bay nan direksyon sa a+. Li te mezire ni poto pòtay la, ni galri a. Yo te menm gwosè ak lòt yo. 25 Sou chak bò pòtay la ak galri a, te gen fenèt. Yo te menm jan ak lòt fenèt yo. Pòtay la te mezire 50 koude longè sou 25 koude lajè. 26 Te gen sèt mach eskalye ki te mennen nan pòtay la+, e galri pòtay la te apre mach yo. Poto dekorasyon l yo te gen desen pye palmye sou yo, yon desen sou chak bò.

27 Lakou ki anndan an te gen yon pòtay ki bay nan direksyon sid. Li te mezire distans ki genyen ant pòtay sa a ak lòt pòtay ki nan direksyon sid la. Li te jwenn 100 koude. 28 Apre sa, li mennen m nan lakou ki anndan an. Nou te pase nan pòtay ki bay nan direksyon sid la. Lè l te mezire pòtay sa a, li te wè li menm gwosè ak lòt pòtay yo. 29 Chanm gad ki te nan pòtay sa a, galri a ak poto dekorasyon ki te nan pòtay sa a te menm gwosè ak lòt yo. Te gen fenèt sou chak bò pòtay la ak galri a. Pòtay la te mezire 50 koude longè sou 25 koude lajè+. 30 Te gen galri nan tout pòtay ki te mennen nan lakou ki anndan an. Yo te mezire 25 koude longè sou 5 koude lajè. 31 Galri a te anfas lakou ki deyò a e te gen desen pye palmye sou poto pòtay la+. Te gen uit mach eskalye ki mennen nan pòtay la+.

32 Lè l te pase avè m nan pòtay ki alès la pou l fè m antre nan lakou ki anndan an, li te mezire pòtay la. Pòtay sa a te menm gwosè ak lòt yo. 33 Chanm gad ki nan pòtay sa a, poto dekorasyon l yo ak galri a te menm gwosè ak lòt yo. Te gen fenèt sou chak bò pòtay la ak galri a. Pòtay la te mezire 50 koude longè sou 25 koude lajè. 34 Galri pòtay sa a te anfas lakou ki deyò a e te gen desen pye palmye sou poto pòtay la. Te gen uit mach eskalye ki mennen nan pòtay la.

35 Apre sa, li te antre avè m nan pòtay ki bay nan direksyon nò a+ e li te mezire l. Pòtay sa a te menm gwosè ak lòt yo. 36 Chanm gad ki nan pòtay sa a, galri a ak poto dekorasyon l yo te menm jan ak lòt yo. Pòtay la te gen fenèt sou chak bò. Li te mezire 50 koude longè sou 25 koude lajè. 37 Poto l yo te bay sou lakou ki deyò a. Te gen desen pye palmye sou toule de poto yo. Te gen uit mach eskalye ki te mennen nan pòtay la.

38 Te gen yon salamanje toupre poto pòtay la e yo te konn lave sakrifis yo pral boule nèt yo la+.

39 Te gen de tab sou chak bò galri pòtay la. Se sou yo yo te konn touye bèt y ap boule nèt yo+, bèt y ap ofri kòm sakrifis pou peche yo+ ak bèt y ap ofri kòm sakrifis ki montre yon moun koupab la+. 40 Pa deyò pòtay ki nan direksyon nò a, bò mach eskalye yo, te gen de tab sou chak bò pòtay la. Epitou, te gen de tab sou chak bò galri a. 41 Te gen kat tab sou chak bò pòtay la kote yo te konn touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo. Antou te gen uit tab. 42 Kat tab yo te konn itilize pou bèt y ap boule nèt yo te fèt ak wòch yo taye. Yo te mezire yon koude edmi longè sou yon koude edmi lajè ak yon koude wotè. Se sou yo yo te mete enstriman yo te konn itilize pou touye bèt y ap boule nèt yo ak lòt bèt y ap ofri kòm sakrifis yo. 43 Te gen etajè sou mi yo pa anndan e yo te lajè kat dwèt. Yo te konn mete vyann sakrifis y ap ofri yo sou tab yo.

44 Salamanje chantè yo te pa deyò pòtay sa a, nan lakou ki anndan an, toupre pòtay ki bay nan direksyon nò a, e fas yo te bay nan direksyon sid+. Te gen yon lòt salamanje toupre pòtay ki bay nan direksyon lès la, e fas salamanje sa a te bay nan direksyon nò.

45 Li di m: “Gen yon salamanje fas li bay nan direksyon sid ki pou tout prèt ki responsab sèvis k ap fèt nan tanp lan+. 46 Salamanje fas li bay nan direksyon nò a se pou tout prèt ki responsab sèvis k ap fèt sou lotèl la+. Prèt sa yo se desandan Zadòk+, se yo menm yo chwazi pami Levit yo pou yo vin devan Jewova pou yo sèvi l+.”

47 Apre sa, li mezire lakou ki anndan an. Lakou a te kare, li te mezire 100 koude longè sou 100 koude lajè. Lotèl la te devan tanp lan.

48 Apre sa, li mennen m sou galri tanp lan+ e li mezire mi* ki nan antre galri a. Yon fas nan mi sa yo te mezire senk koude e lòt fas la te mezire twa koude. Te gen youn sou bò goch, youn sou bò dwat.

49 Galri sa a te mezire 20 koude longè sou 11* koude lajè. Pou yon moun te ka rive sou galri a, li te dwe monte mach eskalye yo. Te gen de poto bò kote mi ki nan antre galri a, youn te sou bò goch, lòt la te sou bò dwat+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje