BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 23:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Nou pa dwe gen patipri lè yon moun pòv nan diskisyon ak yon lòt moun+.

  • Detewonòm 1:16, 17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 “Lè sa a, men ki enstriksyon mwen te bay jij nou yo: ‘Lè gen moun nan pèp la ki gen pwoblèm antre yo e yo vin devan nou, nou dwe jije ka a avèk jistis+, kit moun nan gen pwoblèm ak yon Izrayelit parèy li, kit li gen pwoblèm ak yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 17 Nou pa dwe gen patipri lè n ap jije+. Nou dwe koute ni moun ki pa enpòtan, ni moun ki enpòtan+. Nou pa dwe kite moun fè nou pè+, paske se pou Bondye n ap jije+. Lè yon ka twò difisil pou nou, n a pote l devan m e m a tande l+.’

  • Detewonòm 16:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Nou pa dwe fè okenn enjistis+, nou pa dwe gen patipri+, nou pa dwe kite moun ban nou anyen anba anba, paske sa ka bouche je moun ki saj la+ e sa ka fè moun ki dwat la di sa k pa sa.

  • 2 Kwonik 19:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Li te di jij yo: “Veye kò nou nan travay n ap fè a, paske se pa pou lòm n ap jije, men, se pou Jewova, e li avèk nou lè n ap jije+.

  • Women 2:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Paske, Bondye pa gen patipri+.

  • Jak 2:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Men, si nou kontinye montre nou nan patipri+, nou peche, e lwa a kondane nou kòm moun ki vyole lalwa+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2027)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje