BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 20:29-34
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 29 Pandan yo t ap kite Jeriko, yon gwo foul moun suiv li. 30 Epi, gen de avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande se Jezi k ap pase, yo rele: “Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou+!” 31 Men, foul la pale byen di avèk yo, yo di yo pe bouch yo. Malgre sa, yo rele pi fò: “Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!” 32 Lè sa a, Jezi kanpe, li rele yo e li di: “Ki sa nou vle m fè pou nou?” 33 Yo di l: “Seyè, tanpri, fè nou wè.” 34 Jezi pran pitye pou yo, li manyen je yo+, e menm kote a yo vin wè, e yo suiv li.

  • Lik 18:35-43
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 35 Twouve, etan Jezi t ap pwoche toupre Jeriko, gen yon avèg ki chita bò wout la k ap mande+. 36 Lè l tande yon foul moun ap pase, li mande sa k genyen. 37 Yo di li: “Se Jezi, moun Nazarèt la, k ap pase!” 38 Menm kote a, li di byen fò: “Jezi, Pitit David, gen pitye pou mwen!” 39 Moun ki te devan yo kòmanse pale di avè l, yo di l pe bouch li. Men, li kontinye rele pi fò toujou: “Pitit David la, gen pitye pou mwen!” 40 Lè sa a, Jezi kanpe epi li di pou yo mennen mesye a ba li. Lè misye rive kot Jezi, Jezi mande l: 41 “Ki sa w vle m fè pou ou?” Misye reponn: “Seyè, fè m wè ankò.” 42 Lè sa a, Jezi di li: “Ou mèt wè ankò. Lafwa w geri w+.” 43 Menm kote a, mesye a vin wè ankò, epi li kòmanse suiv Jezi+, toutpandan l ap bay Bondye glwa. E tout moun ki te la yo, lè yo wè sa k te pase a, yo bay Bondye louwanj tou+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje