-
Matye 9:2-8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 Epi, yo mennen yon mesye paralize ki kouche sou yon branka ba li. Lè Jezi wè lafwa yo genyen, li di mesye ki paralize a: “Pran kouraj, pitit mwen. Peche w yo padone+.” 3 Twouve, gen kèk espè nan Lalwa ki t ap di youn lòt: “Mesye sa a ap blasfeme.” 4 Kòm Jezi te konn sa k nan panse yo, li di: “Poukisa nou gen move lide nan kè nou+? 5 Ki sa ki pi fasil pou m di: ‘Peche w yo padone’, oswa: ‘Leve, mache+’? 6 Men, pou nou ka konnen Pitit lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche...”, apre sa, li di mesye ki paralize a: “Leve, pran branka w la, epi al lakay ou+.” 7 E mesye a leve l al lakay li. 8 Lè foul moun yo wè sa, yo vin gen yon gwo laperèz e yo bay Bondye glwa, li menm ki bay lòm yon pouvwa konsa.
-