BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sòm 22:16-18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Gen chen ki antoure m+,

      Yo ansèkle m tankou yon bann malfektè+,

      E yo tankou lyon k ap devore men m ak pye m+.

      17 Mwen ka konte tout zo nan kò m+.

      Ènmi m yo kontinye ap gade m, je yo fikse sou mwen.

      18 Yo separe rad mwen yo antre yo,

      E yo fè tiraj osò pou rad mwen an+.

  • Ezayi 53:7-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Yo te maltrete l+ e li te kite yo fè l soufri+,

      Epoutan li pa t ouvè bouch li di yon mo.

      Yo te mennen l labatwa tankou yon mouton+,

      E tankou yon manman mouton ki pa fè bri pandan l devan moun k ap tonn li,

      Li pa t ouvè bouch li di yon mo+.

       8 Yo te maltrete l* e yo te retire lavi l* san yo pa t jije l kòmsadwa.

      Ki moun ki pral enterese nan detay ki montre nan ki fanmi l* soti?

      Paske, yo te retire l pami moun ki vivan yo+.

      Se pou peche pèp mwen an yo te frape* l+.

       9 Yo te ba l yon kavo* bò kot mechan yo+,

      Byenke li pa t fè anyen ki mal,

      E yo pa t jwenn okenn twonpri nan bouch li+.

      Lè l te mouri, yo te mete l menm kote ak moun ki rich*+.

  • 1 Korentyen 15:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Paske, pami bagay ki pi enpòtan yo, mwen transmèt nou sa mwen menm tou mwen te resevwa: Kris te mouri pou peche nou ann amoni ak Ekriti yo+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje