1 Samyèl
25 Rive yon lè, Samyèl+ mouri. Epi, pèp Izrayèl la te reyini ansanm pou yo kriye pou li e yo te antere l bò lakay li nan Rama+. Apre sa, David leve, li desann nan Dezè Paran.
2 Twouve, gen yon mesye ki te rete Mawon+ ki te gen bèt nan vil Kamèl*+. Misye te rich anpil. Li te gen 3 000 mouton ak 1 000 kabrit. Se te moman kote li t ap tonn mouton l yo nan Kamèl. 3 Mesye a te rele Nabal+ e madanm li te rele Abigayil+. Madanm li te gen bonsans e li te yon bèl fi. Men, mari a, ki te yon desandan Kalèb+, se yon moun ki te di e ki te konn aji mal+. 4 Pandan David nan dezè a, li te aprann Nabal ap tonn mouton l yo. 5 Se sa k fè, David te voye dis jèn gason kote l, e David di yo: “Monte Kamèl, lè nou rive kot Nabal, di l mwen voye mande l ki jan l ye. 6 Apre sa, di l: ‘Se pou w viv lontan e se pou w byen*! Se pou fanmi w byen e se pou tout sa w genyen mache byen! 7 Kounye a, mwen aprann w ap tonn mouton w yo. Lè nou te ansanm ak gadò mouton w yo nan Kamèl, nou pa t fè yo anyen ki mal+, e pandan tout tan yo te la a, yo pa t pèdi anyen. 8 Mande jèn mesye w yo y a di w. Mwen swete pou w byen resevwa jèn mesye m yo, paske nou vin kote w yon bon jou. Tanpri, bay sèvitè w yo ak pitit gason w, David, nenpòt sa w kapab+.’”
9 Se konsa, jèn mesye David yo t al di Nabal tout sa David te di yo. Lè yo fin pale, 10 Nabal reponn yo: “Kiyès ki David la, kiyès ki pitit gason Jese a? Alèkile, gen yon pakèt esklav ki sove kite kay mèt yo+. 11 Èske m dwe pran manje ak dlo lakay mwen ansanm ak vyann mwen prepare pou mesye k ap tonn mouton m yo pou m bay yon seri moun pèsonn pa konn kote yo soti?”
12 Menm kote a, jèn mesye David yo retounen al di David tout sa Nabal te di yo. 13 Lapoula, David di mesye l yo: “Nou tout, met epe nou nan ren nou+!” Se konsa, yo tout met epe yo nan ren yo e David te met epe pa l la nan ren l tou. Te gen anviwon 400 gason ki t ale ak David, e 200 lòt mesye yo te ret ak bagay yo te genyen yo.
14 Pandan tan sa a, gen youn nan sèvitè Nabal yo k al di Abigayil, madanm Nabal: “Gade! David te voye kèk nan jèn mesye l yo ki nan dezè a vin swete mèt nou an pou tout bagay mache byen pou li, men mèt nou an rele sou mesye yo e li manke yo dega+. 15 Mesye yo te byen boule anpil avèk nou. Yo pa t janm fè nou mal. Nou pa t pèdi menm yon bèt pandan tout tan nou te ansanm avèk yo nan savann nan+. 16 Yo te tankou yon miray ki pwoteje nou lajounen kou lannuit pandan tout tan nou te pase ap pran swen mouton yo bò kote yo. 17 Kounye a, deside sa w ap fè, paske gen yon malè k ap vin frape mèt nou an ak tout moun lakay li+. Misye tèlman di*+, pa gen yon moun ki ka pale avè l.”
18 Konsa, Abigayil+ kouri al pran 200 pen, de gwo bidon plen diven, senk mouton byen prepare, senk seya* grenn griye, 100 gato rezen ak 200 gato ki fèt ak fig frans yo byen peze ansanm e li mete tout sou bourik yo+. 19 Apre sa, li di sèvitè l yo: “Pran devan, mwen dèyè.” Men, li pa t di Nabal, mari l, anyen.
20 Pandan l te sou bourik li, li t ap desann mòn nan, mòn nan te bare l, e David ak mesye l yo ki t ap desann vin kontre avè l pa t wè l. Konsa, li te rankontre ak yo. 21 Men, David t ap di: “Poukisa m te bezwen pwoteje tout sa nonm sa a te genyen nan dezè a? Li pa t pèdi anyen nan sa l genyen+, epi se mal li fè m pou byen m fè pou li yo+. 22 Se pou Bondye tire revanj sou ènmi David yo e se pou l pini yo plis toujou, si mwen ta kite yon gason* ret vivan lakay Nabal rive demen maten!”
23 Lè Abigayil wè David, li kouri desann bourik la, li lage kò l fas atè devan David. 24 Epi, li lage kò l nan pye David, li di l: “Mèt mwen, se mwen ki pou peye pou sa k rive a. Pèmèt sèvant ou an pale avè w e koute sa sèvant ou an ap di w. 25 Tanpri, mèt mwen, pinga w okipe nonm sòt yo rele Nabal la+, paske non l ale avè l. Se Nabal* li rele e li pa gen bonsans lakay li. Men, mèt mwen, mwen menm, sèvant ou an, mwen pa t wè mesye w te voye yo. 26 Kounye a, mèt mwen, menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ni devan Bondye ni devan w, se Jewova ki anpeche w+ fè san koule pou w pa vin koupab+ e ki anpeche w tire revanj* ak pwòp men w. Mèt mwen, se pou ènmi w yo ak moun k ap chèche fè w mal yo vin menm jan ak Nabal. 27 Kounye a, mèt mwen, kite jèn mesye ki ansanm avè w yo resevwa kado* sa a+ sèvant ou an pote pou ou+. 28 Tanpri, mèt mwen, padone fot sèvant ou an, paske Jewova pap manke pa fè desandan w yo vin wa pandan yon pakèt tan+, piske ou menm mèt mwen, se pou Jewova w ap fè lagè+, e pandan tout lavi w, ou pa fè okenn mechanste+. 29 Lè gen moun k ap kouri dèyè w pou touye w, lavi w* ap byen vlope anndan sak lavi ki nan men Jewova, Bondye w la, men l ap voye lavi ènmi w yo jete byen lwen tankou yon wòch yo tire ak yon flonn. 30 Epi, lè Jewova fè tout bon bagay li te pwomèt yo pou mèt mwen an e li mete w chèf pèp Izrayèl la+, 31 mèt mwen, ou pap gen pou w gen remò, ni ou pap gen pou w regrèt* poutèt ou te fè san koule san rezon e ou te tire revanj*+ avèk men w. Lè Jewova beni w, mèt mwen, pa bliye sèvant ou an.”
32 Lè sa a, David di Abigayil: “Glwa pou Jewova, Bondye Izrayèl la, ki voye w vin rankontre m jodi a! 33 Mwen swete li beni w poutèt ou gen bonsans! Mwen swete pou Bondye beni w, paske jodi a, ou anpeche m fè san koule pou m pa vin koupab+ e w anpeche m tire revanj* pou tèt mwen. 34 Menm jan li klè Jewova, Bondye Izrayèl la, vivan, li menm ki anpeche m fè nou mal+, mwen fè sèman si w pa t fè sa e si w pa t vin rankontre m byen vit+, rive demen maten, pa t ap ret yon gason* lakay Nabal+.” 35 Se konsa, David te aksepte sa l te pote pou li yo e li di l: “Ou mèt monte al lakay ou anpè. Bon! mwen koute sa w di a e m ap fè sa w mande m nan.”
36 Apre sa, Abigayil retounen al jwenn Nabal, ki t ap fè yon fèt lakay li tankou yon wa. Kè Nabal te kontan, e li te sou nan dènye limit. Abigayil pa di l anyen pou jis li jou. 37 Nan demen maten, lè Nabal pa t sou ankò, madanm li rakonte l sa k te pase a. Epi, kè Nabal te vin tankou kè yon moun ki mouri. Nabal te vin paralize, li te vin tankou yon wòch. 38 Anviwon dis jou apre, Jewova frape Nabal, epi Nabal mouri.
39 Lè David tande Nabal mouri, li di: “Glwa pou Jewova ki te defann kòz mwen+ poutèt Nabal te fè m wont+, e ki te anpeche m, mwen menm, sèvitè l la, fè sa ki mal+! Jewova fè Nabal peye mal li te fè a.” Apre sa, David voye mande Abigayil pou l vin madanm li. 40 Se konsa, mesye David yo t al kote Abigayil nan vil Kamèl, yo di l: “David voye nou vin chèche w pou w marye avè l.” 41 Lamenm, li leve e li bese fas atè, li di: “Men esklav nou an, mwen se yon sèvant ki la pou lave pye+ sèvitè mèt mwen an genyen yo.” 42 Apre sa, Abigayil+ leve byen vit, li monte sou bourik li, li fè senk nan sèvant li yo al avè l. Li ale ak mesye David te voye yo e li vin madanm David.
43 David te marye ak Ayinowam tou+, ki moun Jizreyèl+. Toule de medam yo te vin madanm li+.
44 Men, Sayil te bay Palti+, pitit gason Layis ki moun Galim, Mikal, pitit fi l la+, madanm David.