Entèpretasyon siy se yon kesyon ki enpòtan anpil !
“ Okòmansman, mwen te panse se yon senp tèt fè mal pitit gason nou an, Andreas, te genyen. Men, li te pèdi apeti e li te gen yon lafyèv cho sou li. Lè tèt fè mal la te vin pi rèd, la a, mwen te kòmanse enkyete. Kou mari m rantre lakay, nou mennen Andreas kay doktè. Doktè a egzamine sentòm yo, epi li voye Andreas lopital dirèk. Se pa t yon senp tèt fè mal, pwoblèm nan te pi grav pase sa. Andreas te gen menenjit. Yo te trete li, e byen vit li te vin anfòm ankò. ” — Gertrud, yon manman nan peyi Almay.
SIMAN, sa ki rive Gertrud la abitye rive anpil lòt paran. Yo suiv lakay pitit yo kèk siy ki montre yo timoun nan sanble l malad. Byenke se pa tout maladi ki grav, yon paran pa ka pran chans fè tankou l pa wè sentòm ki montre l pitit li malad. Lè w wè yon siy, epi ou fè sa ki nesesè, sa ka chanje tout yon sitiyasyon. Vrèmanvre, se yon kesyon ki enpòtan anpil.
Se pa sèlman nan kesyon sante sa enpòtan. Yon egzanp ki montre sa byen se gwo dega ki te fèt nan tout zòn ki antoure oseyan Endyen an nan mwa desanm 2004 la akoz sounami ki te frape zòn sa yo. Gen yon seri òganizasyon gouvènmantal nan zòn Ostrali ak Awayi ki te detekte yon gwo tranblemanntè nan nò Soumatra e yo te prevwa dega petèt sa ka vin lakòz. Men, pa t gen mwayen sou plas pou yo ta gentan avèti moun ki te nan zòn ki menase yo ni pou moun yo ta gentan chape poul yo. Kòm rezilta, plis pase 220 000 moun pèdi lavi yo.
Siy ki gen plis enpòtans lontan !
Lè Jezi Kris te sou tè a, li te anseye moun ki t ap koute l yo yon leson ki gen rapò ak siy yo bezwen suiv, epi pou yo aji ann amoni ak sa yo wè a. Li t ap pale de yon bagay ki te enpòtan anpil. Men sa Bib la rapòte : “ Farizyen yo ansanm ak Sadiseyen yo pwoche kote l e, pou yo teste l, yo mande l pou l montre yo yon siy ki sot nan syèl. Pou l reponn, men sa l di yo : ‘ Lè l pral aswè nou abitye di : “ Tan an ap bèl, paske syèl la wouj tankou dife ”, e nan maten nou di : “ Jodi a l ap fè frèt, l ap fè lapli, paske syèl la wouj tankou dife men li sonm ”. Nou konn ki jan pou nou entèprete jan syèl la ye, men nou pa ka entèprete siy tan yo. ’ ” — Matye 16:1-3.
Lè Jezi mansyone “ siy tan yo ” la a, li montre Juif nan premye syèk la ki t ap koute l yo ta dwe konsyan nan ki tan yo t ap viv, yo ta dwe santi gen ijans. Sistèm de choz juif la t apral viv yon katastwòf ki t ap afekte yo tout. Kèk jou anvan Jezi mouri, li te pale ak disip li yo konsènan yon lòt siy : siy prezans li. Pawòl li te di nan okazyon sa a gen yon pakèt enpòtans pou tout moun k ap viv jodi a.