Jewova pral ‘ fè yo jwenn jistis ’
“ Èske [Bondye] pa pral fè yon fason pou moun li chwazi yo jwenn jistis, yo menm k ap rele l lajounen kou lannuit ? ” — LIK 18:7.
1. Kiyès ki yon sous ankourajman pou ou, e poukisa ?
TOUPATOU nan monn nan, Temwen Jewova yo renmen konpayi frè ak sè kretyen yo genyen ki chè pou yo e k ap sèvi Jewova fidèlman depi plizyè ane. Èske w konnen kèk nan moun sa yo pèsonèlman ? Petèt se yon sè ki la lontan ki vin nan tèt ou. Sè sa a gen lontan depi li batize e se raman li manke yon reyinyon nan Sal Wayòm nan. Oubyen ou ka ap panse ak yon frè aje k ap soutni aktivite predikasyon nan kongregasyon an fidèlman, semèn apre semèn, e ki gen plizyè dizèn ane depi l ap fè sa. An reyalite, anpil nan moun fidèl sa yo te panse Amagedòn t ap gentan rive deja. Toutfwa, lefètke monn enjis sa a toujou egziste, sa pa ni diminye konfyans yo genyen nan pwomès Jewova yo, ni febli detèminasyon yo genyen pou yo “ andire jiska lafen ”. (Matye 24:13.) Pwofondè lafwa sèvitè fidèl Jewova sa yo demontre se vrèman yon sous ankourajman pou tout kongregasyon an. — Sòm 147:11.
2. Ki sitiyasyon ki fè nou tris ?
2 Sepandan, ou ka remake kontrè a pafwa. Gen kèk Temwen ki te fè plizyè ane ap patisipe nan ministè a, men avèk letan, lafwa yo genyen nan Jewova vin febli, yo sispann patisipe nan aktivite kongregasyon kretyen an. Sa fè nou tris lefètke ansyen konpayon sa yo kite Jewova, e sensèman nou vle kontinye ede chak “ mouton ki pèdi ” pou yo retounen nan twoupo a (Sòm 119:176 ; Women 15:1). De sitiyasyon diferan sa yo, sètadi sitiyasyon kote gen moun ki rete fidèl tandiske gen lòt ki pèdi lafwa, soulve kèk kesyon. Ki sa ki ede anpil Temwen pou yo konsève lafwa yo genyen nan pwomès Jewova yo alòske gen lòt ki pèdi lafwa ? Ki sa nou ka fè pèsonèlman pou nou asire nou konviksyon nou genyen “ gran jou Jewova a ” ap pwoche a ap rete fèm (Sefànya 1:14) ? Annou egzamine yon egzanp nou jwenn nan Evanjil Lik la.
Yon avètisman pou moun k ap viv “ lè Pitit Gason lòm nan vini ”
3. Kiyès an patikilye ki ka tire pwofi nan egzanp vèv la ak jij la, e poukisa ?
3 Nan Lik chapit 18, nou jwenn yon egzanp Jezi te bay sou yon vèv ak yon jij. Se yon egzanp ki sanble ak egzanp mesye pèsistan an nou te egzamine nan atik anvan an (Lik 11:5-13). Sepandan, kontèks pasaj biblik ki gen egzanp vèv la ak jij la montre li aplikab sitou pou moun k ap viv “ lè Pitit Gason lòm nan vini ” nan pisans Wayòm nan, peryòd ki kòmanse an 1914. — Lik 18:8a.
4. De ki sa Jezi t ap pale anvan li te bay egzanp nou jwenn nan Lik chapit 18 la ?
4 Anvan Jezi bay egzanp lan, li te deklare prèv prezans li nan pisans Wayòm nan t ap parèt klè anpil kote menm jan ak yon “ zèklè ” k ap “ briye sot nan yon zòn anba syèl la rive nan yon lòt zòn anba syèl la ”. (Lik 17:24 ; 21:10, 29-33.) Sepandan, pifò moun k ap viv nan “ tan lafen an ” pa prete atansyon ak prèv klè sa a (Dànyèl 12:4). Poukisa yo pa fè sa ? Pou menm rezon moun nan epòk Noye yo ak moun nan epòk Lòt yo te meprize avètisman Jewova yo. Nan epòk sa yo, moun yo ‘ t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati rive jis nan jou yo te detwi a ’. (Lik 17:26-29.) Yo te pèdi lavi yo paske yo te tèlman absòbe nan aktivite nòmal sa yo, yo pa t prete atansyon ak volonte Bondye (Matye 24:39). Jodi a, menm jan an tou, moun yo an jeneral sitèlman absòbe nan aktivite y ap mennen chak jou, yo pa rive wè prèv ki montre fen sistèm de choz sa a ki pa gen respè pou Bondye a toupre. — Lik 17:30.
5. a) Pou kiyès Jezi te bay yon avètisman, e poukisa ? b) Ki sa ki lakòz kèk moun pèdi lafwa ?
5 Li klè, Jezi te enkyete pou disip li yo, li pa t vle pou monn Satan an fè yo distrè, jis nan pwen pou yo ta “ retounen nan bagay ki dèyè yo ”. (Lik 17:22, 31.) E vrèmanvre, sa rive kèk kretyen. Moun sa yo te gen plizyè ane depi yo t ap tann jou kote Jewova pral mete yon fen nan monn mechan sa a. Sepandan, lefètke Amagedòn pa rive lè yo te atann nan, yo vin dekouraje. Konviksyon yo te genyen ki te fè yo kwè jou jijman Jewova a pre a te vin diminye. Yo vin ralanti nan ministè a, e tikras pa tikras yo vin sitèlman absòbe nan aktivite lavi a, yo prèske pa gen tan ki rete pou aktivite espirityèl yo (Lik 8:11, 13, 14). Avèk letan, yo “ retounen nan bagay ki dèyè yo ”. Ala sa tris !
Nesesite pou nou “ toujou priye ”
6-8. a) Rakonte egzanp vèv la ak jij la. b) Ki aplikasyon Jezi te fè ak egzanp sa a ?
6 Ki sa nou ka fè pou nou asire nou konfyans fèm nou genyen nan akonplisman pwomès Jewova yo pap febli (Ebre 3:14) ? Jezi te reponn kesyon sa a tousuit apre li te fin di disip li yo pou yo pa retounen nan monn mechan Satan an.
7 Lik fè konnen Jezi te “ ba yo yon egzanp konsènan nesesite pou yo toujou priye e pou yo pa renonse ”. Jezi te di : “ Nan yon sèten vil, te gen yon sèten jij ki pa t gen krent pou Bondye e ki pa t gen respè pou moun. Men te gen yon vèv nan vil sa a e li t al kote l toutan, li t ap di l : ‘ Fè yon fason pou m jwenn jistis kont advèsè m nan nan pwosè a. ’ Ebyen, pandan yon ti tan li te refize, men ansuit li te di tèt li : ‘ Byenke mwen pa gen krent pou Bondye e mwen pa gen respè pou moun, antouka, poutèt vèv sa a kontinye ap nui m, mwen pral fè yon fason pou l jwenn jistis, pou l pa kontinye vin boure m ak kou jiska lafen. ’ ”
8 Apre Jezi te fin rakonte sa, li te fè aplikasyon sa a : “ Tande sa jij la di, byenke li enjis ! E Bondye menm, èske li pa pral fè yon fason pou moun li chwazi yo jwenn jistis, yo menm k ap rele l lajounen kou lannuit, aktout li pasyan avèk yo ? Mwen di nou sa : l ap fè yo jwenn jistis byen vit. Men, lè Pitit Gason lòm nan vini, èske vrèmanvre l ap jwenn lafwa sou tè a ? ” — Lik 18:1-8.
“ Fè yon fason pou m jwenn jistis ”
9. Ki ide santral ki parèt klè nan egzanp vèv la ak jij la ?
9 Ide santral ki nan egzanp frapan sa a parèt klè. Nonsèlman Jezi te mansyone l, de pèsonaj ki nan egzanp lan fè sa tou. Vèv la fè siplikasyon sa a : “ Fè yon fason pou m jwenn jistis. ” Jij la di : “ Mwen pral fè yon fason pou l jwenn jistis. ” Jezi mande : “ E Bondye menm, èske li pa pral fè yon fason pou yo jwenn jistis ? ” Konsènan Jewova, Jezi di : “ L ap fè yo jwenn jistis byen vit. ” (Lik 18:3, 5, 7, 8). Ki lè an patikilye Bondye pral “ fè yo jwenn jistis ” ?
10. a) Ki lè jistis te fèt nan premye syèk la ? b) Ki lè sèvitè Bondye yo jodi a pral jwenn jistis, e ki jan sa pral fèt ?
10 Nan premye syèk la, “ jou pou jistis [te] fèt ” la (oubyen ankò “ jou vanjans lan ”, Kingdom Interlinear) te rive nan ane 70 epòk nou an, lè Jerizalèm ak tanp li a te detwi (Lik 21:22). Pou sèvitè Bondye yo jodi a, jistis pral fèt nan “ gran jou Jewova a ”. (Sefànya 1:14 ; Matye 24:21.) Lè sa a, Jewova pral “ fè moun ki t ap fè [sèvitè l yo] pase anba tribilasyon yo sibi tribilasyon tou ”, lè Jezi Kris ap “ fè vanjans vini sou moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an ”. — 2 Tesalonisyen 1:6-8 ; Women 12:19.
11. Nan ki sans Jewova pral rann jistis “ byen vit ” ?
11 Toutfwa, ki jan nou ta dwe konprann asirans Jezi te bay ki fè konnen Jewova ap fè yo jwenn jistis “ byen vit ” ? Pawòl Bondye a montre “ aktout [Jewova] pasyan ”, l ap rann jistis rapidman lè moman an rive (Lik 18:7, 8 ; 2 Pyè 3:9, 10). Nan epòk Noye a, lè delij la te fèt, mechan yo te detwi menm kote a. Menm jan an tou, nan epòk Lòt la, lè yon lapli dife te sot nan syèl la, mechan yo te peri. Jezi te di : “ Se konsa sa ap ye nan jou kote Pitit Gason lòm nan dwe revele a. ” (Lik 17:27-30). Yon fwa ankò, mechan yo pral sibi ‘ yon destriksyon bridsoukou ’. (1 Tesalonisyen 5:2, 3.) Vrèmanvre, nou ka gen yon konfyans total Jewova pap kite monn Satan an egziste menm yon jou anplis pase sa jistis egzije.
“ Li pral fè yo jwenn jistis ”
12, 13. a) Ki jan egzanp Jezi te bay sou vèv la ak jij la anseye nou yon leson ? b) Poukisa nou mèt sèten Jewova ap tande priyè nou e l ap fè nou jwenn jistis ?
12 Egzanp Jezi te bay sou vèv la ak jij la souliye lòt verite enpòtan ankò. Pou Jezi fè aplikasyon egzanp lan, men sa l di : “ Tande sa jij la di, byenke li enjis ! E Bondye menm, èske li pa pral fè yon fason pou moun li chwazi yo jwenn jistis ? ” Natirèlman, se pa konpare Jezi t ap konpare Jewova ak jij la, kòmsi Bondye ta trete kwayan yo menm jan an. Okontrè, Jezi te anseye disip li yo yon leson konsènan Jewova, lè li te montre yo diferans ki genyen ant jij la ak Bondye. Nan ki sans yo diferan ?
13 Jij nan egzanp Jezi te bay la te “ enjis ”, alòske “ Bondye se yon Jij ki jis ”. (Sòm 7:11 ; 33:5.) Jij la pa t gen okenn enterè nan vèv la, men Jewova enterese nan chak moun an patikilye (2 Kwonik 6:29, 30). Jij la pa t dispoze ede vèv la, men Jewova dispoze, wi, li chofe pou l ede moun k ap sèvi l (Izayi 30:18, 19). Ki leson nou jwenn ? Si jij la, malgre li enjis, li koute demann vèv la e li fè l jwenn jistis, alewè pou Jewova ! L ap tande priyè sèvitè l yo, e san mank, l ap fè yo jwenn jistis. — Pwovèb 15:29.
14. Poukisa nou pa dwe pèdi lafwa nan jou jijman Bondye a k ap vini an ?
14 Kidonk, moun ki pèdi lafwa nan jou jijman Bondye a k ap vini an komèt yon erè grav. Poukisa ? Lè yo sispann kwè “ gran jou Jewova a ” pre, anfèt se mande yo mande si yo ka kwè Jewova ap kenbe pwomès li fidèlman. Men, pa gen moun ki ka kesyone fidelite Bondye an tout jistis (Jòb 9:12). Kesyon enpòtan nou chak nou dwe poze tèt nou : ‘ Èske mwen menm m ap rete fidèl ? ’ E se egzakteman yon kesyon konsa Jezi te soulve nan fen egzanp li te bay sou vèv la ak jij la.
“ Èske vrèmanvre l ap jwennlafwa sa a sou tè a ? ”
15. a) Ki kesyon Jezi te poze, e poukisa ? b) Ki sa nou dwe mande tèt nou ?
15 Jezi te poze yon kesyon enteresan : “ Lè Pitit Gason lòm nan vini, èske vrèmanvre l ap jwenn lafwa sa a sou tè a ? ” (Lik 18:8, nòt anba paj). Ekspresyon “ lafwa sa a ” endike Jezi te fè referans, non pa ak lafwa nan yon sans jeneral, men ak yon kalite lafwa byen presi, yon lafwa menm jan ak sa vèv la te genyen an. Jezi pa t reponn kesyon li te poze a. Li te soulve li pou disip li yo ka reflechi sou kalite lafwa pa yo. Èske li t ap diminye tikras pa tikras, opwen pou yo ta riske tounen nan bagay yo te kite dèyè yo ? Oswa èske yo te gen kalite lafwa vèv la te demontre a ? Jodi a, nou dwe mande tèt nou menm jan an tou : ‘ Ki kalite lafwa “ Pitit Gason lòm nan ” jwenn nan kè m ? ’
16. Ki kalite lafwa vèv la te genyen ?
16 Pou nou twouve nou pami moun ki pral benefisye jistis Jewova, nou bezwen suiv fason vèv la te fè a. Ki kalite lafwa li te genyen ? Li te montre li gen lafwa lè li te pèsiste “ al kote [jij la], li t ap di l : ‘ Fè yon fason pou m jwenn jistis ’ ”. Vèv sa a te pèsiste pou l jwenn jistis nan men yon nonm enjis. Menm jan an tou, sèvitè Bondye yo jodi a ka gen konfyans y ap jwenn jistis nan men Jewova, menmsi sa pran plis tan pase sa yo te espere. Anplis de sa, yo montre yo gen konfyans nan pwomès Bondye fè, lè yo priye avèk pèsistans, wi, lè yo ‘ rele Jewova lajounen kou lannuit ’. (Lik 18:7.) An reyalite, si yon kretyen ta sispann priye pou l jwenn jistis, li t ap montre li pa gen konfyans Jewova ap aji an favè sèvitè l yo.
17. Ki rezon nou genyen pou nou pèsevere nan lapriyè e pou nou kontinye demontre lafwa nan jou jijman Jewova a k ap vini san mank ?
17 Sitiyasyon patikilye vèv la te twouve l la montre nou gen lòt rezon anplis pou nou pèsevere nan lapriyè. Annou konsidere kèk nan diferans ki genyen ant sitiyasyon pa l la ak sitiyasyon pa nou. Vèv la te kontinye al kot jij la byenke pa t gen moun ki te ankouraje l fè sa, men Pawòl Bondye ankouraje nou anpil pou nou “ pèsevere nan lapriyè ”. (Women 12:12.) Vèv la pa t gen okenn asirans demann li an t ap agreye, men Jewova ban nou asirans n ap jwenn jistis. Men sa Jewova di pa mwayen pwofèt li : “ Menmsi li ta pran tan, kontinye tann li paske l ap reyalize kanmenm. Li pap anreta. ” (Abakouk 2:3 ; Sòm 97:10). Vèv la pa t gen okenn moun pou te ede l sipliye yon fason pou demann li an gen plis fòs. Men nou menm, nou gen yon moun k ap ede nou e ki pisan, Jezi, “ ki adwat Bondye, k ap sipliye tou pou nou ”. (Women 8:34 ; Ebre 7:25.) Kidonk, si malgre sitiyasyon difisil vèv la te twouve l la li te kontinye sipliye jij la ak espwa l ap jwenn jistis, èske nou menm nou pa gen plis rezon pou nou demontre lafwa nan jou jijman Jewova a k ap vini san mank ?
18. Ki jan lapriyè ap fòtifye lafwa nou e ki jan l ap ede nou jwenn jistis ?
18 Egzanp vèv la aprann nou gen yon relasyon sere ant lapriyè ak lafwa, e priyè nou fè avèk pèsistans ka venk enfliyans ki ta ka febli lafwa nou. Natirèlman, sa pa vle di plede fè yon pakèt priyè pou fè wè se yon remèd pou yon moun pa pèdi lafwa (Matye 6:7, 8). Lè nou santi nou bezwen priye paske nou rann nou kont nou depann de Bondye totalman, lè sa a, lapriyè ap fè nou vin pwòch Bondye e l ap fòtifye lafwa nou. Etandone lafwa esansyèl pou yon moun sove, se pa etonan si Jezi te twouve li nesesè pou l ankouraje disip li yo pou yo “ toujou priye e pou yo pa renonse ”. (Lik 18:1 ; 2 Tesalonisyen 3:13.) Se vre, vini “ gran jou Jewova a ” pa depann de priyè nou fè, l ap vini kit nou priye pou sa, kit nou pa priye pou sa. Men, pou nou jwenn jistis pèsonèlman e pou nou chape nan lagè Bondye a, sa depann sètènman de kalite lafwa nou ak si nou kenbe tennfas nan lapriyè.
19. Ki jan nou montre nou gen fèm konviksyon Bondye pral ‘ fè nou jwenn jistis ’ ?
19 Kòm nou sonje, Jezi te mande : “ Lè Pitit Gason lòm nan vini, èske vrèmanvre l ap jwenn lafwa sa a sou tè a ? ” Ki repons n ap bay kesyon enteresan sa a ? Se pa ti kontan nou kontan lefètke gen plizyè milyon sèvitè fidèl Jewova sou tout tè a jodi a ki montre, pa mwayen priyè yo, pasyans yo ak pèseverans yo, yo gen lafwa sa a ! Kidonk, kesyon Jezi a jwenn yon repons pozitif. Wi, malgre enjistis monn Satan an ap fè nou sibi kounye la a, nou gen fèm konviksyon Bondye pral “ fè moun li chwazi yo jwenn jistis ”.
[Nòt anba paj]
a Pou w pi byen konprann enpòtans egzanp sa a, li Lik 17:22-33. Note ki jan referans yo fè ak “ Pitit Gason lòm nan ” nan Lik 17:22, 24, 30 lan gen rapò ak kesyon ki te soulve nan Lik 18:8 la.
Èske nou sonje ?
• Ki sa k lakòz kèk kretyen pèdi lafwa ?
• Poukisa nou ka gen yon fwa solid nan jou jijman Jewova a k ap vini an ?
• Ki rezon nou genyen pou nou pèsevere nan lapriyè ?
• Ki jan priyè nou fè avèk pèsistans ap ede nou pou nou pa pèdi lafwa ?
[Foto nan paj 18]
Sou ki sa egzanp vèv la ak jij la mete aksan ?
[Foto nan paj 21]
Plizyè milyon moun jodi a gen fèm konviksyon Bondye pral ‘ fè yo jwenn jistis ’.