Fason Jewova reponn yon priyè sensè
“ Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm ki Trèwo sou tout tè a ! ”— SÒM 83:18, NW.
1, 2. Ki eksperyans anpil moun fè, e ki kesyon nou ta ka poze tèt nou ?
SA GEN kèk ane, te gen yon fi ki te viv yon evènman ki te pase sou katye lakay li ki te boulvèse l anpil. Dam sa a ki te leve nan yon fanmi katolik women t al kote yon prèt e li te mande l pou l ede l. Sepandan, prèt la pa t menm vle pale avè l. Donk, sa l fè, li priye Bondye e li di l : “ Mwen pa konn kiyès ou ye..., men, mwen konnen ou egziste. Sivouplè, pèmèt mwen konnen w ! ” Yon ti tan apre sa, li te rankontre kèk Temwen Jewova ki te pase lakay li. Yo te rekonfòte l e yo te ba li konesans li t ap chèche a. Pami tout sa yo te anseye l yo, yo te fè l konnen Bondye gen yon non pèsonèl : Jewova. Lè l te aprann sa, sa te touche l anpil. Men sa li di : “ Imajine sa, se Bondye sa a m t ap chèche konnen depi m toupiti a wi ! ”
2 Gen anpil moun ki gen menm reyaksyon avè l lè yo aprann Bondye gen yon non pèsonèl. Souvan, premye fwa yo wè non Jewova, se lè yo li Sòm 83:18 nan Bib la. Nan Traduction du monde nouveau a, men sa vèsè sa a di : “ Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a ! ” Men, èske w konn mande tèt ou ki sa k te pouse salmis la ekri Sòm 83 a ? Ki evènman ki te ka fòse tout moun rekonèt se Jewova ki sèl vrè Dye a ? Ki mesaj sòm sa a gen pou nou jodi a ? Nou pral egzamine kesyon sa yo nan atik sa aa.
Yon konplo kont pèp Jewova a
3, 4. Kiyès ki te konpoze Sòm 83 a, e de ki menas li pale ?
3 Dapre ti nòt ki ekri anlè Sòm 83 a, sòm sa a se yon “ chante [...] Asaf ”. Sanble moun ki te konpoze sòm nan se desandan yon Levit yo rele Asaf ki te yon gwo mizisyen nan epòk David te wa a. Nan sòm nan, li sipliye Jewova pou l defann souvrènte l e pou l fè moun konnen non l. Sanble se apre lanmò Salomon yo te konpoze sòm sa a. Poukisa nou di sa ? Se paske pandan rèy David ak rèy Salomon, wa Ti a pa t ènmi Izrayèl. Sepandan, lè yo te konpoze Sòm 83 a, moun Ti yo te vin kont Izrayèl e yo te vin fè youn ak ènmi l yo.
4 Salmis la bay non dis nasyon ki t ap konplote pou yo detwi pèp Bondye a. Ènmi sa yo te antoure peyi Izrayèl. Se te “ moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo, moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir [...]. Moun peyi Lasiri yo tou [te] fè bann ak yo ”. (Sòm 83:6-8.) Ki evènman istorik ki te pase nan listwa Izrayèl salmis la pale de li ? Gen moun ki di evènman sa a se atak moun peyi Amòn yo, moun peyi Mowab yo ak moun mòn Seyi yo te fè kont Izrayèl nan epòk Yewochafat la. Peyi sa yo te met tèt yo ansanm pou yo fè atak sa a (2 Kwo. 20:1-26). Gen lòt moun ki panse salmis la t ap pale de pwoblèm pèp Izrayèl te genyen ak nasyon ki antoure l yo pandan tout listwa l.
5. Ki jan Sòm 83 a ede sèvitè Jewova yo jodi a ?
5 Kèlkeswa sa l t ap pale de li a, yon bagay ki klè, sèke Jewova te enspire salmis la pou l konpoze chante sa a, ki se yon priyè anmenmtan, nan yon moman kote nasyon an te an danje. Jodi a tou, sòm sa a ankouraje sèvitè Bondye yo ki toujou ap sibi atak anba men ènmi yo ki detèmine pou yo detwi yo. E se sèten l ap fòtifye nou alavni lè Gòg ki soti nan peyi Magòg pral òganize lame l yo nan yon dènye atak li pral fè kont tout moun k ap adore Bondye avèk lespri e laverite, nan objektif pou l detwi yo. — Li Ezekyèl 38:2, 8, 9, 16.
Bagay ki te pi enpòtan pou salmis la
6, 7. a) Pou ki bagay salmis la te priye nan kòmansman Sòm 83 a ? b) Ki sa ki te pi enkyete l ?
6 Annou koute pandan salmis la ap dekri sa l santi nan lapriyè : “ O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen ! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye ! Pa rete konsa san ou pa fè anyen ! Men li ! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou ! Y’ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a [...]. Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide : yo dakò pou yo fè bann sou do ou. ” — Sòm 83:1-3, 5.
7 Ki sa k te plis enkyete salmis la ? Se vre, li dwe t ap enkyete l anpil pou sekirite pa l ak sekirite fanmi l. Sepandan, nan priyè l la, li te plis pale konsènan fason yo t ap pale non Jewova mal e konsènan sa k t ap menase nasyon Izrayèl la ki te pote non sa a. Se pou nou tout gen menm atitid ekilibre sa a, nou menm k ap andire dènye jou monn sa a ki difisil. — Li Matye 6:9, 10.
8. Ki objektif nasyon ki t ap konplote kont Izrayèl yo te genyen ?
8 Salmis la site pawòl ènmi Izrayèl yo. Men sa yo t ap di : “ Vini non ! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò ! ” (Sòm 83:4). Se pa ti rayi nasyon sa yo te rayi pèp Bondye te chwazi a ! Men, yo te gen yon lòt rezon ki fè yo t ap konplote kont Izrayèl. Yo te vle posede peyi sa a, se sa k fè yo t ap di pawòl sa yo avèk awogans : “ Ann pran peyi Bondye a pou nou. ” (Sòm 83:12). Èske nan epòk pa nou an sa fèt tou ? Wi !
“ Peyi ki apa pou ou a ”
9, 10. a) Nan tan lontan, ki peyi ki te apa pou Bondye ? b) Ki benediksyon rès kretyen wen yo ak “ lòt mouton ” yo jwenn nan epòk pa nou an ?
9 Nan tan lontan, yo te konn pale de Latè pwomiz kòm peyi ki apa pou Bondye a. Petèt w ap sonje chante viktwa Izrayelit yo te chante apre yo te fin jwenn delivrans anba men Ejipsyen yo. Men sa chante a di : “ Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a. ” (Egz. 15:13). Annapre, “ peyi ki apa ” sa a te vin gen yon pretriz ak yon kapital, Jerizalèm, ansanm ak yon bann wa ki soti nan fanmi David ki te chita sou twòn Jewova a (1 Kwo. 29:23). Se pa san rezon Jezi te rele Jerizalèm “ lavil gwo Wa a ”. — Mat. 5:35.
10 Ki sa k te fèt nan epòk pa nou an ? Nan ane 33 epòk nou an, te gen yon nouvo nasyon ki pran nesans an : “ Izrayèl Bondye a ”. (Gal. 6:16, NW.) Nasyon sa a ki konpoze ak frè Jezi Kris yo ki wen jwe wòl Izrayèl selon lachè a pa t rive jwe a, sètadi pou yo temwen pou non Bondye (Iza. 43:10 ; 1 Pyè 2:9). Jewova fè yo menm pwomès li te fè pèp li a nan tan lontan : “ M’a tounen Bondye yo, y’a tounen pèp mwen. ” (2 Kor. 6:16 ; Lev. 26:12). An 1919, Jewova te bay rès “ Izrayèl Bondye a ” favè l. Lè sa a, yo te vin posede yon “ peyi ”, sètadi yon tèritwa espirityèl ki gen anpil aktivite kote y ap viv nan yon paradi espirityèl (Iza. 66:8). Depi ane 1930 yo, gen plizyè milyon “ lòt mouton ” ki vin fè youn ak yo (Jan 10:16). Lefètke kè kretyen sa yo kontan e y ap pwogrese nan domèn espirityèl, sa montre aklè souvrènte Jewova a jis. (Li Sòm 91:1, 2.) Pa gen dout nan sa, sa fè Satan fache anpil !
11. Ki sa ki toujou objektif prensipal ènmi Bondye yo ?
11 Pandan tan lafen an, Satan pouse moun k ap fè volonte l sou tè a pou yo pèsekite rès kretyen wen yo ansanm ak lòt mouton yo ki se konpayon yo. Yo te pèsekite yo ann Ewòp de lwès, sou rejim nazi a, ak ann Ewòp de lès, sou gouvènman kominis Inyon sovyetik la. Yo te pèsekite yo tou nan anpil lòt peyi, e sa gen pou rive ankò espesyalman lè Gòg ki sot nan peyi Magòg pral lanse dènye atak li kont yo. Nan atak sa a, opozan yo kapab met men sou byen pèp Jewova a posede yo, jan sa te fèt deja. Satan toujou gen objektif prensipal pou l detwi nou antanke pèp, yon fason pou moun pa sonje non Bondye ban nou an ankò. Ki jan Jewova santi l lè l wè jan Satan pa respekte souvrènte l ? Annou gade sa salmis la te di.
Yon egzanp ki montre Jewova ap pote laviktwa
12-14. Ki de viktwa istorik pèp Izrayèl te ranpòte toupre vil Megido salmis la pale de yo ?
12 N ap remake jan salmis la te gen yon gwo lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l dejwe plan nasyon ènmi yo. Li pale de de gwo viktwa pèp Izrayèl te ranpòte sou ènmi l yo toupre ansyen vil Megido, yon vil ki te anlè yon plèn ki gen menm non avè l. Nan sezon ete, lè rivyè Kichòn nan seche, yo kapab wè wout kote dlo rivyè a pase nan plèn nan. Nan sezon ivè, apre lapli fin tonbe, dlo rivyè a anvayi plèn nan. Petèt se poutèt sa yo rele rivyè a “ dlo Megido yo ” tou. — Jij 4:13 ; 5:19, NW.
13 Nou jwenn mòn More a anviwon 15 km parapò ak vil Megido. Se nan mòn More yon lame ki te konpoze ak moun Madyàn, moun Amalèk ak moun k ap viv nan dezè bò solèy leve yo te rasanble pou yo fè lagè (Jij 7:1, 12). Finalman, gwoup sòlda ki te avèk Gideyòn nan te vin gen 300 moun sèlman ladan l. Men, avèk èd Jewova, yo te bat gwo lame ki te rasanble kont yo a. Ki jan yo te rive fè sa ? Dapre enstriksyon Jewova te ba yo, yo te antoure kan ènmi yo nan aswè ak krich nan men yo ki te gen tòch tou limen ki kache anndan yo. Lè Gideyòn (Jedeyon) te bay mesye l yo siyal, yo te kraze krich yo e konsa, yon sèl kou, limyè tòch ki te kache anndan krich yo te parèt. Anmenmtan, yo te pran sonnen kòn yo e yo te pran rele : “ Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon ! ” Sa te lakòz ènmi yo vin dekontwole. Yo te kòmanse touye youn lòt. Moun ki te sove yo te kouri travèse rivyè Jouden an. Men, te gen plis Izrayelit toujou ki te vin ap pousuiv yo. Te gen 120 000 sòlda ènmi antou ki te peri. — Jij 7:19-25 ; 8:10.
14 Anviwon 6 km apre mòn More, sou lòt bò vale a parapò ak vil Megido, nou jwenn mòn Tabò. Se la jij Barak te rasanble 10 000 sòlda izrayelit pou l al goumen kont lame Yabin nan, wa kananeyen vil Atsò a. Se Sisera ki t ap kòmande lame Yabin nan. Li te gen 900 charyo ki te gen lam ki fèt an fè ki te vire ansanm ak wou charyo yo. Lam sa yo te byen long e yo te kapab touye moun. Pandan lame Izrayèl la, yon lame ki pa t byen ekipe, t ap rasanble sou mòn Tabò, lame Sisera a t al nan vale a, men, se nan plan yo te pran l. Lè sa a, Jewova “ lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha de gè l’ yo ansanm ak tout lame l’ la. ” Petèt lapli te kòmanse tonbe bridsoukou e charyo yo te antre nèt nan labou, akoz rivyè Kichòn te anvayi plenn nan. Izrayelit yo te touye tout sòlda ki te nan lame Sisera a. — Jij 4:13-16 ; 5:19-21.
15. a) Ki sa salmis la priye pou Jewova fè ? b) Ki sa non dènye gè Bondye a fè nou sonje ?
15 Salmis la sipliye Jewova pou l fè menm jan an tou pou nasyon ki t ap menase nasyon Izrayèl la nan epòk pa l la. Men sa l di : “ Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou. Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a. ” (Sòm 83:9, 10). Li enteresan pou nou note dènye gè Bondye pral fè kont monn Satan an rele Amagedòn (ki vle di “ mòn Megido ”). Sa fè nou sonje gwo batay ki te fèt toupre Megido yo. Jewova te fè pèp li a jwenn laviktwa nan batay sa yo. Sa ban nou garanti l ap genyen batay Amagedòn nan tou. — Rev.16:13-16.
Annou priye pou jistifikasyon souvrènte Jewova
16. Ki sa k ‘ fè opozan yo wont ’ jodi a ?
16 Nan “ dènye jou ” n ap viv jodi a, Jewova dejwe tout sa Satan fè pou l elimine pèp li a (2 Tim. 3:1). Kòm rezilta, opozan yo wont. Sòm 83:16 montre se konsa sa t ap ye lè l di : “ Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou. ” Nan yon peyi apre yon lòt, opozan yo pa reyisi nan efò y ap fè pou yo fè Temwen Jewova yo fèmen bouch yo. Nan peyi sa yo, moun k ap adore vrè Dye a rete tennfas e yo kontinye andire opozisyon yo jwenn. Sa sèvi kòm temwayaj pou moun ki gen kè sensè yo e anpil nan yo “ chache konnen ” Jewova. Nan anpil peyi kote yo te konn pèsekite Temwen Jewova yo avèk raj, kounye a, gen plizyè dizèn milye moun, oswa menm plizyè santèn milye moun k ap louwe Jewova nan lajwa. Se pa ti viktwa sa ye pou Jewova ! Ala yon wont pou ènmi l yo ! — Li Jeremi 1:19.
17. Devan ki sitiyasyon kritik lèzòm ye jodi a, e ki pawòl nou pral sonje talè konsa ?
17 Byennantandi, nou konnen opozan yo ap kontinye pèsekite nou. Menmsi sa, nou kontinye preche bon nouvèl la. Nou menm preche moun ki opoze ak nou yo (Mat. 24:14, 21). Jodi a, yo gen okazyon pou yo repanti e pou yo sove, men, sa pap dire twò lontan ankò. Sangtifikasyon non Jewova pi enpòtan lontan pase delivrans lèzòm. (Li Ezekyèl 38:23.) Lè tout nasyon yo sou tè a gen pou yo met tèt yo ansanm pou yo eseye detwi pèp Bondye a, jan Labib predi sa, n ap sonje pawòl salmis la te di nan priyè l te fè a : “ Se pou yo wont se pou yo twouble pou toutan, e se pou yo santi yo imilye e se pou yo peri. ” — Sòm 83:17, NW.
18, 19. a) Ki sa k ap ret tann moun ki rete opoze ak souvrènte Jewova ? b) Ki jan w santi w lefètke Jewova pa lwen jistifye souvrènte l yon dènye fwa ?
18 Moun ki rete opoze ak souvrènte Jewova ap fini nan lawont. Dapre Pawòl Bondye a, “ moun ki p’ap mache dapre bon nouvèl la ” e k ap peri nan Amagedòn poutèt sa ‘ ap disparèt pou toutan ’. (2 Tes. 1:7-9.) Moun sa yo pral detwi, men, adoratè Jewova yo k ap adore l avèk laverite pral sove. Aksyon sa yo ap montre toutbonvre se Jewova ki sèl vrè Dye a. Nan monn nouvo a, moun pap bliye gwo viktwa sa a. Moun ki “ leve soti vivan nan lanmò ” yo pral tande pale de gwo aksyon sa a Jewova pral fè a (Tra. 24:15). Nan monn nouvo a, yo pral wè jan li saj pou yon moun aksepte soumèt li devan souvrènte Jewova. Pami moun ki resisite yo, sa ki enb yo ap konprann byen vit Jewova se sèl vrè Dye a.
19 Ala yon bèl avni Papa nou ki nan syèl la ki renmen sèvitè fidèl li yo prepare pou yo ! Èske sa pa pouse w priye Jewova pou l bay yon dènye repons pou priyè salmis la te fè a lè l te di : “ Se pou [ènmi w yo] wont e se pou yo twouble pou toutan, e se pou yo santi yo imilye e se pou yo peri, pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a ! ” ? — Sòm 83:17, 18, NW.
[Nòt anba paj]
Èske w ka esplike ?
• Ki sitiyasyon pèp Izrayèl t ap viv lè yo te ekri Sòm 83 a ?
• Ki sa k te plis enterese moun ki te ekri Sòm 83 a ?
• Kiyès Satan ap atake jodi a ?
• Ki jan Jewova ap reponn priyè ki nan Sòm 83:18 la finalman ?
[Kat jeyografik nan paj 15]
(Gade peryodik la)
Ki rapò batay ki te fèt toupre ansyen vil Megido yo genyen avèk avni nou ?
Rivyè Kichòn
Awochèt
Mòn Kamèl
Vale Yizreyèl
Megido
Taanak
Mòn Gilbowa
Sous Awòd
More
Enndò
Mòn Tabò
Lanmè Galile
Rivyè Jouden
[Foto nan paj 12]
Ki sa k te pouse yon salmis ekri yon priyè ki te sot nan fon kè l ?