Byografi
Mwen gen 70 an depi m kenbe ke wòb yon Juif
Dapre Leonard Smith
Lè m te gen ant 13 a 15 an, te gen de pasaj nan Bib la ki te touche m. Jodi a, apre plis pase 70 an, mwen toujou sonje moman mwen te resi konprann Zekarya 8:23 (NW) ki pale de “dizòm” ki kenbe “ke wòb yon òm, yon Juif”. Yo di Juif la: “Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou.”
JUIF yo pale de li nan vèsè a reprezante kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo, “dizòm” yo reprezante “lòt mouton” yo oswa “Yonadaba” yo, non yo te konn bay lòt mouton yo nan epòk sa a (Jan 10:16). Lè m te vin konprann verite ki nan vèsè sa a, mwen te vin rann mwen kont jan li enpòtan pou m soutni kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la fidèlman paske esperans mwen genyen pou m viv pou toutan sou tè a depann de fason m soutni yo.
Egzanp “mouton” ak “kabrit” Jezi te bay nou jwenn nan Matye 25:31-46 la te touche m anpil tou. “Mouton” sa yo reprezante moun Jewova jije kòm bon moun nan tan lafen an paske yo ede frè Kris yo, kretyen li chwazi pou y al nan syèl yo, ki sou tè a toujou. Etandone mwen te yon jèn Yonadab, mwen te di tèt mwen: ‘Len, si w vle Kris konsidere w kòm yon mouton, ou dwe soutni frè l yo ki gen esperans pou y al nan syèl, ou dwe aksepte direksyon y ap ba ou paske Bondye ansanm avèk yo.’ Konpreyansyon sa a mwen te vin genyen an ap gide m depi plis pase 70 an.
‘KI KOTE PLAS MWEN YE’?
Manman m te batize nan ane 1925, nan sal yo te konn fè reyinyon nan Betèl la. Yo te rele sal sa a Tabènak vil Lonn nan e se sal sa a frè ki abite nan zòn nan te konn itilize. Mwen fèt 15 oktòb 1926. Nan mwa mas ane 1940, mwen te batize nan yon asanble ki te fèt Dover, yon zòn nan peyi Angletè ki bò lanmè. Mwen te vin aprann renmen verite ki nan Bib la plis toujou. Premye ‘ke rad Juif’ mwen te kenbe se te pa manman m nan, piske l te gen esperans pou l al nan syèl. Alepòk, papa m ak gran sè m nan potko ap sèvi Jewova. Mwen menm ak manman m te nan kongregasyon Gillingham, ki nan sidès peyi Angletè. Se sitou kretyen ki te gen esperans pou y al nan syèl yo ki te nan kongregasyon sa a. Manman m te chofe nan travay predikasyon an e li te bay yon bèl egzanp.
An septanm 1941, nan yon kongrè ki t ap fèt nan vil Leicester, te gen yon diskou yo te bay ki te gen tit “Entegrite”. Nan diskou sa a, yo te pale de kesyon souvrènte inivèsèl la. Se grasa diskou sa a mwen te vin konprann kesyon Satan te soulve konsènan dwa Jewova genyen pou l dirije a konsène tout moun. Se sa k fè, nou bezwen pran pozisyon pou Jewova, Souvren linivè a, epi kenbe entegrite nou.
Nan kongrè sa a, yo te pale anpil sou sèvis pyonye tou e yo te ankouraje jèn yo pou yo fikse objektif pou yo vin pyonye. Te gen yon diskou ki te gen tèm “Plas pyonye yo nan òganizasyon an” ki te fè m mande tèt mwen: ‘Ki kote plas mwen ye?’ Kongrè sa a te konvenk mwen, antanke Yonadab, se devwa m pou m fè tout sa m kapab nan travay predikasyon an pou m ede kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo. Menm kote a, mwen te ranpli yon fòmilè pou m vin pyonye.
SÈVIS PYONYE PANDAN GÈ A
Yo te nome m pyonye espesyal 1ye desanm 1941. Lè sa a mwen te gen 15 an. Manman m se te premye patnè m. Men, anviwon ennan apre, li te oblije kite sèvis la akoz pwoblèm sante. Apre sa, biwo filyal ki nan vil Lonn nan te mete m avèk yon frè ki rele Ron Parkin. Kounye a, frè sa a se yon manm Komite filyal nan peyi Pòtoriko.
Nou t al sèvi Broadstairs ak Ramsgate, de vil nan yon zòn ki rele Kent, ki bò lanmè. Nou te lwe yon chanm nan zòn sa a. Chak mwa pyonye espesyal yo te konn resevwa 40 chiling (anviwon 8 dola ameriken nan epòk la). Apre nou te fin peye lwaye a, sa k te ret nan men nou an pa t ka fè anyen pou nou. Nou pa t toujou konnen ki kote manje n ap soti. Men, kèlkeswa jan sa te ye, Jewova te toujou ban nou sa n bezwen.
Nou te konn monte bisiklèt anpil. Pafwa nou te konn mete anpil chay sou yo e nou te konn pouse yo anba gwo van ki te soti sou lanmè yo rele lanmè Nò a. Te gen avyon alman ki te konn pase byen ba nan zòn Kent pou y al bonbade Lonn e ki te konn lage misil V-1. Yon lè, mwen te vole kite bisiklèt mwen an epi m lage kò m nan yon twou paske te gen yon bonm ki te pase sou tèt mwen e ki t al eksploze nan yon teren ki te toupre m nan. Aktout sa, nou te jwenn kè kontan pandan tout ane nou te pase nan zòn Kent antanke pyonye espesyal.
MWEN TE VIN YOUN NAN “TIMESYE BETÈL” YO
Manman m te toujou pale an byen de Betèl. Li te konn di “pa gen anyen ki te ka fè l plis plezi pase wè m vin youn nan timesye Betèl yo”. Donk, nou kapab imajine jan m te kontan, e jan m te sezi tou, lè yo te envite m vin travay nan Betèl pandan twa semèn nan mwa janvye 1946. Lè twa semèn yo te fini, frè Pryce Hughes, ki te sèvitè filyal la alepòk, te mande m pou m rete nèt nan Betèl la. Fòmasyon m te resevwa nan Betèl la itil mwen jiska prezan.
Alepòk, fanmi Betèl Lonn nan te gen anviwon 30 moun, e pifò ladan yo se frè ki te jèn e ki te selibatè. Men, te gen plizyè frè ki te gen esperans pou y al nan syèl nan Betèl la tou. Pami yo te gen frè Pryce Hughes, frè Edgar Clay, e te gen frè Jack Barr tou, ki te vin manm Kolèj santral la. Se pa ti privilèj sa te ye pou mwen pou m soutni frè Kris yo, “pilye” sa yo, nan travay mwen t ap fè nan Betèl la antanke yon jèn gason! — Gal. 2:9.
Yon lè, pandan m te nan Betèl la, gen yon frè ki te di m gen yon sè ki t ap mande pou mwen nan baryè a. Lè m parèt, mwen te sezi wè se te manman m ki te kenbe yon ti pake anba bra l. Li te di m li pa t vle antre pou l pa kanpe m sou travay mwen, li remèt mwen ti pake a epi l ale. Ti pake a te gen yon manto pou fredi ladan l. Kado sa a li te ban mwen an te fè m sonje Ana ki te pote yon manto pou Samyèl, ti pitit gason l lan, pandan Samyèl t ap sèvi nan tabènak la. — 1 Sam. 2:18, 19.
MWEN PA GEN DWA JANM BLIYE LEKÒL GILEYAD
Nan ane 1947, yo te envite senk moun ki t ap sèvi nan Betèl la nan Lekòl Gileyad nan peyi Etazini. Ane ki te vin apre a, nou te asiste 11yèm klas la. Lè nou te rive nan nò vil Nouyòk, kote lekòl la te ye a, te fè frèt anpil. Se pa ti kontan m te kontan manman m te pote manto sa a pou mwen ki te kenbe m cho!
Mwen pa gen dwa janm bliye sis mwa mwen te pase Gileyad yo. Piske nou te ansanm ak lòt etidyan ki te soti nan 16 lòt peyi, sa te ede m vin wè bagay yo yon lòt jan. Lekòl la te ede m vin gen pi bon relasyon ak Jewova, mete sou sa, mwen te jwenn byenfè lefètke m te ansanm ak yon pakèt kretyen ki te gen matirite nan domèn espirityèl. Frè Lloyd Barry se youn nan moun ki te nan klas la avè m. Frè Albert Schroeder te youn nan enstriktè yo e frè John Booth te siveyan fèm òganizasyon an (kote Lekòl Gileyad la te ye a). Annapre frè John Booth te vin manm Kolèj santral. Frè sa yo ki te fidèl anvè Jewova ak òganizasyon l lan te konn ban m konsèy avèk amou, e m te apresye konsèy sa yo anpil.
M AL NAN SÈVIS SIKONSKRIPSYON EPI M RETOUNEN BETÈL
Tousuit apre m soti Gileyad, yo te voye m nan sèvis sikonskripsyon an nan yon eta ki rele Owayo, nan peyi Etazini. Mwen te gen 21 an sèlman, men frè yo te kontan paske mwen te jèn e m te gen tout fòs mwen sou mwen. Nan sikonskripsyon sa a, mwen te aprann anpil bagay nan men frè ki te pi gran pase m e ki te gen plis eksperyans pase m nan laverite.
Apre kèk mwa, mwen te jwenn envitasyon pou m retounen nan Betèl Bwouklin nan pou m te ka pran plis fòmasyon. Se nan moman sa a mwen te rankontre yon seri moun ki te “pilye” nan laverite e ki te manm Kolèj santral yon lè tankou Milton Henschel, Karl Klein, Nathan Knorr, T. J. Bud Sullivan ak Lyman Swingle. Sa te ede m anpil pou m wè fason yo te konn travay ak fason yo te konn viv antanke kretyen. Konfyans mwen nan òganizasyon Jewova a te vin ogmante san fwa plis. Annapre, yo te voye m al sèvi ann Ewòp ankò.
Manman m mouri an fevriye 1950. Apre antèman an, mwen te gen yon bonjan konvèsasyon ak papa m ansanm ak sè m nan, Dora. Mwen te mande yo ki sa yo te deside fè ak laverite piske manman m pa t la kounye a e m pa t ap viv nan kay la ankò. Yo te konnen yon frè aje ki te gen esperans pou l al nan syèl, yon frè yo te gen respè pou li, ki te rele Harry Browning. Yo te deside etidye Labib avè l. Nan espas yon ane, papa m ak Dora te batize. Annapre, papa m te vin sèvitè kongregasyon Gillingham nan. Apre lanmò li, Dora te marye ak yon ansyen ki fidèl ki rele Roy Moreton e Dora te kontinye sèvi Jewova fidèlman jouk li mouri nan ane 2010.
M AL SÈVI AN FRANS
Lè m te lekòl, mwen te etidye fransè, alman ak laten, men, se fransè a ki te ban m plis pwoblèm. Se sa k fè mwen pa t santi m alèz lè m te jwenn asiyasyon pou m al sèvi nan Betèl Frans lan, nan vil Pari. Pandan m an Frans, mwen te gen privilèj travay bò kote Henri Geiger, yon frè aje ki te gen esperans pou l al nan syèl e ki te sèvitè filyal la. Asiyasyon sa a pa t toujou fasil pou mwen. Mwen te fè anpil erè, men, mwen te aprann anpil bagay sou relasyon moun ak moun.
Mete sou sa, mwen te patisipe nan òganize premye kongrè entènasyonal ki t apral fèt apre gè a, nan vil Pari, nan ane 1951. Gen yon jèn siveyan sikonskripsyon ki te rele Léopold Jontès ki te vin Betèl pou l ede m. Annapre, Léopold te vin siveyan filyal. Kongrè sa a te fèt nan Palais des sports, toupre Tour Eiffel. Delege yo te soti nan 28 peyi. Nan dènye jou kongrè a, se pa ti kontan 6 000 Temwen Jewova fransè yo te kontan pou yo wè te gen 10 456 moun nan asistans lan!
Lè m te fèk rive an Frans, mwen pa t pale fransè byen menm. Sa k pi rèd la, mwen te pale fransè sèlman lè m te sèten sa m t ap di a te bon. Se pi gwo erè m te ka fè! Paske, si yon moun pa janm fè erè, yo pap janm korije l e li pap janm fè pwogrè.
Pou m te rezoud pwoblèm sa a, mwen te enskri nan yon lekòl ki montre moun ki soti nan lòt peyi pale fransè. Mwen te konn al suiv kou yo leswa, nan jou ki pa t gen reyinyon. Mwen te vin kòmanse renmen lang nan, e plis ane yo t ap pase, se plis mwen te vin renmen l. Kou m te suiv yo te itil anpil, piske annapre, mwen te kapab bay èd mwen nan sèvis tradiksyon filyal peyi Lafrans lan. Avèk letan, mwen te vin yon tradiktè e m t ap tradui piblikasyon anglè yo nan lang fransè. Se pa ti privilèj mwen te genyen pou m ede frè ak sè sou tout tè a ki pale fransè jwenn bonjan manje espirityèl esklav fidèl ki prevwayan an bay la! — Mat. 24:45-47.
MARYAJ AK LÒT PRIVILÈJ
An 1956, mwen marye ak Esther, yon pyonye ki soti nan peyi Suis mwen te rankontre kèk ane anvan sa. Nou te marye nan Sal Wayòm ki te toupre Betèl ki nan vil Lonn nan (ansyen Tabènak vil Lonn nan kote manman m te batize a). Se frè Hughes ki te bay diskou maryaj la. Manman Esther te la nan maryaj la e li menm tou li te gen esperans pou l al nan syèl. Lè m te marye, mwen pa t sèlman vin gen yon bèl madanm ki fidèl, men, mwen te vin gen yon bon bèlmè ki espirityèl, e mwen te konn pase bon moman ansanm avè l jiskaske l te fini kous li sou tè a nan ane 2000.
Apre mwen menm ak Esther te fin marye, nou pa t abite nan Betèl la. Pandan mwen te kontinye ap travay nan sèvis tradiksyon an, Esther, li menm, te pyonye espesyal nan yon zòn andeyò vil Pari. Esther te gen posiblite ede anpil moun vin sèvi Jewova. An 1964, nou te jwenn envitasyon pou n al viv nan Betèl. Annapre, an 1976, lè yo te vin ak dispozisyon pou gen Komite filyal la, mwen te vin yon manm Komite filyal. Pandan tout ane sa yo, Esther toujou montre li renmen m nan fason li soutni m.
“NOU PAP TOUJOU GENYEN M” AVÈK NOU
Mwen te gen privilèj pou m tounen detanzantan nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Nouyòk. Pandan vizit sa yo, gen kèk manm Kolèj santral la ki te konn ban m bon konsèy. Pa egzanp, yon lè, pandan mwen t ap pale ak frè Knorr sou enkyetid mwen te genyen pou m fini yon travay alè, frè Knorr te souri epi li di m: “Pa bay tèt ou pwoblèm, annik travay!” Depi lè sa a, chak fwa travay mwen kòmanse vin anpil, olye m bay tèt mwen pwoblèm, mwen fè travay yo youn apre lòt. Konsa, tout travay mwen fèt, e an jeneral, mwen fini alè.
Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te di disip li yo: “Nou pap toujou genyen m avèk nou.” (Mat. 26:11). Nou menm ki fè pati lòt mouton yo, nou konnen nou pap toujou gen frè Kris yo avèk nou sou tè a paske Bondye chwazi yo pou y al nan syèl. Se sa k fè, mwen konsidere sa kòm yon kokennchenn privilèj lefètke mwen gen posiblite kolabore ak plizyè nan moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo pandan plis pase 70 an. Mwen gen rekonesans dèske mwen gen posiblite kontinye kenbe ke wòb yon Juif pandan tout tan sa a.
[Nòt anba paj]
a Pou nou ka konprann mo “Yonadab” la, gade liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, paj 83, 165, 166.
[Antrefilè nan paj 21]
Frè Knorr te souri epi li di m: “Pa bay tèt ou pwoblèm, annik travay!”
[Foto nan paj 19]
(Agoch) Manman m ak Papa m.
(Adwat) Nan lakou Lekòl Gileyad, an 1948, ansanm ak manto manman m te ban mwen an.
[Foto nan paj 20]
An 1997, lè m t ap entèprete pou frè Lloyd Barry nan inogirasyon Betèl Frans lan.
[Foto nan paj 21]
(Agoch) Mwen menm ak Esther, jou nou te marye a.
(Adwat) N ap preche ansanm.