Sèvis pyonye fè nou vin gen pi bon relasyon ak Bondye
“Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a.” — SÒM 147:1.
1, 2. a) Ki sa k ka rive lè yon moun ap panse ak yon moun li renmen epi l ap pale de moun sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kesyon nou pral egzamine?
LÈ YON moun ap panse ak yon moun li renmen epi l ap pale de moun sa a, sa ka fè relasyon l gen ak moun nan vin pi sere. Se menm bagay la tou konsènan relasyon nou gen ak Jewova Dye a. Lè David te yon bèje, li te konn pase plizyè nuit ap kontanple zetwal ki nan syèl la epi medite sou Moun ki te kreye zetwal sa yo, yon Moun ki san parèy. Men sa l te ekri: “Lè m’ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li, m’ap mande: — Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?” (Sòm 8:3, 4). Apre apot Pòl te fin egzamine jan objektif Jewova te genyen pou Izrayèl espirityèl la te reyalize yon fason estrawòdinè, li te di: “Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil!” — Wom. 11:17-26, 33.
2 Lè n nan travay predikasyon an, nou panse ak Jewova, nou pale de li, e sa gen yon bon efè sou relasyon nou gen avè l la. Gen anpil moun ki nan sèvis aplentan ki fè konnen youn nan benediksyon yo jwenn lefètke yo patisipe plis nan sèvis Wayòm nan sèke yo vin gen plis lanmou pou Bondye. Kit nou deja nan sèvis aplentan, kit n ap travay pou n atenn objektif sa a, nou bezwen mande tèt nou: Ki jan sèvis aplentan kapab fè nou vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova? Si w deja ap sèvi antanke pyonye, mande tèt ou: ‘Ki sa k ka ede m kontinye nan sèvis sa a ki pote anpil byenfè?’ Si w poko ap sèvi antanke pyonye, mande tèt ou: ‘Ki ajisteman mwen kapab fè pou m pran sèvis la?’ Ann egzamine kèk fason sèvis pyonye kapab fè n vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye.
FASON SÈVIS APLENTAN FÈ NOU VIN GEN YON PI BON RELASYON AK BONDYE
3. Lè n pale ak lòt moun konsènan benediksyon Wayòm nan pral pote, ki efè sa gen sou nou?
3 Lè n pale ak lòt moun konsènan benediksyon Wayòm nan pral pote, sa fè n vin pi pwòch ak Jewova. Lè w ap preche kay an kay, ki vèsè w renmen itilize? Èske se Sòm 37:10, 11; Dànyèl 2:44; Jan 5:28, 29 oswa Revelasyon 21:3, 4? Chak fwa nou fè yon ti pale sou pwomès ki nan vèsè sa yo ak lòt moun, sa fè nou sonje se Bondye nou an ki renmen bay la ki fè nou jwenn “tout bèl don ak tout kado pafè”. Konsa, sa fè nou vin pi pwòch avè l. — Jak 1:17.
4. Poukisa lè n wè nan ki eta lòt moun yo ye nan domèn espirityèl, sa fè n vin gen plis apresyasyon pou bonte Bondye gen lakay li?
4 Lè n wè nan ki eta moun n ap preche yo ye nan domèn espirityèl, sa fè n vin pi renmen laverite. Moun nan monn nan pa gen okenn gid ki fyab ki kapab ede yo reyisi, e ki kapab ede yo viv ak kè kontan. Pifò nan yo ap enkyete yo konsènan sa demen ap pote, e yo pa gen okenn espwa. Y ap chèche konnen ki bi lavi a. Menm lè pifò nan yo fè pati yon relijyon, yo pa konn anpil bagay sou Ekriti yo. Yo sanble anpil ak moun ki t ap viv nan vil Niniv tan lontan an. (Li Yona 4:11.) Lè n patisipe plis nan travay predikasyon an, nou pi byen konprann diferans ki genyen ant kondisyon espirityèl moun n ap preche yo ak kondisyon espirityèl pèp Bondye a (Iza. 65:13). Jewova fè plis pase ban nou sa nou bezwen nan domèn espirityèl paske li bay tout moun posiblite pou yo jwenn rekonfò ak bonjan espwa. Tout sa fè nou sonje jan Jewova bon. — Rev. 22:17.
5. Lè n ede lòt moun nan domèn espirityèl, ki jan nou vin konsidere pwoblèm nou yo?
5 Lè n ede lòt moun nan domèn espirityèl, sa fè l vin pi fasil pou n pa kite pwoblèm nou yo dekouraje n. Trisha, yon sè ki pyonye pèmanan, te fè eksperyans sa a lè manman l ak papa l te divòse. Men sa l fè konnen: “Se te youn nan sitiyasyon ki te plis boulvèse lavi m.” Yon jou, li te santi l tris anpil e l te anvi ret lakay li, men, aktout sa, li t al fè etid twa timoun ki te gen anpil pwoblèm lakay yo. Papa timoun yo te abandone yo, epi gran frè yo a te konn maltrete yo. Men sa Trisha di: “Kèlkeswa pwoblèm oswa tristès mwen te genyen, yo youn pa t ka konpare ak pwoblèm timoun sa yo te genyen yo. Toutpandan nou t ap fè etid la, ti je yo t ap briye e yo te kòmanse ri tèlman yo te kontan. Jou sa a sitou, timoun sa yo te yon kado Jewova ban mwen.”
6, 7. a) Lè n ap anseye verite ki nan Bib la, ki jan sa fè lafwa nou vin pi solid? b) Lè n remake jan lavi etidyan Labib nou yo vin amelyore lefètke yo aplike prensip ki nan Ekriti yo, ki efè sa genyen sou fason nou apresye sajès Bondye gen lakay li?
6 Lè n anseye lòt moun verite ki nan Bib la, sa fè n vin gen plis lafwa. Men sa apot Pòl te di kèk Juif nan epòk li a ki te sispann pratike sa yo t ap preche a: “W ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou?” (Wom. 2:21). Se pa ti diferan pyonye yo diferan ak moun sa yo! An jeneral, pyonye yo jwenn anpil okazyon pou yo anseye lòt moun laverite e pou yo kondui etid biblik. Pou yo ka rive fè sa yon fason ki efikas, yo bezwen prepare chak etid, e petèt fè rechèch pou yo reponn kèk kesyon. Men sa yon pyonye ki rele Janeen fè konnen: “Chak fwa m gen posiblite pou m anseye lòt moun laverite, mwen santi verite sa yo anrasinen nan kè m ak nan lespri m. Kòm rezilta, lafwa m [...] kontinye grandi.”
7 Lè n wè jan lavi etidyan Labib nou yo vin amelyore lefètke yo aplike prensip ki nan Bib la, sa fè n vin gen plis apresyasyon pou sajès Bondye gen lakay li (Iza. 48:17, 18). Anplis de sa, sa fè n vin gen plis detèminasyon pou n aplike prensip sa yo nan lavi nou. Men sa Adrianna, yon lòt pyonye, di: “Lè moun yo konte sou pwòp sajès yo, lavi yo kapab vin tèt anba. Men, lè yo kòmanse konte sou sajès Jewova gen lakay li, yo jwenn byenfè lapoula.” Nan menm sans lan, men sa Phil di: “Nou wè jan Jewova kapab chanje moun ki pa ka rive chanje lavi yo poukont yo.”
8. Lè n travay nan ministè a ak frè ak sè yo, ki efè sa gen sou nou?
8 Lè n travay ak frè ak sè yo nan ministè a, sa fè nou vin pi djanm nan domèn espirityèl (Pwo. 13:20). Pifò pyonye pase anpil tan ak frè ak sè yo nan ministè a. Sa fè yo jwenn plis opòtinite “pou youn ka ankouraje lòt”. (Wom. 1:12; li Pwovèb 27:17.) Men sa yon pyonye ki rele Lisa fè konnen: “Byen souvan, toujou gen espri konpetisyon ak jalouzi kote m ap travay la. Chak jou ki pase, toujou gen moun k ap fè tripotay e k ap di vye pawòl. Yo fè tout sa yon fason pou youn ka pran pye sou lòt kèlkeswa sa sa mande. Pafwa, yo konn pase w nan rizib akoz fason w konpòte w antanke kretyen. Sepandan, sa vrèman ankourajan pou m travay nan ministè a ak kretyen parèy mwen yo. Kèlkeswa jan m te fatige a, nan fen jounen an, mwen santi m jwenn fòs lè m rantre lakay mwen.”
9. Lè n pran sèvis pyonye ansanm ak moun nou marye avè l la, ki efè sa ka genyen sou kòd twa branch ki ini nou antanke mari ak madanm nan?
9 Lè n pran sèvis pyonye ansanm ak moun nou marye avè l la, sa fè kòd twa branch ki ini nou antanke mari ak madanm nan vin pi solid (Ekl. 4:12). Men sa Madeline, yon sè ki pran sèvis pyonye ansanm ak mari l, fè konnen: “Mari m avè m gen posiblite pou nou pase tan ap pale de jounen nou pase nan ministè a oswa sou kèk bagay nou te jwenn nan lekti Labib nou ki kapab itil nou nan ministè a. Chak ane nou pase ansanm ap sèvi antanke pyonye fè nou vin pi pwòch youn ak lòt.” Menm jan an tou, Trisha fè konnen: “Nou toule de fikse objektif pou n pa gen okenn dèt yon fason pou n pa fè kont pou lajan. Nou gen menm pwogram predikasyon, konsa, n al fè etid ak vizit nou yo ansanm. Sa ede n kenbe yon bon relasyon nan maryaj nou, e sa pèmèt nou vin pi pwòch Jewova.”
10. Lè n met enterè Wayòm nan an premye nan lavi n epi nou wè jan Jewova ap pran swen nou, ki jan sa gen efè sou fason nou fè Jewova konfyans?
10 Lè n met enterè Wayòm nan an premye nan lavi n, lè n wè jan Jewova ap pran swen nou ak fason l reponn priyè nou yo, sa fè n vin gen plis konfyans nan li. Se vre, tout kretyen ki fidèl wè verite ki gen nan pawòl sa a. Men, moun ki nan sèvis aplentan yo konnen lè yo met konfyans yo nan Jewova, sa kapab ede yo kontinye sèvi antanke pyonye. (Li Matye 6:30-34.) Yo te mande Curt, yon frè ki pyonye pèmanan e ki se siveyan sikonskripsyon ranplasan, pou l al vizite yon kongregasyon ki nan yon distans dezèdtan edmi parapò ak kote l rete a. Kantite gaz li menm ak madanm li, ki pyonye tou, te gen nan machin yo a, t ap pèmèt yo fè vwayaj ale a sèlman, men, yo pa t ap ka retounen. Anplis de sa, Curt te rete yon semèn pou l touche. Men sa l fè konnen: “Mwen te kòmanse mande tèt mwen si m te pran yon bon desizyon.” Apre yo te fin priye, yo te deside aksepte asiyasyon an toutpandan yo te gen konfyans Bondye t ap fè yo jwenn sa yo bezwen. Pandan yo t apral deplase, gen yon sè ki te telefone yo e ki te di yo li gen yon kado pou yo. Se te egzakteman kantite kòb yo te bezwen pou yo te fè vwayaj la. Curt fè konnen: “Lè w fè kalite eksperyans sa a plizyè fwa, li fasil pou w konprann men Jewova dèyè sa.”
11. Bay kèk benediksyon pyonye yo jwenn.
11 Vrèmanvre, pyonye yo rann yo kont gen yon kokennchenn benediksyon ki pa janm fini ki “atenn” yo lefètke y ap bay tout yo menm nan sèvis Jewova a epi y ap chèche vin pi pwòch avè l (Det. 28:2, NW). Malgre sa, sèvis pyonye gen difikilte pa l tou. Pa gen okenn sèvitè Bondye ki epaye anba pwoblèm rebelyon Adan an pote yo. Byenke gen kèk pyonye ki konn oblije kite sèvis la pandan yon tan, men, byen souvan, yo kapab rezoud pwoblèm yo oswa menm evite yo san yo pa kite sèvis la. Ki sa k kapab ede pyonye yo kontinye jwenn jwa nan sèvis yo a ki se yon privilèj?
RETE NAN SÈVIS APLENTAN
12, 13. a) Ki sa yon pyonye dwe fè si l gen difikilte pou l fè kantite lè yo mande a? b) Poukisa li enpòtan anpil pou yon pyonye gen yon pwogram lekti Labib chak jou, pou l fè etid pèsonèl e pou l medite?
12 Pifò pyonye gen yon pwogram ki vrèman chaje. Etandone li kapab difisil pou yo rive fè tout bagay, li enpòtan pou yo byen òganize yo (1 Kor. 14:33, 40). Si yon pyonye gen difikilte pou l fè kantite lè yo mande a, li gendwa bezwen egzamine fason l sèvi ak tan l (Efe. 5:15, 16). Li gendwa mande tèt li: ‘Ki kantite tan mwen pase ap detann mwen? Èske m dwe disipline tèt mwen pi plis toujou? Èske m dwe fè ajisteman nan pwogram travay pwofàn mwen?’ Nenpòt kretyen ap dakò li fasil pou yon moun ajoute kèk aktivite nan yon pwogram. Kidonk, moun ki nan sèvis aplentan yo gendwa bezwen egzamine pwogram yo regilyèman epi fè chanjman si sa nesesè.
13 Lekti Labib chak jou, etid pèsonèl ak meditasyon dwe fè pati pwogram yon pyonye. Se poutèt sa, yon pyonye bezwen disipline tèt li yon fason pou l pa kite aktivite ki gen mwens enpòtans yo pran pye sou tan li rezève pou bagay sa yo ki enpòtan (Fil. 1:10). Pa egzanp, ann imajine yon pyonye ki rantre lakay li apre l fin pase tout yon jounen nan travay predikasyon an. Li gen entansyon pwofite sware a pou l prepare pwochen reyinyon an. Men, anvan l fè sa, li li kèk lèt yo voye ba li, e annapre, li limen òdinatè l, li li imel li yo epi l reponn yo. Pandan l sou Entènèt la, l al sou yon sit wèb pou l wè si yo bese pri yon bagay li te vle achte. San l pa rann li kont, gen prèske dezèdtan ki gentan pase e l poko menm kòmanse etidye sa l te prevwa etidye jou swa sa a. Ki sa k fè se yon pwoblèm sa ye? Atlèt pwofesyonèl yo dwe pran swen kò yo si yo vle fè anpil tan antanke atlèt. Menm jan an tou, pyonye yo bezwen fè etid pèsonèl yo regilyèman pou yo kontinye jwenn fòs nan domèn espirityèl si yo vle fè anpil tan nan sèvis aplentan. — 1 Tim. 4:16.
14, 15. a) Ki sa k fè pyonye yo dwe kontinye mennen yon vi senp? b) Ki sa yon pyonye dwe fè si l ap fè fas ak difikilte?
14 Pyonye ki efikas yo fè anpil efò pou yo kontinye mennen yon vi senp. Jezi te ankouraje disip li yo pou yo gen je yo fikse sou yon sèl bagay (Mat. 6:22). Li te kontinye mennen yon vi senp yon fason pou l te ka akonpli ministè l san anyen pa t distrè l. Se sa k fè li te kapab di: “Rena yo gen twou yo, e zwazo nan syèl la gen kote pou yo jouke, men Pitit lòm nan li menm pa gen kote pou l poze tèt li.” (Mat. 8:20). Si yon pyonye vle suiv egzanp Jezi, l ap bon pou l sonje plis li gen bagay materyèl, se plis l ap bezwen pran swen yo, repare yo oswa ranplase yo.
15 Pyonye yo rann yo kont se pa paske yo fè yon bagay espesyal ki fè yo gen privilèj yo genyen an. Okontrè, yo rekonèt se grasa favè san parèy Bondye a ki fè yo jwenn kèlkeswa kado oswa privilèj sèvis yo kapab genyen an. Se sa k fè, chak pyonye dwe konte sou Jewova pou l ka kontinye nan sèvis la (Fil. 4:13). Se vre, y ap jwenn eprèv ak difikilte (Sòm 34:19). Men, lè pwoblèm yo rive, olye pou yo kouri kite sèvis la, yo dwe mande Jewova direksyon l epi yo dwe ba l opòtinite pou l ede yo. (Li Sòm 37:5.) Toutpandan y ap wè jan Bondye yo a ki gen lanmou ap pran swen yo, y ap vin pi pwòch avè l antanke Papa yo ki nan syèl la. — Iza. 41:10.
ÈSKE W KA VIN PYONYE?
16. Ki sa w dwe fè si w ta renmen vin pyonye?
16 Si w ta renmen jwenn benediksyon menm jan ak moun ki nan sèvis aplentan yo, fè Jewova konn sa (1 Jan 5:14, 15). Pale ak moun k ap sèvi antanke pyonye yo. Tikras pa tikras, fikse kèk objektif k ap ede w vin pyonye. Se sa Keith ak Erika te fè. Yo t ap travay aplentan, e menm jan ak anpil moun marye ki gen menm laj ak yo, yo te achte yon kay ak yon machin tounèf tousuit apre yo fin marye. Men sa yo di: “Nou te panse bagay sa yo t ap fè n jwenn satisfaksyon. Men, sa pa t janm fèt.” Apre Keith te fin pèdi travay li, li te kòmanse sèvi antanke pyonye oksilyè. Men sa l fè konnen: “Sèvis pyonye a te fè m sonje jan ministè a bay anpil kè kontan.” Yo te vin zanmi yon koup k ap sèvi antanke pyonye ki te ede yo wè jan sa bay lajwa lè yon moun mennen yon vi senp epi l pran sèvis pyonye. Ki sa Keith ak Erika te fè? Men sa yo fè konnen: “Nou te fè yon lis tout objektif nou fikse nan domèn espirityèl, nou te mete l sou frijidè a, epi, chak fwa nou te atenn yon objektif nou te tcheke l.” Kèk tan apre, yo te vin pyonye.
17. Poukisa li t ap saj pou w fè ajisteman nan pwogram ou oswa nan fason w ap viv pou w ka vin pyonye?
17 Èske w ka vin pyonye? Si w remake li pa posib pou w vin pyonye pou kounye a, fè tout sa w kapab pou w vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova lè w patisipe plis nan ministè a. Apre w fin egzamine sitiyasyon w nan lapriyè, ou kapab rann ou kont si w fè kèk ajisteman nan pwogram ou oswa nan fason w ap viv, w ap ka vin pyonye. Si w vin pyonye, w ap jwenn plis jwa lontan pase kèlkeswa sakrifis w ap gen pou w fè. W ap vin gen plis satisfaksyon dèske w met enterè Wayòm nan anvan enterè pa w (Mat. 6:33). W ap vin gen plis jwa lefètke w ap sèvi lòt moun. Anplis de sa, w ap vin gen plis opòtinite pou w panse ak Jewova, pou w pale de li, pou w vin gen plis lanmou pou li, e pou w fè kè l kontan.