Ansyen, ki jan w konsidere kesyon bay fòmasyon an?
“Pou tout bagay gen yon tan ki fikse.” — EKL. 3:1, NW.
1, 2. Ki sitiyasyon siveyan sikonskripsyon yo wè ki egziste nan anpil kongregasyon?
SIVEYAN sikonskripsyon an te prèske fin reyinyon l te gen ak gwoup ansyen an. Toutpandan l t ap gade yo, li te santi l gen anpil afeksyon pou bèje sa yo k ap travay di, e gen kèk nan yo ki menm gen ase laj pou yo papa l. Sepandan, li te santi l enkyè tou, se sa k fè l te mande yo: “Frè m yo, ki sa n fè pou n bay lòt moun fòmasyon yon fason pou yo vin gen plis responsablite nan kongregasyon an?” Yo byen sonje nan dènye vizit siveyan an, li te ankouraje yo pou yo bay kesyon fòme lòt moun nan plis atansyon. Finalman, gen youn nan ansyen yo ki di: “Franchman, nou pa fè anpil bagay.” Lòt ansyen yo te sekwe tèt yo pou yo montre yo dakò.
2 Si w se yon ansyen, èske sa k te pase nan reyinyon sa a rive w deja? Petèt w ap di wi. Toupatou nan monn nan, siveyan sikonskripsyon yo rann yo kont nan anpil kongregasyon gen gwo bezwen pou bay frè yo, jèn kou granmoun, fòmasyon yon fason pou yo bay èd nan pran swen twoupo a. Men, sa reprezante yon defi. Sa k fè sa?
3. a) Ki fason Ekriti yo montre l enpòtan pou n bay fòmasyon, e ki sa k fè nou tout ta dwe enterese ak sa? (Gade nòt anba paj la.) b) Poukisa kèk ansyen ka twouve l difisil pou yo bay lòt moun fòmasyon?
3 Antanke bèje, sandout ou rann ou kont jan l enpòtan pou w fòme tèt ou pèsonèlmana. Ou konnen gen yon gwo bezwen pou jwenn plis frè pou ede kongregasyon yo rete djanm nan domèn espirityèl e pou pèmèt vin gen lòt kongregasyon ki fòme. (Li Izayi 60:22.) Anplis de sa, ou konnen Pawòl Bondye a ankouraje w “anseye lòt moun”. (Li 2 Timote 2:2.) Aktout sa, menm jan ak ansyen nou te pale de yo nan kòmansman atik la, ou ka twouve l difisil pou w fè sa. Apre w fin bay fanmi w sa yo bezwen, ou fin ranpli egzijans travay ou, ou fin ranpli responsablite w gen nan kongregasyon an ansanm ak lòt bagay ki ijan, ta sanble w jis pa gen tan pou w fòme lòt moun nan kongregasyon an. Si se konsa sa ye, ann konsidere rezon ki fè n ta dwe bay kesyon fòme lòt moun nan enpòtans.
LI ENPÒTAN POU N BAY FÒMASYON
4. Ki youn nan rezon ki gendwa fè pafwa nou kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè?
4 Ki youn nan rezon ki fè kèk ansyen gendwa twouve l difisil pou yo rezève tan pou yo bay fòmasyon? Petèt gen kèk nan yo ki panse konsa: ‘Se vre l enpòtan pou n bay fòmasyon, men, li pa pi ijan pase lòt bagay nan kongregasyon an ki pa ka tann yo. Kongregasyon an ap kontinye fonksyone menmsi n kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè.’ Se vre gen anpil bagay nan kongregasyon an ki mande pou n rezoud yo san pèdi tan, sepandan, si n pran abitid kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè sa ka gen efè sou byennèt espirityèl kongregasyon an.
5, 6. Ki sa n ka aprann nan egzanp chofè a ansanm ak fason l te konsidere kesyon pran swen motè machin nan, e ki jan n ka aplike egzanp sa a ak kesyon bay fòmasyon nan kongregasyon an?
5 Fè yon ti reflechi ak egzanp sa a: Yon chofè gendwa konnen l dwe chanje luil nan machin li regilyèman si l vle pran swen machin nan e si l vle pou motè a kontinye mache byen. Sepandan, li gendwa panse kesyon chanje luil la pa pi enpòtan pase met gaz nan machin nan. Dayè, si l pa met gaz nan machin nan, machin nan pap pran tan pou l kanpe. Li gendwa panse konsa: ‘Si m pa jwenn tan pou m chanje luil la, machin nan ap kontinye mache menmsi se pou yon ti tan.’ Men, ki kote danje a ye? Si chofè a kontinye ap kite kesyon pran swen motè a pou yon lòt lè, gen yon jou k ap rive kote machin nan ap kanpe nèt. Lè sa a, li pral oblije pran anpil tan epi depanse yon pakèt lajan pou l fè machin nan mache ankò. Ki leson nou aprann nan egzanp sa a?
6 Ansyen yo gen anpil bagay enpòtan y ap regle ki mande pou yo rezoud yo prese prese e si yo pa fè sa, sa ap gen efè sou kongregasyon an. Konsa, menm jan ak chofè nan egzanp lan ki te asire l li met gaz nan machin nan, ansyen yo tou dwe “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. (Flp. 1:10.) Sepandan, gen kèk ansyen ki tèlman okipe nan regle bagay ki dwe rezoud prese prese yo opwen yo gendwa neglije kesyon bay lòt moun fòmasyon an. Konsa, nan yon sans yo neglije pran swen motè a. Anplis de sa, si ansyen yo kontinye ap kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè, alòske sa nesesè, towouta kongregasyon an pap gen ase frè ki kalifye pou fè tout travay ki bezwen fèt yo.
7. Ki jan n dwe konsidere ansyen ki rezève tan pou bay fòmasyon yo?
7 Kidonk, sa klè, nou pa dwe panse kesyon bay fòmasyon an pa gen anpil enpòtans. Ansyen ki prevwayan e ki rezève tan pou yo fòme frè ki pa gen anpil eksperyans yo montre yo se moun k ap byen jere kongregasyon an e yo se bonjan benediksyon pou tout kongregasyon an. (Li 1 Pyè 4:10.) Ki jan sa pwofitab pou kongregasyon an?
YON ENVESTISMAN KI SAJ
8. a) Ki kalite e ki konsiderasyon ansyen yo genyen ki pouse yo bay lòt moun fòmasyon? b) Ki responsablite ijan ansyen k ap sèvi kote ki gen bezwen yo genyen? (Gade kare ki gen tit “Yon travay ki vrèman enpòtan” an.)
8 Menm ansyen ki gen plis eksperyans yo dwe rekonèt avèk imilite tank y ap antre nan laj se tank kantite travay yo te konn fè pou kongregasyon an ap diminye tikras pa tikras (Mika 6:8). Mete sou sa, yo ta dwe montre yo reyalis lè yo rekonèt ‘evènman moun pa prevwa ki rive nan moman moun pa atann’ kapab chanje sitiyasyon yo bridsoukou opwen yo pa ka ranpli responsablite yo gen nan kongregasyon an jan yo te konn fè sa (Ekl. 9:11, 12, NW; Jak 4:13, 14). Konsa, lefètke ansyen ki prevwayan yo gen bonjan sousi pou byennèt mouton Jewova yo, nan moman apwopriye yo pataje eksperyans yo te fè pandan plizyè ane yo fè ap sèvi Jewova fidèlman yo ak jèn frè yo. — Li Sòm 71:17, 18.
9. Ki evènman ki pral rive ki fè l vrèman enpòtan pou n bay fòmasyon?
9 Ki lòt rezon ankò ki montre ansyen k ap fòme lòt moun yo se yon benediksyon pou twoupo a? Yo ranfòse defans kongregasyon an. Nan ki sans? Efò ansyen yo fè pou fòme lòt moun pèmèt vin gen plis frè ki pare pou ede kongregasyon an rete djanm epi pou pèmèt li gen inite nonsèlman depi kounye a men sitou nan moman difisil ki pral genyen pandan gwo tribilasyon an (Eze. 38:10-12; Mika 5:5, 6). Kidonk, ansyen nou renmen anpil yo, n ap mande nou tanpri pou n bay kesyon fòme lòt moun nan yon plas enpòtan nan travay n ap fè nan ministè a jodi a.
10. Ki sa ansyen yo gendwa bezwen fè pou yo jwenn tan pou fòme lòt moun?
10 Nòmalman, nou konnen tan w pase ap regle bagay ki enpòtan nan kongregasyon an kapab gentan fè w santi w pa ka fè plis. Aktout sa, ou gendwa bezwen rezève yon pati nan tan sa a pou w fòme lòt moun (Ekl. 3:1). Lè w fè sa, w ap fè yon envestisman ki saj.
KREYE BONJAN ANBYANS
11. a) Ki bagay enteresan ki gen nan sijesyon kèk ansyen ki sot nan plizyè peyi te bay konsènan kesyon bay fòmasyon an? b) Selon Pwovèb 15:22, ki sa k fè l ap bon pou n konsidere sijesyon lòt ansyen yo?
11 Sa pa gen twò lontan, yo te mande yon gwoup ansyen ki jwenn bon rezilta nan ede frè yo pwogrese nan domèn espirityèl, ki metòd yo itilize lè y ap fòme lòt mounb. Byenke sitiyasyon frè sa yo diferan anpil, yo tout te prèske bay menm metòd. Ki sa sa montre? Sa montre, menm jan sa te ye nan epòk apot Pòl la, fòmasyon ki chita sou Bib la aplikab pou moun y ap fòme “toupatou nan chak kongregasyon”. (1 Kor. 4:17.) Kidonk, nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a nou pral konsidere kèk sijesyon ansyen sa yo te bay (Pwo. 15:22). Pou n ka pi senp, nan atik yo, lè n ap pale de moun k ap bay fòmasyon yo n ap di “anseyan” e lè n ap pale de moun y ap fòme yo n ap di “moun y ap bay fòmasyon yo”.
12. Ki sa yon anseyan dwe chèche fè, e poukisa?
12 Yon anseyan bezwen chèche kreye bonjan anbyans pou l bay fòmasyon. Menm jan yon kiltivatè bezwen travay yon tè anvan l simen semans yo se konsa tou yon anseyan bezwen prepare kè moun l ap bay fòmasyon an oswa l bezwen ankouraje l anvan l anseye l nouvo metòd yo. Nan ka sa a, ki fason anseyan yo ka chèche kreye bonjan anbyans pou yo fòme lòt moun? Yo ka fè sa lè yo suiv menm metòd yon pwofèt nan tan lontan te suiv. Ki metòd sa a?
13-15. a) Ki misyon pwofèt Samyèl te resevwa? b) Ki fason Samyèl te ranpli misyon sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) c) Jodi a, ki sa k fè istwa biblik sa a ta dwe enterese ansyen yo espesyalman?
13 Yon lè, sa gen plis pase 3 000 an, Jewova te di pwofèt Samyèl ki te fin granmoun: “Demen, lè konsa, m ap voye yon mesye ki sot nan tèritwa tribi Benjamen an kote w. Ou dwe vide luil sou tèt li pou w chwazi l kòm chèf pou l dirije pèp Izrayèl la, pèp mwen an.” (1 Sam. 9:15, 16, NW). Samyèl te rann li kont wòl li antanke chèf te rive nan bout li epi Jewova te ba l misyon pou l chwazi yon moun pou ranplase l. Samyèl dwe t ap mande tèt li: ‘Ki jan m ka prepare moun sa a pou wòl li pral jwe a?’ Li te vin gen yon ide e l te travay sou sa.
14 Nan jou ki te vin annapre a, lè Samyèl wè Sayil, Jewova te di pwofèt la: “Men gason mwen te di w [la].” Lè sa a, Samyèl te kòmanse sèvi ak plan l te genyen an. Li te envite Sayil vin pran yon repa avè l nan salamanje a. Lè yo rive nan salamanje a, li te bay Sayil ak sèvitè l la pi bon plas yo, li te ba yo moso vyann li te met apa pou yo a epi Samyèl te di: “Manje l, paske yo te sere l pou ou, pou okazyon sa a.” Annapre, Samyèl ak Sayil te kòmanse mache pou y al kay pwofèt la e yo t ap pale toutpandan yo prale. Samyèl te vle pwofite bèl anbyans repa a ansanm ak bèl ti pwomnad la te kreye a. Konsa, li te envite Sayil monte avè l sou do kay la. Nan bon ti van fre ki te genyen pandan l pral fènwa a, Samyèl te “kontinye pale ak Sayil sou do kay la” jiskaske y al dòmi. Nan demen, Samyèl te vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l, li te bo l epi l te ba l plis enstriksyon. Apre l te fin prepare Sayil pou evènman ki t apral rive yo, li te voye l ale. — 1 Sam. 9:17-27; 10:1, NW.
15 Nòmalman, chwazi yon moun pou l vin chèf yon nasyon pa menm bagay ak fòme yon frè pou l vin ansyen oswa asistan ministeryèl nan kongregasyon an. Aktout sa, jodi a, ansyen yo ka jwenn bonjan leson nan metòd Samyèl te itilize a. Ann konsidere de nan leson sa yo.
ANSEYAN YO DWE DISPOZE E YO DWE SE BON ZANMI
16. a) Ki jan Samyèl te santi l lè Izrayelit yo te mande pou yo gen yon wa? b) Ak ki etadespri Samyèl te ranpli misyon l te genyen pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l la?
16 Se pou w dispoze, ou pa dwe renka. Lè Samyèl te fèk tande Izrayelit yo te vle jwenn yon moun pou dirije yo kòm wa a, li te santi l desi e l te santi pèp la rejte l (1 Sam. 8:4-8). Anfèt, li te tèlman renka pou l fè sa pèp la mande a opwen pandan twa fwa Jewova te wè l nesesè pou l di l koute pèp la (1 Sam. 8:7, 9, 22). Aktout li te renka, Samyèl pa t kite kòlè oswa rankin pran rasin nan kè l kont moun ki t apral ranplase l la. Lè Jewova te di l pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l, pwofèt la te obeyi, li pa t annik kontante l fè sa paske l te oblije men l te dispoze fè sa avèk lanmou.
17. Jodi a, ki fason ansyen yo montre yo dispoze menm jan ak Samyèl, e ki jan sa fè yo kontan?
17 Menm jan ak Samyèl, jodi a, ansyen ki gen eksperyans yo demontre yon dispozisyon ki plen lanmou anvè moun y ap bay fòmasyon yo (1 Pyè 5:2). Ansyen sa yo pa ezite bay fòmasyon akoz yo pè pou moun y ap fòme yo pa pran kèk privilèj yo te genyen nan kongregasyon an. Anseyan ki dispoze yo pa konsidere moun ki vle jwenn fòmasyon yo kòm moun ki nan konpetisyon ak yo, men, yo konsidere yo kòm “konpayon travay” yo, kòm kado ki gen anpil valè pou kongregasyon an (2 Kor. 1:24; Ebre 13:16). Epitou, se pa ti kontan anseyan sa yo ki pa egoyis kontan lè yo wè jan moun y ap bay fòmasyon yo sèvi ak kapasite yo pou byennèt kongregasyon an! — Tra. 20:35.
18, 19. Ki fason yon ansyen kapab prepare kè yon moun l ap bay fòmasyon, e ki sa k fè metòd sa a enpòtan anpil?
18 Se pou w yon zanmi, ou pa dwe yon anseyan sèlman. Jou Samyèl te rankontre Sayil la, pwofèt la te ka annik pran yon boutèy ki gen luil, li vide l sou tèt Sayil epi l voye nouvo wa a lakay li. Konsa, se vre l t ap byen chwazi Sayil pou l vin wa, men, Sayil pa t ap pare ditou. Olye de sa, avèk jantiyès, Samyèl te pran tan pou l prepare kè Sayil tikras pa tikras. Se sèlman apre pwofèt la te fin pran yon bon repa ak Sayil, apre yo te fin fè yon bèl ti pwomnad, apre yo te pale pandan yon bon bout tan epi apre yo te fin byen repoze yo, li te santi moman an rive pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l.
19 Menm jan an tou, jodi a, anvan yon anseyan kòmanse bay fòmasyon li ta dwe pran tan pou l chèche kreye yon anbyans ki rilaks epi pou l chèche gen yon bon zanmitay ak moun l ap bay fòmasyon an. Etap byen presi yon ansyen kapab suiv pou l chèche kreye kalite zanmitay sa a kapab varye selon peyi a e selon sikonstans ak koutim zòn kote y ap viv la. Sepandan, kèlkeswa kote w ap viv la, antanke ansyen ki okipe anpil, si w rezève yon ti tan pou w pase ak moun w ap fòme a se kòmsi w te di l: “Ou enpòtan pou mwen.” (Li Women 12:10.) Nan kèlkeswa peyi a, moun ki dispoze pran fòmasyon yo ap konprann mesaj sa a ou bay san pale a byen klè e y ap vrèman apresye l.
20, 21. a) Ki jan w t ap dekri yon anseyan ki jwenn bon rezilta? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?
20 Nou menm ansyen, pa bliye: Yon anseyan ki jwenn bon rezilta pa sèlman yon anseyan ki renmen bay lòt moun fòmasyon, men l se yon anseyan ki renmen moun l ap bay fòmasyon an tou. (Konpare ak Jan 5:20.) Moun y ap bay fòmasyon an pap pran tan pou l rive disène kalite enpòtan sa a lakay yon anseyan ki dispoze e sa ap gen gwo efè sou fason l ap reyaji devan fòmasyon l ap resevwa a. Kidonk, nou menm ansyen nou renmen anpil yo, toutpandan n ap bay fòmasyon se pou n montre nou plis pase yon senp anseyan, nou dwe montre nou se yon zanmi tou. — Pwo. 17:17; Jan 15:15.
21 Apre yon ansyen fin prepare kè moun l ap bay fòmasyon an, l ap ede l devlope kalite ki nesesè yo. Ki metòd ansyen an ta ka itilize pou l fè sa? Nou pral reponn kesyon sa a nan atik ki vin apre a.
a Yo ekri atik sa a ansanm ak atik ki vin apre a espesyalman pou ansyen yo, sepandan, tout moun nan kongregasyon an ta dwe enterese nan sa yo di ladan yo a. Sa k fè sa? Se paske atik sa yo ankouraje tout frè ki batize pou yo rann yo kont jan l enpòtan pou yo jwenn fòmasyon yon fason pou yo ka patisipe nan travay la. Epi, se tout moun k ap jwenn byenfè lè travay la fèt.
b Ansyen sa yo ap viv nan peyi Afrik disid, Bèljik, Bengladèch, Brezil, Etazini, Giyàn fransè, Japon, Kore, Lafrans, Lareyinyon, Larisi, Meksik, Namibi, Nijerya ak Ostrali.