“Kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la oblije nou!
“N ap di Bondye mèsi pou kado l bay la, yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l.” — 2 KOR. 9:15.
1, 2. a) Ki sa ki gen nan kado Bondye bay “moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?
LÈ JEWOVA te voye sèl Pitit gason li fè a sou tè sa a, Li te bay sa k t apral vin pi gwo kado ki montre l gen lanmou an (Jan 3:16; 1 Jan 4:9, 10)! Apot Pòl te pale de sa kòm “yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l”. (2 Kor. 9:15.) Poukisa l te sèvi ak ekspresyon sa a?
2 Pòl te konnen tout bèl pwomès Bondye te fè yo t ap reyalize grasa sakrifis pafè Kris la. (Li 2 Korentyen 1:20.) Donk, kado sa a “moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la gen ladan l tout bonte ak tout lanmou fidèl Jewova pral demontre anvè n pa mwayen Jezi. Anfèt, kado sa a tèlman bèl okenn moun pa ka jwenn mo pou yo esplike l nèt. Lefètke n resevwa yon kado estrawòdinè konsa, ki efè sa ta dwe gen sou nou? E ki fason pratik kado sa a ta dwe pouse n prepare n pou n selebre Memoryal lanmò Kris la nan dat ki ap 23 mas 2016 la?
KADO ESPESYAL BONDYE BAY LA
3, 4. a) Ki jan w santi w lè yon moun ba w yon kado? b) Ki fason yon kado espesyal ou resevwa ka chanje lavi w?
3 Lè w resevwa yon kado, sandout ou gen anpil emosyon k ap travèse w. Sepandan, gen kèk kado ki ka tèlman espesyal oswa tèlman enpòtan, yo fè yon gwo chanjman nan lavi n. Pa egzanp, imajine yo pral touye w paske w te patisipe nan yon krim. Sanzatann, gen yon moun ou pa menm konnen ki vin kanpe devan foul moun yo epi l dispoze mouri nan plas ou. Li pwopoze tèt li pou yo touye l nan plas ou! Ki efè yon kado estrawòdinè konsa t ap gen sou ou?
4 Sandout yon aksyon konsa yon moun fè pou ou san se pa enterè l ap defann atann anyen anretou t ap oblije w rekonsidere aksyon w yo e menm chanje fason w ap viv. Petèt sa te ka pouse w vin pi donan anvè lòt moun, vin gen plis lanmou pou yo e menm padone nenpòt moun ki ta fè w ditò. W ap santi w gen yon dèt anvè moun sa a ki te dispoze pran plas ou a pou tout rès vi w.
5. Nan ki sans kado Bondye bay la, anpalan de ranson an, pi estrawòdinè lontan pase nenpòt lòt kado?
5 Sepandan, kado Jewova ban nou pa mwayen Kris la pi estrawòdinè lontan pase kado nou sot pale de li nan egzanp lan (1 Pyè 3:18). Ann wè poukisa. Etandone nou eritye peche, nou tout nou kondane pou n mouri (Wom. 5:12). Lanmou te fè Jewova pran dispozisyon pou Jezi vin sou tè a e pou l “goute lanmò pou tout moun”. (Ebre 2:9.) Nonsèlman Jewova sove lavi n depi kounye a, men, li poze baz pou l retire sa k lakòz lanmò a pou toutan (Eza. 25:7, 8; 1 Kor. 15:22, 26). Tout moun ki montre yo gen lafwa nan Jezi pral resevwa lavi ki pap janm fini an nan lapè ak lakontantman antanke moun ki pral viv sou tè a lè Kris ap dirije nan Wayòm Bondye a. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral dirije ak Kris nan Wayòm nan (Wom. 6:23; Rev. 5:9, 10). Ki lòt byenfè ankò ki gen nan kado sa a Jewova bay la?
6. a) Ki byenfè w ap tann grasa kado Jewova bay la? b) Site twa bagay kado Bondye bay la ap pouse n fè.
6 Kado Jewova bay la gen ladan l geri li pral geri tout maladi nou yo, fè l pral fè tè a vin tounen yon paradi ak resisite li pral resisite moun ki mouri yo (Eza. 33:24; 35:5, 6; Jan 5:28, 29). Se sèten nou renmen Jewova ak Pitit gason l lan lefètke yo ban nou kado sa a “moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la. Sepandan, gen yon kesyon nou dwe poze: Ki sa lanmou Bondye ta dwe pouse n fè? Ann wè ki fason lanmou Bondye pouse n 1) suiv tras Kris Jezi pye pou pye, 2) demontre lanmou pou frè nou yo epi 3) padone youn lòt ak tout kè n.
“LANMOU KRIS LA GENYEN AN OBLIJE NOU”
7, 8. Ki jan n ta dwe santi n pou lanmou Kris la genyen an, e ki sa l dwe pouse n fè?
7 Premyèman, nou dwe santi n oblije viv pou Kris Jezi. Men sa apot Pòl te di: “Lanmou Kris la genyen an oblije nou.” (Li 2 Korentyen 5:14, 15.) Apot Pòl te montre nou pap aksepte lanmou estrawòdinè Kris la san n pa santi n oblije viv pou li. Lè lespri n rive byen konprann sa Jewova te fè pou nou an epi lanmou l genyen an pouse kè n aji, n ap anvi viv ak tout nanm nou pou Kris Jezi. Ki jan n ka montre nou gen anvi sa a?
8 Moun ki renmen Jewova yo oblije imite egzanp Kris lè yo mache jan l te mache ak lè yo suiv tras li pye pou pye (1 Pyè 2:21; 1 Jan 2:6). Grasa obeyisans nou, nou pwouve nou renmen Bondye ak Kris. Men sa Jezi te di: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye.” — Jan 14:21; 1 Jan 5:3.
9. Ki presyon nou jwenn?
9 Pandan epòk Memoryal la, l ap bon pou n medite sou lavi n ap mennen an. Mande tèt ou: ‘Nan ki domèn mwen byen suiv tras Kris Jezi? Nan ki domèn mwen ka pote amelyorasyon?’ Li enpòtan pou n fè egzamen sa a toutpandan nou toujou ap jwenn presyon pou n aji menm jan ak monn nan (Wom. 12:2). Si n pa fè atansyon, nou ka vin disip filozòf monn sa a oswa menm disip moun ki selèb li yo ak vedèt spò l yo (Kol. 2:8; 1 Jan 2:15-17). Ki jan n ka reziste kont presyon sa yo?
10. Ki kesyon nou kapab poze tèt nou pandan epòk Memoryal sa a, e ki sa repons nou bay yo ka pouse n fè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
10 Pandan epòk Memoryal la, nou ka pwofite verifye pandri rad nou, fim n ap gade, mizik n ap koute, e petèt menm sa n anrejistre sou òdinatè nou, telefòn nou ak tablèt nou. Pandan w ap verifye pandri rad ou, mande tèt ou: ‘Si m ta gen pou m al yon kote Jezi ap la, èske m t ap santi m alèz ak rad sa a?’ (Li 1 Timote 2:9, 10.) ‘Si m ta mete l, èske tout moun t ap konsidere m kòm yon disip Kris Jezi?’ Nou ka poze kèk kesyon menm jan an pou fim nou genyen yo ak mizik nou yo. ‘Èske Jezi t ap pran plezi gade fim sa a oswa koute mizik sa a? Si l ta prete telefòn mwen oswa tablèt mwen, èske m t ap santi m jennen pou sa l ka wè ladan yo?’ Pandan w ap panse ak jwèt videyo w renmen yo, mande tèt ou: ‘Èske l t ap difisil pou m esplike Jezi rezon ki fè m renmen jwe jwèt sa yo?’ Lanmou n gen pou Jewova a ta dwe oblije n jete nenpòt bagay ki pa apwopriye pou yon disip Kris posede, kèlkeswa pri l koute (Tra. 19:19, 20). Lè n t ap batize, nou te pwomèt nou pa t ap viv pou tèt nou ankò, men, n ap viv pou Kris. Kidonk, nou pa dwe kite anyen anpeche n suiv tras Kris pye pou pye. — Mat. 5:29, 30; Flp. 4:8.
11. a) Ki fason lanmou n gen pou Jewova ak Jezi a motive n nan travay predikasyon an? b) Ki fason lanmou n genyen an ka pouse n ede lòt moun nan kongregasyon an?
11 Mete sou sa, lanmou n gen pou Jezi a pouse n patisipe ak tout nanm nou nan travay predikasyon an ak travay fè disip la (Mat. 28:19, 20; Lik 4:43). Pandan epòk Memoryal la, nou pral gen okazyon pou n sèvi kòm pyonye oksilyè e pou n pase 30 oswa 50 èdtan nan travay predikasyon an. Èske w ka fè aranjman pou w fè sa? Gen yon sè ki vèv e ki gen 84 an ki pa t santi l te ka pyonye oksilyè akoz laj li ak pwoblèm sante li genyen. Sepandan, pyonye nan zòn nan te met ansanm pou ede l. Yo te ofri l mwayen transpò epi yo te byen chwazi yon tèritwa pou l te ka preche, pou l te ka rive fè 30 èdtan an. Èske w ka chèche ede yon moun nan kongregasyon w lan yon fason pou l ka jwenn lajwa nan sèvis pyonye oksilyè a pandan epòk Memoryal la? Nòmalman, se pa nou tout k ap kapab pyonye oksilyè. Aktout sa, nou ka sèvi ak kèlkeswa tan ak enèji nou genyen an pou n fè plis sakrifis louwanj pou Jewova. Lè n fè sa, menm jan ak Pòl, n ap montre se lanmou Kris la ki pouse n. Ki lòt bagay ankò lanmou Bondye pouse n fè?
NOU GEN OBLIGASYON POU YOUN RENMEN LÒT
12. Ki sa lanmou Bondye pouse n fè?
12 Dezyèmman, lanmou Bondye genyen an ta dwe oblije n gen lanmou pou frè n yo. Apot Jan te rekonèt sa. Men sa l te ekri: “Byenneme, si se konsa Bondye renmen nou, ebyen nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt.” (1 Jan 4:7-11). Vrèmanvre, nou pap ka aksepte lanmou Bondye a kòrèkteman san n pa rekonèt nou gen obligasyon pou n renmen frè nou yo (1 Jan 3:16). Ki kèk fason pratik nou ka demontre lanmou nou genyen an?
13. Ki egzanp Jezi kite nan fason l te renmen lòt moun?
13 Ann konsidere egzanp Jezi. Pandan l t ap preche sou tè a, li te bay moun ki ba yo yon atansyon espesyal. Li te konn chèche ede moun ki enfim yo, sa k t ap bwete yo, avèg yo, moun soud yo ak bèbè yo (Mat. 11:4, 5). Jezi te pran plezi anseye moun ki te grangou nan domèn espirityèl yo, moun chèf relijye Juif yo te konsidere kòm “moun modi” yo (Jan 7:49). Li te renmen moun ki ba yo e l te konn travay di pou l ede yo. — Mat. 20:28.
14. Ki sa w ka fè pèsonèlman pou w montre lanmou pou frè w yo?
14 Epòk Memoryal la ban nou okazyon pou n imite Jezi lè n pran tan pou n voye je sou frè ak sè yo nan kongregasyon nou. Pa gen dout nan sa, toutpandan n ap fè sa, n ap ka wè ki jan nou ka ede kèk nan yo avèk amou. Petèt gen kèk frè ak sè aje ki bezwen èd. Èske w ka vizite moun sa yo nou renmen anpil la? Èske w ka pote yon ti manje pou yo, fè kèk travay nan kay yo pou yo, ofri yo pou w mennen yo nan reyinyon oswa envite yo preche avè w? (Li Lik 14:12-14.) Nou dwe kite lanmou Bondye pouse n aji pou n montre lanmou pou frè nou yo.
DEMONTRE MIZÈRIKÒD POU FRÈ AK SÈ N YO
15. Ki sa nou dwe rekonèt?
15 Twazyèmman, lanmou Jewova dwe oblije n padone frè ak sè n yo. Antanke pitit Adan, premye gason an, nou tout nou eritye peche ak konsekans li ki se lanmò. Pa gen okenn nan nou ki ka di: “M pa bezwen ranson an.” Menm sèvitè Bondye ki pi fidèl la depann konplètman de favè san parèy Jewova fè n pa mwayen Kris la. Nou chak dwe rekonèt Bondye te anile yon gwo dèt pou nou. Ki sa k fè sa enpòtan? Nou jwenn repons lan nan youn nan egzanp Jezi te bay yo.
16, 17. a) Ki sa n ta dwe aprann nan egzanp Jezi te bay konsènan wa a ak esklav yo? b) Apre w fin medite sou egzanp Jezi a, ki sa w detèmine pou w fè?
16 Jezi te esplike kòman yon wa te anile dèt yon esklav li ki te dwe l 10 000 talan oswa 60 000 000 denye. Sepandan, esklav sa a yo te anile gwo dèt li a pa t dispoze fèmen je l sou 100 denye yon esklav parèy li te dwe l ki se yon ti dèt. Wa a te vin an kòlè lè l te aprann jan kè esklav li te gen mizèrikòd pou li a te di. Wa a te di: “Esklav mechan! Mwen te anile tout dèt ou a pou ou lè w te sipliye m nan. Èske ou menm tou, ou pa t dwe gen pitye pou esklav parèy ou a, menm jan mwen menm mwen te gen pitye pou ou a?” (Mat. 18:23-35, nòt). Vrèmanvre, mizèrikòd estrawòdinè wa a te gen pou esklav la ta dwe oblije l padone esklav parèy li a. Menm jan an tou, ki sa lanmou ak mizèrikòd Jewova ta dwe oblije n fè?
17 Epòk Memoryal la ban nou okazyon pou n wè si n gen rankin nan kè n pou nenpòt nan frè ak sè n yo. Si se wi, ala yon bèl moman sa t ap ye pou n imite Jewova ki “dispoze padone”. (Ney. 9:17; Sòm 86:5.) Si n gen rekonesans pou Jewova lefètke l te anile gwo dèt nou an, n ap dispoze padone lòt moun ak tout kè nou. Bondye pap renmen nou e li pap padone nou si n pa renmen lòt moun e nou pa padone yo (Mat. 6:14, 15). Se vre padon pa geri maleng, men lè n aprann padone n ap viv ak plis kè kontan alavni.
18. Ki fason lanmou Bondye te ede yon sè sipòte enpèfeksyon yon lòt sè?
18 Anpil nan nou gendwa twouve l difisil pou n “kontinye sipòte” frè ak sè n yo. (Li Kolosyen 3:13, 14; Efezyen 4:32.) Pa egzanp, Lily se yon sè selibatè nan kongregasyon an ki te dispoze ede yon vèv ki rele Kawòl.[1] Lily te konn bay Kawòl woulib, li te konn al achte pou li e l te demontre bonte anvè l nan anpil lòt fason. Malgre tout sa Lily te fè pou li yo, Kawòl pa t janm sispann kritike l e l pa t konn byen boule avè l. Aktout sa, Lily te kontinye konsantre l sou bon kalite Kawòl genyen yo. Li te kontinye ede l pandan plizyè ane jiskaske Kawòl te vin malad epi l te mouri. Men sa Lily fè konnen: “Se pa ti tann m ap tann pou m wè Kawòl lè l resisite. M vle konnen l lè l vin pafè.” Vrèmanvre, lanmou Bondye ka oblije n sipòte frè n ak sè n yo epi tann moman kote enpèfeksyon lèzòm yo pral disparèt pou toutan.
19. Ki sa kado Bondye bay “moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la ap pouse w fè?
19 Vrèmanvre kado Jewova ban nou an se yon kado “moun pa jwenn mo pou yo esplike l”. Kidonk, ann pa janm neglije kado sa a ki gen anpil valè. Olye de sa, sitou nan epòk Memoryal la, ann medite avèk atansyon sou tout sa Jewova ak Jezi fè pou nou. Wi, se pou lanmou yo gen pou nou an oblije n suiv tras Jezi pye pou pye, chèche demontre lanmou pou frè n yo epi padone yo ak tout kè n.
^ [1] (paragraf 18) Gen kèk non nan atik sa a ki chanje.