Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
5-11 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 20-21
“Èske w renmen m plis pase sa yo?”
nwtsty nòt etid pou Jan 21:15, 17
Jezi di Simon Pyè: Jezi te di Pyè pawòl sa yo yon ti tan apre Pyè te fin nye l twa fwa. Jezi te poze Pyè twa kesyon pou Pyè di ki jan l wè Jezi, e sa te fè “Pyè vin tris”. (Jan 21:17.) Istwa nou jwenn nan Jan 21:15-17 la itilize de vèb grèk diferan: agapawo, yo mete lanmou pou tradui l, ak fileyo, yo mete demontre afeksyon pou tradui l. Pandan de fwa Jezi mande Pyè: “Èske w renmen m?” Toude fwa yo Pyè reponn ak tout kè l pou l di li gen “afeksyon” pou Jezi. Finalman, Jezi mande l: “Èske w gen afeksyon pou mwen?” Yon lòt fwa ankò, Pyè reponn li wi. Apre chak kesyon, Pyè te di Jezi li renmen l e Jezi te ede Pyè konprann lanmou ak afeksyon Pyè gen pou li a ta dwe fè Pyè nouri disip Jezi yo, Jezi te rele “ti mouton” tou, epi “pran swen” yo (Jan 21:16, 17; 1P 5:1-3). Twa fwa, Jezi te bay Pyè posiblite pou Pyè montre l renmen Jezi e li te te konfye l responsablite pou l pran swen mouton yo. Konsa, pa gen moun ki te ka gen dout Jezi pa t padone Pyè.
Èske w renmen m plis pase sa yo?: Selon règ gramè a, gen plizyè fason yon moun ka konprann ekspresyon “plis pase [...] sa yo”. Gen kèk biblis ki prefere fason yo tradui l pou l bay sans: “Èske w renmen m plis pase lòt disip sa yo? Oswa Èske w renmen m plis pase jan lòt disip sa yo renmen m?” Sepandan, sanble vrè sans lan se “èske w renmen m plis pase bagay sa yo?” anpalan de pwason yo te pran yo oswa tout lòt bagay ki gen rapò ak biznis pwason an. Donk, sanble ide jeneral vèsè a se: ‘Èske w renmen m plis pase bagay materyèl oswa plis pase fè yon karyè? Si se sa, bay timouton m yo manje.’ Kesyon sa a te byen tonbe lè nou konsidere jan Pyè te aji anvan sa. Byenke Pyè te pami premye moun ki te vin disip Jezi (Jan 1:35-42), se pa menm kote a li te konsantre lavi l sou suiv Jezi. Okontrè, li te retounen nan biznis pwason an. Kèk mwa apre sa, Jezi t al envite Pyè kite biznis pwason an pou l vin ‘pechè moun’. (Mt 4:18-20; Lk 5:1-11.) Yon lòt fwa ankò, yon ti tan apre lanmò Jezi, Pyè te di lòt apot yo li pral peche e yo t al avè l (Jan 21:2, 3). Donk, sanble Jezi t al ede Pyè wè enpòtans pou l pran yon desizyon final: Èske se fè karyè nan biznis pwason an li t ap bay premye plas nan lavi l, piske te gen yon pil pwason devan l, oswa èske se bay timouton Jezi yo manje nan domèn espirityèl li t ap bay premye plas nan lavi l? — Jan 21:4-8.
Yon twazyèm fwa: Pyè te renye Seyè l la twa fwa. Kounye a, Jezi bay Pyè posiblite pou l montre sa l santi vre an twa fwa. Apre Pyè te fin di Jezi li gen lanmou ak afeksyon pou li, Jezi te di pou l montre sa lè l mete sèvis sakre a anvan tout lòt bagay. Pyè t ap mete ansanm ak lòt frè ki gen responsablite yo pou l nouri, fòtifye epi pran swen twoupo Kris la ki gen ladan l disip ki fidèl. Se vre Bondye chwazi disip sa yo pou y al nan syèl men kanmenm yo bezwen pou yo pran swen yo nan domèn espirityèl. — Lk 22:32.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Jan 20:17
Sispann kenbe m: Vèb grèk aptomayi a ka vle di “touche” oswa “kenbe”; akwoche. Nan kèk lòt tradiksyon, yo tradui pawòl Jezi yo konsa: “Pa manyen m.” Men Jezi pa t gen pwoblèm pou Mari, moun Magdala a, annik touche l paske apre li te fin resisite, te gen lòt medam ki te wè l e ki te “kenbe pye l”. (Mt 28:9.) Sanble Mari, moun Magdala a, te pè pou Jezi pa tou monte nan syèl. Kòm li te vrèman vle ansanm ak Seyè li a, li te kouri kenbe Jezi pou l pa ale. Pou Jezi te bay Mari asirans li pap kite l, li te ba l enstriksyon pou l sispann kenbe l men pito pou l al kot disip li yo pou fè yo konnen Bondye resisite l.
nwtsty nòt etid pou Jan 20:28
Seyè mwen! Bondye mwen!: Literalman: “Seyè pa m ak Bondye [oteyòs] pa m!” Gen kèk biblis ki panse lè Toma te itilize ekspresyon sa a pou l montre jan l sezi, li pa t ap panse ak Jezi men pito ak Bondye, Papa Jezi. Gen lòt biblis ki fè konprann, selon grèk orijinal la, se pou Jezi menm yo te itilize ekspresyon sa a. Menmsi se ta sa, n ap pi byen konprann ekspresyon “Seyè mwen! Bondye mwen” lè nou egzamine rès Ekriti Bondye enspire yo. Etandone, istwa a montre anvan sa Jezi te gentan voye di disip li “m ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou”, pa gen okenn rezon pou nou ta kwè Toma te panse se Jezi ki te Bondye Toupisan an. (Gade nòt etid pou Jan 20:17.) Toma te konn tande Jezi k ap priye “Papa” l e ki te konn rele l “sèl vrè Dye a”. (Jan 17:1-3.) Kidonk, men pou ki rezon petèt Toma te di Jezi “Bondye mwen”: Li te konsidere Jezi kòm “yon dye”, men li pa t pran l pou Bondye Toupisan an. (Gade nòt etid pou Jan 1:1.) Oubyen tou, petèt li te pale ak Jezi jan sèvitè Bondye yo te konn pale ak zanj Jewova yo, jan nou wè sa nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Li pwobab pou Toma te abitye ak istwa kote moun, pafwa moun ki te ekri istwa a menm nan Bib la, te konn reyaji oswa pale ak zanj kòmsi se te ak Jewova menm yo t ap pale. (Konpare ak Jen 16:7-11, 13; 18:1-5, 22-33; 32:24-30; Jj 6:11-15; 13:20-22.) Kidonk, petèt, se nan sans sa a Toma te rele Jezi “Bondye mwen” paske li te rekonèt Jezi kòm reprezantan vrè Dye a e kòm pòtpawòl li.
Gen kèk moun ki pa fin dakò atik defini grèk ki devan mo “seyè” ak “dye” a montre mo sa yo fè referans ak Bondye Toupisan an. Sepandan, nan kontèks la, fason yo itilize atik la montre se konsa pou l ye nan gramè grèk la. Nan lang grèk la, nou jwenn plizyè ka menm jan an kote yo itilize yon non avèk yon atik defini pou yo pale ak yon moun, si nou gade tradiksyon literal ki pou vèsè tankou Lk 12:32 (lit., “ti twoupo”) ak Kol 3:18–4:1 (lit., “madanm yo”; “mari yo”; “timoun yo”; “papa yo”; “esklav yo”; “mèt yo”). Nan menm sans lan, yon tradiksyon literal pou 1P 3:7 se t ap: “Mari yo.” Donk, atik la la a pa jwe yon gwo wòl nan ede n konprann sa Toma te gen nan lespri l lè l te di sa l te di a.
12-18 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 1-3
“Kongregasyon kretyen an resevwa lespri sen”
w86-F 1/12 29 § 4-5, 7
Kontribisyon ki ka fè kè moun kontan
Lè kongregasyon an te fèk fòme nan ane 33 epòk nou an, 3 000 moun ki te fèk batize yo te konn ‘pataje sa yo genyen youn ak lòt, yo te konn manje ansanm, e yo te konn priye ansanm’. Pou ki rezon yo te fè sa? Yo te fè sa pou yo te ka ‘kontinye [...] koute ansèyman apot yo’ e konsa lafwa yo te fèk genyen an t ap vin pi solid. — Travay 2:41, 42.
Juif ak moun ki pa t Juif ki te vin Jerizalèm yo te planifye rete Jerizalèm pou peryòd fèt Pannkòt la sèlman. Men, moun ki te fèk vin kretyen yo te vle rete pi lontan yon fason pou yo te ka aprann plis bagay, sa ki t ap ranfòse lafwa yo. Sa te vin fè li nesesè pou yo bay moun sa yo manje ak kote pou yo rete. Gen ladan yo ki pa t gen ase lajan, alòske gen lòt ki te gen lajan anplis. Donk, pandan yon tan yo te oblije ede yo jwenn sa yo te bezwen nan domèn materyèl. — Travay 2:43-47.
Se pa t fòse yo te fòse moun yo vann byen yo oswa pataje sa yo te genyen ak lòt moun. Yo pa t oblije pyès moun vann oswa fè don, nitou se pa ankouraje yo t ap ankouraje parès. Donk, ide a se pa t pou moun ki rich yo vann tout sa yo genyen epi pou yo vin pòv. Olye de sa, yo tèlman gen konpasyon pou kwayan parèy yo ki nan sitiyasyon sa a nan moman sa a, yo te vann kay yo e yo te bay kòb la pou soutni enterè Wayòm nan. — Konpare ak 2 Korentyen 8:12-15.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 25 § 2
Jezi Kris
“Gid prensipal ki pèmèt moun jwenn lavi a.” Kris Jezi montre favè san parèy Bondye gen pou nou lè li te aksepte bay lavi pafè li a kòm sakrifis. Sa te fè li vin posib pou disip Kris Bondye chwazi pou al nan syèl yo vin kapab al reye avè l nan syèl la, epitou sa te fè li vin posib pou moun viv sou tè a anba direksyon Wayòm nan. (Mt 6:10; Jan 3:16; Ef 1:7; Eb 2:5; gade RANSON.) Konsa, li te vin tounen “Gid prensipal [“Prens” KJ; JB] lavi” pou limanite (Tr 3:15). Sans prensipal mo grèk ki la a se “chèf ki alatèt”. Yo itilize yon mo ki gen rapò ak mo sa a pou yo pale de Moyiz (Tr 7:27, 35) kòm “chèf” pèp Izrayèl.
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
it-1-F 142 § 1-2
Kiyès ki te ranplase Jida Iskaryòt kòm douzyèm apot?
Jida Iskaryòt te aji an trèt, e li pa t mouri fidèl, se sa k fè te vin rete 11 apot. Apre Jezi fin resite, pandan 40 jou li te fè yo pou jis li monte nan syèl, li pa t chwazi yon lòt moun pou ranplase Jida kòm apot. Nan entèval dis jou, ant lè Jezi te monte nan syèl la rive nan jou Pannkòt la, li te vin nesesè pou yo chwazi yon moun pou ranplase Jida. Yo pa t ranplase Jida senpleman paske li te mouri, men, paske li te yon bonjan trèt tou, jan nou ka wè sa nan vèsè Pyè te site yo (Tr 1:15-22; Sm 69:25; 109:8; konpare ak Re 3:11). Sepandan, yon lòt bò, lè yo te touye Jak, yon apot ki te fidèl, pa gen okenn kote sa ekri ki montre li te nesesè pou yo ranplase l antanke apot. — Tr 12:2.
Sa klè, nan pawòl Pyè te di yo, pou yon moun ta pran plas yon apot Jezi Kris, moun sa a te dwe konnen Jezi pèsonèlman, li te dwe wè travay Jezi te konn fè yo, mirak li yo e sitou wè l ki te resisite. Piske se konsa, nou ka konprann rezon ki fè l t ap difisil pou yon moun vin apot, sof si se Bondye ki ta montre aklè moun nan ranpli tout kondisyon nou te site yo pou l vin apot. Sepandan, nan epòk sa a menm, anvan Pannkòt la, te gen yon seri mesye ki te ranpli kondisyon pou yo vin apot, e pami mesye sa yo, yo te pran de ladan yo kòm moun ki ta ka ranplase Jida ki pa t rete fidèl. Se sèten, yo te reflechi sou Pwovèb 16:33 lè yo te fè tiraj osò e se sou Matyas li te tonbe, e annapre yo te “vin mete l ansanm ak 11 apot yo”. (Tr 1:23-26.) Donk, Matyas te vin fè pati “12 apot yo” ki te rezoud pwoblèm disip ki te pale grèk yo te genyen an (Tr 6:1, 2), e se sèten, nan 1 Korentyen 15:4-8, Pòl te konte Matyas pami “12 apot yo” lè li t ap pale de Jezi ki te parèt devan disip yo apre rezirèksyon l. Kidonk, lè jou Pannkòt la te rive, Izrayèl Bondye a ki te fèk tabli te ka byen chita sou 12 apot yo ki te sèvi kòm fondasyon.
19-25 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | TRAVAY 4-5
“Yo kontinye pale Pawòl Bondye a ak anpil kran”
it-1-F 141 § 1
Apot
Aktivite nan kongregasyon kretyen an. Lè kongregasyon an te resevwa lespri sen nan Pannkòt la, sa te bay apot yo anpil fòs. Senk premye chapit nan liv Travay la montre aklè jan apot yo pa t pè e jan yo te gen kran pou yo preche bon nouvèl la e pou yo pale konsènan rezirèksyon Jezi a malgre chèf yo te mete yo nan prizon, yo te bat yo e yo te fè yo menas pou yo touye yo. Nan jou sa yo ki te vini apre Pannkòt la, lefètke apot yo, anba direksyon lespri sen, te pran latèt, sa te fè kongregasyon an grandi anpil anpil (Tr 2:41; 4:4). Okòmansman yo te konsantre travay predikasyon an nan Jerizalèm men annapre yo te preche nan Samari e rive yon lè yo te preche sou tout tè a. — Tr 5:42; 6:7; 8:5-17, 25; 1:8.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 591 § 2
Wòch ki nan kwen an
Sòm 118:22 fè konnen wòch moun k ap bati yo te jete a t ap vin tounen “wòch prensipal ki nan kwen an” (Ebre, wòchpina). Jezi te site pwofesi sa a e li te fè konnen se li menm ki “wòch prensipal ki nan kwen an”. (Grèk, kefalegonyas, tèt kwen an) (Mt 21:42; Mk 12:10, 11; Lk 20:17.) Menm jan li fasil pou moun wè wòch ki pi wo nan yon bilding, se konsa tou Jezi Kris se wòch prensipal kongregasyon kretyen an ki fòme ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl, yo menm yo konpare ak yon tanp espirityèl. Pyè tou te aplike pawòl ki nan Sòm 118:22 yo ak Kris, li te montre se Kris ki se “wòch” lèzòm te rejte men Bondye te chwazi pou vin “wòch prensipal ki nan kwen an”. — Tr 4:8-12; epitou gade 1P 2:4-7.