CHAPIT KAT
Kòman pou w dirije yon kay ?
1. Poukisa li si difisil jodi a pou moun dirije yon kay ?
“ SÈN monn sa a, se chanje l ap chanje. ” (1 Korentyen 7:31). Pawòl sa yo te ekri depi plis pase 1 900 an, e se pa ti verifye yo verifye jodi a ! Bagay yo ap chanje, sitou nan lavi fanmi. Sa moun te konsidere kòm nòmal oubyen kòm tradisyon, gen 40 ou 50 an, jodi a, souvan, yo pa akseptab. Akoz de sa, byen dirije yon kay ka prezante gwo defi. Men, si w suiv konsèy ki nan Bib la, ou ka rive leve defi sa yo.
VIV SELON MWAYEN W
2. Ki sitiyasyon ekonomik ki lakòz presyon nan fanmi yo ?
2 Jodi a, anpil moun pa kontante yo ankò pou yo mennen yon vi ki senp, ki santre sou fanmi yo. Piske monn komèsyal la fabrike plis pwodui de jou an jou e l ap eseye sedui piblik la pa mwayen piblisite l yo, plizyè milyon papa ak manman pase anpil tan ap travay dekwa pou yo ka achte pwodui sa yo. Gen plizyè milyon lòt moun k ap lite chak jou, jis pou yo jwenn ti moso manje pou yo met sou tab yo. Yo pase plis tan lontan nan travay yo pase sa moun abitye pase, e petèt yo fè de travay, jis pou yo bay tèt yo sa ki nesesè. Gen lòt menm ki ta byen kontan si yo ta jwenn yon travay, piske chomaj se yon pwoblèm ki gaye toupatou. Wi, lavi pa toujou fasil pou fanmi jodi a, men, prensip ki nan Bib la ka ede fanmi yo fè sa yo kapab selon sa sitiyasyon yo pèmèt.
3. Ki prensip apot Pòl te etabli, e kòman prensip sa a ka ede yon moun ki aplike l byen dirije yon kay ?
3 Apot Pòl te rankontre pwoblèm ekonomik. Pandan li t ap fè fas ak yo, li te tire yon leson enpòtan, li esplike leson sa a nan lèt li te ekri zanmi l Timote. Pòl ekri : “ Nou pa t pote anyen nan monn nan, e nitou nou pa ka ale ak anyen. Se sa k fè, piske nou gen manje ak rad, n ap kontante nou avèk bagay sa yo. ” (1 Timote 6:7, 8). Se vre, yon fanmi bezwen plis pase manje ak rad. Li bezwen yon kote pou l rete tou. Timoun yo bezwen enstriksyon. Mete sou sa, gen depans medikal ak lòt kalite depans ankò. Toutfwa, prensip ki gen nan pawòl Pòl la toujou valab. Si nou kontante nou pou nou satisfè bezwen nou genyen olye nou sede devan anvi nou genyen, lavi a ap pi fasil.
4, 5. Ki jan prevwayans ak planifikasyon itil pou moun dirije yon kay ?
4 Nou jwenn yon lòt prensip ki itil nan youn nan egzanp Jezi te bay yo. Li te di : “ Kiyès nan nou ki vle bati yon tou, ki pap chita dabò pou l kalkile depans lan, pou l wè si l gen dekwa pou l fini l ? ” (Lik 14:28). La a, Jezi ap pale de prevwayans, de planifikasyon alavans. Nou te wè nan yon chapit anvan kòman kalite sa a itil lè de jèn moun anvizaje marye. E apre maryaj la, li itil tou pou ede moun dirije yon kay. Prevwayans nan domèn sa a vle di gen yon bidjè, planifye alavans pou nou itilize resous nou genyen avèk plis sajès posib. Se konsa yon fanmi ka kontwole depans li, li ka mete lajan sou kote pou l achte bagay ki endispansab chak jou oubyen chak semèn, e li pap depanse plis lajan pase sa l genyen.
5 Nan kèk peyi, kenbe yon bidjè konsa ka vle di reziste devan tantasyon pou nou prete alenterè ak yon to ki wo pou nou achte bagay ki pa nesesè. Nan kèk lòt peyi, sa ka vle di pou nou byen kontwole fason n ap sèvi ak kat de kredi (Pwovèb 22:7). Sa ka vle di tou reziste pou nou pa prese achte yon bagay nou fèk wè sou emosyon, san nou pa reflechi sou avantaj ak enkonvenyan ki gen ladan l. Mete sou sa, etabli yon bidjè ap fè nou wè klè gaspiye lajan yon fason egoyis nan jwèt aza, nan fimen, ak nan bwè depase, se yon danje pou sitiyasyon ekonomik fanmi an, e pa bliye tou aksyon sa yo kontrè ak prensip biblik yo. — Pwovèb 23:20, 21, 29-35 ; Women 6:19 ; Efezyen 5:3-5.
6. Ki verite biblik ki kapab ede moun k ap viv nan povrete yo ?
6 Bon, e moun ki oblije viv nan povrete yo ? Toudabò, yo ka jwenn rekonfò lè yo konnen pwoblèm sa a ki egziste nan lemonnantye se yon pwoblèm ki sèlman la pou yon ti tan. Nan monn nouvo a k ap pwoche rapidman, Jewova pral elimine povrete ansanm ak tout lòt move bagay ki lakòz lèzòm ap soufri (Sòm 72:1, 12-16). Antretan, vrè kretyen yo, menmsi yo pòv anpil, pa sanzespwa, paske yo gen fwa nan pwomès Jewova fè a : “ Mwen pap kite nou okenn fason, ni nonplis mwen pap abandone nou okenn fason. ” Konsa, yon kwayan ka di avèk konfyans : “ Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. ” (Ebre 13:5, 6). Nan jou difisil sa yo, Jewova soutni adoratè l yo divès fason lè yo viv ann akò ak prensip li yo e yo mete Wayòm nan an premye nan lavi yo (Matye 6:33). Yon bon valè nan yo ka ateste sa, yo di menm pawòl ak apot Pòl : “ Nan tout bagay e nan tout sikonstans mwen aprann sekrè ki genyen ni nan vant plen ni nan grangou, ni nan abondans ni nan nesesite. Pou tout bagay mwen gen fòs grasa moun ki ban m pisans lan. ” — Filipyen 4:12, 13.
PATAJE TRAVAY YO
7. Ki pawòl Jezi te di, si yon moun aplike l, k ap kontribye pou l byen dirije kay li ?
7 Nan fen ministè Jezi sou tè a, li te di : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” (Matye 22:39). Lè yo aplike konsèy sa a nan yon fanmi, sa kontribye anpil pou moun yo dirije kay la. Anfèt, ki pwochen ki pi pwòch nou, ki pi chè pou nou, si se pa moun ki nan fanmi nou : mari ak madanm, paran ak pitit ? Kòman moun ki nan yon fanmi ka demontre lanmou youn pou lòt ?
8. Kòman moun yo ka demontre lanmou nan fanmi an ?
8 Youn nan fason yo ka fè sa, se lè chak manm fanmi an bay patisipasyon pa l nan travay ki gen pou fèt nan kay la. Se sa k fè, yo dwe aprann timoun yo mete bagay yo nan plas yo lè yo fin sèvi ak yo, li mèt se rad oubyen jwèt. Ranje kabann chak maten ka mande tan ak efò, men, sa itil anpil pou kenbe lòd nan kay la. Natirèlman, pafwa nou pa ka evite gen kèk ti dezòd pou yon ti moman, men, tout moun ansanm kapab travay pou kay la rete pwòp yon fason rezonab, san yo pa bliye fè vesèl, ranje yo nan plas yo apre yon repa. Lè nou parese, nou fenyan, nou gen tandans fè travay a kontrekè, ak neglijans, tout sa gen efè negatif sou tout moun (Pwovèb 26:14-16). Tandiske, lè nou gen yon atitid ge, nou dispoze rann sèvis, sa kontribye pou gen kè kontan nan fanmi an. “ Bondye renmen moun ki bay ak lajwa. ” — 2 Korentyen 9:7.
9, 10. a) Byen souvan, ki chay ki repoze sou do madanm nan nan kay la, e kòman sa ka aleje ? b) Ki pwennvi ekilibre yo sijere pou moun genyen sou travay nan kay ?
9 Konsiderasyon ak lanmou ap ede nou evite yon sitiyasyon ki konn lakòz gwo pwoblèm nan kèk kay. Selon tradisyon an, se manman an ki poto mitan kay la. Se li ki pran swen timoun, netwaye kay, fè lesiv, fè mache epi fè manje. Nan kèk peyi, medam yo abitye travay nan jaden tou, yo vann pwodui nan mache, oubyen yo kontribye lòt fason nan bidjè fanmi an. Nesesite oblije plizyè milyon madan marye al travay deyò, menm kote moun yo pa t gen bagay konsa nan koutim yo. Yon madanm, epi ki manman tou, k ap travay di nan diferan domèn sa yo, merite felisitasyon. Menm jan ak “ madanm kapab ” Bib la dekri a, jounen li byen ranpli. “ Li pa manje pen parès. ” (Pwovèb 31:10, 27). Sepandan, sa pa vle di se madanm nan sèl ki dwe travay nan kay la. Apre yon mari ak madanm li fin travay tout yon jounen deyò, èske se madanm nan poukont li ki dwe fè tout chay travay ki gen pou fèt nan kay la, pandan mari a ak rès fanmi an ap repoze ? Asireman non (gade 2 Korentyen 8:13, 14). Se sa k fè, pa egzanp, si manman an ap prepare manje, l ap byen rekonesan pou èd lòt manm fanmi an pote, lè yo ranje kouvè, y al fè kèk acha, oubyen yo fè netwayaj nan kay la. Wi, tout moun ka patisipe nan travay yo. — Gade Galat 6:2.
10 Gen kèk moun ki ka di : “ Kote m ap viv la se pa djòb yon gason pou l fè jan de travay sa yo. ” Sa ka vre, men, èske li pa ta bon pou nou reflechi plis sou kesyon sa a ? Lè Jewova te kreye fanmi, li pa t dekrete gen yon seri travay se fi sèlman ki ta dwe fè yo. Yon jou, lè Abraram, yon òm fidèl, te gen mesaje espesyal ki sot bò kote Jewova ki vin vizite l, li te patisipe pèsonèlman nan preparasyon manje pou vizitè yo e se li menm ki te sèvi yo (Jenèz 18:1-8). Bib la bay konsèy sa a : “ Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. ” (Efezyen 5:28). Si, nan fen jounen an, mari a fatige e li vle repoze, èske madanm li pa santi l menm jan an tou, li ka menm pi fatige (1 Pyè 3:7) ? Alò, èske se pa ta apwopriye, e èske se pa ta demontre lanmou, pou mari a patisipe nan travay k ap fèt nan kay la ? — Filipyen 2:3, 4.
11. Nan ki sans Jezi kite yon bèl egzanp pou chak moun nan yon fanmi ?
11 Jezi se pi bèl egzanp moun ki te fè Bondye plezi e ki te bay moun k ap kotwaye l kè kontan. Byenke Jezi pa t janm marye, li se yon bon egzanp ni pou mari, ni pou madanm, ni pou pitit. Anpalan de tèt li, li di : “ Pitit Gason lòm nan vini, se pa pou yo sèvi l, men pou l sèvi ”, sa vle di pou l sèvi lòt moun (Matye 20:28). Yon fanmi kote tout moun yo kiltive etadespri sa a se tout yon plezi pou moun admire yo !
PWÒPTE : POUKISA SA TRÈZENPÒTAN ?
12. Ki sa Jewova mande pou moun k ap sèvi l yo fè ?
12 Nan 2 Korentyen 7:1 gen yon lòt prensip biblik ki ka itil pou moun dirije yon kay. Nou li ladan l : “ Annou pirifye tèt nou anba tout salte lachè ak lespri. ” Moun ki obeyi pawòl enspire sa yo akseptab pou Jewova, li menm ki mande yon “ adorasyon ki pwòp e ki san tach ”. (Jak 1:27.) E fanmi yo ap jwenn byenfè nan sa.
13. Poukisa pwòpte enpòtan pou moun dirije yon kay ?
13 Pa egzanp, Bib la asire nou jou a pral rive kote pap gen ni maladi ni kò kraze ankò. Lè sa a, “ pa gen moun ki abite la k ap di : ‘ Mwen malad. ’” (Izayi 33:24 ; Revelasyon 21:4, 5). Toutfwa, annatandan, tout fanmi gen pou fè fas ak maladi tanzantan. Menm Pòl ak Timote te malad (Galat 4:13 ; 1 Timote 5:23). Sepandan, dapre doktè yo, moun ka fè prevansyon kont anpil maladi. Fanmi ki saj yo ap pwoteje kont maladi moun ka fè prevansyon pou yo, si yo evite salte lachè ak salte espirityèl. Annou egzamine kòman. — Gade Pwovèb 22:3.
14. Nan ki sans lè yon moun pwòp moralman sa ka pwoteje fanmi an kont maladi ?
14 Pwòpte espirityèl gen ladan l pwòpte moral. Se bagay moun byen konnen, Bib la ankouraje prensip moral wo nivo e li kondane tout kalite aksyon seksyèl entim andeyò maryaj. “ Ni fònikatè, [...] ni moun k ap fè adiltè, ni gason yo itilize pou aktivite ki pa natirèl, ni gason ki kouche ak gason, [...] pap eritye wayòm Bondye a. ” (1 Korentyen 6:9, 10). Li trèzenpòtan pou kretyen yo k ap viv nan monn kòwonpi ki gen jodi a obsève prensip moral strik sa yo. Lè yo fè sa, yo fè kè Jewova kontan e yo pwoteje fanmi yo kont maladi seksyèl trapan tankou sida, sifilis, blenoraji ak maladi bakteri ki rele klamidya a bay. — Pwovèb 7:10-23.
15. Bay yon egzanp kote mank pwòpte fizik ka lakòz maladi san nesesite.
15 Lè nou “ pirifye tèt nou anba tout salte lachè ”, sa ede nou pwoteje fanmi nou kont lòt maladi ankò. Gen anpil maladi moun genyen se konsekans yon mank pwòpte fizik. Abitid fimen se yon egzanp. Nonsèlman lafimen an sal poumon, li sal rad e li sal lè a, men tou, li fè moun malad. Gen plizyè milyon moun ki mouri chak ane paske yo fimen. Reflechi sou sa ! Chak ane, plizyè milyon moun pa t ap tonbe malad, e yo pa t ap mouri anvan lè, si yo te evite “ salte lachè ” sa a !
16, 17. a) Ki lwa Jewova te bay ki te pwoteje Izrayelit yo kont yon seri maladi ? b) Ki jan prensip ki dèyè Detewonòm 23:12, 13 la ka aplike nan tout kay ?
16 Annou pran yon lòt egzanp. Gen anviwon 3 500 ane, Bondye te bay nasyon Izrayèl la Lalwa li, dekwa pou yo te òganize adorasyon y ap ba li e, nan yon sèten degre, pou yo te òganize lavi y ap mennen chak jou. Lalwa te kontribye pou pwoteje nasyon an kont maladi, grasa kèk règ de baz nan domèn ijyèn. Youn nan lwa sa yo te konsène eliminasyon matyè fekal moun. Yo te dwe antere li byen antere anba tè, deyò kan an, dekwa pou kote moun yo ap viv la pa t kontamine (Detewonòm 23:12, 13). Ansyen lwa sa a toujou rete yon bon konsèy. Menm jodi a, moun tonbe malad e yo mouri paske yo pa suiv lia.
17 Ann amoni ak prensip ki dèyè lwa sa a yo te bay Izrayelit yo, douch ak twalèt fanmi an dwe toujou rete pwòp e yo dwe toujou dezenfekte yo, kit yo anndan kay la kit yo deyò. Si twalèt la pa toujou rete pwòp, si l pa toujou rete kouvri, mouch ap vin rasanble ladan l e y ap transpòte mikwòb yo lòt kote nan kay la, e y ap depoze yo nan manje n ap manje ! Anplis de sa, ni timoun ni granmoun dwe lave men yo lè yo sot nan twalèt. Si se pa sa, y ap tounen ak mikwòb sou po yo. Dapre yon doktè fransè, lave men “ rete youn nan pi bon garanti pou fè prevansyon kont yon seri enfeksyon dijestif, respiratwa, oubyen kont yon seri maladi po. ”
18, 19. Ki sijesyon yo bay pou moun kenbe kay yo pwòp menm nan yon katye kote moun yo malere ?
18 Alaverite, pwòpte se yon gwo pwoblèm nan yon katye kote moun yo malere. Men sa yon moun ki abitye nan zòn sa yo esplike : “ Akoz klima a ki cho alekstrèm, sa fè travay netwayaj la de fwa pi difisil. Tanpèt pousyè ki genyen fè tout ti fant nan kay la ranpli ak yon poud fen koulè mawon. [...] Vil yo ak kèk seksyon riral ki chaje ak moun lakòz pwoblèm sante tou. Tourego ki pa kouvri, pil fatra yo pa ranmase, twalèt kominal ki trè sal, bèt ki bay maladi tankou rat, ravèt ak mouch, se bagay moun wè toupatou. ”
19 Kenbe yon kote pwòp nan kondisyon konsa se yon bagay difisil. Toutfwa, efò a vo lapèn. Savon, dlo ak yon ti travay anplis koute pi bon mache pase medikaman ak depans pou lopital. Si w ap viv yon kote konsa, toutotan sa posib, kenbe kay ou ak lakou w pwòp, epi retire tout matyè fekal bèt. Si wout ki mennen lakay ou gen tandans fè labou nan peryòd lapli, èske w pa ta ka lage enpe gravye oubyen enpe wòch ladan l pou labou a rete deyò kay la ? Si moun yo gen soulye oswa sandal nan pye yo, èske li posib pou yo retire yo anvan yo rantre nan kay la ? Anplis de sa, ou dwe veye pou w pwoteje rezèvwa dlo w pou l pa kontamine. Yo estime gen omwen de milyon moun ki mouri pa ane akoz maladi yo pran nan dlo ki pa pwòp, e akoz move kondisyon ijyèn.
20. Pou kay la pwòp, kiyès ki dwe patisipe nan travay yo ?
20 Pou yon kay pwòp se tout moun ki konsène, manman, papa, pitit ak vizitè. Nan peyi Kenya, gen yon manman ki gen uit pitit ki di : “ Chak moun aprann bay patisipasyon pa l. ” Yon kay pwòp, ki annòd, fè onè tout fanmi an. Gen yon pwovèb espayòl ki di : “ Pa gen konfli ant povrete ak pwòpte. ” Kit w ap viv nan yon chato, nan yon apatman, nan yon ti kay modès, oubyen kit se nan yon ti kay pay, pwòpte se kle pou fanmi an gen yon pi bon sante.
ANKOURAJMAN FÈ NOU ANVI VIV
21. Ann amoni ak Pwovèb 31:28, ki sa k ap kontribye pou pote kè kontan nan kay la ?
21 Anpalan de madanm kapab la, liv Pwovèb la di : “ Pitit gason l yo leve e yo deklare li ere, pwopriyetè l leve e li fè lwanj pou li. ” (Pwovèb 31:28). Ki dènye fwa ou te felisite yon manm fanmi w ? Anfèt, nou sanble ak plant nan epòk prentan k ap tann yon ti chalè ak yon ti imidite pou yo fleri. Nan ka pa nou, sa nou bezwen se chalè ki genyen nan yon felisitasyon. Li itil pou madanm nan konnen mari li rekonesan pou travay di li fè e pou swen plen lanmou li bay fanmi an, e mari a pa annik konsidere sa tankou se bagay madanm nan dwe l (Pwovèb 15:23 ; 25:11). Li bon tou pou madanm nan felisite mari l pou travay li fè, kit se nan kay la oubyen deyò. Timoun yo tou santi yo byen, lè paran yo felisite yo pou efò yo fè nan kay la, nan lekòl, oubyen nan kongregasyon an. Vrèmanvre, yon ti moso rekonesans ka fè mèvèy ! Konbyen sa koute pou w di “ mèsi ” ? Pa anpil, poutan efè sa genyen sou moral fanmi an ka anpil.
22. Ki sa ki nesesè pou yon kay “ tabli fèm ”, e kòman sa ka rive fèt
22 Gen anpil bagay ki fè li pa fasil pou moun dirije yon kay. Malgre tou, sa ka rive fèt avèk siksè. Gen yon pwovèb biblik ki di : “ Grasa sajès, yon kay ap edifye, e grasa disènman l ap tabli fèm. ” (Pwovèb 24:3). Si tout moun nan fanmi an fè efò pou yo aprann volonte Bondye e yo aplike li nan lavi yo, y ap ka vin gen sajès ak disènman. Se sèten, tout efò sa yo vo lapèn, piske sa fè fanmi an gen kè kontan !
a Nan yon liv ki bay konsèy sou fason pou moun evite dyare, yon maladi ki kouran e ki lakòz lanmò anpil timoun, Òganizasyon mondyal lasante deklare : “ Si pa gen latrin, fè bezwen nou lwen kay, lwen kote timoun yo konn jwe, e nan yon distans ki omwen 10 mèt parapò ak kote pi dlo a ye, kouvri matyè fekal la ak tè. ”