Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
3-9 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 1-6
“Fè Jewova konfyans ak tout kè w”
w00-F 15/1 23-24
Chèche vin bon zanmi Jewova
“MEN sa disip Jak te ekri: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Men sa Salmis David te di nan yon chante: “Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l.” (Sòm 25:14). Sa klè, Jewova vle nou bon zanmi l. Men, se pa tout moun k ap sèvi Bondye e ki obeyi kòmandman l yo ki santi yo pwòch li pou sa.
E ou menm? Èske w gen yon relasyon sere sere ak Bondye? Se sèten ou ta renmen vin pi pwòch avè l toujou. Ki sa w ka fè pou w vin bon zanmi Jewova? Ki sa sa t ap mande pou w fè? Twazyèm chapit liv Pwovèb la reponn kesyon sa yo.
Ann demontre lanmou ak fidelite
Men ki jan wa Salomon, yon wa ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan, te kòmanse twazyèm chapit liv Pwovèb la: “Pitit mwen, pa bliye sa m montre w, e se pou w obeyi kòmandman m yo ak tout kè w, pou w ka viv lontan e pou w ka viv anpè.” (Pwovèb 3:1, 2). Etandone se Bondye ki te enspire Salomon pou l te ekri konsèy sa a, nou kapab di, se Papa nou Jewova ki bay li e se pou nou li te fè ekri l. Nan pawòl sa yo, nou jwenn ankourajman pou nou viv dapre rapèl Jewova fè nou yo nan lwa l yo, ansèyman li ban nou ak kòmandman l yo nou jwenn nan Bib la. Si nou fè sa ‘n ap ka viv lontan e n ap ka viv anpè’. Vrèmanvre, depi kounye a nou ka viv anpè e nou ka evite danje ki ka lakòz nou mouri byen bonè jan sa konn rive moun ki mal aji yo. Anplis de sa, nou kapab kenbe nan lespri nou esperans nou genyen pou n viv pou toutan an nan yon monn nouvo kote pral gen lapè. — Pwovèb 1:24-31; 2:21, 22.
Men sa Salomon te kontinye ekri: “Pinga w janm sispann montre w gen lanmou e ou fidèl. Mete kalite sa yo nan kou w. Ekri yo sou kè w. Konsa, w ap vin gen bon konprann e w ap jwenn favè nan men Bondye ak lèzòm.” — Pwovèb 3:3, 4.
Nan lang orijinal la, mo yo abitye itilize pou tradui “bonte ki plen lanmou” an yo ka mete “lanmou fidèl” pou li tou, e li gen ladan l: atachman, solidarite ak fidelite. Èske n detèmine pou n ret atache ak Jewova kèlkeswa jan sa ye? Èske n demontre lanmou fidèl nan relasyon nou genyen ak frè ak sè yo? Èske n fè efò pou n ret pwòch ak yo? Nan fason nou trete yo chak jou, èske nou demontre ‘lanmou ak fidelite nan fason nou pale avèk yo’ menmsi sa ka pa fasil? — Pwovèb 31:26.
Jewova “dispoze padone” paske li gen anpil lanmou ak fidelite lakay li (Sòm 86:5). Si nou te repanti pou peche n te fè yo e kounye a n ap mache nan chemen ki dwat la, nou mèt gen asirans Jewova ap “fè tan soulajman an rive” sou nou (Travay 3:19). Èske nou pa ta dwe imite Jewova lè n padone lòt moun pou erè yo fè? — Matye 6:14, 15.
Jewova se “Bondye verite a” e li vle pou moun k ap chèche gen yon relasyon sere avè l fè sa ak “verite”. (Sòm 31:5.) Èske nou ka atann pou Jewova zanmi n toutpandan n ap mennen de vi, sa vle di nou aji yon fason lè nou ak kretyen parèy nou e n aji yon lòt fason lè n pa avèk yo, tankou “moun k ap twonpe moun” ki pa kite moun wè kiyès yo ye toutbonvre (Sòm 26:4)? Piske “tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je [Jewova]”, nou t ap montre nou vrèman sòt si n ta fè sa. — Ebre 4:13.
Lanmou ak fidelite se de kalite nou dwe konsidere kòm yon chèn ‘ki nan kou nou’ ki tèlman gen anpil valè yo pa ka bay pri pou li e de kalite sa yo fè n ‘jwenn favè nan je Bondye ak nan je moun ki sot nan pousyè tè’. Nonsèlman nou dwe demontre kalite sa yo nan aksyon nou, men tou, nou dwe grave yo ‘sou kè nou’, konsa, y ap vin fè pati pèsonalite nou.
Travay pou w fè Jewova konfyans ak tout kè w
Men sa wa Salomon te ajoute: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” — Pwovèb 3:5, 6.
Jewova merite pou nou fè l konfyans ak tout kè n. Antanke Kreyatè a, li gen yon “pakèt fòs” e se nan li tout “pisans” soti (Ezayi 40:26, 29). Li kapab reyalize tout sa li di l ap fè. Sa k fè sa? Se paske non l vle di literalman “Li fè vin tounen” e sa fè nou vin gen plis konfyans nan kapasite l genyen pou l reyalize pwomès li fè yo! Lefètke “li enposib pou Bondye bay manti”, li se pi gwo modèl nou ka suiv nan kesyon bay verite (Ebre 6:18). Lanmou se prensipal kalite Jewova gen lakay li (1 Jan 4:8). Li “toujou fè sa ki jis e li fidèl nan tout sa l fè”. (Sòm 145:17.) Si nou pa ka fè Bondye konfyans kiyès menm nou ka fè konfyans? Nòmalman, pou nou rive fè Jewova konfyans nou dwe “goute e [...] wè jan [l] bon”, n ap rive fè sa lè nou aplike sa nou aprann nan Bib la nan lavi nou ak lè nou reflechi sou byenfè sa fè nou jwenn. — Sòm 34:8.
Ki jan nou ka ‘pran sa Jewova panse an konsiderasyon nan tout sa n ap fè’? Men ki sa Bondye te pouse yon salmis ekri: “M ap medite sou tout aksyon w yo, m ap reflechi sou fason w boule ak nou.” (Sòm 77:12). Etandone nou pa ka wè Bondye, li enpòtan anpil pou n medite sou gwo aksyon li fè pou pèp li a ak sou fason l trete yo pou n ka gen yon relasyon sere ansanm avè l.
Lapriyè se yon lòt bon fason tou pou n montre nou sonje Jewova. Wa David te kontinye rele Jewova “tout lajounen”. (Sòm 86:3.) David te toujou konn priye lè l sou kabann li ak lè li te chape pou l viv nan yon dezè (Sòm 63:6, 7). Apot Pòl te ankouraje n ‘priye nan tout okazyon ak lespri a’. (Efezyen 6:18.) Èske n priye souvan? Èske n pran plezi di Bondye sa k nan fon kè nou? Lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, èske n mande l pou l ede n? Èske n mande l direksyon anvan n pran desizyon ki enpòtan? Lè n priye Jewova ak tout kè n, sa fè Jewova renmen nou. E nou gen asirans l ap koute priyè nou e ‘l ap fè tout bagay mache byen nan lavi n’.
Se yon bagay moun sòt sa t ap ye pou n ‘konte sou entèlijans nou’ oubyen pou n konte sou moun ki gen gwo renome nan monn nan alòske nou gen posiblite pou n fè Jewova konfyans ak tout kè n! Salomon te di: “Pinga w konte sou sajès ou genyen.” Li te avèti n konsa tou: “Gen lakrentif pou Jewova e vire do bay sa ki mal. Sa ap fè kò w vin an sante e sa ap bay zo w fòs.” (Pwovèb 3:7, 8). Nou kite se lakrentif nou genyen pou n pa fè sa ki mal nan je Bondye ki gide aksyon nou, panse nou ak santiman nou. Kalite lakrentif sa a ap anpeche n fè sa ki mal e nan domèn espirityèl l ap geri nou e l ap ban n fòs.
Bay Jewova sa w genyen ki pi bon an
Ki lòt fason ankò nou ka pwoche bò kot Bondye? Men sa wa Salomon ankouraje n fè: “Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo, avèk premye bagay nan tout sa w vin genyen.” (Pwovèb 3:9). Pou nou onore Jewova, sa mande pou n montre nou gen gwo respè pou li epi pou n fè lwanj pou li an piblik lè n fè konnen non l ak lè n fè ofrann pou n soutni travay sa a. Bagay ki gen anpil valè nou ka sèvi ak yo pou n onore Jewova se: tan nou, talan nou, fòs nou ak byen materyèl nou posede. Bagay sa yo dwe se premye bagay nan tout sa n genyen, sa vle di, sa nou genyen ki pi bon yo. Èske li pa nòmal nan fason n ap sèvi ak sa nou posede yo nou montre nou ‘kontinye chèche Wayòm nan an premye e n kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye’? — Matye 6:33.
w00-F 15/1 24
Chèche vin bon zanmi Jewova
Lanmou ak fidelite se de kalite nou dwe konsidere kòm yon chèn ‘ki nan kou nou’ ki tèlman gen anpil valè yo pa ka bay pri pou li, e de kalite sa yo fè n ‘jwenn favè nan je Bondye ak nan je moun ki sot nan pousyè tè’. Nonsèlman nou dwe demontre kalite sa yo nan aksyon nou, men tou, nou dwe grave yo ‘sou kè nou’, konsa, y ap vin fè pati pèsonalite nou.
Travay pou w fè Jewova konfyans ak tout kè w
Men sa wa Salomon te ajoute: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” — Pwovèb 3:5, 6.
Jewova merite pou nou fè l konfyans ak tout kè n. Antanke Kreyatè a, li gen yon “pakèt fòs” e se nan li tout “pisans” soti (Ezayi 40:26, 29). Li kapab reyalize tout sa li di l ap fè. Sa k fè sa? Se paske non l vle di “li fè vin tounen” e sa fè nou vin gen plis konfyans nan kapasite l genyen pou l reyalize pwomès li fè yo. Lefètke “li enposib pou Bondye bay manti”, li se pi gwo modèl nou ka suiv nan kesyon bay verite (Ebre 6:18). Lanmou se prensipal kalite Jewova gen lakay li (1 Jan 4:8). Li “toujou fè sa ki jis e li fidèl nan tout sa l fè”. (Sòm 145:17.) Si nou pa ka fè Bondye konfyans kiyès menm nou ka fè konfyans? Nòmalman, pou nou rive fè Jewova konfyans nou dwe “goute e [...] wè jan [l] bon”, n ap rive fè sa lè nou aplike sa nou aprann nan Bib la nan lavi nou ak lè nou reflechi sou byenfè sa fè nou jwenn. — Sòm 34:8.
Ki jan nou ka ‘pran sa Jewova panse an konsiderasyon nan tout sa n ap fè’? Men ki sa Bondye te pouse yon salmis ekri: “M ap medite sou tout aksyon w yo, m ap reflechi sou fason w boule ak nou.” (Sòm 77:12). Etandone nou pa ka wè Bondye, li enpòtan anpil pou n medite sou gwo aksyon li fè pou pèp li a ak sou fason l trete yo pou n ka gen yon relasyon sere ansanm avè l.
Lapriyè se yon lòt bon fason tou pou n montre nou sonje Jewova. Wa David te kontinye rele Jewova “tout lajounen”. (Sòm 86:3.) David te toujou konn priye lè l sou kabann li ak lè li te chape pou l vi nan yon dezè (Sòm 63:6, 7). Apot Pòl te ankouraje n ‘priye nan tout okazyon ak lespri a’. (Efezyen 6:18.) Èske n priye souvan? Èske n pran plezi di Bondye sa k nan fon kè nou? Lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, èske n mande l pou l ede n? Èske n mande l direksyon anvan n pran desizyon ki enpòtan? Lè n priye Jewova ak tout kè n, sa fè Jewova renmen nou. E nou gen asirans l ap koute priyè nou e ‘l ap fè tout bagay mache byen nan lavi n’.
Se yon bagay moun sòt sa t ap ye pou n ‘konte sou entèlijans nou’ oubyen pou n konte sou moun ki gen gwo renome nan monn nan alòske nou gen posiblite pou n fè Jewova konfyans ak tout kè n! Salomon te di: “Pinga w konte sou sajès ou genyen.” Li te avèti n konsa tou: “Gen lakrentif pou Jewova e vire do bay sa ki mal. Sa ap fè kò w vin an sante e sa ap bay zo w fòs.” (Pwovèb 3:7, 8). Nou kite se lakrentif nou genyen pou n pa fè sa ki mal nan je Bondye ki gide aksyon nou, panse nou ak santiman nou. Kalite lakrentif sa a ap anpeche n fè sa ki mal e nan domèn espirityèl l ap geri nou e l ap ban n fòs.
Bay Jewova sa w genyen ki pi bon an
Ki lòt fason ankò nou ka pwoche bò kot Bondye? Men sa wa Salomon ankouraje n fè: “Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo, avèk premye bagay nan tout sa w vin genyen.” (Pwovèb 3:9). Pou nou onore Jewova, sa mande pou n montre nou gen gwo respè pou li epi pou n fè lwanj pou li an piblik lè n fè konnen non l ak lè n fè ofrann pou n soutni travay sa a. Bagay ki gen anpil valè nou ka sèvi ak yo pou n onore Jewova se: tan nou, talan nou, fòs nou ak byen materyèl nou posede. Bagay sa yo dwe se premye bagay nan tout sa n genyen, sa vle di, sa nou genyen ki pi bon yo. Èske li pa nòmal nan fason n ap sèvi ak sa nou posede yo nou montre nou ‘kontinye chèche Wayòm nan an premye e n kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye’? — Matye 6:33.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 15/9 17 § 1
Pwen enteresan ki nan liv Pwovèb la
Kesyon biblik ak tout repons:
1:7; 9:10 — Nan ki sans lè yon moun gen lakrentif pou Jewova sa montre li ‘kòmanse gen konesans ak sajès’. Li enposib pou yon moun gen konesans san l pa gen lakrentif pou Jewova, paske se Jewova ki kreye tout bagay e se li ki te fè ekri Bib la (Women 1:20; 2 Timote 3:16, 17). Se nan li vrè konesans soti. Se sa k fè, se lè yon moun gen bonjan lakrentif pou Jewova li kòmanse gen konesans. Menm jan an tou, pou yon moun kòmanse gen sajès, li bezwen gen lakrentif pou Jewova paske pa gen sajès san konesans. Anplis de sa, yon moun ki pa gen lakrentif pou Jewova pap sèvi ak konesans li genyen nan kèlkeswa domèn nan pou l onore Kreyatè a.
it-1-F 511
Konesans
Se nan li tout konesans soti. Anfèt, se nan Jewova tout konesans soti. Nòmalman, se Jewova ki bay lavi e pou yon moun rive gen konesans nan kèlkeswa domèn nan li vrèman enpòtan pou l gen lavi (Sm 36:9; Tr 17:25, 28). Mete sou sa, Bondye kreye tout bagay, pou yon moun rive gen konesans li bezwen byen konnen travay Bondye fè (Re 4:11; Sm 19:1, 2). Menm jan an tou, se Bondye ki te fè ekri Pawòl li a e lèzòm ka aprann konnen volonte l ak objektif li ladan l (2Ti 3:16, 17). Kidonk, se nan Jewova tout vrè konesans soti, e yon moun k ap chèche konesans sa a dwe gen lakrentif pou Jewova, e sa ap pouse l fè atansyon pou l pa pèdi apwobasyon l. Se lè yon moun gen lakrentif sa a, li kòmanse gen konesans (Pw 1:7). Yon moun ki gen yon lakrentif konsa, nan pozisyon pou l vin gen konesans ki egzak la, alòske, li fasil pou moun ki pa pran Bondye an konsiderasyon, fè move kalkil sou bagay Bondye fè yo.
w00-F 15/9 25-26
Pwoteje repitasyon w
LÈ YON gason desine plan pou yon seri bèl bilding li vin gen repitasyon yon gwo achitèk. Lè yon jèn fi travay byen anpil lekòl, li vin gen repitasyon yon elèv ki entèlijan. Menm yon moun ki chita e ki pa vle fè anyen vin gen repitasyon yon moun ki parese. Men sa yon tradiksyon fè konnen pou l montre enpòtans sa genyen pou yon moun chèche gen bon repitasyon: “Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.” — Pwovèb 22:1, Bib la.
Se plizyè ti jès yon moun fè pandan yon tan ki vin fè l vin gen bon repitasyon. Epoutan, yon sèl move aksyon l fè sifi pou l kraze bon repitasyon sa a. Pa egzanp, si yon moun ta vin fè yon move aksyon nan domèn seksyèl, sa sèlman ka sifi pou l pèdi repitasyon l. Nan chapit sis liv Pwovèb la, wa Salomon, ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan, te bay yon avètisman anrapò ak konduit ak aksyon ki ka kraze repitasyon nou e ki ka kraze amitye nou ak Jewova Dye. Pami bagay sa yo nou jwenn: Lè yon moun pran yon angajman san reflechi, moun k ap fè parès, riz ak imoralite seksyèl, yon seri bagay Jewova pa vle wè menm. Si nou suiv konsèy sa a, sa ap ede nou kenbe repitasyon n.
Libere tèt ou anba angajman w pran san reflechi
Men ki jan chapit sis liv Pwovèb la kòmanse: “Pitit mwen, si w pwomèt pou w responsab dèt yon moun, si w te fè yon antant ak yon etranje, si w mele akoz pwomès ou te fè a, si w pran nan pyèj akoz pawòl ki te sot nan bouch ou, pitit mwen, men sa pou w fè pou w ka libere tèt ou, paske w tonbe anba men moun nan: Al bese w devan l e kouri al sipliye l.” — Pwovèb 6:1-3.
Pwovèb sa a ban n konsèy pou n pa antre nan zafè biznis moun, sitou moun nou pa konnen. Anfèt, Izrayelit yo te dwe ‘pran swen frè yo ki pòv e ki pa ka pran swen tèt yo’. (Levitik 25:35-38.) Men, gen kèk Izrayelit ki pa t pè pran risk ki te antre nan zafè biznis e ki te rive jwenn sipò yo te bezwen nan kesyon finans. Yo te jwenn èd sa a paske yo te konvenk lòt moun pou bay garanti y ap peye nan plas yo sizoka Izrayelit sa yo pa ta ka peye dèt yo. Sa ka rive nou tou jodi a. Pa egzanp, anvan kèk antrepriz nan kesyon finans prete yon moun yon bon ti kou kòb, yo gendwa mande moun nan pou l bay yon moun ki dispoze remèt kòb la nan plas li sizoka li pa ta ka remèt kòb la li menm. Li vrèman pa t ap saj pou n kouri pot tèt nou kòmkwa nou dispoze peye dèt moun sa a! Rezon an se paske nou kapab antrave tèt nou, sa ka menm lakòz bank yo ak lòt antrepriz ki konn bay kredi vin pran nou pou moun ki pa serye.
Men, e si nou te fin pran desizyon pou n fè yon bagay ki te parèt bon okòmansman, men, annapre lè n byen egzamine bagay la, nou rann nou kont se pa t yon bon desizyon sa te ye? Yon konsèy liv Pwovèb la ban nou se mete ògèy nou sou kote epi ‘al bese n devan pwochen n e kouri al sipliye l’, pa sispann sipliye l. Nou dwe fè tout sa k posib pou n ranje bagay yo. Men sa yon liv referans fè konnen: “Fè jan w konnen pou w jwenn yon akò ak advèsè w la epi rezoud pwoblèm nan yon fason pou angajman w te pran an pa tounen kont ou menm oswa fanmi w.” E nou dwe fè sa prese prese paske men sa wa Salomon ajoute: “Pa kite dòmi pran w, e pinga w kite je w fèmen. Libere tèt ou menm jan ak yon sèf ki chape anba men yon chasè, menm jan ak yon zwazo ki chape anba men yon moun ki tann pèlen pou li.” (Pwovèb 6:4, 5). Lè sa posib, li pi bon pou n retire tèt nou nan yon move angajman nou te pran pase pou n kite l vin yon pyèj pou nou.
Tavay di tankou foumi
Men yon konsèy wa Salomon te bay: “Al kot foumi yo, ou menm, parese. Gad ki jan yo travay pou w ka vin gen sajès.” Ki jan yon senp foumi ka ede n vin gen sajès? Salomon te reponn kesyon an, li te di: “Aktout yo pa gen ni kòmandan, ni chèf, ni moun k ap dirije yo, yo sere manje nan sezon chalè, e nan sezon rekòt, yo rasanble manje y ap bezwen.” — Pwovèb 6:6-8.
Foumi yo vrèman byen òganize, e fason yo kolabore youn ak lòt vrèman estrawòdinè. Yo tou fèt ak sajès ki pouse yo wè nesesite pou yo ranmase manje pou lavni. Yo pa gen “ni kòmandan, ni chèf”. Se vre rèn foumi yo la, men, li rèn nan sans li la pou l ponn ze e li manman tout foumi ki nan gwoup foumi sa yo fòme a. Li pa bay okenn lòd. Aktout foumi yo pa gen yon chèf ekip k ap gide yo oswa yon sipèvizè k ap tcheke travay yo yo kontinye travay san pran souf.
Èske nou pa ta dwe renmen travay menm jan foumi renmen travay? Lè nou travay di e nou fè efò pou n amelyore travay nou, sa bon pou nou, kit gen moun k ap siveye n, kit pa gen moun k ap siveye n. Pa egzanp, lè nou lekòl, lè nou nan travay ak lè n ap patisipe nan travay predikasyon an nou dwe bay sa nou genyen ki pi bon an. Menm jan foumi jwenn byenfè nan travay yo, se menm jan an tou, Bondye vle nou ‘gen kè kontan pou travay di n ap fè’. (Eklezyas 3:13, 22; 5:18.) Lè nou travay di nonsèlman n ap gen yon konsyans ki klè kòm rekonpans, men tou n ap santi n satisfè pèsonèlman. — Eklezyas 5:12.
Salomon te sèvi ak de kesyon ki pouse moun reflechi pou l eseye fè yon parese kite parès. Men sa l te di: “Ou menm parese, pandan konbyen tan w ap ret kouche la a? ki lè w ap leve nan dòmi? Wa a te di: Lè w ret ap fè yon ti dòmi, ou ret ap fè yon ti kabicha, ou kwaze bra w pou w pran yon ti repo, enben, lamizè ap vin sou ou tankou yon bandi. W ap vin tèlman nan nesesite, se kòmsi se yon moun ak zam ki vin atake w.” (Pwovèb 6:9-11). Pandan parese a ap layite sou do, lamizè rive sou li tankou yon bandi, e li vin tèlman nan nesesite se kòmsi se yon moun ak zam ki vin atake l. Jaden moun ki parese a vin chaje ak move zèb e se raje ase ki kouvri l (Pwovèb 24:30, 31). Nan yon bat je, biznis li genyen an ap fè fayit. Pou konbyen tan yon patwon ap dakò kenbe yon parese? E èske yon elèv ki pa renmen etidye ka atann pou l travay byen lekòl?
Se pou n onèt
Salomon te fè konnen tou gen lòt fason yon moun aji ki kraze repitasyon l nan zòn kote l ap viv la e ki kraze relasyon l gen ak Bondye tou. Men sa l te di: “Moun ki pa itil anyen e ki mechan an ap mache di pawòl kwochi, l ap touye je l, l ap fè siy ak pye l, l ap fè siy ak dwèt li. Kè l chaje ak move bagay, li toujou ap fè move plan e li toujou ap simen divizyon.” — Pwovèb 6:12-14.
Se konsa yon blofè ye. An jeneral, yon moun k ap bay manti eseye kache may li yo. Nan ki sans? Nonsèlman sa parèt nan “pawòl kwochi” l ap di men, li fè jès ki montre sa tou. Men sa yon moun k ap fè kòmantè sou Labib fè konnen: “Jès, ton vwa, e menm ekspresyon vizaj, se yon seri mwayen yon moun ka byen itilize pou l twonpe yon lòt moun. Moun nan ka parèt sensè, men an reyalite, se kache l ap kache yon lespri rebelyon ak tout yon seri lòt bagay ki pa bon menm.” Yon moun konsa se yon voryen k ap fè move plan e se toutan l ap simen divizyon. Ki sa l ap rekòlte?
10-16 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 7-11
“Pa kite kè nou fè n chankre”
w00-F 15/11 29-30
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
Apre sa, Salomon ajoute: “Mare yo [kòmandman m yo] nan dwèt ou, ekri yo sou kè w.” (Pwovèb 7:3). Menm jan nou ka toujou wè dwèt nou yo e yo vrèman itil nou pou n fè sa n bezwen fè epi atenn objektif nou fikse, se menm jan an tou, leson ak konesans nou aprann nan Labib yo pandan nou t ap grandi oubyen pandan n t ap etidye dwe toujou sèvi nou rapèl epi gide nou nan tout sa n ap fè. Nou dwe ekri yo sou tablèt kè nou, yo dwe fè pati moun nou ye a.
Men ki ankourajman wa a te bay pandan l t ap pale konsènan enpòtans sajès ak entèlijans genyen: “Se pou w di sajès: ‘Ou se sè m’ e se pou w rele entèlijans: ‘Fanmi m’.” (Pwovèb 7:4). Yon moun gen sajès lè l byen sèvi ak konesans Bondye bay la. Nou dwe ancheri sajès menm jan nou ancheri yon sè nou renmen anpil. Ki sa entèlijans ye? Se kapasite yon moun genyen pou l byen egzamine yon bagay epi jwenn sans li genyen lè l wè koneksyon chak pati ladan l genyen ak tout bagay la nèt. Entèlijans dwe pwòch nou menm jan ak yon zanmi ki pwòch nou anpil.
Poukisa nou dwe kite Labib fòme nou epi chèche vin gen plis sajès ak entèlijans? Rezon an se pou n ka “pwoteje tèt [nou] anba fi ki deregle a, anba fi ki imoral la e anba pawòl dous li yo”. (Pwovèb 7:5.) Vrèmanvre, lè n fè sa, sa ap pwoteje n anba pawòl dous, pawòl ki kapab konvenk moun k ap soti nan bouch fi ki deregle a oubyen etranje a, yon moun ki imoral.
Jèn gason an rankontre ‘fi ki mètdam anpil la’
Annapre wa Izrayèl la dekri yon sèn li te wè ak de je l, li te di: “Pandan m te nan fenèt lakay mwen, Mwen t ap gade anba, nan fant fenèt la. E pandan m t ap gade moun ki pa konprann anyen yo, mwen te rive wè yon jèn gason pami yo ki pa gen bonsans. Li pase nan wout ki toupre kafou kote fi a rete a, li mache al nan direksyon kay fi a, solèy te gentan kouche, se te nan aswè, li t apral lannuit e li t apral fè nwa.” — Pwovèb 7:6-9.
Fenèt Salomon t ap gad ladan l lan te gen plizyè fant, sanble se yon travay atizanal ki fèt ak bwa yo byen travay e yo kwaze yo youn sou lòt. Kòm solèy te gentan ap kouche, lari a te kòmanse fènwa. Je l te tonbe sou yon jèn gason ki pa gen eksperyans menm. Li manke bon konprann e li pa gen bonsans. Petèt, jèn gason an konnen nan ki kalite katye li rantre a e ki sa k ka rive l nan zòn sa a. Jèn gason an vin toupre “kafou kote fi a rete a” ki sou wout ki mennen lakay fi a. Kiyès fi sa a ye menm? Ki entansyon l?
Men sa Salomon te ajoute: “Lè sa a, mwen te wè fi a vin rankontre l. Fi a te abiye tankou yon pwostitye, li mètdam anpil. Li renmen fè eskandal e li angran. Li pa janm ret lakay li. Yon lè l deyò, apre sa, li sou plas piblik yo, li kache kò l bò chak kafou.” — Pwovèb 7:10-12.
Fason fi sa a abiye ban nou anpil detay sou li (Jenèz 38:14, 15). Li abiye tankou yon pwostitye. Sa k pi rèd la, li mètdam anpil. Gen tradiksyon Labib ki mete li “trèt” e li gen “may”. (An American Translation; New International Version.) Li renmen fè eskandal e li angran, li pale anpil e tèt li di, li pale fò e li pa pran pawòl nan men pèsonn, li pa bay moun regle anyen pou li e li radi. Pase pou l ret lakay li, li pito soti sou plas piblik yo, kache kò l bò chak kafou pou l met men sou sa l ap chèche a. L ap tann yon moun ki tankou ti jennonm nan.
Se pa ‘ti konviksyon li genyen’
Donk, yon jèn gason rankontre yon fi ki deregle e ki deja gen move plan nan kè l, se nòmal pou sèn nan atire atansyon Salomon! Men sa Salomon di: “Li met men sou jennonm nan epi li bo l, li fè figi l byen di pou l di jennonm nan: “Mwen te gen pou m fè sakrifis kominyon. Jodi a, mwen sot respekte ve m te fè yo. Se sa k fè mwen soti vin rankontre w, pou m chèche wè w, e mwen jwenn ou!” — Pwovèb 7:13-15.
Fi a gen bouch dous. Li fè figi l byen di pou l bay ti jennom nan pawòl. Li byen konte byen kalkile sa l ap di pou l fè misye tonbe nan pyèj li. Lè fi a di li gentan fè sakrifis kominyon jou a menm e li sot respekte ve l te fè yo, anfèt, se montre l t ap montre ti jennonm nan li se yon moun ki jis e li te vle l konprann tou li se yon moun ki espirityèl. Yon moun ki t ap ofri Jewova yon sakrifis kominyon nan tanp Jerizalèm nan te ka bay vyann, farin, lwil ak diven (Levitik 19:5, 6; 22:21; Nonb 15:8-10). Etandone moun ki t ap ofri sakrifis la te ka pran yon pati ladan l pou li menm ak fanmi l, donk, fi a te fè ti jennonm nan konprann gen anpil manje ak bwason k ap tann li lakay li. Donk, mesaj li t ap fè pase anba anba a te parèt klè: Jèn gason an t ap ka pase yon bon moman nan kay la. E fi a te di misye se li menm menm li te soti al chèche lè l te kite kay li. Istwa sa a ap touche kè nenpòt egare ki pran ladan l. Gen yon biblis ki fè konnen: “Se vre, fi a t ap chèche yon moun. Men, èske se toutbon se jèn gason sa a menm li t ap chèche? Se yon egare sèlman ki pou ta kwè l, petèt yon egare tankou misye.”
Apre manmzèl te fin jwe sou tout sans misye genyen, tankou je misye (nan fason manmzèl l te abiye), zòrèy li (lè l te di misye bèl ti pawòl dous), men l (nan fason l te manyen misye) epi gou l (lè l te bo misye), li te jwe sou nen misye tou lè l te di: “Mwen ranje kabann mwen ak bèl dra, ak twal len tout koulè ki sot nan peyi Ejip. Mwen met pafen ki fèt ak lami, lalwa ak kanèl sou li.” (Pwovèb 7:16, 17). Li byen ranje kabann li byen bèl ak dra ak twal len tout koulè ki soti nan peyi Ejip e li byen chwazi pafen li met sou li tankou pafen ki fèt ak lami, lalwa ak kanèl.
Men sa fi a ajoute: “Vini non, ann fè lanmou jis li jou. Ann pran plezi nou nan fè lanmou.” Kounye a, envitasyon an depase stad yon bon soupe a de. Li mande l pou l fè lanmou avè l tou. Jèn gason an twouve envitasyon an tante l e li enterese l tou! Pou l konvenk misye nèt li di: “Paske, mari m pa lakay la, li vwayaje al byen lwen. Li pati ak yon sak lajan, e l ap retounen jis lè lalin nan plenn.” (Pwovèb 7:18-20). Li bay jèn gason an asirans mari l pati pou kesyon biznis e li poko ap tounen, donk, pa gen danje menm. Se pa ti maton fi a maton nan sedui jèn gason an! “Fi a twonpe l paske l fò anpil nan pran tèt moun. Li sedui l ak bèl ti pawòl dous.” (Pwovèb 7:21). Fòk yon gason ta tankou Jozèf sèlman pou l ta rive refize yon envitasyon byen kalkile konsa (Jenèz 39:9, 12)! Èske se yon gason konsa jennonm nan te ye?
w00-F 15/11 30-31

“Tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa”
Men sa Salomon di: “Menm kote a, misye mache dèyè fi a tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa, tankou yon moun sòt y ap met nan chenn pou yo pini l, jiskaske yon flèch fann fwa l. Menm jan yon zwazo kouri al antre nan yon pèlen, misye pa konnen si sa ap lakòz li pèdi lavi l.” — Pwovèb 7:22, 23.
Jèn gason an pa t ka reziste devan envitasyon an. Li pèdi bonsans li e li suiv fi a “tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa”. Menm jan ak yon moun ki pa ka epaye kondanasyon l se menm jan an tou jèn gason an pa ka reziste devan peche. Li pa wè danje a “jiskaske yon flèch fann fwa l”, sa vle di, jiskaske l blese opwen li ka menm rive mouri. Lanmò a gendwa fizik, nan sans li pran yon maladi ki lakòz li mouri. Blese l blese a gendwa bay sans lanmò espiriyèl tou, paske jan vèsè a di sa “sa ap lakòz li pèdi lavi l”. Tout lavi l afekte e se pa ti peche grav li fè devan Bondye. Li kouri suiv lanmò menm jan yon zwazo kouri al antre nan yon pèlen.
Pa “chankre al nan wout fi sa a”
Salomon, yon wa ki te saj, te aprann yon leson nan sa li te wè a, men ki ankourajman li bay: “Kounye a, pitit mwen yo, koute m. Pran san nou pou n koute pawòl m ap di yo. Pa kite kè nou fè n chankre al nan wout fi sa a. Pa vire al nan chemen l yo. Paske li deja lakòz anpil moun mouri, e se pa ni de ni twa moun li touye! Se nan Tonm kay li mennen, e se anba, kote mò yo ye a, kay li prale.” — Pwovèb 7:24-27.
Sa klè, Salomon fè konnen ‘pou n ka kontinye viv’, nou pa dwe kite taktik moun ki imoral yo ap itilize yo pran nou nan pyèj paske sa ka lakòz nou mouri (Pwovèb 7:2). Konsèy sa a vrèman byen tonbe pou epòk nou an! Se sèten nou bezwen evite kote ki gen moun k ap ret tann pou yo pran moun nan pyèj. Poukisa pou n ta kite taktik y ap itilize yo pran n nan pyèj paske n al pot tèt nou ale ba yo? Franchman, poukisa pou se ou menm ki ta vin pase pou yon moun ki pa “gen bonsans” epi ki chankre al sou wout “fi ki imoral la”?
“Fi ki deregle” wa a te wè a te envite jèn gason an pou yo ‘pran plezi yo nan fè lanmou’. Èske yo pa chèche pwofite anpil jèn konsa, sitou fi yo? Men, fè yon ti reflechi: Lè yon moun ap eseye pouse w fè sèks avè l, èske se renmen li renmen w vre oswa se tèt li li jis vle satisfè? Si yon gason renmen yon fi toutbon, poukisa pou l ta ap fè presyon sou fi a pou fi a pase fòmasyon li resevwa antanke kretyèn nan anba pye epi sal konsyans li? Wa Salomon ankouraje w pou w pa ‘kite kè w fè w chankre’ al nan wout konsa.
An jeneral, gason ak fi ki gen abitid sedui moun toujou gen bouch dous e yo toujou byen kalkile tout kou y ap fè. Sepandan, n ap rive idantifye taktik sa yo lè nou toujou kite sajès ak bon konprann gide nou nan tout sa n ap fè. Nou dwe toujou sonje tout sa Jewova mande nou fè se pou pwoteksyon nou. Se sa k fè, ann toujou fè efò pou n ‘fè volonte Bondye’ pou n ka viv pou toutan. — 1 Jan 2:17.
w00-F 15/11 29
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
Apre sa, Salomon ajoute: “Mare yo [kòmandman m yo] nan dwèt ou, ekri yo sou kè w.” (Pwovèb 7:3). Menm jan nou ka toujou wè dwèt nou yo e yo vrèman itil nou pou n fè sa n bezwen fè epi atenn objektif nou fikse, se menm jan an tou, leson ak konesans nou aprann nan Labib yo pandan nou t ap grandi oubyen pandan n t ap etidye dwe toujou sèvi nou rapèl epi gide nou nan tout sa n ap fè. Nou dwe ekri yo sou tablèt kè nou, yo dwe fè pati moun nou ye a.
Men ki ankourajman wa a te bay pandan l t ap pale konsènan enpòtans sajès ak entèlijans genyen: “Se pou w di sajès: ‘Ou se sè m’ e se pou w rele entèlijans: ‘Fanmi m’.” (Pwovèb 7:4). Yon moun gen sajès lè l byen sèvi ak konesans Bondye bay la. Nou dwe ancheri sajès menm jan nou ancheri yon sè nou renmen anpil. Ki sa entèlijans ye? Se kapasite yon moun genyen pou l byen egzamine yon bagay epi jwenn sans li genyen lè l wè koneksyon chak pati ladan l genyen ak tout bagay la nèt. Entèlijans dwe pwòch nou menm jan ak yon zanmi ki pwòch nou anpil.
Poukisa nou dwe kite Labib fòme nou epi chèche vin gen plis sajès ak entèlijans? Rezon an se pou n ka “pwoteje tèt [nou] anba fi ki deregle a, anba fi ki imoral la e anba pawòl dous li yo”. (Pwovèb 7:5.) Vrèmanvre, lè n fè sa, sa ap pwoteje n anba pawòl dous, pawòl ki kapab konvenk moun k ap soti nan bouch fi ki deregle a oubyen etranje a, yon moun ki imoral.
Jèn gason an rankontre ‘fi ki mètdam anpil la’
Annapre wa Izrayèl la dekri yon sèn li te wè ak de je l, li te di: “Pandan m te nan fenèt lakay mwen, Mwen t ap gade anba, nan fant fenèt la. E pandan m t ap gade moun ki pa konprann anyen yo, mwen te rive wè yon jèn gason pami yo ki pa gen bonsans. Li pase nan wout ki toupre kafou kote fi a rete a, li mache al nan direksyon kay fi a, solèy te gentan kouche, se te nan aswè, li t apral lannuit e li t apral fè nwa.” — Pwovèb 7:6-9.
Fenèt Salomon t ap gad ladan l lan te gen plizyè fant, sanble se yon travay atizanal ki fèt ak bwa yo byen travay e yo kwaze yo youn sou lòt. Kòm solèy te gentan ap kouche, lari a te kòmanse fènwa. Je l te tonbe sou yon jèn gason ki pa gen eksperyans menm. Li manke bon konprann e li pa gen bonsans. Petèt, jèn gason an konnen nan ki kalite katye li rantre a e ki sa k ka rive l nan zòn sa a. Jèn gason an vin toupre “kafou kote fi a rete a” ki sou wout ki mennen lakay fi a. Kiyès fi sa a ye menm? Ki entansyon l?
w00-F 15/11 31
“Obeyi kòmandman m yo, e w ap viv lontan”
“Tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa”
Men sa Salomon di: “Menm kote a, misye mache dèyè fi a tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa, tankou yon moun sòt y ap met nan chenn pou yo pini l, jiskaske yon flèch fann fwa l. Menm jan yon zwazo kouri al antre nan yon pèlen, misye pa konnen si sa ap lakòz li pèdi lavi l.” — Pwovèb 7:22, 23.
Jèn gason an pa t ka reziste devan envitasyon an. Li pèdi bonsans li e li suiv fi a “tankou yon towo bèf y ap mennen labatwa”. Menm jan ak yon moun ki pa ka epaye kondanasyon l se menm jan an tou jèn gason an pa ka reziste devan peche. Li pa wè danje a “jiskaske yon flèch fann fwa l”, sa vle di, jiskaske l blese opwen li ka menm rive mouri. Lanmò a gendwa fizik, nan sans li pran yon maladi ki lakòz li mouri. Blese l blese a gendwa bay sans lanmò espiriyèl tou, paske jan vèsè a di sa “sa ap lakòz li pèdi lavi l”. Tout lavi l afekte e se pa ti peche grav li fè devan Bondye. Li kouri suiv lanmò menm jan yon zwazo kouri al antre nan yon pèlen.
Pa “chankre al nan wout fi sa a”
Salomon, yon wa ki te saj, te aprann yon leson nan sa li te wè a, men ki ankourajman li bay: “Kounye a, pitit mwen yo, koute m. Pran san nou pou n koute pawòl m ap di yo. Pa kite kè nou fè n chankre al nan wout fi sa a. Pa vire al nan chemen l yo. Paske li deja lakòz anpil moun mouri, e se pa ni de ni twa moun li touye! Se nan Tonm kay li mennen, e se anba, kote mò yo ye a, kay li prale.” — Pwovèb 7:24-27.
Sa klè, Salomon fè konnen ‘pou n ka kontinye viv’, nou pa dwe kite taktik moun ki imoral yo ap itilize yo pran nou nan pyèj paske sa ka lakòz nou mouri (Pwovèb 7:2). Konsèy sa a vrèman byen tonbe pou epòk nou an! Se sèten nou bezwen evite kote ki gen moun k ap ret tann pou yo pran moun nan pyèj. Poukisa pou n ta kite taktik y ap itilize yo pran n nan pyèj paske n al pot tèt nou ale ba yo? Franchman, poukisa pou se ou menm ki ta vin pase pou yon moun ki pa “gen bonsans” epi ki chankre al sou wout “fi ki imoral la”?
“Fi ki deregle” wa a te wè a te envite jèn gason an pou yo ‘pran plezi yo nan fè lanmou’. Èske yo pa chèche pwofite anpil jèn konsa, sitou fi yo? Men, fè yon ti reflechi: Lè yon moun ap eseye pouse w fè sèks avè l, èske se renmen li renmen w vre oswa se tèt li li jis vle satisfè? Si yon gason renmen yon fi toutbon, poukisa pou l ta ap fè presyon sou fi a pou fi a pase fòmasyon li resevwa antanke kretyèn nan anba pye epi sal konsyans li? Wa Salomon ankouraje w pou w pa ‘kite kè w fè w chankre’ al nan wout konsa.
An jeneral, gason ak fi ki gen abitid sedui moun toujou gen bouch dous e yo toujou byen kalkile tout kou y ap fè. Sepandan, n ap rive idantifye taktik sa yo lè nou toujou kite sajès ak bon konprann gide nou nan tout sa n ap fè. Nou dwe toujou sonje tout sa Jewova mande nou fè se pou pwoteksyon nou. Se sa k fè, ann toujou fè efò pou n ‘fè volonte Bondye’ pou n ka viv pou toutan. — 1 Jan 2:17.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w01-F 15/5 29-30
‘Sajès ap fè n viv anpil jou’
Kretyen yo dwe mete yo toupiti pou yo aksepte byenfè disiplin pote. Sa valab pi plis toujou pou jèn yo ak moun ki fèk ap aprann konnen Jewova. Etandone yo manke eksperyans, yo gendwa “pa gen bonsans”. Sa pa vle di tout rezon ki pouse yo aji yo mal pou sa, men, sa mande tan ak efò pou yon moun vin gen yon kè ki fè Jewova Dye plezi toutbon. Sa mande pou yo fè panse yo, sa yo anvi, santiman yo ak objektif yo vin ann amoni ak sa ki fè Bondye plezi. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou yo “gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la”! — 1 Pyè 2:2.
An reyalite, èske se pa nou tout ki dwe ale pi lwen pase “doktrin de baz” nou te aprann yo? Se sèten nou bezwen vin gen yon anvi pou “bagay pwofon Bondye yo” epi manje gwo manje ki la pou moun ki gen matirite (Ebre 5:12–6:1; 1 Korentyen 2:10). “Esklav fidèl ki prevwayan an”, ki anba sipèvizyon Jezi Kris, fè anpil efò pou l ban nou manje espirityèl nan bon moman (Matye 24:45-47). Annou pran plezi manje sou tab sajès la lè n fè efò pou n byen etidye Pawòl Bondye a ansanm ak piblikasyon esklav la ap ban nou ki baze sou Bib la!
“Pinga w blame yon moun k ap pase moun nan rizib”
Ansèyman ki gen sajès la gen ladan l tou disiplin ak reprimann. Se pa tout moun ki renmen aspè sa a nan sajès la. Se sa k fè, premye pati liv Pwovèv la fini ak avètisman ki vin annapre a: “Moun ki korije yon moun k ap pase moun nan rizib ap rale lawont sou tèt li e moun ki blame yon moun ki mechan ap fè tèt li mal. Pinga w blame yon moun k ap pase moun nan rizib pou l pa rayi w.” — Pwovèb 9:7, 8a.
Lè yon moun ap eseye ede yon moun k ap pase moun nan rizib pou l fè chemen l yo dwat, moun sa a kenbe moun ki vle ede l la sou kè e li rayi l. Yon moun ki mechan pa vrèman apresye tout valè disiplin genyen. Li pa saj ditou pou n ap chèche anseye yon moun bèl verite ki nan Pawòl Bondye a, alòske moun nan rayi laverite oubyen li tou senpleman ap chèche pase verite sa a nan rizib! Lè apot Pòl t ap preche Antyòch, li te tonbe sou yon seri Juif ki pa t renmen laverite. Yo te eseye fè l antre nan yon diskisyon afòs yo t ap di move pawòl pou yo kontredi sa l te di, sepandan, Pòl te annik di yo: “Men, piske nou voye [Pawòl Bondye a] jete, e konsa nou montre nou pa merite resevwa lavi ki pap janm fini an, ebyen, nou menm nou pral preche moun ki nan nasyon yo.” — Travay 13:45, 46.
Nan efò n ap fè pou n rive pataje bon nouvèl Wayòm nan ak moun ki gen kè sensè yo, ann pran prekosyon pou n pa nan tonbe fè diskisyon ak moun k ap pase moun nan rizib. Men sa Kris Jezi te di disip li yo: “Lè n ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la. Si moun nan kay la byen akeyi nou, se pou lapè nou swete yo a vin sou yo. Men, si yo pa byen akeyi nou, se pou lapè nou an retounen vin jwenn nou. Kèlkeswa kote yo pa resevwa nou oswa yo pa koute pawòl nou, lè n ap kite kay sa a oswa vil sa a, souke pye nou pou n retire pousyè ladan l.” — Matye 10:12-14.
Lè yo disipline yon moun ki saj, fason l reyaji diferan nèt ak fason moun k ap moun nan rizib yo reyaji. Salomon te di: “Korije yon moun ki gen sajès, epi l ap renmen w. Enstwi yon moun ki gen sajès, e l ap vin gen plis sajès.” (Pwovèb 9:8b, 9a). Yon moun ki saj konnen “pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito. Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.” (Ebre 12:11). Se vre, yon konsèy gendwa fè n mal, men, èske n bezwen rann laparèy oswa defann tèt nou lè n konnen si aksepte l se saj l ap fè n vin pi saj?
Wa Salomon te ajoute: “Anseye yon moun ki dwat, e l ap vin gen plis konesans.” (Pwovèb 9:9b). Pa gen okenn moun ki ni twò saj ni twò granmoun pou l kontinye aprann. Se pa ti kontan nou kontan wè menm moun ki kòmanse granmoun aksepte laverite epi vwe lavi yo bay Jewova! Nou menm tou, ann fè tout sa n kapab pou n kenbe anvi n genyen pou n aprann nan epi kenbe lespri nou aktif.
“Lavi w ap long”
Salomon te montre sa k pi enpòtan nan sijè n ap pale de li a, lè l te fè konnen kalite ki pi enpòtan pou yon moun genyen si moun sa a vle gen sajès. Men sa l te ekri: “Yon moun kòmanse gen sajès lè l gen lakrentif pou Jewova. Konesans Sila a ki pi sen an bay la fè moun vin entèlijan.” (Pwovèb 9:10). Yon moun pap janm rive gen sajès Bondye bay la, si moun sa a pa gen bonjan lakrentif pou vrè Dye a. Yon moun kapab gen yon pil ak yon pakèt konesans, men, si l pa gen lakrentif pou Jewova, li pap janm rive sèvi ak konesans sa a pou l onore Kreyatè a. Li ka menm vin mal konprann yon seri bagay moun konnen, konsa, li vin pase pou moun sòt. Anplis de sa, li vrèman enpòtan pou yon moun konnen Jewova, Sila a ki pi sen an, pou moun sa a vin gen bon konprann, yon aspè ki enpòtan nan sajès.
Ki byenfè sajès fè moun jwenn (Pwovèb 8:12-21, 35)? Men sa wa Izrayèl la te di: “Paske, grasa mwen, w ap viv anpil tan e lavi w ap long.” (Pwovèb 9:11). Moun ki mache men nan men ak sajès ap jwenn anpil ane ak anpil jou. Vrèmanvre, ‘lè yon moun saj, sa ap pwoteje lavi l’. — Eklezyas 7:12.
Se chak moun ki gen responsablite pou yo fè efò pou yo vin gen sajès. Salomon te met aksan sou sa lè l te di: “Si w vin gen sajès, se pou ou l ap bon, Men, si w se yon moun k ap pase moun nan rizib, w ap peye sa poukont ou.” (Pwovèb 9:12). Lè yon moun saj se pou li sa bon, men moun k ap pase moun nan rizib responsab pwòp soufrans li. Pa gen manti nan sa, sa yon moun simen se sa l rekòlte. Kidonk, ann ‘koute lè sajès ap pale’. — Pwovèb 2:2.
“Fi ki sòt la renmen fè eskandal”
Salomon te montre diferans lan lè l te di annapre: “Fi ki sòt la renmen fè eskandal, li inyoran e li pa konn anyen ditou. Li chita sou yon chèz devan lakay li, nan zòn ki wo nan vil la. L ap rele moun k ap pase yo, moun k ap mache byen dwat sou wout yo, l ap di yo: ‘Kèlkeswa moun ki pa gen eksperyans lan, li mèt antre isit la.’” — Pwovèb 9:13-16a.
Yo prezante sa k sòt, sou fòm yon fi ki renmen fè eskandal, ki inyoran e ki pa gen prensip. Fi sa a te konstwi yon kay tou, e travay li se rele kèlkeswa moun ki pa gen eksperyans lan. Kidonk moun k ap pase a gen yon chwa. Èske l ap aksepte envitasyon moun ki gen sajès la oswa envitasyon moun ki sòt la?
“Dlo moun vòlè bon anpil”
Ni sajès, ni sa k sòt envite moun k ap koute pou yo vire “antre”. Sepandan, se de envitasyon diferan. Sajès envite moun vin nan yon festen kote ki gen diven, vyann ak pen. Sa k sòt la li menm fè yon envitasyon ki sanble ak envitasyon fi ki deregle a. Men sa Salomon di: “Li di moun ki pa gen bonsans yo: “Dlo moun vòlè bon anpil, e manje moun manje an kachèt gen bon gou” — Pwovèb 9:16b, 17.
17-23 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 12-16
“Sajès pi bon pase lò”
w07-F 15/7 8
“Sajès se yon pwoteksyon”
“LI Pi bon lontan pou yon moun gen sajès olye l gen lò, pou yon moun chwazi entèlijans olye l chwazi ajan.” (Pwovèb 16:16). Ki sa k fè sajès gen tout valè sa a? Rezon an se paske: “Sajès se yon pwoteksyon, menm jan lajan se yon pwoteksyon. Epi, men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l.” (Eklezyas 7:12). Donk, nan ki sans sajès pwoteje lavi moun ki genyen l?
Lè nou vin gen sajès Bondye bay la, anpalan de konesans egzak ki nan Labib, Pawòl Bondye a, e nou viv ann amoni ak sa nou aprann yo, sa ede nou mache fason ki fè Jewova plezi a (Pwovèb 2:10-12). Men sa Salomon, yon wa ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan te fè konnen: “Moun ki dwat la evite chemen ki mennen nan sa ki mal. Moun ki veye sou sa l ap fè ap pwoteje lavi li.” (Pwovèb 16:17). Vrèmanvre, lè yon moun gen sajès sa ede l pou l pa fè sa ki mal e sa pwoteje lavi l. Pawòl ki saj e ki tou kout nou jwenn nan Pwovèb 16:16-33 a montre bon efè sajès Bondye bay la kapab genyen sou etadespri nou, sou pawòl nou ak sou aksyon nou.
“Li pi bon pou yon moun mete l tou piti”
Nan Pwovèb 8:13, nan yon sans, yo montre sajès k ap pale e k ap di: “Mwen rayi moun ki grandizè, moun ki gen ògèy.” (Pwovèb 8:13). Ògèy pa gen anyen pou l wè ak sajès. Nou dwe aji avèk sajès e nou dwe veye pou n pa vin moun ki awogan, ki twò kwè nan tèt nou. Sa sitou enpòtan lè nou reyisi nan kèk domèn nan lavi a oswa lè nou vin gen anpil responsablite nan kongregasyon an.
“Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” Nou jwenn avètisman sa a nan Pwovèb 16:18. Ann fè yon ti pale sou pi gwo echèk ki te fèt nan linivè. Nou vle pale konsènan yon pitit gason Bondye ki te devye byenke li te pafè, e se konsa li te vin fè tèt li tounen Satan Ledyab (Jenèz 3:1-5; Revelasyon 12:9). Èske Satan pa t montre li gen ògèy lakay li anvan menm li te tonbe? Bib la ban nou repons lan lè l di pou yo pa mete yon moun ki fèk konvèti kòm siveyan nan kongregasyon kretyen an “pou l pa vin gonfle ak ògèy, e pou l pa tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la”. (1 Timote 3:1, 2, 6.) Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n fè atansyon pou n pa fè moun vin gen ògèy lakay yo, e pou n pa kite nou vin gen ògèy lakay nou tikras pa tikras!
w07-F 15/7 8-9
“Sajès se yon pwoteksyon”
“LI Pi bon lontan pou yon moun gen sajès olye l gen lò, pou yon moun chwazi entèlijans olye l chwazi ajan.” (Pwovèb 16:16). Ki sa k fè sajès gen tout valè sa a? Rezon an se paske: “Sajès se yon pwoteksyon, menm jan lajan se yon pwoteksyon. Epi, men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l.” (Eklezyas 7:12). Donk, nan ki sans sajès pwoteje lavi moun ki genyen l?
Lè nou vin gen sajès Bondye bay la, anpalan de konesans egzak ki nan Labib, Pawòl Bondye a, e nou viv ann amoni ak sa nou aprann yo, sa ede nou mache fason ki fè Jewova plezi a (Pwovèb 2:10-12). Men sa Salomon, yon wa ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan te fè konnen: “Moun ki dwat la evite chemen ki mennen nan sa ki mal. Moun ki veye sou sa l ap fè ap pwoteje lavi li.” (Pwovèb 16:17). Vrèmanvre, lè yon moun gen sajès sa ede l pou l pa fè sa ki mal e sa pwoteje lavi l. Pawòl ki saj e ki tout kout nou jwenn nan Pwovèb 16:16-33 a montre bon efè sajès Bondye bay la kapab genyen sou etadespri nou, sou pawòl nou ak sou aksyon nou.
“Li pi bon pou yon moun mete l tou piti”
Nan Pwovèb 8:13, nan yon sans, yo montre sajès k ap pale e k ap di: “Mwen rayi moun ki grandizè, moun ki gen ògèy.” (Pwovèb 8:13). Ògèy pa gen anyen pou l wè ak sajès. Nou dwe aji avèk sajès e nou dwe veye pou n pa vin moun ki awogan, ki twò kwè nan tèt nou. Sa sitou enpòtan lè nou reyisi nan kèk domèn nan lavi a oswa lè nou vin gen anpil responsablite nan kongregasyon an.
“Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” Nou jwenn avètisman sa a nan Pwovèb 16:18. Ann fè yon ti pale sou pi gwo echèk ki te fèt nan linivè. Nou vle pale konsènan yon pitit gason Bondye ki te devye byenke li te pafè, e se konsa li te vin fè tèt li tounen Satan Ledyab (Jenèz 3:1-5; Revelasyon 12:9). Èske Satan pa t montre li gen ògèy lakay li anvan menm li te tonbe? Bib la ban nou repons lan lè l di pou yo pa mete yon moun ki fèk konvèti kòm siveyan nan kongregasyon kretyen an “pou l pa vin gonfle ak ògèy, e pou l pa tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la”. (1 Timote 3:1, 2, 6.) Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n fè atansyon pou n pa fè moun vin gen ògèy lakay yo, e pou n pa kite nou vin gen ògèy lakay nou tikras pa tikras!
“Li pi bon pou yon moun mete l tou piti pami moun ki gen imilite yo olye pou l resevwa yon pati nan sa moun ki gen ògèy yo sot pran.” (Pwovèb 16:19). Bon konsèy sa a verifye nan ka wa Nebikadneza ki t ap dirije vin Babilòn tan lontan an. Ògèy li te gen lakay li te fè l bati yon estati ki te mezire 27 mèt wotè nan plèn ki te rele Doura a ki te petèt reprezante misye. Li posib pou l te fè mete estati a sou yon poto men wotè pou l te ka rive wotè sa a (Dànyèl 3:1). Kokenchenn moniman sa a te sèvi kòm yon senbòl ki montre ja anpi Nebikadneza a te pisan. Yon seri konstriksyon ki enpozan e ki enpresyonan tankou estati, poto ak tèt batiman ki men wotè ak gwo bilding gendwa enpresyone lèzòm men sa pa bringding Jewova menm. Gen yon moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo ki te mete di nan yon chante: “Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo, men li rete byen lwen moun ki ògeye yo.” (Sòm 138:6). An reyalite, “bagay ki gen anpil valè nan je lèzòm yo se bagay ki repiyan nan je Bondye”. (Lik 16:15.) Li pi bon pou nou pou n “kite imilite dirije nou” pase pou n “kite ògèy plen tèt nou”. — Women 12:16.
‘Pale ak bon konprann e ak konviksyon’
Nan ki sans lè yon moun vin gen sajès sa gen efè sou fason l pale? The wise king tells us: “Moun ki montre li gen bon konprann nan ap reyisi nan sa l ap fè, e yon moun ki fè Jewova konfyans ap gen kè kontan. Y ap di moun ki gen sajès la li gen bon konprann, e moun ki gen bouch dous la kapab konvenk moun. Bon konprann se yon sous ki bay moun ki genyen l yo lavi, men, se bagay moun sòt yo fè ki korije yo tou sèvi yo disiplin. Kè moun ki gen sajès la fè l veye sa k ap sot nan bouch li e li fè l pale yon fason pou l konvenk moun.” — Pwovèb 16:20-23.
Sajès ede nou pale yon fason ki montre nou gen bon konprann e li ede nou fè sa ak konviksyon tou. Ki sa k fè sa? Se paske lè yon moun gen sajès, li fè efò pou l jwenn “find good sa ki bon” nan yon sitiyasyon epitou li “fè Jewova konfyans”. L ap pi fasil pou n pale an byen de yon moun si n fè fè efò pou n wè sa ki bon lakay yo. Olye pou pawòl n ap di yo ta di oswa agresif y ap dous tankou siwo myèl e y ap konvenkan. Bon konprann ede nou rive jis nan ki pwen lòt moun gendwa ap soufri ak tout efò y ap fè pou yo rive fè fas ak sitiyasyon difisil sa yo.
Li enpòtan tou pou n kite sajès gide pawòl k ap sot nan bouch nou lè n ap patisipe nan travay predikasyon an ak travay fè disip la. Lè n ap pataje Pawòl Bondye a ak lòt moun, objektif nou se pa annik li yon vèsè nan Ekriti yo ansanm avèk yo. Objektif nou se rive touche kè chak grenn moun. Kidonk, sa mande pou n pale ak konviksyon. Apot Pòl te ankouraje konpayon travay li Timote pou l rete nan sa l te aprann yo, nan sa yo te ‘konvenk li pou l kwè yo’. — 2 Timote 3:14, 15.
w07-F 15/7 9-10
“Sajès se yon pwoteksyon”
“Li pi bon pou yon moun mete l tou piti pami moun ki gen imilite yo olye pou l resevwa yon pati nan sa moun ki gen ògèy yo sot pran.” (Pwovèb 16:19). Bon konsèy sa a verifye nan ka wa Nebikadneza ki t ap dirije vil Babilòn tan lontan an. Ògèy li te gen lakay li te fè l bati yon estati ki te mezire 27 mèt wotè nan plèn ki te rele Doura a, e petèt estati sa a te reprezante misye. Li posib pou l te fè mete estati a sou yon poto men wotè pou l te ka rive wotè sa a (Dànyèl 3:1). Kokenchenn moniman sa a te sèvi kòm yon senbòl ki montre jan anpi Nebikadneza a te pisan. Yon seri konstriksyon ki enpozan e ki enpresyonan tankou estati, poto ak tèt batiman ki men wotè ak gwo bilding gendwa enpresyone lèzòm men sa pa bringding Jewova. Gen yon moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo ki te di nan yon chante: “Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo, men li rete byen lwen moun ki ògeye yo.” (Sòm 138:6). An reyalite, “bagay ki gen anpil valè nan je lèzòm yo se bagay ki repiyan nan je Bondye”. (Lik 16:15.) Li pi bon pou nou pou n “kite imilite dirije nou” pase pou n “kite ògèy plen tèt nou”. — Women 12:16.
‘Pale ak bon konprann e ak konviksyon’
Nan ki sans lè yon moun vin gen sajès sa gen efè sou fason l pale? Men sa yon wa ki saj di: “Moun ki montre li gen bon konprann nan ap reyisi nan sa l ap fè, e yon moun ki fè Jewova konfyans ap gen kè kontan. Y ap di moun ki gen sajès la li gen bon konprann, e moun ki gen bouch dous la kapab konvenk moun. Bon konprann se yon sous ki bay moun ki genyen l yo lavi, men, se bagay moun sòt yo fè ki korije yo tou sèvi yo disiplin. Kè moun ki gen sajès la fè l veye sa k ap sot nan bouch li e li fè l pale yon fason pou l konvenk moun.” — Pwovèb 16:20-23.
Sajès ede nou pale yon fason ki montre nou gen bon konprann e li ede nou fè sa ak konviksyon tou. Ki sa k fè sa? Se paske lè yon moun gen sajès, li fè efò pou l “reyisi” nan sa l ap fè epitou li “fè Jewova konfyans”. L ap pi fasil pou n pale an byen de yon moun si n fè fè efò pou n wè sa ki bon lakay li. Olye pou pawòl n ap di yo ta di oswa agresif, y ap dous tankou siwo myèl e y ap konvenkan. Bon konprann ede nou rive byen konprann nan ki sitiyasyon difisil yon moun ye ak efò l ap fè pou l rive fè fas avè l.
Li enpòtan tou pou n kite sajès gide pawòl k ap sot nan bouch nou lè n ap patisipe nan travay predikasyon an ak travay fè disip la. Lè n ap pataje Pawòl Bondye a ak lòt moun, objektif nou se pa annik li yon vèsè nan Ekriti yo ansanm avèk yo. Objektif nou se rive touche kè chak grenn moun. Kidonk, sa mande pou n pale ak konviksyon. Apot Pòl te ankouraje Timote, konpayon travay li, pou l rete nan sa l te aprann yo, nan sa yo te ‘konvenk li pou l kwè yo’. — 2 Timote 3:14, 15.
Mo grèk lè yo tradui l yo mete “konvenk” pou li a gen sans “pouse lespri yon moun pran yon lòt direksyon grasa rezònman w fè avè l oubyen lòt konsiderasyon w pran nan domèn moral”. (Expository Dictionary of New Testament Words, by W. E. Vine.) Sa mande pou n konprann sa moun n ap pale avè l la panse, sa k enterese l, sitiyasyon l ak fason l te leve pou n ka jwenn bonjan agiman ki ka konvenk li pou l chanje fason l abitye panse. Ki sa k ka ede n vin gen kalite bon konprann sa a? Disip Jak te bay repons lan lè l te di: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale.” (Jak 1:19). Lè n byen pran san n pou n koute sa moun n ap pale avè l la ap di, n ap rive konnen sa k nan kè l.
Kapasite apot Pòl te genyen pou l konvenk moun nan te vrèman estrawòdinè (Travay 18:4)! Menm Demetriyis, youn nan moun ki te kont li yo e ki te yon òfèv, te rekonèt: “Se pa nan vil Efèz sèlman nonm yo rele Pòl la konvenk yon pakèt moun pou l fè yo vin gen yon lòt opinyon, men se prèske nan tout tèritwa Azi a li fè sa. Li di imaj lèzòm fè ak men yo se pa dye yo ye vre.” (Travay 19:26). Èske Pòl te panse se ak pwòp kapasite pa l li te rive efikas konsa nan travay predikasyon an? Li pa t janm panse sa. Li te konsidere travay li t ap fè a kòm yon ‘demonstrasyon pisans lespri Bondye’. (1 Korentyen 2:4, 5.) Nou menm tou lespri sen Jewova ap ede nou. Etandone nou gen konfyans nan Jewova, nou gen konviksyon l ap ede n pandan n ap fè tout sa n kapab pou n pale ak bon konprann e ak konviksyon nan travay predikasyon an.
Se ak rezon yo pale de moun “ki gen sajès la” kòm yon moun ki gen “lespri”! (Pwovèb 16:21, Bib la.) Vrèmanvre, bon konprann se “yon sous ki bay lavi” pou tout moun ki genyen l. Men, e moun ki sòt yo yo menm? Yo ‘pa bay sajès ak disiplin valè’. (Pwovèb 1:7.) Ki sa yo rekòlte lefètke yo pa bay disiplin Jewova valè? Jan nou te wè sa pi wo a, Salomon te di: “Se bagay moun sòt yo fè ki tou sèvi yo disiplin.” (Pwovèb 16:22). Yo vin jwenn plis disiplin, e souvan disiplin sa a konn pi di toujou. Moun ki sòt la gendwa vin gen plis eprèv tou, li atire lawont sou tèt li, maladi e li gendwa menm mouri sanzatann.
Men sa wa Izrayèl la te di pou l te mete plis aksan toujou sou byenfè sajès genyen sou sa n ap di: “Bon pawòl tankou siwo myèl, yo dous pou nanm nan e yo se yon remèd pou zo.” (Pwovèb 16:24). Menm jan siwo myèl dous e li rebay yon moun ki grangou fòs byen vit, se menm jan an tou bon pawòl moun di ankourajan e yo rebay fòs. Siwo myèl bon pou kò nou e li kapab geri yon seri maladi tou. Menm jan an tou, bon pawòl geri moun nan domèn espirityèl. — Pwovèb 24:13, 14.
Atansyon ak “yon wout ki parèt dwat”
Salomon te di: “Gen yon wout ki parèt dwat devan yon moun, men, alafen, se nan lanmò li mennen.” (Pwovèb 16:25). Se yon avètisman kont move rezònman ak aji yon fason ki depaman ak lwa Bondye yo. Yon moun gendwa panse chemen l ap pran an se pi bon chemen an, men an reyalite, chemen sa a gendwa vrèman kont prensip ki jis nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Anplis de sa, Satan gendwa ap fè pwopagann pou montre se yon bon bagay sa ye lè yon moun pran yon direksyon ki parèt dwat nan je moun nan, alòske an reyalite, se nan lanmò desizyon sa a ap mennen moun nan.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
g-F 11/13 16
Èske w “toujou ap fete”?
“Pa gen yon jou ki bon pou yon moun ki nan lapenn, men, yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete.” — Pwovèb 15:15.
KI SA pawòl sa yo vle di? Yo fè referans ak eta sante mantal ak afektif yon moun. “Moun ki nan lapenn” nan ret ap reflechi sou bagay ki negatif, sa ki fè “pa gen yon jou ki bon pou li”, li toujou dekouraje. Sepandan, “moun ki gen kè kontan” an bò kote pa l eseye konsantre l sou bagyay ki pozitif, sa ki ankouraje l gen lajwa nan kè l, e ki vin fè li “toujou ap fete”.
Nou tout nou gen pwoblèm ki anpeche kè n kontan jan l ta dwe kontan an. Aktousa, nou ka anmezi pou n fè yon seri bagay k ap ede n pou n pa pèdi jwa n lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil. Ann wè sa Bib la di.
• Pa kite enkyetid ou genyen pou jan demen ap ye fè w dekouraje. Men sa Jezi Kris te di: “Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.” — Matye 6:34, Bib la.
• Fè efò pou w konsantre w sou bon bagay ki te rive w. Anfèt, lè w santi w dekouraje, li t ap bon pou w fè yon lis tout bon bagay sa yo epi reflechi sou yo. Yon lòt bagay, pa ret ap panse ak erè w te fè oswa ak yon move bagay ou te fè. Aprann nan yo epi kontinye avanse. Se pou w tankou yon moun k ap kondui ki fè yon koudèy nan retwovizè l, men, ki pa ret ap gade sa l wè nan retwovizè a. Epitou, toujou sonje “[Bondye] padone moun toutbon”. — Sòm 130:4.
• Lè enkyetid anvayi w, pale ak yon moun ki ka remonte moral ou, di l sa w santi toutbon. Pwovèb 12:25 fè konnen “tètchaje” yon moun genyen fè kè l vin “lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan”. Nou gendwa tande “bèl ti pawòl” sa yo nan bouch yon moun nan fanmi nou oswa yon zanmi nou fè konfyans ki pap ni pase n nan rizib e ki pa negatif, men pito ki “demontre lanmou toutan”. — Pwovèb 17:17.
Konsèy ki nan Bib la saj e yo ede anpil moun vin gen plis kè kontan nan lavi a, menm lè moun sa yo ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil anpil. Nou espere konsèy sa yo ap ede n tou.
w07-F 15/5 18-19
“Plan w yo ap mache”
Lè nou twò renmen tèt nou, sa gendwa fè n ap jistifye erè n fè, nou gendwa ap kache defo nou gen nan pèsonalite n epi menm fèmen je sou sa nou fè ki pa bon. Sepandan, moun pa ka twonpe Jewova. Li gen kapasite pou l konnen sa k nan lespri moun. Espri yon moun se tandans k ap domine panse moun nan e sa gen rapò ak kè l. Anfèt, pou tandans sa a rive devlope, li depann de ki sa kè senbolik la ap fè kit sa gen rapò ak panse nou, santiman nou ak rezon ki pouse nou aji. Lespri a se sa Sila a ki “wè sa k nan kè” a egzamine a, e lè l ap jije li pa nan moun pa. N ap montre nou saj lè n pwoteje lespri nou.
“Lage tout sa w ap fè nan men Jewova”
Lè yon moun ap planifye sa mande pou l reflechi e lè moun nan ap reflechi kè l enplike tou. An jeneral, refleksyon mennen aksyon. Èske efò n fè nan sans sa yo ap reyisi? Men sa Salomon di: “Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache.” (Pwovèb 16:3). Lage tout sa n fè nan men Jewova vle di fè l konfyans, lage nou nan men l epi konte sou li. Nan yon sans, se retire chay la sou zepòl nou pou n mete l sou pa l. Men sa yon salmis te ekri nan yon chante: “Kite Jewova dirije wout ou. Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w.” — Sòm 37:5.
Sepandan, si nou vle plan nou yo byen solid, yo dwe ann amoni ak Pawòl Bondye a e se bonjan mobil ki pou pouse nou fè plan sa yo. Anplis de sa, nou bezwen priye Jewova pou l ede n toutpandan nou konnen nou fè tout sa n kapab pou n suiv konsèy ki nan Bib la. Li sitou enpòtan pou n ‘met konfyans nou nan’ li lè n ap fè fas ak pwoblèm e lè nou nan eprèv paske ‘l ap ede n’. Pa gen dout nan sa, “li pap janm kite moun ki jis la tonbe”. — Sòm 55:22.
“Jewova fè tout bagay mache pou l reyalize objektif li”
Ki lòt bagay ankò n ap jwenn lè n kite Jewova dirije wout nou? Men sa yon wa ki te saj te di: “Jewova fè tout bagay mache pou l reyalize objektif li.” (Pwovèb 16:4a). Sila a ki kreye linivè a se yon Bondye ki gen objektif. Lè n kite Jewova dirije wout nou lavi n vin gen sans e nou vin gen anpil bagay pou n fè ki bay satisfaksyon. Nou pa santi lavi n vid oswa li pa vo anyen. E objektif Jewova gen pou lèzòm ak pou tè a ap la pou toutan (Efezyen 3:11). Jewova te fè tè a nan objektif “pou moun rete sou li”. (Ezayi 45:18.) Anplis de sa, objektif li te genyen pou lèzòm okòmansman an ap reyalize kanmenm (Jenèz 1:28). Moun ki chwazi viv yon fason ki montre yo renmen vrè Dye a pral viv pou toutan e lavi yo ap gen sans pou toutan tou.
Jewova “menm rezève mechan yo pou jou malè”. (Pwovèb 16:4b.) Se pa Jewova ki ki kreye mechan yo paske tout sa Jewova “fè bon nèt”. (Detewonòm 32:4.) Sepandan, li pèmèt yo egziste epi kontinye viv jiskaske l twouve sa nesesè pou l jije yo. Pa egzanp, gade sa Jewova te di Farawon Ejip la: “Men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a.” (Egzòd 9:16). Jewova te lage dis flewo sou peyi Ejip e li te touye Farawon an ak tout lame l la nan Lanmè Wouj. Vrèmanvre, evènman sa yo te fè tout moun sonje Bondye gen yon pisans ki pa gen parèy.
Jewova ka sèvi ak moun ki mechan pou l reyalize objektif li san yo pa menm konnen. Men sa yon salmis te di: “Lè lèzòm an kòlè, sa sèvi pou ba w louwanj. Ou ka menm sèvi ak dènye aksyon yo fè pandan yo an kòlè a pou w bay tèt ou glwa.” (Sòm 76:10). Se vre, Jewova gendwa pèmèt ènmi l yo an kòlè kont sèvitè l yo. Men, li pèmèt sa rive nan objektif pou l ka bay pèp li a disiplin e konsa yo tou jwenn fòmasyon. Lè sa twòp pou yo, Bondye met bouch nan koze a.
Se vre Jewova ede sèvitè l yo ki gen imilite, men ki sa l fè ak moun ki gen ògèy e ki awogan yo? Men sa yon wa ann Izrayèl fè konnen: “Moun ki gen ògèy nan kè yo bay Jewova degoutans. Nou mèt sèten moun sa yo ap jwenn pinisyon.” (Pwovèb 16:5). Moun “ki gen ògèy nan kè” yo a gendwa met tèt yo ansanm, men, wè pa wè y ap jwenn pinisyon. Se sa k fè, n ap montre n saj pou n fè efò pou n aji ak imilite kèlkeswa konesans nou genyen, kapasite nou oswa privilèj nou.
Nan “Lakrentif pou Jewova”
Piske nou fèt nan peche, nou gen tandans fè erè (Women 3:23; 5:12). Ki sa ki kapab ede n pou n pa pran yon seri desizyon k ap fè n fè sa ki mal? Men sa nou li nan Pwovèb 16:6: “Lanmou ak fidelite yon moun fè l jwenn padon pou peche l, e lakrentif pou Jewova fè yon moun vire do bay sa ki mal.” Lanmou Jewova genyen ansanm ak fidelite l fè l padone peche nou, sepandan, se lakrentif nou gen pou Jewova k ap ede nou pou n pa peche. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nonsèlman nou chèche gen lanmou pou Bondye ak rekonesans anvè l pou lanmou fidèl li genyen an, men tou, pou n chèche gen lakrentif pou li paske nou vle fè l plezi!
N ap rive gen lakrentif pou Bondye nan kè n, lè nou vin gwo respè pou pisans estrawòdinè li genyen an. Fè yon ti reflechi sou jan pisans li parèt aklè nan kreyasyon an. Lè li te sèvi ak sa l kreye pou l fè Jòb sonje pisans li, sa te ede Jòb chanje fason l te panse anvan sa (Jòb 42:1-6). Lè nou li Bib la e nou aprann fason Bondye te konn trete pèp li a, epi nou medite sou sa, èske sa pa gen menm efè a sou nou tou? Men sa yon salmis te ekri nan yon chante: “Vin wè travay Bondye fè yo. Sa li fè pou lèzòm yo se bagay ki estrawòdinè.” (Sòm 66:5). Nou pa dwe konsidere lanmou fidèl Jewova genyen an kòm yon bagay li dwe nou. Lè pèp Izrayèl la te ‘fè rebèl e yo te fè lespri sen Bondye lapenn, Jewova te vin tounen ènmi yo e li te fè lagè ak yo’. (Ezayi 63:10.) Sepandan, “lè Jewova pran plezi nan fason yon moun aji, li fè menm ènmi moun sa a viv anpè ak moun nan”. (Pwovèb 16:7.) Vrèmanvre, lè yon moun gen lakrentif pou Jewova se yon pwoteksyon sa ye pou li!
“Pito yon moun pa gen anpil bagay, men li fè sa ki dwat, tan pou l vin gen anpil byen nan move kondisyon.” (Pwovèb 16:8). Men sa nou li nan Pwovèb 15:16: “Pito yon moun pa gen anpil bagay e li gen lakrentif pou Jewova olye l gen anpil richès ansanm ak tètchaje.” Nou bezwen gen gwo respè pou Bondye paske sa vrèman enpòtan pou nou kontinye nan bon direksyon an.
“Yon moun ka reflechi nan kè l sou sa l pral fè”
Bondye te kreye lèzòm ak libète pou yo chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal (Detewonòm 30:19, 20). Kè senbolik nou an gen kapasite pou l konsidere plizyè posiblite epi chwazi youn oswa plizyè nan posiblite sa yo. Men sa wa Salomon te di pou l montre nou gen responsablite pou nou chwazi: “Yon moun ka reflechi nan kè l sou sa l pral fè.” Men, yonfwa l fin fè sa,“se Jewova k ap montre l kote pou l met pye l”. (Pwovèb 16:9.) Etandone Jewova kapab montre n kote pou n met pye n, lè nou mande l pou l ede n pou ‘plan nou yo ka byen chita’ sa montre nou se moun ki saj.
31 OKTÒB–6 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | PWOVÈB 22-26
“Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache”
w08-F 1/4 16
Leve timoun nan yon monn kote moun yo fè sa yo vle
Dirije flèch la
Remake nan Sòm 127:4, 5, yo konpare paran yo ak yon “yon gason vanyan”. Èske sa vle di se papa yo sèlman ki ka byen pran swen pitit yo? Non, sa pa vle di sa. Anfèt, ni papa ni manman ka aplike prensip nou jwenn nan egzanp sa a (Pwovèb 1:8). Ekpresyon “gason vanyan” an fè nou panse ak tout efò sa te mande pou yo fè yon flèch atenn sib li. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, pafwa, yo te konn met kuiv sou banza yo e yo konn di yon sòlda te “konn met pye sou banza”, petèt yo kore banza a ak pye yo pou yo te ka byen detire l (Jeremi 50:14, 29, nòt). Vrèmanvre, yon moun te bezwen gen anpil fòs ak kouraj pou l tire kòd banza a ki te rèd anpil pou l rive fè flèch yo atenn sib yo!
Menm jan an tou, sa mande anpil ak yon pakèt efò pou yon paran leve timoun. Menm jan yon flèch pa ka al nan sib li poukont li se menm jan an tou timoun yo pa ka annik fè edikasyon tèt yo poukont yo. Jodi a, sa tris pou n wè jan gen anpil paran ki pa dispoze fè tout efò sa mande nan sans sa a. Yo prefere fè sa k pi fasil pou yo a. Yo kite se televizyon, lèkòl ak kamarad lekòl pitit yo k ap montre pitit yo sa ki byen ak sa ki mal, k ap montre yo bagay sou zafè moral ak relasyon seksyèl. Yo bay timoun yo tout sa yo mande. E lè yo pa gen ase kouraj pou yo di timoun nan non, yo annik di l wi, e byen souvan y ap defann tèt yo kòmkwa se paske yo pa vle fè timoun nan mal ki fè yo aji konsa. An reyalite, lè yo kite timoun nan fè sa l vle, se sa k pral fè timoun nan soufri toutbon, e pandan tout vi l.
Vrèmanvre, sa mande anpil travay pou leve yon timoun. Se vre, sa mande paran yo anpil ak yon pakèt efò pou yo rive fè travay sa a ak tout kè yo toupandan y ap suiv direksyon Bondye bay ann amoni ak Pawòl li a, men sa vo lapenn paske rezilta yo montre sa. Men sa yon jounal fè konnen: “Gen plizyè etid [...] ki remake timoun ki grandi nan yon fanmi kote paran yo renmen yo men paran sa yo fèm ak yo, yo la pou yo men yo pa negosye limit yo fikse, timoun sa yo travay byen anpil lekòl, yo renmen pale ak moun, yo gen konfyans nan tèt yo e an jeneral, kè yo pi kontan pase timoun ki leve ak paran ki sitirè oswa ki twò di.” — Parents.
Gen yon rekonpans ki menm pi gwo toujou. Anvan sa, nou te pale de premye pati Pwovèb 22:6 la. Li di: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache.” Apre sa, Salomon te ajoute pawòl ki vin annapre yo ki bay rekonfò. Li te di: “Menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” Èske Pawòl sa yo Bondye te enspire bay garanti sa ap toujou mache? Li posib pou sa pa toujou mache. Pitit ou lib pou l chwazi, e toutpandan l ap grandi l ap sèvi ak libète sa a. Sepandan, vèsè sa a bay paran yo yon bèl asirans. Ki asirans sa a?
Si w aplike konsèy ki nan Bib la pandan w ap leve pitit ou, se pi bon fason w ap prepare w pou w jwenn bon rezilta. Pandan pitit ou ap grandi, w ap wè jan kè l ap kontan, jan l ap gen satisfaksyon nan lavi l epi l ap vin yon moun ki pran responsablite l oserye (Pwovèb 23:24). Kidonk, pa neglije prepare “flèch” sa yo ki gen anpil valè, pa neglije fè tout sa n kapab pou n ba yo direksyon. Nou pap janm regrèt sa.
w07-F 1/6 31
KESYON LEKTÈ YO POZE
Èske pawòl nou jwenn nan Pwovèb 22:6 yo bay garanti pitit yon kretyen ap toujou kontinye mache nan wout Jewova a depi l jwenn bon fòmasyon?
Men sa vèsè a di: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” Lè yon branch bwa kwochi li gen efè sou tout pyebwa a, se menm jan an tou, lè yo byen leve yon timoun gen plis chans pou l kontinye sèvi Jewova lè l vin gran. Tout paran konnen, sa mande anpil tan ak efò pou yo reyisi fòmasyon sa a. Si paran yo vle pitit yo vin sèvi Jewova, yo dwe byen anseye pitit yo, reprimande yo, ankouraje yo epi ba yo disiplin toutpandan y ap ba yo bèl egzanp. Yo dwe fè sa regilyèman e avèk anpil lanmou pandan plizyè ane.
Sepandan, èske sa vle di depi yon timoun sispann sèvi Jewova se fason paran l te leve l la ki pa t bon? Sa konn rive pafwa paran yo pa t fè ase efò pou yo te leve pitit yo nan disiplin ak nan avètisman Jewova bay (Efezyen 6:4). Yon lòt bò, pawòl nou jwenn nan Pwovèb 22:6 la pa yon garanti depi paran an te byen leve timoun nan, otomatikman timoun nan ap sèvi Bondye fidèlman. Paran yo pa ka bay timoun yo fòm yo swete pou timoun yo genyen an. Timoun kou granmoun fèt ak libète pou yo chwazi, donk, rive yon lè, timoun yo dwe chwazi ki wout yo vle suiv (Detewonòm 30:15, 16, 19). Gen kèk timoun ki konn sispann sèvi Jewova malgre paran yo te fè tout efò yo te kapab, jan nou wè sa nan ka Salomon li menm ki te ekri vèsè n ap egzamine kounye a. Menm Jewova ki Jewova te gen pitit gason l ki te vire do ba li.
Kidonk, pawòl ki nan vèsè sa a pa vle di tout timoun “pap kite” wout la, men an jeneral, lè paran yo byen leve timoun nan li pap kite wout la. Èske se pa yon bèl ankourajman sa ye pou paran yo? Sa bay paran yo fòs pou yo konnen tout efò y ap fè pou yo ede pitit yo vin sèvi Jewova ap bay bon rezilta. Etandone wòl paran yo gen anpil enpòtans e yo gen gwo enfliyans sou timoun yo, paran yo jwenn ankourajman pou yo pran responsablite yo oserye. — Detewonòm 6:6, 7.
Menmsi sa ta rive yon timoun ta sispann sèvi Jewova, paran ki te pran san yo pou yo byen leve pitit yo kapab gen espwa yon jou timoun yo ap retounen nan bonsans yo. Verite ki nan Bib la gen anpil pisans e yon timoun pap annik rete konsa epi l bliye tout fòmasyon li te jwenn nan men paran l. — Sòm 19:7.
w97-F 15/10 32
Èske sa posib pou n ede pitit nou gen prensip moral lakay yo?
“JODI A n ap viv nan yon sosyete ki difisil anpil pou moun konprann, yon sosyete kote kilti yo ak pèp yo melanje anpil, kote k pa gen ni prensip ni moralite ki valab pou tout moun.” Se yon konsta Robert Glossop k ap travay nan yon òganizasyon ki nan Otawa, Kanada, te fè. Ki rezilta sa te bay? Men sa yon rapò ki te parèt nan yon jounal ki rele The Toronto Star te fè konnen: “Kantite adolesant ki ansent, jèn k ap fè vyolans ak adolesan k ap touye tèt yo pa sispann ogmante.”
Se pa Amerik dinò ki gen pwoblèm sa a sèlman. Gen yon direktè Sant pou devlopman moun, nan Inivèsite Brown (Brown University) nan Wodaylann, Ozetazini, ki te fè rechèch sou menm pwoblèm sa yo nan Grann Bretay ak lòt peyi ann Ewòp ankò, san wete Ostrali, Izrayèl ak Japon. Li te mete aksan pou jan legliz, lekòl ak anpil lòt enstitisyon ap echwe nan kesyon bay jèn yo direksyon. Selon mesye sa a, kilti nou “pèdi tout sa ki te kapab ede timoun yo vin gen konpetans epi fòme pèsonalite yo”. Li te fè referans ak kèk pwofesyonèl nan domèn edikasyon ki te fè konnen “disiplin pa bon pou sante yon timoun e pou byennèt li”. Men, Damon li menm te di disiplin “se yon resèt pou leve timoun ki pa vle obeyi, k ap chèche fè sa yo vle”.
Ki sa ki enpòtan pou jèn yo jodi a? Yo bezwen jwenn bonjan fòmasyon regilyèman k ap rive korije panse yo ak kè yo. Byen souvan, yon disiplin ki mache pou yon timoun gendwa pap mache pou yon lòt timoun. Men, lè se lanmou ki pouse yon moun disipline yon timoun, byen souvan ou gendwa rezone avè l pou disipline l. Se ak rezon Pwovèb 8:33 di pou nou “koute lè y ap ban nou disiplin”. Gen kèk lòt timoun yo menm sa pa sifi pou yo “korije [yo] ak pawòl”. Nan ka pa yo, yo ka bezwen ba yo pinisyon yon fason ki rezonab (Pwovèb 17:10; 23:13, 14; 29:19). Lè Bib la di sa, sa pa vle di pou yo bat yon timoun nan pwen pou kite mak sou kò l oswa blese l (Pwovèb 16:32). Okontrè, lè paran an ap korije timoun nan, timoun dwe konprann rezon ki fè y ap disipline l la e li dwe santi tou paran l fè sa paske l renmen l e li vle byen pou li. — Konpare ak Ebre 12:6, 11.
N ap jwenn bonjan konsèy sa yo ki soti nan Bib la nan liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an.
it-1-F 279 § 5
Baton, Bagèt
Otorite paran yo genyen an. An jeneral, yo pale de “baton” kòm yon bagay ki montre otorite paran yo genyen sou pitit yo. Liv Pwovèb la fè referans plizyè ak kalite senbòl sa a ki demontre otorite, e li pale de li kòm yon senbòl pou kèlkeswa disiplin y ap bay la san wete sans literal li genyen an lè l pale de baton disiplin. Bondye bay paran yo responsablite pou yo sèvi ak baton sa a pou yo ka gen kontwòl timoun yo. Si paran yo pa pran responsablite sa a oserye, sa ap pase mal pou timoun nan, li ka menm pèdi lavi l e li ka pèdi favè Bondye tou (Pw 10:1; 15:20; 17:25; 19:13). Men sa Labib fè konnen: “Bagay moun sòt mare byen di nan kè yon timoun, men, baton disiplin nan ap retire yo voye byen lwen l. Pinga w refize bay yon timoun disiplin. Si w ba l baton, li pap mouri. Ou dwe ba l baton, pou w delivre l pou l pa al nan Tonm nan.” (Pw 22:15; 23:13, 14). Anfèt, “moun ki refize bay pitit li baton rayi pitit li, men, moun ki renmen pitit li pa neglije ba l disiplin.” — Pw 13:24; 19:18; 29:15; 1 Sa 2:27-36.
w00-F 15/6 21 § 13
“Nou tout se frè”
Respekte diyite chak moun nan yon fanmi ale pi lwen toujou pase relasyon ki genyen ant mari ak madanm oswa paran ak pitit yo. Gen yon pwovèb japonè ki di “lè w vin granmoun, obeyi pitit ou”. Leson ki gen nan pwovèb sa a se lè paran yo vin granmoun yo bezwen fè atansyon pou yo pa twò egzijan antanke paran epi yo dwe koute pitit yo ki vin gran. Se vre, se Labib ki mande paran yo pou yo onore pitit yo lè yo koute pitit yo, sepandan, timoun yo bò kote pa yo pa dwe derespekte moun nan fanmi an ki vin granmoun. Men sa yon pwovèb fè konnen: “Se pa paske manman w fin granmoun pou w meprize l.” (Pwovèb 23:22). Wa Salomon te byen aplike pawòl ki nan pwovèb sa a, li te onore manman l lè manman l te vin kote l pou l mande Salomon yon bagay. Salomon te fè yo met yon twòn sou bò dwat pwòp twòn pa l pou manman l Batcheba pou l te ka koute sa l t ap di l, alòske Batcheba te granmoun. — 1 Wa 2:19, 20.