Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
2-8 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 24-28
“Jewova pran swen pèp li a”
ip-1-F 272 § 5
Jewova leve men l byen wo
Ènmi Jewova yo konsidere l kòm yon Moun ki fè yo pè, sepandan, Jewova se yon refij pou tout moun ki gen imilite, ki konn limit yo e ki vle sèvi l. Moun k ap toupizi moun nan relijyon ak nan zafè politik gendwa eseye fè tout sa yo kapab pou yo kraze lafwa vrè adoratè yo, men, yo echwe paske vrè adoratè sa yo fè Jewova konfyans ak tout kè yo. Rive yon lè, Jewova ap fèmen bouch tout moun ki kont li yo byen fasil. L ap fè sa tankou l t ap sèvi ak yon nyaj pou l kouvri yon dezè ki anba yon solèy ki cho anpil oubyen tou tankou l t ap bloke yon gwo tanpèt ak yon mi. — Li Ezayi 25:4, 5.
ip-1-F 273 § 6, 7
Jewova leve men l byen wo
‘Yon resepsyon pou tout pèp’
Menm jan ak yon papa ki renmen pitit li anpil, nonsèlman Jewova pwoteje pitit li yo, men li ba yo manje tou, sitou manje espirityèl. Apre l te fin libere pèp li a an 1919, li te fè yon resepsyon pou viktwa l te ranpòte a, yon resepsyon kote yo te jwenn manje espirityèl agogo: “Nan mòn sa a, Jewova, Chèf lame yo, ap fè yon gwo resepsyon pou tout pèp yo, yon resepsyon ki gen bon manje, yon resepsyon ki gen bon diven, ki gen bon manje ak vyann ki chaje ak mwèl, e ki gen diven bon kalite yo kite byen poze.” — Ezayi 25:6.
Resepsyon an fèt toupatou sou “mòn” Jewova a. Men, ki sa mòn sa a ye menm? Se “mòn kote kay Jewova a ye a”, kote tout nasyon yo ap monte an foul “nan dènye jou yo”. Sou ‘mòn Jewova a ki sakre’ a, sèvitè fidèl li yo pa fè okenn mal ni okenn ravaj (Ezayi 2:2; 11:9). Jewova ap fè yon gwo resepsyon pou sèvitè l yo ki fidèl sou mòn sa a y ap adore l la ki wo anpil. Tout bon bagay nou jwenn agogo kounye a nan domèn espirityèl ban nou yon apèsi sou tout bon bagay nou pral jwenn nan domèn materyèl lè se sèlman Wayòm Bondye a ki pral gouvène lèzòm. Lè sa a pap gen grangou ankò. “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:8, 16.
ip-1-F 273-274 § 8, 9
Jewova leve men l byen wo
Jodi a, tout moun k ap patisipe nan resepsyon Bondye fè a gen bèl bagay k ap tann yo. Ann li pawòl Ezayi te di yo. Nan pawòl sa yo, li te konpare peche ak lanmò ak yon “vwal” oswa “dra” ki vlope yon moun pou l toufe l. Men sa l te di: “Nan mòn sa a, [Jewova] ap elimine dra ki vlope tout pèp yo ansanm ak vwal ki kouvri tout nasyon yo. Jewova, Seyè ki Souvren an, ap anglouti lanmò pou toutan. L ap siye dlo nan je tout moun.” — Ezayi 25:7, 8a.
Vrèmanvre, pap gen peche ak lanmò ankò (Revelasyon 21:3, 4)! Imilyasyon sa a sèvitè Jewova yo ap sibi depi plizyè milye ane a ap fini tou. Men sa Bib la di: “L ap retire imilyasyon pèp li a sou tout tè a.” (Ezayi 25:8b). Ki jan l ap fè sa? Jewova pral elimine rasin pwoblèm nan, anpalan de Satan ak desandans li a (Revelasyon 20:1-3). Nou vrèman konprann rezon ki fè pèp Bondye a pral di byen fò: “Gade! Men Bondye nou an! Se nan li nou met espwa nou, e l ap sove nou. Se li ki Jewova a. Se nan li nou met espwa nou. Se pou nou kontan e se pou nou rejwi, paske l delivre nou.” — Ezayi 25:9.
9-15 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 29-33
“Gen yon wa ki pral dirije pou sa ki jis fèt”
ip-1-F 332-334 § 7-8
Wa a ak prens li yo
Jezi te anonse yon gwo pwofesi ki gen rapò ak “fen sistèm nan” ki bay anpil tètchaje. Nan pwofesi a li te di: “Veye pou sa pa panike nou.” (Matye 24:3-8). Ki sa k fè moun k ap suiv Jezi yo pa panike lè yo wè jis nan ki pwen kondisyon n ap viv nan monn nan se yon danje? Youn nan rezon yo se paske “prens” yo , kit yo gen esperans pou y al viv nan syèl la, kit yo fè pati “lòt mouton” yo, pwoteje twoupo a fidèlman (Jan 10:16). Yo pa kite anyen fè yo pè pou yo ka pwoteje frè ak sè yo, menm lè yo nan sitiyasyon terib tankou gè ant divès ras oswa tribi ak destriksyon ras. Nan monn sa a kote moun yo pa bon menm nan domèn espirityèl, yo asire yo moun ki dekouraje yo jwenn konsolasyon grasa verite ki vrèman ankourajan nou jwenn nan Labib, Pawòl Bondye a.
Pandan 50 an ki sot pase yo, nou tout te ka idantifye wòl “prens” yo aklè. “Prens” ki fè pati lòt mouton yo jwenn fòmasyon pou yo ka vin fòme yon klas “chèf” ki kontinye ap pwogrese, konsa, apre gwo tribilasyon an, y ap sèvi ak sa ki kalifye yo nan kesyon administrasyon ki gen rapò ak “tè tounèf” la (Ezekyèl 44:2, 3; 2 Pyè 3:13). Lefètke yo bay direksyon ak bonjan ankourajman nan domèn espirityèl toutpandan yo pran latèt nan travay Wayòm nan, yo montre yo “tankou lonbray yon wòch masif”, paske yo pote soulajman pou twoupo a nan adorasyon y ap bay la.
ip-1-F 334-335 § 10-11
Wa a ak prens li yo
Ann montre n ap veye ak je nou, zòrèy nou e ak kè nou
Ki jan gwo foul la reyaji parapò ak dispozisyon Jewova pran yo? Pwofesi a di tou: “Lè sa a, je moun k ap gade yo pap fèmen ankò, e zòrèy moun k ap tande yo ap byen koute.” (Ezayi 32:3). Tank ane yo t ap pase, Jewova te pran dispozisyon pou l fè sèvitè l yo li renmen anpil jwenn enstriksyon epi ede yo vin gen matirite. Lekòl ministè teyokratik la ak lòt reyinyon yo fè toupatou sou tè a nan kongregasyon Temwen Jewova yo, kongrè distri, asanble nasyonal ak entènasyonal, san wete fòmasyon espesyal “prens yo” resevwa pou yo byen pran swen twoupo a, tout fòmasyon sa yo nèt pèmèt plizyè milyon frè ak sè ki toupatou sou tè a rete ini. Kèlkeswa kote bèje sa yo ap viv sou tè, yo ouvè zòrèy yo byen laj pou yo ka koute ajisteman ki fèt nan fason yo konprann pawòl verite a ki pa sispann ogmante. Etandone yo kite Labib gide konsyans yo, yo pare pou yo koute epi obeyi. — Sòm 25:10.
Annapre, pwofesi a te bay avètisman sa a: “Moun ki gen kè cho yo ap pran san yo pou yo reflechi sou sa konesans ye. Moun ki bege yo ap pale byen klè, san pwoblèm.” (Ezayi 32:4). Pinga pèsonn kouri panse yon bagay bon oswa mal. Men sa Bib la di: “Èske w deja wè yon moun k ap prese pale? Ebyen, gen plis espwa pou moun ki sòt la korije pase l.” (Pwovèb 29:20; Eklezyas 5:2). Anvan ane 1919, menm pèp Jewova a te kwè nan yon seri ansèyman ki soti nan Babilòn. Men, apati menm ane sa a, Jewova te kòmanse fè yo pi byen konprann objektif li te genyen yo. Yo te rann yo kont Jewova te byen reflechi anvan l bay verite li te fè yo konnen yo, li pa t fè sa nan kouri. Jodi a, yo pale de verite sa yo ak anpil konviksyon, san yo pa mamòte.
16-22 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 34-37
“Jewova te rekonpanse Ezekyas pou lafwa l”
ip-1-F 386-388 § 7-14
Yon wa jwenn rekonpans pou lafwa l
Rabchake a prezante ka l la
Senakerib voye Rabchake a (se pa non yon moun, se yon tit militè) Jerizalèm ansanm ak de lòt gwo chèf pou y al mande moun Jerizalèm yo pou yo rann tèt yo (2 Wa 18:17). Twa reprezantan wa Ezekyas te soti al rankontre yo pa deyò vil la. Se te Elyakim, moun ki te responsab kay Ezekyas la, Chebna, sekretè wa a, ansanm ak Jowa, pitit gason Asaf, ki te la pou l ekri tout sa k ap pase. — Ezayi 36:2, 3.
Sèl bagay Rabchake a t ap chèche se fè moun Jerizalèm yo rann tèt yo san pa t gen batay. Men sa l te di byen fò pandan l t ap pale nan lang Ebre: “Ki sa k fè w gen asirans ou genyen an? [...] Nan kiyès ou met konfyans ou ki fè w pèmèt ou fè rebèl avè m konsa?” (Ezayi 36:4, 5). Apre sa, Rabchake a te pwovoke Juif yo ki te pè anpil, li te fè yo sonje okenn moun pa t ka fè anyen pou yo. Donk, ki kote Juif yo t ap jwenn sipò? Èske se te nan men “wozo ki kraze” yo bay pou Ejip la (Ezayi 36:6)? Alepòk, Ejip te sanble ak yon wozo ki kraze. Anfèt, Etyopi te pran ansyen pisans mondyal sa a, e Farawon ki t ap dirije l alepòk la pa t yon Ejipsyen, se te yon Etyopyen ki te rele wa Tiraka. E Asiri t ap gen pou l ranpòte laviktwa sou Ejip tou pi devan (2 Wa 19:8, 9). Ejip pa t menm ka sove pwòp tèt li, alewè pou l ta ede Jida nan sans sa a.
Annapre, Rabchake a te fè konnen Jewova pa t ap batay pou pèp Li a paske Jewova pa t pran plezi nan yo. Men sa Rabchake a te di: “Petèt w ap di m: ‘Se nan Jewova, Bondye nou an, nou met konfyans nou.’ Men, èske se pa kote ki wo pou moun adore l yo ak lotèl li yo Ezekyas te kraze.” (Ezayi 36:7). Anfèt, lè Juif yo te elimine kote ki wo pou moun adore Jewova yo ansanm ak lotèl ki te nan peyi yo, se pa vire yo te vire do bay Jewova, okontrè, se tounen yo te tounen vin jwenn li.
Apre sa, Rabchake a fè Juif yo sonje yo pa kanpe sou anyen nan domèn militè. Men sa l te di yo: “M ap ban nou 2 000 cheval. Fè m wè si nou kapab jwenn ase moun pou nou mete sou yo.” (Ezayi 36:8). An reyalite, èske sa enpòtan pou Jida gen anpil oswa kèk grenn moun sèlman pou monte cheval? Non, paske delivrans Jida pa t depann de yon fòs militè ki pisan anpil. Men sa nou li nan Pwovèb 21:31: “Yo pare cheval pou jou lagè, men, se Jewova k ap fè yon moun chape.” Annapre Rabchake a te fè konnen se Asiryen yo Jewova te beni, se pa t Juif yo. Yon fason pou l te di, si Jewova pa t beni yo, yo pa t ap janm rive lwen konsa nan tèritwa Jida a. — Ezayi 36:9, 10.
Reprezantan Ezekyas yo te pè pou pawòl Rabchake a pa t gen move efè sou mesye ki te sou tèt miray vil la ki t ap tande sa l t ap di yo. Men sa reprezantan yo te mande Rabchake a: “Tanpri, pale ak sèvitè w yo nan lang arameyen, paske, nou konprann lang sa a, men pa pale avèk nou nan lang Juif yo pou moun ki sou miray yo pa tande.” (Ezayi 36:11). Men, Rabchake a te refize pale nan lang Siryen yo. Li te vle simen dout nan lespri Juif yo e li te vle fè yo pè yon fason pou Asiryen yo te ka pran Jerizalèm san batay (Ezayi 36:12)! Se sa k fè, yon lòt fwa ankò, Asiryen an te pale “nan lang Juif yo” pou l te ka avèti abitan Jerizalèm yo. Li te di yo: “Pa kite Ezekyas twonpe nou, paske li pa ka delivre nou anba men m.” Annapre, li te eseye tante Juif yo lè l te pwomèt yo yon bèl vi anba gouvènman asiryen an. Men sa l te di yo: “Fè lapè avè m epi rann tèt nou. Konsa, nou chak ap kapab manje rezen nan pye rezen pa nou, n ap kapab manje fig frans nan pye fig frans pa nou e n ap kapab bwè dlo nan sitèn pa nou, jiskaske m vini e m mennen nou nan yon peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi ki gen manje angren ak diven, yon peyi ki gen pen ak jaden rezen.” — Ezayi 36:13-17.
Etandone Asiryen yo te okipe zòn nan, Juif yo pa t ka plante anyen, se sa k fè, yo pa t gen rekòt pou ane a. Kidonk, lè Rabchake a te pwomèt yo yo t ap ka manje bèl grap rezen yo epi bwè bonjan dlo fre, sa dwe te fè dlo koule nan bouch yo. Men, se pa t sa ase Rabchake a te eseye fè sèlman pou l dekouraje Juif yo.
Nan pil pawòl Rabchake a t ap bay yo, nou jwenn pawòl ki vin annapre yo li te di pou l te ka dekouraje Juif yo nèt. Li te avèti Juif yo pou yo pa kwè Ezekyas sizoka li ta di yo: “Jewova ap delivre nou.” (Ezayi 36:18-20). Rabchake a te raple Juif yo okenn dye Samari pa t rive anpeche dis tribi yo tonbe anba men Asiryen yo. E lòt dye lòt nasyon Asiryen yo te venk yo? Men sa l te mande yo: “Kote dye Amat ak dye Apad yo? Kote dye Sefavayim yo? Èske yo te delivre Samari anba men m?” — Ezayi 36:18-20.
Se sèten, piske Rabchake a t ap adore fo dye, li pa t rive konprann gwo diferans ki te genyen ant Samari ki te aposta ak vil Jerizalèm wa Ezekyas t ap dirije a. Fo dye moun Samari yo t ap sèvi yo pa t gen okenn pouvwa pou yo sove wayòm dis tribi yo (2 Wa 17:7, 17, 18). Yon lòt bò, moun Jerizalèm, vil wa Ezekyas t ap dirije a, pa t ap sèvi lòt dye e yo te rekòmanse sèvi Jewova. Sepandan, twa Juif ki te reprezante wa a ki t al kote Rabchake a pa t di misye anyen sou sa. “Moun yo te ret an silans, yo pa t di yon mo pou yo reponn li, paske wa a te di yo: ‘Nou pa dwe reponn li.’” (Ezayi 36:21). Elyakim, Chebna ak Jowa te retounen al jwenn Ezekyas e yo te ba l yon bon rapò sou sa Rabchake a te di yo. — Ezayi 36:22.
ip-1-F 389-391 § 15-17
Yon wa jwenn rekonpans pou lafwa l
Ezekyas pran yon desizyon
Kounye a, wa Ezekyas dwe pran yon desizyon. Èske y ap lage Jerizalèm nan men Asiryen yo? Èske y ap fè kò ak Ejip? Oswa y ap kanpe sou pozisyon yo epi batay kont Asiri? Se pa ti presyon ki sou do Ezekyas! Li pran direksyon pou l al nan tanp Jewova a pandan li voye Elyakim, Chebna ansanm ak ansyen pami prèt yo al bò kot pwofèt Ezayi pou y al chèche konnen ki sa Jewova deside pou yo (Ezayi 37:1, 2). Moun wa a te voye yo te met twal sak sou yo pou y al kot pwofèt la. Men sa yo te di l: “Jodi a se yon jou tètchaje, yon jou imilyasyon ak lawont [...] Petèt Jewova, Bondye w la, ap tande pawòl Rabchake a di yo, pawòl mèt li a, wa Asiri a, te voye l di pou l manke Bondye vivan an dega, e Jewova, Bondye w la, ap fè l peye pou pawòl sa yo li tande a.” (Ezayi 37:3-5). Vrèmanvre, Asiryen yo manke vrè Dye a dega. Èske Jewova ap reponn yo? Men ki asirans Jewova te bay Juif yo pa mwayen Ezayi: “Pinga w pè poutèt pawòl ou te tande yo, pawòl sèvitè wa Asiri yo te di pou yo manke m dega yo. M ap mete yon lide nan tèt li, l ap tande yon nouvèl e l ap tounen nan peyi l. M ap fè yo touye l ak kout epe nan pwòp peyi l.” (Ezayi 37:6, 7).
Annatandan, Rabchake a te oblije al jwenn wa a ki t ap fè lagè kont Libna. Senakerib te kite Jerizalèm pou pi devan (Ezayi 37:8). Sepandan, deplase Rabchake a te deplase a pa t fè Ezekyas jwenn lapè pou sa. Senakerib te voye plizyè lèt pou l menase l. Li te fè konnen sa k t ap tann Jerizalèm sizoka yo pa ta vle rann tèt yo. Men sa l te di: “Ou te tande sa wa Asiri yo te fè tout peyi yo, jan yo te detwi yo. Èske w panse ou menm w ap chape? Èske dye nasyon zansèt mwen yo te detwi yo te delivre nasyon sa yo? [...] Kote wa Amat la, wa Apad la ak wa vil Sefavayim yo, kote wa Ena a ak wa Iva a?” (Ezayi 37:9-13). Nan yon sans, Asiryen an t ap eseye fè konprann sa pa itil anyen pou Juif yo reziste, paske lè yo fè sa, se plis tètchaje y ap jwenn!
Ezekyas te tèlman ap panse ak konsekans desizyon l te gen pou l pran an, li pran lèt Senakerib te voye ba yo a e li ouvri yo devan Jewova nan tanp lan (Ezayi 37:14). Li te ouvri tout kè l bay Jewova nan lapriyè, li te mande l pou l note menas Asiryen an te fè l yo. Men ki jan l te fini priyè a: “Men, kounye a, o Jewova, Bondye nou an, sove nou anba men l, yon fason pou moun nan tout wayòm ki sou tè a ka konnen se ou menm sèl ki Bondye, o Jewova.” (Ezayi 37:15-20). Pawòl sa yo te montre aklè, sa k te pi enpòtan pou Ezekyas se pa t pwòp delivrans li, men se plis jan non Jewova t apral sal si Asiri ta pran Jerizalèm.
ip-1-F 391 § 18-22
Yon wa jwenn rekonpans pou lafwa l
Jewova te sèvi ak Ezayi pou l bay Ezekyas yon repons pou priyè l te fè a. Jerizalèm pa dwe rann tèt li bay Asiri, li dwe rete fèm. Ezayi te bay mesaj Jewova te bay Asiryen yo avèk kouraj, kòmsi se ak Senakerib li t ap pale. Men sa l te di: “Vil Siyon pa vle wè w, l ap pase w nan rizib. Jerizalèm ap souke tèt li sou ou [yon fason pou l pase l nan rizib].” (Ezayi 37:21, 22). Men sa Jewova di apre sa: ‘Kiyès ou ye pou w manke Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, dega konsa? Mwen konnen aksyon w yo. Ou gen gwo anbisyon e w ap fè grandizè avèk awogans. Ou mete konfyans ou nan pisans militè w e ou pran anpil peyi. Men, yo kapab venk ou. M ap detounen plan w yo. M ap met men sou ou. Apre sa, m ap fè w tout sa w te fè lòt yo. M ap met yon kwòk nan nen w e m ap fè w tounen Asiri!’ — Ezayi 37:23-29.
“Men yon siy k ap montre w sa ap fèt”
Ki garanti Ezekyas te genyen pwofesi Ezayi te anonse a t ap reyalize? Men ki repons Jewova bay: “Men yon siy k ap montre w sa ap fèt: Ane sa a, w ap manje bagay ki pouse poukont yo. Ane apre a, grenn ki pouse yo ap fè w jwenn manje angren pou w manje. Men, nan twazyèm ane a, w ap simen semans e w ap rekòlte, w ap plante pye rezen e w ap manje fwi yo bay.” (Ezayi 37:30). Jewova ap bay Juif ki kaptif yo manje. Byenke yo pa t ka plante semans poutèt okipasyon Asiryen yo, yo t ap ka manje sa ki te rete nan jaden yo nan rekòt yo te fè ane anvan an. Nan ane ki vin apre a, ki te yon saba, yo te dwe kite jaden yo rete san yo pa fè anyen ladan yo, malgre sitiyasyon dezespere yo te twouve yo ladan l lan (Egzòd 23:11). Jewova te pwomèt si pèp la koute vwa l, t ap gen ase manje nan jaden yo pou yo manje. Epi, nan ane ki t ap vin apre a mesye yo t ap simen jan yo te abitye fè sa e yo t ap pwofite fwi travay yo.
Kounye a, Jewova konpare pèp li a ak yon plant yo pa ka derasinen fasil. “Moun Jida ki chape yo [...] ap pouse rasin pa anba e y ap bay fwi pa anlè.” (Ezayi 37:31, 32). Wi, moun ki mete konfyans yo nan Jewova pa dwe pè anyen. Ni yo menm, ni pitit yo ap rete nan peyi a san yo pa deplase yo.
E tout menas Asiryen yo t ap fè kont Jerizalèm yo? Men ki repons Jewova bay: “Li pap antre nan vil sa a, li pap tire yon flèch nan vil la, li pap leve yon boukliye pou l mache sou vil la, ni li pap fè yon ranp pou l atake l. Menm wout li te pran pou l vini an, se ladan l l ap tounen. Li pap antre nan vil sa a.’ Se sa Jewova di.” (Ezayi 37:33, 34). Anfèt, pa t ap gen okenn batay ant Asiri ak Jerizalèm. Moun t ap sezi wè fwa sa a se Asiryen yo k ap pèdi batay la san yo pa menm batay.
Jewova te kenbe pawòl li, se sa k fè l te voye yon zanj ki te touye 185 000 sòlda nan lame Senakerib la, sa k te pi bon yo. Sanble sa te rive Libna. Lè Senakerib te reveye nan jou a, li te jwenn lidè, chèf ak nonm vanyan ki nan lame l yo mouri. Lawont te kouvri l, li te kouri tounen Niniv, men, malgre li te pèdi batay la lèd konsa, li te rete atache ak Niswòk, fo dye l t ap sèvi a. Kèk ane apre sa, pandan Senakerib t ap adore Niswòk nan tanp li an, gen de nan pitit li yo ki te asasinen l. Yon lòt fwa ankò, Niswòk, yon fo dye, te montre li pa t gen pouvwa pou l sove moun. — Ezayi 37:35-38.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 15/1 8 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — II
Leson pou nou jodi a:
36:2, 3, 22. Byenke yo te retire Chebna nan pozisyon l te ye kòm entandan an, yo te kite l kontinye sèvi wa a antanke sekretè nouvo entandan an (Ezayi 22:15, 19). Si yo ta retire nou nan yon pozisyon kote nou te gen gwo responsablite nan òganizasyon Jewova a pou yon rezon kèlkonk, èske nou pa ta dwe kontinye sèvi Bondye nan kèlkeswa pozisyon li ta pèmèt nou kontinye sèvi l la?
23-29 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 38-42
“Jewova bay moun ki fatige yo fòs”
ip-1-F 409-410 § 23-25
“Konsole pèp mwen an”
“Kiyès ki kreye bagay sa yo?”
Men, gen yon lòt rezon ki fè juif ki te ann egzil yo te ka pran kouraj. Moun ki te pwomèt pou l delivre yo a, se li ki kreye tout bagay e se nan li tout fòs soti. Pou Jewova te ka mete aksan sou gwo kapasite li genyen an, li atire atansyon sou sa l kapab fè ki parèt nan sa l kreye: “Men sa Bondye ki sen an di: ‘Ak kiyès nou ka konpare m pou n fè m egal avè l? Leve je nou nan syèl la epi gade. Kiyès ki kreye bagay sa yo? Se Sila a ki dirije yo tankou yon lame, selon kantite yo ye. Li rele yo tout nan non yo. Grasa pakèt fòs li genyen ak pisans li genyen ki fè moun gen lakrentif pou li, pa gen youn ladan yo ki manke.’” — Ezayi 40:25, 26.
Bondye ki sen ann Izrayèl la ap pale pou tèt li. Pou Jewova ka montre li pa gen parèy, li atire atansyon sou zetwal ki nan syèl la. Jewova gen kontwòl sou zetwal yo menm jan ak yon kòmandan lame ki kapab dirije twoup li yo. Si l ta gen pou l reyini yo, ‘pa gen youn ladan yo ki t ap manke’. Menmsi gen anpil zetwal, li rele yo chak nan non yo, kit chak zetwal gen non pa l, kit se yon fason li rele yo. Menm jan ak sòlda ki obeyisan, zetwal yo ret nan plas yo e yo gen yon lòd pou yo suiv, paske Moun k ap dirije yo a gen yon “pakèt fòs” ak “pisans”. Se sa k fè, Juif ki t al ann egzil yo te gen rezon pou yo fè Jewova konfyans. Kreyatè nou an ki bay zetwal lòd gen pouvwa pou l ede sèvitè l yo.
Kiyès nan nou ki kapab reziste ak envitasyon Bondye fè n nan Ezayi 40:26 la? Men sa l di: “Leve je nou nan syèl la epi gade.” Dekouvèt astwonòm nan epòk nou an fè yo montre nou syèl la ki chaje ak zetwal fè moun gen plis lakrentif toujou pou Kreyatè a pase nan epòk Ezayi a. Astwonòm yo k ap chèche wè sa k ap pase nan lespas ak gwo teleskòp yo genyen yo fè konnen pati moun ka wè nan linivè a gen pou pi piti 125 milya galaksi. Sepandan, selon yon estimasyon yo fè, youn nan galaksi yo yo rele Vwa lakte a, gen plis pase 100 milya zetwal ladan l. Kalite dekouvèt sa yo ta dwe fè nou gen anpil respè nan kè nou pou Kreyatè nou an e yo ta dwe fè nou kwè ak tout kè n nan pwomès li fè.
ip-1-F paj 413 § 27
“Konsole pèp mwen an”
Ezayi te ekri pawòl Jewova te di l yo pou l montre jan moun ki t al ann egzil Babilòn yo te santi yo. Babilòn te twouve l nan yon distans plizyè santèn kilomèt parapò ak peyi kote Juif yo te soti yo. Gen nan yo ki te panse Bondye pa t wè “wout” yo, sa vle di mizè yo t ap pase. Yo te panse Jewova pa t ba yo regle anyen pou yo ak tout enjistis yo t ap sibi yo. Yo te fè yo sonje anpil bagay yo te konnen, swa nan eksperyans yo te fè pèsonèlman oswa nan sa yo te di yo. Jewova kapab delivre pèp li e li vle fè sa tou. Li se Bondye ki la pou toutan an e se li tou ki kreye tout tè a. Kidonk, li toujou gen menm pouvwa li te genyen lè l t ap kreye a, e li te gen pouvwa sa a menm sou Babilòn tou. Yon Bondye konsa pa ka vin fatige epi vire do bay pèp li. Sèvitè Jewova yo pa dwe atann pou yo fin konprann fason l aji nèt, paske entèlijans li, sa vle di: fason l wè bagay yo, fason l byen konprann yo ak fason l wè tout ti detay nan yon sitiyasyon depase sa yo ka konprann lontan.
ip-1-F 413-415 § 29-31
“Konsole pèp mwen an”
Lè Jewova t ap pale konsènan bay moun ki fatige yo fòs, petèt li t ap panse ak vwayaj difisil moun ki t ap sot ann egzil yo t ap gen pou yo fè pou yo retounen nan peyi yo. Jewova raple pèp li a se yon bagay ki nan pèsonalite l menm pou l ede moun ki dekouraje yo e ki konte sou li pou yo jwenn fòs. Menm moun ki gen plis fòs yo, anpalan de “gason” ak “jenn gason” yo, kapab vin tèlman fatige opwen, rive yon lè, yo pa ka kenbe ankò. Sepandan, Jewova pwomèt pou l bay moun ki fè l konfyans yo fòs, fòs pou yo kouri, pou yo mache san yo pa janm fatige. Lè yon èg ap vole, li tèlman alèz anlè a, se kòmsi li pa fè okenn efò pou sa. Yo konn pran egzanp zwazo sa a ki gen anpil fòs e ki kapab fè plizyè èdtan ap vole pou yo esplike jan Jewova kapab bay sèvitè l yo fòs. Juif ki t ap soti ann egzil yo pa t gen anyen pou yo pè paske yo konnen Bondye t ap ansanm avèk yo.
Nan chapit 40 liv Ezayi a, dènye vèsè yo montre, vrè kretyen yo jwenn anpil pawòl ki kapab ankouraje yo nan dènye jou sa yo n ap viv nan monn nan ki chaje ak mechanste. Lè n wè jan presyon ak pwoblèm soti pou dekouraje nou, sa ankourajan pou n konnen Bondye n ap sèvi a wè pwoblèm yo ak enjistis k ap fè nou soufri yo. Nou kapab gen asirans, Sila a ki kreye tout bagay la, li menm “entèlijans li pa gen limit” la, pral met fen nan tout kalite enjistis nan lè li vle sa e jan li vle sa fèt la (Sòm 147:5, 6). Men annatandan sa fèt, nou pa bezwen konte sou pwòp fòs nou pou n rive andire. Jewova ki gen yon pisans ki pa ka fini, kapab bay sèvitè l yo fòs, e li ka menm ba yo “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” nan moman eprèv yo. — 2 Korentyen 4:7.
Panse ak Juif yo te mennen Babilòn yo, yo menm yo te pran nan sizyèm syèk anvan epòk nou an nan vil Jerizalèm, vil yo te renmen anpil la. Babilòn te nan yon distans plizyè santèn kilomèt parapò ak kote Juif yo t ap viv la, pa t gen pèsonn Jerizalèm e tanp li a te anba dekonm. Pwofesi Ezayi a te gen yon mesaj ladan l ki te ba yo limyè, ki te ankouraje yo e ki te ba yo espwa. Yo te gen espwa Jewova t ap fè yo retounen nan peyi yo! Vrèmanvre, nan ane 537 anvan epòk nou an, Jewova te fè sa vre, sa ki te montre li se Sila ki kenbe pwomès li fè. Nou menm tou nou ka fè Jewova konfyans ak tout kè n. Nan pwofesi Ezayi a, li fè nou yon seri bèl pwomès anrapò ak Wayòm nan e pwomès li fè yo ap reyalize. Vrèmanvre sa se yon bon nouvèl e se yon mesaj ki bay limyè!
30 JANVYE-5 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 43-46
“Jewova se Bondye ki bay pwofesi ki reyalize yo”
ip-2-F 71-72 § 22-23
Vrè Dye a pwomèt l ap bay delivrans
An jeneral, moun ki predi lavni san se pa Bondye ki revele yo sa pa ka di egzakteman ki lè sa yo anonse yo ap reyalize, paske sa yo di yo ka pa rive vre. Kontrèman ak moun sa yo, Jewova te itilize pwofèt Ezayi pou l fè konnen non moun li t ap itilize pou l libere pèp li a anba jouk Babilónyen yo, pou pèp la te ka retounen nan peyi yo pou yo rekonstwi Jerizalèm ak tanp lan. Moun sa a se te Siris, yo konn rele l Siris Legran tou, wa peyi Pès. Jewova te bay enfòmasyon byen presi tou sou taktik Siris t apral itilize pou l pran Babilòn ki te gen yon gwo sistèm defans. Babilòn te gen yon seri mi men wotè ansanm ak gwo dlo toutotou l. Siris t ap sèvi ak Rivyè Efrat la, ki te yon pyès enpòtan nan defans vil la, pou l pran vil la. Ewodòt ak Zenofon, de istoryen nan tan lontan, te fè konnen Siris te chanje direksyon Rivyè Efrat la jiskaske l vin byen ba pou sòlda l yo te ka travèse l. Se konsa sa te fini pou gwo Rivyè Efrat la ki te la pou pwoteje Babilòn.
E konsènan pwomès Jewova te fè pou l sèvi ak Siris pou l libere pèp Li a, epi fè yo retounen nan peyi yo pou yo rebati Jerizalèm ak tanp lan? Men sa Siris te di ak pwòp bouch li nan yon deklarasyon ofisyèl li te fè nou jwenn nan Bib la: “Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la, ban m tout wayòm ki sou tè a e li ban m lòd pou m bati yon kay pou li Jerizalèm, nan tribi Jida a. Kèlkeswa moun ki fè pati pèp li a, se pou l monte Jerizalèm, nan tribi Jida a, pou l al rebati kay Jewova, Bondye Izrayèl la. Se li ki vrè Dye a, se li menm ki te gen kay li nan Jerizalèm.” (Esdras 1:2, 3). Se konsa, pawòl Jewova te di pa mwayen Ezayi yo te reyalize nèt!
ip-2-F 77-78 § 4-6
Jewova se ‘Bondye ki dwat la e se yon Sovè’
Pa mwayen pwofèt Ezayi, Jewova pale ak Siris tankou l t ap pale ak yon moun ki te deja fèt, alòske, nan epòk Ezayi te ekri pawòl Jewova yo Siris potko menm fèt (Women 4:17). Piske Jewova te bay Siris misyon pou l fè yon travay byen presi anvan menm Siris te fèt, nou kapab di Siris te “moun li chwazi” a. Grasa èd Bondye, Siris t ap fè anpil nasyon soumèt yo, fè wa pèdi fòs yo san yo pa ka reziste. Apre sa, lè Siris t ap atake Babilòn, Jewova t ap asire l pòt vil yo ret ouvè, yo pa t ap itil anyen tankou se pòt ki te kraze. Li t ap fè wout pou Siris, li t ap elimine obstak yo devan l. Finalman, sòlda Siris yo t ap pran vil la, “trezò [l] yo”, richès li yo yo sere kote ki kache byen fon yo. Se sa pwofèt Ezayi te anonse. Èske sa l te di yo te reyalize toutbonvre?
Nan ane 539 anvan epòk nou an, anviwon 200 an apre Ezayi te anonse pwofesi a, vrèmanvre, Siris te rive bò mi Babilòn yo pou l atake vil la (Jeremi 51:11, 12). Sepandan, Babilónyen yo pa t enkyè. Yo te santi yo an sekirite nan vil la. Toutotou vil la te gen yon seri gwo miray ak gwo dlo ki te sot nan Rivyè Efrat la ki te tou pwoteje vil la. Pandan plis pase yon syèk, potko gen okenn ènmi ki te janm rive pran vil la daso. Anfèt, Bèlchaza, dirijan ki te alatèt li a, te santi l tèlman an sekirite, li t ap fete ak gwo zotobre peyi a (Dànyèl 5:1). Jou swa sa a, nan dat 5 pou rive 6 oktòb, Siris te sèvi ak militè l yo pou l fè yon bagay estrawòdinè.
Enjenyè Siris yo te met yon estrateji sou pye pou yo fè Rivyè Efrat la, ki pase Babilòn, sispann koule nan direksyon sid vil la. Sa pa t pran lontan pou dlo yo te vin bese ni anndan vil la ni toutotou l. Dlo yo te bese tèlman ba opwen Siris ak mesye l yo te menm rive travèse rivyè a pou y al pran Babilòn (Ezayi 44:27; Jeremi 50:38). Sa k pi rèd la, pòtay vil la ki toupre rivyè a te ret tou ouvè, jan Ezayi te anonse sa. Sòlda Siris yo te antre anndan vil Babilòn, yo pran palè a epi yo touye wa Bèlchaza (Dànyèl 5:30). Nan yon sèl nuit, yo te pran Babilòn. Babilòn te tonbe, e se konsa, pwofesi a te reyalize nèt.
ip-2-F 79-80 § 8-10
Jewova se ‘Bondye ki dwat la e se yon Sovè’
Rezon ki fè Jewova ap fè Siris favè
Apre Jewova te fin fè konnen ki moun ki t ap gen pou l pran Babilòn ak ki jan l t ap fè sa, li te esplike youn nan rezon ki fè li t ap fè Siris ranpòte laviktwa. Nan yon pwofesi, Jewova te fè Siris konnen rezon an. Men sa l te di l: “Pou w ka konnen mwen se Jewova, Bondye Izrayèl la, Sila a ki ba w non w genyen an.” (Ezayi 45:3b). Li toutafè nòmal pou dirijan katriyèm pisans mondyal la, jan istwa ki nan Bib la montre sa, rekonèt se pa ak pwòp fòs li li rive ranpòte kalite viktwa sa a sou Babilòn, se yon Moun ki pi pisan pase l lontan ki te ede l nan sans sa a, anpalan de Jewova, Souvren linivè a. Siris te dwe aksepte se Jewova, Bondye Izrayèl la, ki te ba l misyon sa a. Selon sa nou li nan Bib la, vrèmanvre, Siris te rekonèt se grasa Jewova li te rive ranpòte kokennchenn viktwa li te ranpòte a. — Esdras 1:2, 3.
Jewova te fè Siris konnen dezyèm rezon ki fè l te fè Siris pran Babilòn daso. Men sa l te di: “Poutèt sèvitè m nan, Jakòb, poutèt Izrayèl, nasyon m chwazi a, se mwen ki ba w non. Mwen ba w yon gran non, byenke ou pa t konnen m.” (Ezayi 45:3-6). Laviktwa sa a Siris te ranpòte a te pote yon gwo chanjman nan istwa monn nan. Yon gwo pisans mondyal te tonbe e yon lòt te ranplase l. E sa te tou ret nan listwa pou plizyè jenerasyon. Sepandan, moun ki te nan nasyon ki ozalantou yo, ki t ap suiv evènman yo ak anpil enterè, t ap sezi aprann se pou kèk milye Juif sèlman, ki pa t reprezante anyen e ki t al ann egzil Babilòn, sa te fèt, anpalan de desandan Jakòb yo. Sepandan, se pa konsa Jewova te konsidere moun sa yo ki te fè pati nasyon Izrayèl tan lontan an. Yo te enpòtan pou li. Yo se “sèvitè l”, se yo menm li te ‘chwazi’ pami tout nasyon yo. Byenke Siris pa t konn Jewova anvan sa, Jewova te itilize l kòm moun Li chwazi pou l detwi vil ki te refize libere moun yo te pran kaptif yo. Se pa t volonte Jewova pou pèp li chwazi a ret ap pase mizè nètale nan yon peyi etranje.
Gen yon twazyèm rezon, ki pi enpòtan toujou, ki fè Jewova te itilize Siris pou l elimine Babilòn. Men sa Jewova te di: “Mwen se Jewova, e pa gen lòt. Apa mwen menm, pa gen lòt Bondye. Byenke ou pa t konnen m, m ap ba w fòs yon fason pou moun ka konnen, depi kote solèy la leve a rive jis kote l kouche a, pa gen okenn Dye apa mwen menm. Mwen se Jewova, e pa gen lòt ankò.” (Ezayi 45:5, 6). Vrèmanvre, tonbe Babilòn te tonbe a, alòske l te yon pisans mondyal, montre aklè se Jewova ki Bondye toutbon, se yon prèv tou ki montre tout moun se li menm sèl pou yo adore. Etandone Bondye te sove pèp li a, anpil moun nan anpil nasyon, soti nan lès al nan lwès, ap rekonèt se Jewova ki sèl vrè Dye a. — Malachi 1:11.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
ip-2-F 60 § 24
“Nou se temwen m”!
Sepandan, li bon pou n remake, Jewova pap fè nasyon Izrayèl la mizèrikòd senpleman paske yo gen remò, men l ap fè sa poutèt non l. Wi, non Jewova rantre nan koze a. Si l te annik abandone Izrayèl pandan yo ann egzil la, se sèten moun ki t ap wè sa t ap pale l mal (Sòm 79:9; Ezekyèl 20:8-10). Menm jan an tou jodi a, se pa sove lèzòm ki pi enpòtan pou Jewova, men, se fè non l vin sen epi montre li gen bonjan dwa pou l dirije. Sepandan, Jewova renmen moun ki aksepte disiplin li bay ak tout kè yo, epitou, li renmen moun k ap adore l avèk lespri ak verite. Li montre li renmen moun sa yo, kit yo gen esperans pou y al nan syèl, kit yo gen esperans pou yo viv sou tè a. Li montre sa nan fason li efase peche yo sou baz sakrifis Jezi Kris la. — Jan 3:16; 4:23, 24.