Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
5-11 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 1-5
“Annou monte sou mòn Jewova a”
ip-1-F 38-42 § 6-11
Kay Jewova a leve byen wo
Ki lè pwofesi Ezayi a t ap akonpli? “Nan dènye pati jou yo.” Men ki sa nou li nan yon tradiksyon Labib: “Nan dènye jou yo.” (Nouvo vèsyon entènasyonal, anglè). Liv ki te ekri an grèk yo te anonse siy ki t ap pèmèt nou idantifye epòk sa a. Pami siy sa yo t ap gen lagè, tranblemanntè, epidemi, rate manje epi “tan di, ki difisil pou moun sipòte”. (2 Timote 3:1-5; Lik 21:10, 11.) Akonplisman pwofesi sa yo bay bonjan prèv ki montre n ap viv nan “nan dènye pati jou yo”, sa vle di dènye jou sistèm sa n ap viv ladan l lan. Kidonk, li lojik pou n atann pou bagay Ezayi te anonse yo akonpli nan epòk nou an.
Yon mòn kote pou moun al adore
Pou n rezime sa n sot di a, nou kapab di Ezayi bay yon bèl imaj nan pwofesi a ki byen klè. Nou wè yon mòn ki wo anpil, ki gen yon kay sou tèt li ki bèl anpil, anpalan de tanp Jewova. Mòn sa a pi wo pase tout lòt mòn ak kolin ki ozalantou l yo. Sepandan, li pa parèt yon bagay ki fè moun pè oubyen ki enpresyonan; li atiran. Pèp ki soti nan tout nasyon vrèman swaf pou yo monte sou mòn kote kay Jewova a ye a; Y ap monte an foul pou y al sou li. Sa fasil pou n imajine, men ki sa sa vle di?
Nan epòk Ezayi a, byen souvan, yo te konn asosye mòn ak kolin avèk adorasyon. Pa egzanp, moun te konn al la pou yo adore zidòl e yo te konn konsidere yo kòm kote ki sakre pou fo dye yo t ap sèvi yo (Detewonòm 12:2; Jeremi 3:6). Sepandan, kay oswa tanp Jewova a, te dekore tèt Mòn Moriya nan Jerizalèm. Izrayelit ki te fidèl yo te konn vwayaje al Jerizalèm twa fwa nan ane a; epi yo te konn monte Mòn Moriya a pou y al adore vrè Dye a (Detewonòm 16:16). Donk, moun ki soti nan nasyon yo k ap monte an foul nan “mòn kote kay Jewova a ye a” fè nou wè rasanbleman foul moun tout nasyon yo k ap vin fè pati vrè adorasyon an.
Li klè, jodi a, pèp Bondye a pa rasanble nan yon tanp ki fèt ak wòch ki sou tèt yon mòn. Nan ane 70 epòk nou an, lame women an te detwi tanp Jewova a ki te Jerizalèm. Dayè, apot Pòl te fè konnen byen klè tanp ki te Jerizalèm nan ak tabènak la ki te la anvan l lan se te senbòl yo te ye. Yo te reprezante yon reyalite espirityèl ki pi enpòtan toujou, anpalan de “vrè tant lan, tant se pa lòm ki bati l la, men se Jewova ki bati l”. (Ebre 8:2.) Tant espirityèl sa a, se dispozisyon ki pèmèt nou pwoche bò kote Jewova pou n adore l grasa sakrifis ranson Jezi Kris la (Ebre 9:2-10, 23). Ann amoni ak sa, nan epòk pa nou an, “mòn kote kay Jewova a ye a” yo pale de li nan Ezayi 2:2 a reprezante adorasyon Jewova a ki wo nivo e ki pwòp. Moun ki vin fè pati adorasyon ki pwòp la pa rasanble yon kote fiks sou tè a. Yo rasanble lè yo ini nan adorasyon y ap bay la.
Vrè adorasyon an parèt byen wo
Pwofèt la di “mòn kote kay Jewova a ye a”, oubyen adorasyon ki pwòp la, t ap vin ‘tabli byen djanm, li t ap vin pi wo pase lòt mòn yo’ e li t ap “kanpe byen wo nan mitan mòn yo”. Byen lontan anvan epòk Ezayi a, wa David te pote lach alyans lan Jerizalèm, sou Mòn Siyon ki te a 760 mèt wotè pi wo pase nivo lanmè a. Lach la te rete la jiskaske yo te vin mete l nan tanp lan, sou Mòn Moriya a, apre yo te fin konstwi tanp lan (2 Samyèl 5:7; 6:14-19; 2 Kwonik 3:1; 5:1-10). Konsa, rive nan epòk Ezayi a, lach sakre a te deja plase byen wo nan yon sans literal, lè yo te mete l nan tanp lan, yon kote ki te pi wo pase plizyè nan kolin ki te ozalantou yo, moun te konn itilize pou yo pratike fo adorasyon.
Li klè, nan yon sans espirityèl, adorasyon Jewova a te toujou pi wo lontan pase adorasyon moun ki t ap sèvi fo dye yo t ap pratike a. Epoutan, nan epòk nou an, Jewova mete adorasyon l lan wo, rive jis nan syèl la, li sou tèt tout kalite adorasyon ki pa pwòp yo, wi, li pi wo lontan pase “mòn yo” ak “kolin yo”. Ki jan l rive fè sa? Li rive fè sa espesyalman grasa rasanbleman moun ki vle adore l “avèk lespri ak laverite” yo. — Jan 4:23.
ip-1-F 45 § 20-21
Kay Jewova a leve byen wo
Jewova pa kite pèp li a ap ale pasipala tankou mouton ki pèdi. Li sèvi ak Bib la ansanm ak piblikasyon ki baze sou Bib la pou l bay yo “lwa” li ak “pawòl” li pou yo ka aprann konn chemen l yo. Konesans sa a fè yo jwenn sa yo bezwen pou yo “mache nan chemen l yo”. Yo pale youn ak lòt de chemen Jewova yo avèk anpil rekonesans e ann amoni ak direksyon Bondye ba yo. Yo reyini ansanm nan gwo kongrè yo ak nan gwoup ki pi piti, nan Sal Wayòm yo ak nan mezon prive, pou yo ka koute epi aprann konn chemen Bondye yo (Detewonòm 31:12, 13). Konsa, yo imite premye kretyen yo ki te konn reyini pou ankouraje youn lòt gen anpil “lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. — Ebre 10:24, 25.
Yo envite lòt moun pou yo “monte” nan adorasyon Jewova Dye a ki leve byen wo. Sa ale egzakteman nan menm sans ak kòmandman Jezi te bay disip li yo jis anvan l te monte nan syèl la. Men sa l te di yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Matye 28:19, 20). Avèk èd Bondye ba yo, Temwen Jewova yo ale sou tout kò tè a, pou yo anseye moun yo, fè yo vin disip epi batize yo. E yo fè sa avèk obeyisans.
ip-1-F 46-47 § 24-25
Kay Jewova a leve byen wo
Tout nasyon yo te mèt mete ansanm, yo pap janm rive reyalize gwo objektif sa a. Yo tou senpleman pa ka atenn li. Se moun ki soti nan tout kalite nasyon k ap akonpli pawòl Ezayi yo, lè yo ini nan adorasyon ki pwòp la. Jewova “ranje bagay yo” pami pèp yo. Li aprann pèp li a pou l viv anpè youn ak lòt. Nan monn divize sa a ki chaje ak vyolans, vrèmanvre, lè yo fè sa, se kòmsi y ap bat “epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè e y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt”. Ki jan?
Premyèman, yo pa patisipe nan gè nasyon yo ap fè. Yon tikras tan anvan lanmò Jezi, se moun ki te gen zam nan men yo ki te vin arete l. Lè Pyè te rale epe pou l chèche defann Mèt li a, Jezi te di l: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” (Matye 26:52). Depi lè a, moun k ap suiv tras Jezi pye pou pye yo bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè, e yo sispann pran zam pou touye pwochen yo epi soutni lagè nan kèlkeswa fason an. Yo “chèche viv anpè ak tout moun”. — Ebre 12:14.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 1/12 8 § 5
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I
Kesyon biblik ak tout repons:
1:8, 9 — Nan ki sans yo te “kite vil Siyon tankou yon abri nan mitan yon jaden rezen, tankou yon joupa nan yon jaden konkonm”? Sa vle di lè peyi Asiri t ap pral anvayi Jerizalèm, vil Jerizalèm nan t ap parèt vrèman san defans, menm jan ak yon ti kay byen frajil nan mitan yon jaden rezen oswa yon ti kay ki fasil pou kraze nan yon jaden konkonm. Men, Jewova te vin ba l èd, konsa, li pa t pèmèt li vin tankou Sodòm ak Gomò.
w06-F 1/12 8 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I
1:18 — Ki sa Jewova te vle di lè l te di: “Kounye a, vini, e annou ranje bagay yo”? Se pa envite Jewova te envite Izrayelit yo pou l pale avèk yo e pou yo chèche jwenn yon antant pa mwayen konvèsasyon yo t ap fè. Men pito, vèsè a fè referans ak yon espas kote y ap bay jistis, kote Jewova, antanke Jij ki jis la, te bay pèp Izrayèl la yon okazyon pou yo chanje e pou yo pirifye tèt yo.
it-2-F 735 § 1
Rekonsilyasyon
Demach ki nesesè pou gen rekonsilyasyon. Etandone se Jewova lèzòm ofanse, se yo ki dwe chèche rekonsilye ak Bondye poutèt y ap plede vyole lwa l yo. Se pa Jewova ki pou chèche fè sa (Sm 51:1-4). Lèzòm pa rive nan nivo Bondye ye a. Nitou, se pa Bondye ki pou chèche idantifye sa ki merite chanje, korije oubyen amelyore (Eza 55:6-11; Ml 3:6; konpare ak Jk 1:17). Poutèt sa, li pa nesesè pou l negosye kondisyon li genyen pou lèzòm rekonsilye avèk li yo, ni yo pa merite pou lèzòm kesyone yo, ni pou lèzòm fè konpwomi ak yo (konpare ak Jb 40:1, 2, 6-8; Eza 40:13, 14). Menmsi anpil tradiksyon bay Ezayi 1:18 konsa: “Senyè a di konsa: Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a!” (Bib la; KJ; AT; JP; RS), yon fason pi apwopriye pou yo tradui vèsè sa a e ki pi bay sans li ta dwe genyen an se: “Jewova di: ‘Kounye a, vini, annou ranje bagay yo” [“Ann mete yon fen nan mezantant lan!”, Ro]. Fot ki te fè gen dezakò a, se lèzòm ki te fè l, se pa Bondye. — Konpare ak Eze 18:25, 29-32.
12-18 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 6-10
ip-1-F 124-126 § 13-17
Pwomès pou te gen yon Prens lapè
Yon tè “yo pa t pran pou anyen”
Kounye a, Ezayi ap pale de youn nan pi gwo malè ki t ap gen pou rive sou desandan Abraram yo: “Fènwa a pap menm ak fènwa ki te gen nan peyi a lè peyi a te nan lapenn, menm jan sa te ye nan tan lontan lè yo pa t pran tèritwa Zabilon an ak tèritwa Neftali a pou anyen. Men annapre, Bondye ap fè yo bay wout ki bò lanmè a valè, sa vle di wout ki nan zòn Jouden an, nan Galile kote moun lòt nasyon yo rete a.” (Ezayi 9:1). Galile se yon tèritwa ki nan wayòm nò peyi Izrayèl la. Nan pwofesi Ezayi a, tèritwa sa a gen ladan l “tèritwa Zabilon an ak tèritwa Neftali a” avèk “wout ki bò lanmè a”, yon ansyen wout ki te arebò lanmè Galile a ki te mennen nan lanmè Meditèrane a. Nan epòk Ezayi a, rejyon sa a te rele “Galile kote moun lòt nasyon yo rete a”, petèt paske moun ki te abite nan anpil nan vil sa yo pa t Izrayelit. Ki jan “yo pa t pran [tè sa a] pou anyen”? Pèp payen Asiri a te pran tèritwa sa a, yo te mennen Izrayelit yo ann egzil epi yo te fè moun payen ki pa t desandan Abraram vin abite nan tout rejyon an. Konsa, dis tribi wayòm nò a te disparèt nan listwa antanke nasyon. — 2 Wa 17:5, 6, 18, 23, 24.
Wayòm Jida a te anba presyon Asiryen yo tou. Èske l ap antre nan yon “fènwa” nètale, menm jan ak wayòm dis tribi yo Zabilon ak Neftali te reprezante a? Non. “Annapre”, Jewova ap pote benediksyon pou rejyon wayòm sid Jida a, e menm pou tèritwa wayòm nò a te konn dirije lontan an. Ki jan?
Apot Matye reponn kesyon sa a nan pawòl lespri sen te pouse l ekri sou travay predikasyon Jezi te fè a. Anpalan de premye jou yo nan travay li t ap fè a, men sa Matye di: “Apre sa, [Jezi] kite Nazarèt, l al abite Kapènawòm, toupre lanmè a, nan tèritwa Zabilon ak tèritwa Neftali, yon fason pou pawòl pwofèt Ezayi te di a reyalize. Men sa pwofèt la te di: ‘O tèritwa Zabilon ak tèritwa Neftali, sou wout ki mennen nan lanmè a, pa lòtbò Rivyè Jouden an, nou menm moun lòt nasyon k ap viv nan Galile, moun ki chita nan fènwa yo wè yon gwo limyè, e kanta pou moun ki chita nan zòn ki anba lonbray lanmò a, limyè leve sou yo.’” — Matye 4:13-16.
Wi, peryòd “annapre” Ezayi te anonse a se te epòk kote Kris te preche sou tè a. Lè Jezi te sou tè a, li te pase pifò vi l nan Galile. Se nan distri Galile li te kòmanse fè travay predikasyon an epi l te kòmanse fè moun konnen: “Wayòm syèl la vin pi pre.” (Matye 4:17). Se nan Galile li te bay diskou enpòtan sa yo rele Diskou sou mòn nan, se la li te chwazi apot li yo, li te fè premye mirak li a e se la li te parèt devan anviwon 500 disip li apre rezirèksyon l (Matye 5:1–7:27; 28:16-20; Mak 3:13, 14; Jan 2:8-11; 1 Korentyen 15:6). Nan sans sa a, Jezi te akonpli pwofesi Ezayi a lè l te bay “tèritwa Zabilon an ak tèritwa Neftali a” valè. Li klè, Jezi pa t ret ap preche moun Galile yo sèlman. Li te preche bòn nouvèl la nan tout peyi a, sa te fè l ‘bay tout nasyon Izrayèl la valè’, sa gen ladan l Jida tou.
“Gwo limyè” a
Men, poukisa Matye pale de “yon gwo limyè” nan Galile? Se te pou l site pwofesi Ezayi a. Men sa Ezayi te ekri: “Moun ki t ap mache nan fènwa yo wè yon gwo limyè. Kanta pou moun k ap viv nan tèritwa ki gen fènwa pwès la, limyè klere yo.” (Ezayi 9:2). Rive jis nan premye syèk epòk nou an, ansèyman ki chaje ak manti payen yo te bay yo te kache limyè verite a. Chèf relijye juif yo te ajoute sou pwoblèm nan lè yo te kenbe tradisyon relijye yo ki te fè “pawòl Bondye a vin san valè”. (Matye 15:6.) Yo te toupizi moun ki enb yo, yo menm ki te dezoryante poutèt yo t ap suiv “bann gid je pete” sa yo (Matye 23:2-4, 16). Lè Jezi, Mesi a, te parèt, li te ouvri je anpil moun ki te gen imilite yon fason estrawòdinè (Jan 1:9, 12). Yo gen rezon pale de travay Jezi te fè sou tè a ak benediksyon ki soti nan sakrifis li a kòm “yon gwo limyè” nan pwofesi Ezayi a. — Jan 8:12.
w07-F 15/5 6
Nou jwenn espwa nan yon monn ki gen anpil boulvès
Yon bon baz pou moun jwenn espwa
Jezi Kris te di moun ki t ap suiv li yo: “Men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.’” (Matye 6:9, 10). Wayòm sa a ki nan syèl la se yon gouvènman Jezi Kris ap dirije. Li se mwayen Bondye itilize pou l egzèse souvrènte l ki makònen ak sa ki jis sou tè a. — Sòm 2:7-12; Dànyèl 7:13, 14.
Jodi a, gen yon pakèt sitiyasyon nan lavi a ki fè moun pè, sa montre aklè nou bezwen Bondye ede nou. Erezman, li pa lwen fè sa! Kounye a, antanke Wa Bondye mete sou twòn nan, Jezi Kris gen responsablite ak otorite pou l jistifye souvrènte Jewova epi fè non l vin sen (Matye 28:18). Talè konsa, Wayòm nan pral dirije tè a pou l retire tout sa ki lakòz laperèz ak enkyetid. Ezayi 9:6 bay rezon ki fè Jezi se yon bon dirijan ki kapab libere nou anba tout sitiyasyon ki fè nou pè yo. Pa egzanp, yo rele l “Papa ki la pou toutan” an, “gran Konseye” epi “Prens lapè”.
Ann egzamine bèl ekspresyon “Papa ki la pou toutan” an. Nan sans sa a, Jezi gen pouvwa ak otorite pou li bay moun ki obeyisan yo espwa pou yo viv sou tè a pou toutan, grasa sakrifis li a ki se yon ranson. E li vle fè sa tou. Sa vle di, y ap ka jwenn libète anba peche ak enpèfeksyon yo eritye nan men Adan, premye moun ki te peche a (Matye 20:28; Women 5:12; 6:23). Kris pral itilize otorite Bondye ba li a tou pou l fè anpil moun ki mouri retounen viv ankò. — Jan 11:25, 26.
Pandan l te sou tè a, Jezi te montre li te yon “gran Konseye”. Lefètke l te konnen Pawòl Bondye a e li te byen konnen fason lèzòm ye, li te konnen ki jan pou l rezoud pwoblèm yo jwenn chak jou nan lavi a. Depi lè Bondye te mete Kris Wa nan syèl la, Kris kontinye yon “gran Konseye”, li sèvi kòm ajan prensipal pou Jewova kominike avèk lèzòm. Konsèy Jezi yo ki nan Bib la toujou saj e yo pafè. Lefètke w konnen epi ou kwè sa, sa ka fè w viv ak anpil espwa, san w pa kite laperèz anpeche w viv.
Epi, Ezayi 9:6 pale de Jezi kòm “Prens lapè” a. Nan pozisyon sa a, talè Kris pral itilize pouvwa l pou l retire inegalite nan domèn politik, sosyal ak ekonomik. Ki jan? Li pral fè limanite jwenn lapè sèl Wayòm li an ap pote a. — Dànyèl 2:44.
Lè Wayòm nan pral dirije, ap gen lapè sou tout tè a pou toutan. Poukisa w ka kwè sa? Yo bay rezon an nan Ezayi 11:9, kote nou li: “Yo [moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm nan] pap fè okenn mal, ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre, paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo.” Alafen, tout moun sou tè a pral gen yon konesans egzak sou Bondye e y ap obeyi l. Èske sa pa touche kè w lefètke w konn sa? Si sa touche kè w, pa pran tan pou w chèche gen “konesans sou Jewova”, yon konesans ki gen anpil valè.
Ou kapab fòtifye lafwa w e w kapab gen konesans sou Bondye a ki ka ba w lavi, lè w egzamine sa Labib anseye toutbonvre sou evènman k ap pase jodi a e sou bèl avni li pwomèt la. Nou ankouraje w pou pwofite pwogram etid Labib gratis Temwen Jewova yo ap pwopoze nan zòn kote w ap viv la. Se konsa w ap ka jwenn soulajman anba laperèz epi w ap jwenn bonjan espwa nan monn sa a ki gen anpil boulvès.
ip-1-F 132 § 28-29
Pwomès pou te gen Prens lapè a
Nan moman Bondye deside a, Kris pral tabli lapè sou tout tè a pou toutan gen tan (Travay 1:7). “Gouvènman l lan ap kontinye gen plis pouvwa e lapè ap kontinye blayi nètale sou twòn David la e sou wayòm li an, pou wayòm nan ka byen tabli e pou l ret djanm grasa sa ki jis ak sa ki dwat, depi kounye a e pou toutan.” (Ezayi 9:7a). Nan fason li pral egzèse otorite l antanke Prens lapè a, Jezi pa pral aji tankou yon diktatè. Li pa pral retire libète sitwayen l yo pou l fòse yo soumèt devan l. Men pito, se pa mwayen “sa ki jis ak sa ki dwat”, li pral akonpli tout sa l gen pou l fè yo. Ala yon chanjman ki pral ban nou fòs!
Nou kontan anpil lè n wè ki jan Ezayi fini pati sa a nan pwofesi l la, pandan l ap pale sou sa non yo bay Jezi nan pwofesi a vle di. Men sa l di: “Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa.” (Ezayi 9:7b). Wi, Jewova byen deside fè sa! Li pa aji ak de kè. Nou ka gen asirans l ap akonpli kèlkeswa sa l pwomèt la totalman. Si yon moun ta vle pwofite lapè ki pap janm fini an, se pou l sèvi Jewova ak tout kè l. Menm jan ak Jewova Dye ak Jezi, Prens lapè a, se pou tout sèvitè Bondye ‘zele pou yo fè bèl travay’! — Tit 2:14.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 1/12 9 § 3
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I
7:3, 4 — Poukisa Jewova te pèmèt wa Ahaz chape, alòske se te yon wa ki te mechan? Wa Siri a te mete ansanm ak wa Izrayèl la pou yo te jete Ahaz, wa peyi Jida a, epi pou yo mete pitit Tabeyèl la, yon dirijan pope twèl, ki pa t yon desandan David, sou pouvwa a. Objektif move plan sa a se te chèche kraze alyans Jewova te fè ak David ki te gen rapò ak Wayòm nan. Jewova te pèmèt Ahaz chape, pou l ka pwoteje liy fanmi ki t ap mennen nan “Prens lapè” li te pwomèt la. — Ezayi 9:6.
it-1-F 1206
Ezayi
Pandan epòk kote Ezayi t ap sèvi antanke pwofèt nan tèritwa Jida a, an patikilye, pandan Ahaz t ap dirije a, moralite moun nan wayòm nan te bese byen ba. Ni prens yo ni pèp la t ap fè rebèl, e sa te fè, nan je Jewova, nasyon an te parèt malad ni nan kè l ni nan lespri l. Yo te rele dirijan yo “diktatè nan vil Sodòm yo” e yo te dekri pèp la kòm “moun Gomò” yo (Eza 1:2-10). Jewova te di Ezayi alavans yo t ap bouche zòrèy yo. Jewova te di sitiyasyon sa a t ap kontinye jiskaske nasyon an detwi, e “sou chak dis moun t ap rete youn” ki tankou “yon boujon ki sakre” ki t ap rete la kòm chouk yon gwo pyebwa. Travay Ezayi te fè kòm pwofèt la dwe te fè ti gwoup moun sa a jwenn rekonfò e l te fè lafwa yo vin pi solid, menmsi rès nasyon an te refize koute sa l t ap di yo. — Eza 6:1-13.
Menmsi Ezayi te plis anonse yon seri pwofesi ki konsène Jida, li te anonse tou plizyè pwofesi sou Izrayèl ak lòt nasyon yo ki te toutotou yo, etandone yo te gen yon enfliyans sou sitiyasyon Jida ak istwa l. Li te pase anpil tan ap sèvi antanke pwofèt Bondye, soti depi ozanviwon ane 778 anvan epòk nou an, lè wa Ozyas te mouri, oswa petèt anvan sa, pou rive nan 14yèm ane rèy Ezekyas la (732 anv. e. n.). — Eza 36:1, 2; 37:37, 38.
Fanmi Ezayi. Ezayi te marye. Yo te rele madanm li “dam ki pwofèt la” (Eza 8:3), sanble sa vle di li te plis pase madanm yon pwofèt. Petèt menm jan ak Debora nan epòk jij yo ak Oulda nan epòk rèy wa Jozyas la, Jewova te ba l fè menm travay pwofèt yo te konn fè a. — Jj 4:4; 2Wa 22:14.
Labib bay non de pitit gason Jewova te bay Ezayi yo kòm “siy ak mirak [...] ann Izrayèl”. (Eza 8:18.) Cheyajachoub te ase gran nan epòk Ahaz la pou l te akonpaye papa l lè l t apral bay wa Ahaz yon mesaj. Non Cheyajachoub la vle di: “Yon ti rès (sa ki te rete a) ap retounen.” Nan sans sa a, non l te gen yon sans ki te anonse yon pwofesi, paske menm jan se sèten Ezayi te fè yon pitit gason e li te ba l non sa a, se menm jan an tou wayòm Jida a t ap kraze, epi se sèl yon ti rès moun ki ta va retounen apre yo fin pase yon tan ann egzil (Eza 7:3; 10:20-23). Ti rès moun sa yo te vin retounen nan ane 537 anvan epòk nou an, lè wa peyi Pès la ki te rele Siris te siyen yon dekrè ki t ap libere yo pou yo kite Babilòn apre yo te fin pase 70 an ann egzil. — 2 Kw 36:22, 23; Esd 1:1; 2:1, 2.
Lòt pitit gason Ezayi a te gen yon non anvan menm li te fèt, e yo te ekri non sa a sou yon planch devan temwen yo te ka fè konfyans. Yo pa t kite okenn lòt moun konn sa pou jis lè tigason an te fèt, e lè sa a, temwen yo te parèt pou yo fè konnen pwofèt la te anonse nesans tigason an vre, sa ki te pwouve sa k te pase a se te yon pwofesi. Non Jewova te bay lòd pou yo bay tigason an se te Mayèchalalachbaz, ki vle di: “Kouri, o piye; Li piye byen vit; oswa Kouri vin piye; Li piye byen vit.” Yo te anonse yo t ap retire menas wayòm dis tribi Izrayèl la ak peyi Asiri a te mete ansanm pou yo fè a, anvan menm tigason an t ap ka di “papa” ak “manman”. — Eza 8:1-4.
Pwofesi a te fè konnen Jida t ap jwenn repo talè konsa. Soulajman an te vini lè Asiri te sèvi ak Rezin, wa peyi Siri a, ansanm ak Peka, wa Izrayèl la, pou l fè yon kanpay kont Jida. Asiryen yo te pran Damas nan ane 740 anvan epòk nou an, epi annapre, yo te piye e yo te detwi wayòm Izrayèl la, sa ki te reyalize pwofesi ki te parèt nan non tigason an (2Wa 16:5-9; 17:1-6). Epoutan, olye pou wa Ahaz te mete konfyans li nan Jewova, li te pito al chèche bay wa Asiri a lajan anba anba, pou l jwenn pwoteksyon nan men l devan menas Siri ak Izrayèl la. Se poutèt sa, jan Ezayi te di a, Jewova te pèmèt Asiri vin tounen yon gwo menas pou Jida, jiskaske finalman li te anvayi peyi a jis li rive Jerizalèm. — Eza 7:17-20.
Souvan, Ezayi te pale de “siy” Jewova te bay yo, pami yo, gen de pitit gason l yo, epi yon fwa, Ezayi li menm tou te youn nan siy yo. Jewova te ba l lòd pou l mache prèske san rad sou li epi pye atè pandan twazan, pou l sèvi kòm yon siy ak yon avètisman pou peyi Ejip ak peyi Etyopi; bagay sa yo te vle di wa peyi Asiri a t ap fè moun nan peyi sa yo vin esklav. — Eza 20:1-6; 7:11, 14; 19:20; 37:30; 38:7, 22; 55:13; 66:19.
Pwofesi konsènan lè pèp la t apral ann egzil ak lè yo t ap tounen lakay yo. Ezayi te jwenn privilèj tou pou l anonse se pa peyi Asiri ki t ap jete wa Jida yo epi detwi Jerizalèm, men se Babilòn (Eza 39:6, 7). Nan tan kote Asiri te soti pou anvayi Jida pou “kouvri l nèt”, Ezayi te bay wa Ezekyas yon mesaj pou ba l asirans: lame Asiryen yo pa t ap ka antre nan vil la (Eza 8:7, 8). Jewova te reyalize pawòl li a lè l te voye yon zanj touye 185 000 sòlda vanyan ak chèf ki t ap dirije lame a, konsa, li te delivre Jerizalèm. — 2Kw 32:21.
Pa gen dout, bagay ki te bay Ezayi plis kè kontan an, se privilèj Jewova te ba l pou l anonse epi ekri plizyè pwofesi sou moman kote pèp li te renmen an t ap retounen Jerizalèm. Byenke Jewova te pèmèt pèp li a al ann egzil nan peyi Babilòn poutèt rebelyon ak revòl yo t ap fè kont li, rive yon lè, Bondye t ap jije Babilòn, paske li te chèche fè pèp Bondye a abi epi l te vle kenbe yo ann egzil pou toutan. Anpil nan pwofesi Ezayi yo plis pale sou jijman Bondye t apral fè sou Babilòn e jan yo t ap detwi vil la, li t ap rete vid, e yo pa t ap janm rekonstwi l ankò. — Eza 45:1, 2; chapit 13, 14, 46-48.
ip-1-F 111-112 § 23-24
Mete konfyans nou nan Jewova lè n ap fè fas ak eprèv
Pwofesi yo egzak
Ezayi te retounen pale sou sitiyasyon ki t ap pase a. Pandan lame Siryen yo ak Izrayelit yo, ki te met ansanm, te anvayi Jerizalèm, Ezayi te fè konnen: “Jewova di m: ‘Pran yon gwo moso planch, ekri “Mayèchalalachbaz” byen klè sou li ak yon plim. Epi, se pou Ouri, prèt la, ak Zakari, pitit gason Jeberekya a, yon seri temwen ki fidèl, ekri sa pou mwen kòm prèv.’” (Ezayi 8:1, 2). Non Mayèchalalachbaz la vle di “Kouri, o piye; Li vin piye byen vit”. Ezayi mande de moun respektab nan kominote a pou yo sèvi l temwen li te ekri non sa a sou yon moso planch, pou yo ka fè konnen dokiman sa a egzak alavni. Men, siy sa a ta dwe gen yon lòt siy pou montre l egzak.
Men sa Ezayi di: “Apre sa, mwen te antre nan relasyon ak dam ki pwofèt la, li te vin ansent, e li te fè yon pitit gason. Epi, Jewova di m: ‘Rele l Mayèchalalachbaz, paske anvan tigason an konn di “papa” ak “manman”, y ap pote tout sa ki nan Damas ak sa moun pran nan Samari yo ale devan je wa Asiri a.’” (Ezayi 8:3, 4). Ni gwo moso planch lan, ni tigason ki t apral fèt la t ap sèvi kòm siy pou montre Asiri pa t ap pran tan pou l piye Siri ak Izrayèl ki t ap toupizi Jida. Ki lè sa t ap fèt? Sa t ap rive anvan tigason an t ap kapab di premye pawòl yon tibebe ka di tankou “papa” ak “manman”. Yon pwofesi ki egzak konsa te dwe pèmèt pèp la vin gen plis konfyans nan Jewova. Oubyen li te ka fè kèk moun pase Ezayi ak pitit gason l yo nan rizib. Kèlkeswa efè sa te genyen an, pwofesi Ezayi te bay yo t ap reyalize. — 2 Wa 17:1-6.
19-25 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 11-16
“Tè a pral plen konesans sou Jewova”
ip-1-F 160-161 § 9-11
Rèy Mesi a ap sove moun epi l ap ba yo kè kontan
Yon jij ki dwat e ki gen mizèrikòd
Ezayi te anonse plis bagay toujou sou kalite moun Mesi a t ap ye. Men sa l te di: “Li pap jije moun selon sa je l ba li, ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande.” (Ezayi 11:3b). Si w ta gen pou w parèt devan yon tribinal, èske w pa t ap kontan gen yon jij konsa devan w? Antanke Jij tout limanite, moun pa ka twonpe Mesi a ak manti, bèl estrateji, pwopagann oswa lòt bagay ki chita sou aparans, tankou richès. Li kapab wè pi lwen pase twonpri yon moun ap fè e li kapab wè pi lwen pase sitiyasyon yon moun, konsa, li ka rive wè sa “moun [nan] ye nan fon kè [l]”, oswa “moun ki kache” anndan l lan (1 Pyè 3:4, nòt). Jezi se pi gwo modèl pou moun yo bay jije yon seri ka ki konn genyen nan kongregasyon kretyen an. — 1 Korentyen 6:1-4.
Kòman gwo kalite Jezi genyen yo gen enfliyans sou desizyon l ap pran antanke Jij? Men sa Ezayi esplike: “L ap jije malere yo san paspouki, e l ap korije moun yon fason ki jis poutèt moun ki gen imilite sou tè a. L ap frape moun sou tè a ak baton ki nan bouch li a, e l ap touye mechan yo ak souf ki sot nan bouch li. Jistis ap vin senti ki mare nan tay li, e fidelite ap vin senti ki nan ren l.” — Ezayi 11:4, 5.
Lè sa nesesè, Jezi korije moun k ap suiv li yo fason k ap pi bon pou yo a. Li se pi bèl egzanp pou siveyan kretyen yo suiv. Yon lòt bò, moun k ap pratike sa ki mal yo ka atann y ap resevwa yon jijman ki di. Lè Bondye pral jije sistèm sa a, Mesi a pral “frape latè” ak vwa l ki gen otorite a, pou l detwi tout mechan yo (Sòm 2:9; konpare ak Revelasyon 19:15). Finalman, pap rete okenn mechan pou twouble lapè sou tè a (Sòm 37:10, 11). Lefètke Jezi mare senti l, oswa ren l, avèk jistis ansanm ak fidelite, li gen pouvwa pou l fè sa. — Sòm 45:3-7.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 1/12 9 § 5
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I
11:1, 10 — Ki jan Jezi Kris fè “rasin Jese a” epi anmenmtan li se “yon ti branch k ap pouse nan chouk Jese a” (Women 15:12)? Jezi te “yon ti branch k ap pouse nan chouk Jese a” paske li te yon desandan Jese ki te papa David (Matye 1:1-6; Lik 3:23-32). Anmenmtan, lefètke li resevwa pouvwa pou l aji antanke Wa a, sa chanje relasyon l te gen ak zansèt li yo. Piske yo ba li pouvwa ak otorite pou l fè moun obeyisan yo jwenn lavi ki pap janm fini sou tè a, Jezi tounen “Papa ki la pou toutan” an pou yo (Ezayi 9:6). Pou rezon sa a, yo rele l tou “rasin” zansèt li yo, sa gen ladan l Jese tou.
w06-F 1/12 10 § 9
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I
Kesyon biblik ak tout repons:
13:17 — Nan ki sans moun peyi Medi yo pa t pran lajan pou anyen e yo pa t enterese nan lò? Moun peyi Medi yo ak moun peyi Pès yo te konsidere glwa yo jwenn lè yo ranpote laviktwa pi enpòtan pase bagay yo te piye yo. Sa te parèt byen klè lè Siris te remèt moun ki t ap soti ann egzil Babilòn yo veso ki annò ak veso ki ann ajan Nebikadneza te pran nan tanp Jewova a.
26 DESANM–1YE JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 17-23
“Lè yon moun mal sèvi ak pouvwa li genyen, sa fè l pèdi otorite l”
ip-1-F 238-239 § 16-17
Leson sou enfidelite
Yon administratè ki te egoyis
Kounye a, pwofèt la kite pèp enfidèl la pou vire atansyon l sou yon moun ki pa t fidèl. Men sa Ezayi te ekri: “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di: ‘Al kot Chebna, administratè ki responsab kay wa a, di l: “Ki sa w gen isit la e ki moun ou gen isit la ki fè w bay fouye yon tonm pou ou isit la?” Misye bay fouye yon tonm pou li nan yon ti mòn. Li fè fouye yon tonm pou li nan yon mas wòch.’” — Ezayi 22:15, 16.
Chebna se te ‘administratè ki responsab’ kay la, petèt se te kay wa Ezekyas. Nan sans sa a, li te gen yon gwo pozisyon, etandone se li ki te dezyèm moun ki gen plis pouvwa apre wa a. Yo te atann anpil bagay de li (1 Korentyen 4:2). Men, olye Chebna te bay bagay ki gen rapò ak nasyon an tout atansyon l, jan l te dwe fè sa, li te pito ap chèche glwa pou tèt li. Li te fè yo fè yon tonm byen chè pou li nan yon mas wòch, menm jan ak tonm wa yo te konn genyen. Jewova ki t ap gade sa, te pouse Ezayi bay administratè sa a ki pa t fidèl yon avètisman. Men sa Ezayi te di l: “Gade monchè! Jewova ap lage w atè byen fò e l ap pran w ak tout fòs. Wi, l ap plòtonnen w byen di tankou yon boul e l ap voye w jete nan yon gwo peyi. Se la w ap mouri e se la bèl charyo w yo ap ye. Se pral yon wont pou moun lakay mèt ou. M ap desann ou sot nan pozisyon w ye a e m ap retire w nan travay ou ye a.” (Ezayi 22:17-19). Etandone se tèt Chebna sèlman Chebna te wè, li pa t ap menm jwenn yon tonm nòmal pou yo antere l nan Jerizalèm. Olye de sa, yo t ap choute l tankou yon boul, pou l al mouri nan yon peyi byen lwen. Sitiyasyon sa a gen yon leson pou tout moun ki gen otorite pami pèp Bondye a. Si yo mal sèvi ak pouvwa yo genyen an, sa ka fè yo pèdi otorite sa a, e yo ka menm retire yo nan pozisyon yo ye a.
ip-1-F 239-240 § 17-18
Leson sou enfidelite
Chebna se te ‘administratè ki responsab’ kay la, petèt se te kay wa Ezekyas. Nan sans sa a, li te gen yon gwo pozisyon, etandone se li ki te dezyèm moun ki gen plis pouvwa apre wa a. Yo te atann anpil bagay de li (1 Korentyen 4:2). Men, olye Chebna te bay bagay ki gen rapò ak nasyon an tout atansyon l, jan l te dwe fè sa, li te pito ap chèche glwa pou tèt li. Li te fè yo fè yon tonm byen chè pou li nan yon mas wòch, menm jan ak tonm wa yo te konn genyen. Jewova ki t ap gade sa, te pouse Ezayi bay administratè sa a ki pa t fidèl la yon avètisman. Men sa Ezayi te di l: “Gade monchè! Jewova ap lage w atè byen fò e l ap pran w ak tout fòs. Wi, l ap plòtonnen w byen di tankou yon boul e l ap voye w jete nan yon gwo peyi. Se la w ap mouri e se la bèl charyo w yo ap ye. Se pral yon wont pou moun lakay mèt ou. M ap desann ou sot nan pozisyon w ye a e m ap retire w nan travay ou ye a.” (Ezayi 22:17-19). Etandone se tèt Chebna sèlman Chebna te wè, li pa t ap menm jwenn yon tonm nòmal pou yo antere l nan Jerizalèm. Olye de sa, yo t ap choute l tankou yon boul, pou l al mouri nan yon peyi byen lwen. Sitiyasyon sa a gen yon leson pou tout moun ki gen otorite pami pèp Bondye a. Si yo mal sèvi ak pouvwa yo genyen an, sa ka fè yo pèdi otorite sa a, e yo ka menm retire yo nan pozisyon yo ye a.
Donk, ki jan yo t apral retire Chebna nan pozisyon l te ye a? Men sa Jewova te esplike pa mwayen Ezayi: “Jou sa a, m ap rele Elyakim, sèvitè m nan, pitit gason Ilkya a, m ap met rad long ou an sou li, m ap mare senti w la nan tay li byen sere e m ap ba l pouvwa w genyen an. Epi, l ap vin yon papa ni pou moun Jerizalèm yo ni pou moun Jida yo. M ap ba l responsab kle kay David la. Pèsonn pap fèmen pòt li ouvri e pèsonn pap ouvri pòt li fèmen.” (Ezayi 22:20-22). Lè Elyakim t ap ranplase Chebna a, yo t ap ba l rad ofisyèl administratè a ansanm ak kle kay David la. Nan Bib la, yo itilize mo “kle” a kòm yon senbòl pou reprezante otorite, gouvènman oswa pouvwa (konpare ak Matye 16:19). Nan tan lontan, sanble moun ki te konseye wa yo te gen pouvwa pou yo ouvri epi fèmen pòt yo vle nan kay wa yo, e yo te konn menm deside tou kiyès ki t ap ka fè sèvis nan kay wa a (konpare ak Revelasyon 3:7, 8). Se sa k fè, travay yon administratè a enpòtan, e yo atann anpil nan men nenpòt moun ki okipe plas sa a (Lik 12:48). Petèt Chebna te gen kapasite pou sa, men Jewova t apral ranplase l, paske li pa t montre l fidèl.
w07-F 15/1 8 § 6
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — II
Leson pou nou:
36:2, 3, 22. Byenke yo te ranplase Chebna antanke administratè, yo te otorize l pou l kontinye sèvi wa a antanke sekretè nouvo administratè a (Ezayi 22:15, 19). Si nou ta vin pèdi yon responsablite nan òganizasyon Jewova a pou yon rezon kèlkonk, èske nou pa ta dwe kontinye sèvi Bondye nan kèlkeswa pozisyon li pèmèt nou fè sa?
ip-1-F 240-241 § 19-20
Leson sou enfidelite
De klou senbolik
Finalman, Jewova itilize yon langaj senbolik pou l dekri chanjman li ta pral fè pou l retire pouvwa a nan men Chebna pou l bay Elyakim li. Men sa l te di: “M ap kloure l [Elyakim] byen di tankou yon klou ki nan yon miray ki byen solid, e l ap vin tankou yon twòn ki pote glwa pou moun lakay papa l yo. Y ap pandye tout glwa moun lakay papa l yo ladan l, glwa desandan l yo ak pitit pitit li yo ak glwa tout ti veso yo, veso ki tankou bòl yo, ansanm ak tout gwo krich yo. ‘Jou sa a,’ se sa Jewova, Chèf lame yo, di, ‘m ap retire klou mwen te kloure nan miray ki byen solid la, m ap kase l lage atè, chay ki te pandye ladan l yo ap tonbe e y ap kraze nèt, paske se Jewova menm ki di sa.’” — Ezayi 22:23-25.
Nan vèsè sa yo, premye klou a se Elyakim. Li t ap tounen yon “twòn ki pote glwa” pou kay papa l, Ilkya. Li pa t ap pote dezonè pou kay papa l la oubyen repitasyon papa l, kontrèman ak Chebna. Elyakim t ap rete yon sipò k ap dire pou toutan pou pote veso yo itilize nan kay la, sa vle di lòt moun ki t ap sèvi wa a (2 Timote 2:20, 21). Sepandan, dezyèm klou a se Chebna. Menmsi li te parèt byen plante, yo t ap retire l. Nenpòt moun ki te konte sou li t ap tonbe.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w06-F 1/12 11 § 2
Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I
21:1 — Ki zòn yo te rele “dezè ki nan lanmè a”? Byenke Babilòn pa t pre lanmè ditou, se konsa yo te rele l. Paske dlo Rivyè Efrat ak Rivyè Tig te konn debòde chak ane, yo te fè zòn nan tounen yon marekaj ki sanble ak yon “lanmè”.
ip-1-F 253-254 § 22-24
Jewova rabese ògèy vil Ti
Men sa Ezayi te kontinye di: “Nan fen 70 an an, vil Ti ap vin tankou yon pwostitye yo fè yon chante pou li ki di: ‘Pran yon hap, al fè wonn vil la, ou menm pwostitye tout moun bliye a. Jwe hap ou a byen. Chante anpil chante pou yo ka sonje w.’ Nan fen 70 an an, Jewova ap vire gade vil Ti, e vil Ti ap retounen al fè yo peye l e l ap aji tankou yon pwostitye ak tout wayòm ki gen nan monn nan sou tè a.” — Ezayi 23:15b-17.
Apre Babilòn te vin tonbe nan ane 539 anvan epòk nou an, peyi Fenisi te tounen yon tèritwa anpi Medi ak Pès. Wa peyi Pès la, Siris Legran, te yon dirijan ki te aksepte diferans. Sou rèy li a, ki te tounèf, vil Ti t apral chèche repran aktivite l epi travay di pou l rejwenn pozisyon l antanke yon mache pou komès mondyal la, menm jan yon pwostitye yo t ava bliye e ki ta pèdi kliyan l yo t ap chèche atire nouvo kliyan lè l al mache fè wonn vil la, toutpandan l ap jwe hap e l ap chante. Èske vil Ti t ap reyisi? Jewova t ap fè l reyisi. Rive yon lè, vil sa a, ki te sou yon zile, t ap vin tèlman rich, pwofèt Zakari t ap di nan zòn fen ane 500 anvan epòk nou an: “Moun vil Ti yo te bati yon ranp pou pwoteje vil la. Yo te anpile ajan tankou pousyè, e yo te anpile lò tankou labou nan lari.” — Zakari 9:3.
‘Sa l rantre yo ap vin yon bagay ki sakre’
Pawòl ki nan pwofesi nou pral wè la yo bèl anpil! “Sa l rantre yo ak sa yo peye l la ap vin yon bagay ki sakre pou Jewova. Li pap ka ni sere sa yo ba li yo ni voye yo jete, paske sa yo peye l la ap pou moun ki devan fas Jewova yo, yon fason pou yo ka manje vant plen e pou yo ka met bèl rad sou yo.” (Ezayi 23:18). Nan ki sans sa vil Ti te rantre yo te yon bagay ki sakre? Jewova te fè bagay yo yon fason pou richès sa yo te sèvi pou akonpli volonte l, li te fè yo sèvi pou bay pèp li a manje ak rad. Sa te rive apre Izrayelit yo te tounen sot ann egzil nan Babilòn. Moun vil Ti yo te ede yo lè yo te ba yo bwa sèd pou yo te rebati tanp lan. Anplis, yo te rekòmanse fè komès avèk vil Jerizalèm. — Esdras 3:7; Neyemi 13:16.