Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
5-11 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 51-52
“Jewova toujou reyalize tout sa ki nan Pawòl li”
it-2-F 243 § 5-6
Moun Medi yo, Medi
Moun Medi yo ansanm ak moun peyi Pès yo te ranpòte laviktwa sou Babilòn. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, pwofèt Ezayi te anonse Jewova t ap fè ‘moun peyi Medi yo, ki pa pran ajan pou anyen e ki pa enterese nan lò, leve kont Babilòn. Avèk banza yo, yo t ap fè jèn gason yo fè miyèt moso’. (Eza 13:17-19; 21:2.) Lè yo pale de moun “Medi” yo, li kapab gen moun Pès yo ladan l tou, jan kèk istoryen grèk te konn itilize mo sa a pou yo pale de moun Medi yo ansanm ak moun Pès yo. Lefètke yo pa t enterese nan lò ak ajan, sa montre se pran Babilòn ki t ap enterese yo an premye, se pa t pou yo te pran sa Babilòn te genyen, konsa, ni lajan pa anba, ni taks yo te ka ba yo pa t ap detounen yo pou sa yo te vin fè a. Moun peyi Medi yo ansanm ak moun peyi Pès yo te itilize banza kòm zam prensipal pou yo goumen. Banza yo te konn fèt ak bwa, e yo te konn kouvri yo ak bwonz oswa kuiv (konpare ak Sm 18:34), petèt se banza sa yo yo te itilize pou tire flèch ki te ‘fè jèn gason Babilòn yo fè miyèt moso’. Yo te file flèch sa yo yon fason pou yo te ka antre pi fon. — Jr 51:11.
Nou ka remake pami moun ki te anvayi Babilòn yo, Jeremi (51:11, 28) pale de “wa Medi yo” kòm moun ki pran latèt nan atak yo t ap fè kont Babilòn nan, sa ki ka vle di petèt menm pandan Siris t ap dirije te gen yon wa oubyen plizyè wa Medi ki te la anba direksyon l. Sa te konn fèt nan tan lontan. (Konpare tou ak Jr 25:25.) Nou ka remake tou lè moun peyi Medi yo ansanm ak moun peyi Pès yo, ak moun Elam yo ak lòt tribi ankò ki te toupre yo te met lame yo ansanm pou yo pran Babilòn, se Dariyis, yon moun peyi Medi, yo te met “wa nan wayòm moun Kalde yo”. Sanble se Siris, wa Pès la, ki te nome l. — Dn 5:31; 9:1; gade DARIUS No 1.
it-2-F 365 § 6
Nabonid
Kwonik Nabonid la rakonte yon bagay enteresan ki te pase nan nuit Babilòn te tonbe a: “Lame Siris antre Babilòn san batay.” Sa vle di sanble pa t gen yon gwo goumen ki te fèt, sa ki ale nan menm sans ak pwofesi Jeremi te anonse a, kote l te di ‘sòlda Babilòn yo t ap sispann goumen’. — Jr 51:30.
it-1-F 252 § 2
Babilòn
Depi ane 539 anvan epòk nou an, yon dat moun pa ka bliye, vil Babilòn t ap depafini pandan glwa l te genyen an t ap disparèt. Vil la te rebele de fwa kont wa peyi Pès la, Dariyis Iye (Istas), ki t ap dirije yo, e se sou dezyèm fwa a yo te detwi vil la. Gen yon ti vil yo te eseye rebati yon pati ladan l ki te fè rebèl kont Zèsès Iye, men, yo te dechèpiye l. Aleksann Legran te vle fè Babilòn tounen kapital anpi li a, men li te mouri sanzatann nan ane 323 anvan epòk nou an. Nikatò te pran vil la nan ane 312 anvan epòk nou an, e li te pran pifò bagay ki te genyen yo pou l te al arebò Rivyè Tig la pou l te ka konstwi Selesi, nouvo kapital li a. Toutfwa, Babilòn te toujou egziste nan kòmansman epòk kretyen yo, e te gen yon gwoup Juif nan vil la, se pou rezon sa a apot Pyè te vizite Babilòn, jan l te fè konn sa nan lèt li a (1P 5:13). Gen kèk prèv yo jwenn ki montre tanp Bèl la ki te Babilòn te toujou egziste nan ane 75 epòk nou an. Nan katriyèm syèk epòk nou an, vil la te vin kraze nèt, e finalman li pa t egziste ankò. Li te vin tounen “yon pil wòch”. — Jr 51:37.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 340 § 8
Mòn
Li reprezante gouvènman. Nan Bib la, yo konn itilize mòn kòm senbòl pou reprezante wayòm yo oswa gouvènman k ap dirije yo (Dn 2:35, 44, 45; konpare ak Eza 41:15; Re 17:9-11, 18). Lame Babilòn yo te detwi anpil vil, se sa k fè yo te rele l “mòn ki t ap mache kraze brize a”. (Jr 51:24, 25.) Gen yon sòm ki pale de aksyon Jewova fè kont moun k ap fè lagè yo e ki di Jewova “klere anpil, [li] pi estrawòdinè pase mòn ki gen jibye yo”. (Sm 76:4.) “Mòn ki gen jibye yo” ka reprezante wayòm ki mechan yo. (Konpare ak Na 2:11-13.) Men ki sa David bò kote pa l te di lè l t ap pale de Jewova: “Ou te fè m djanm tankou yon mòn.” Sa te siman vle di Jewova te fè wayòm David la jwenn glwa e l te mete l kanpe byen djanm (Sm 30:7; konpare ak 2Sa 5:12). Lefètke mòn yo ka reprezante wayòm, sa ede nou konprann sa nou li nan Revelasyon 8:8 ki pale de “yon bagay ki tankou yon gwo mòn k ap boule nan dife”. Mòn ki nan dife a sanble reprezante yon gouvènman ki gen pouvwa pou l detwi lòt gouvènman menm jan dife konn detwi lòt bagay.
it-2-F 258 § 2
Lanmè
Yon lame ki gwo anpil. Jeremi te konpare bri sòlda ki t ap vin atake Babilòn yo ak “bri lanmè a lè l move”. (Jr 50:42.) Kidonk, lè l te di “lanmè a” t ap kouvri Babilòn, li te vle pale de gwo lame Moun peyi Pès yo ak moun peyi Medi yo ki tankou yon gwo dlo ki t ap vin anvayi vil la. — Jr 51:42; konpare ak Dn 9:26.
12-18 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LAMANTASYON 1-5
“Lè n ret tann avèk pasyans, sa ede nou andire”
w12-F 1/6 14 § 3-4
“W ap sonje sa [...] e w ap vin ede m”
Malgre Jeremi nan gwo tristès, li gen anpil espwa. Men sa l di Jewova: “W ap [Jewova] sonje sa kanmenm, e w ap vin ede m.” (Vèsè 20). Jeremi pa gen okenn dout. Li konnen Jewova pap bliye l, li konnen l pap bliye moun ki repanti pami pèp li a. Kidonk, ki sa Bondye Toupisan an t apral fè pou yo? — Revelasyon 15:3.
Jeremi te gen asirans Jewova t ap “vin ede” moun ki repanti toutbon yo. Gen yon lòt tradiksyon ki di: “O sonje, e bese vin jwenn mwen.” Pawòl sa yo gen anpil tandrès ladan yo. Jewova, “Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”, ap bese, sa vle di l ap bese pou l retire sèvitè l yo nan kondisyon tris yo ye a epi fè yo rejwenn favè l (Sòm 83:18). Grasa espwa sa l te genyen an, Jeremi te jwenn bonjan konsolasyon. Pwofèt sa a ki te fidèl te deside pou l ret tann Jewova avèk pasyans jiskaske l vin delivre moun li yo ki te repanti. — Vèsè 21.
19-25 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZEKYÈL 1-5
“Ezekyèl te pran plezi fè konnen mesaj Bondye a”
it-1-F 1202
Entesten
Manje nou manje yo pase nan entesten nou yo. Nan yon vizyon, Ezekyèl te gen pou l manje yon woulo, pou l te ka plen entesten l yo (ann ebre, meyim). Yo te itilize egzanp sa a pou montre fason yon moun dijere manje espirityèl oubyen fason l dijere sa l ap aprann ki pral nan lespri l. Ezekyèl t ap vin gen plis fòs lè l te medite sou pawòl ki nan woulo a e lè l te konsève yo nan lespri l. Konsa, li te byen manje nan domèn espirityèl e l te gen yon mesaj pou l pataje ak lòt moun. — Eze 3:1-6; konpare ak Re 10:8-10.
w07-F 1/7 12 § 3
Pwen enteresan nan liv Ezekyèl la — I
2:9–3:3 — Poukisa woulo ki te gen yon seri chante ki tris ak bagay ki pou fè moun nan lapenn yo te dous nan bouch Ezekyèl? Se fason Ezekyèl te reyaji devan asiyasyon l te resevwa a ki fè woulo a te gen gou dous nan bouch li. Ezekyèl l te kontan sèvi Jewova antanke pwofèt.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w07-F 1/7 11 § 6
Pwen enteresan nan liv Ezekyèl la — I
1:4-28 — Ki sa cha selès la reprezante? Cha selès la reprezante pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la, ki gen ladan l zanj ki fidèl yo. Se lespri sen Jewova ki ba l fòs. Moun k ap kondui cha sa a reprezante Jewova, Sila a ki gen yon glwa moun pa ka dekri. Se yon bèl lakansyèl ki reprezante kalm li genyen an.
w07-F 1/7 12 § 4
Pwen enteresan nan liv Ezekyèl la — I
4:1-17 — Èske Ezekyèl te vrèman jwe sèn ki te anonse yo t ap gen pou ansèkle Jerizalèm nan? Ezekyèl te mande Jewova pou l chanje bagay yo te konn itilize pou fè dife pou kuit manje a, e Jewova te fè sa Ezekyèl te mande l la. Sa montre Ezekyèl te vrèman jwe sèn nan. Kantite tan li te fè kouche sou bò goch li a te koresponn a 390 ane dis tribi yo te fè ap peche kont Jewova, soti lè yo te kòmanse nan ane 997 anvan epòk nou an pou rive nan ane 607 anvan epòk nou an, lè yo te detwi Jerizalèm nan. E kantite tan li te fè kouche sou bò dwat li a te koresponn a 40 ane Jida te fè ap peche kont Jewova yo, soti lè Jeremi te vin pwofèt nan ane 647 anvan epòk nou an pou rive nan ane 607 anvan epòk nou an. Pandan 430 jou Jeremi te fè kouche yo, li te viv ak yon ti kantite manje ak dlo, sa te anonse grangou ki t apral genyen lè yo t ap ansèkle Jerizalèm nan.