CHAPIT 6
“Kounye a, lafen an rive sou ou”
IDE KLE: Fason Jewova reyalize pwofesi jijman li te anonse kont Jerizalèm yo.
1, 2. a) Ki konpòtman etranj Ezekyèl te genyen? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.) b) Ki sa aksyon l yo te anonse?
NOUVÈL konsènan konpòtman etranj pwofèt Ezekyèl genyen an te gaye byen vit pami Juif ki te ann egzil ki t ap viv nan peyi Babilòn yo. Pandan yon semèn, li te chita pami moun ki ann egzil yo, li te tankou yon moun ki gaga, li pa t di yon mo. Men, li leve bridsoukou, li antre lakay li epi l fèmen kò l anndan. Kounye a, toutpandan vwazen l yo ap gade tou sezi, pwofèt la soti, li pran yon brik, li mete l devan l, epi l grave yon desen sou li. Apre sa, san Ezekyèl pa di yon mo, li kòmanse fè yon ti lantouray. — Eze. 3:10, 11, 15, 24-26; 4:1, 2.
2 Se sèten plis moun te kòmanse vin gade e yo dwe t ap mande tèt yo: ‘Ki sa tout bagay sa yo vle di?’ Se sèlman annapre Juif ki ann egzil sa yo te vin byen konprann konpòtman etranj Ezekyèl te genyen an te anonse yon evènman terib ki te montre jan Jewova te gen rezon pou l santi l endiye. Ki evènman sa a? Ki efè l te gen sou nasyon Izrayèl tan lontan an? Ki sans li genyen pou vrè adoratè yo jodi a?
“Pran yon brik [...]. Pran ble [...]. Pran yon epe ki byen file”
3, 4. a) Ki twa aspè nan jijman Bondye a Ezekyèl te jwe sèn yo? b) Ki jan Ezekyèl te jwe sèn konsènan ansèkle yo t ap ansèkle Jerizalèm nan?
3 Ozanviwon ane 613 anvan epòk nou an, Jewova te mande Ezekyèl pou l sèvi ak siy pou montre twa aspè ki nan jijman Li pral fè kont Jerizalèm nan. Men yo: y ap ansèkle vil la, moun ki abite ladan l yo ap soufri, epi y ap detwi vil la ak moun ki abite ladan l yo.a Ann egzamine twa aspè sa yo pi an detay.
4 Y ap ansèkle Jerizalèm. Men sa Jewova te di Ezekyèl: “Pran yon brik epi mete l devan w [...]. Ansèkle l.” (Li Ezekyèl 4:1-3.) Brik la reprezante vil Jerizalèm nan, e Ezekyèl li menm reprezante lame Babilòn Jewova ap sèvi avè l la. Anplis de sa, Ezekyèl te jwenn enstriksyon pou l bati yon ti lantouray, yon ranp, epi pou l fè materyèl yo konn itilize pou defonse pòtay ak miray yo. Apre sa, li te dwe mete yo toutotou brik la. Bagay sa yo reprezante enstriman moun fè lagè ènmi Jerizalèm yo t apral itilize pou yo ansèkle vil la e pou yo atake l. Pou Ezekyèl montre fòs sòlda ènmi yo genyen an tankou fè, li te dwe met “yon platin an fè” oswa yon moso metal ant li menm ak vil la. Annapre, li te dwe fikse “je [l] sou” vil la. Aksyon sa yo te “yon siy pou pèp Izrayèl la” ki montre gen yon bagay yo pa t panse ki t apral rive. Jewova t ap sèvi ak yon lame ènmi pou ansèkle Jerizalèm, vil ki te pi enpòtan pou pèp Bondye a, kote tanp Bondye a ye a!
5. Esplike fason Ezekyèl te jwe sèn konsènan sa k t apral rive moun ki abite Jerizalèm yo.
5 Moun ki abite Jerizalèm yo ap soufri. Men lòd Jewova te bay Ezekyèl: “Pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak lòt kalite ble a [...] epi se pou w fè pen avèk yo.” Annapre, “w ap peze manje w ap manje a. W ap manje 20 chekèl [anviwon 230 gram] manje pa jou”. Men sa Jewova te esplike annapre: “M ap fini ak rezèv manje Jerizalèm nan.” (Eze. 4:9-16). Nan sèn sa a, Ezekyèl pa t reprezante lame peyi Babilòn nan ankò, men li te jwe wòl moun ki te abite Jerizalèm yo. Aksyon pwofèt la te fè yo te montre lè yo t apral ansèkle vil la sa t ap lakòz rezèv manje yo diminye. Lè sa a, yo t apral fè pen ak yon seri engredyan yo pa t abitye fè pen ak yo, sa ki montre moun yo t ap manje nenpòt sa yo jwenn. Jis nan ki pwen grangou sa a t ap rèd? Ezekyèl te fè kòmsi l t ap pale ak moun Jerizalèm yo, li te di: “Paran ap manje pitit e pitit ap manje paran.” Alafen, anpil moun t ap soufri akoz “grangou sa a [ki] tankou [...] kout flèch” e pèp la t ap vin “depafini”. — Eze. 4:17; 5:10, 16.
6. a) Ki de wòl Ezekyèl te jwe anmenmtan? b) Ki sa lòd Bondye te bay Ezekyèl pou l ‘pran yon balans pou l peze cheve yo’ vle di?
6 Y ap detwi Jerizalèm ak moun ki abite ladan l yo. Nan pati sa a, Ezekyèl te jwe yon sèn sou sa k pral rive nan pwofesi yo, e nan sèn sa a li te jwe de wòl anmenmtan. Premyèman, Ezekyèl te jwe yon wòl ki montre sa Jewova t apral fè. Men sa Jewova te di l: “Pran yon epe ki byen file, sèvi avè l tankou se te yon razwa kwafè.” (Li Ezekyèl 5:1, 2.) Men Ezekyèl ki te kenbe epe a te reprezante men Jewova, sa vle di jijman Jewova t apral fè pa mwayen lame Babilòn nan. Dezyèmman, Ezekyèl te jwe yon wòl ki montre ak ki sa Juif yo t apral fè fas. Men sa Jewova te di l: “Kale tèt ou epi grate bab ou.” Kale Ezekyèl te kale tèt li a te reprezante fason yo t apral atake Juif yo e yo t apral touye yo. Mete sou sa, lòd li te resevwa ki te mande pou l ‘pran yon balans pou l peze cheve yo, e apre sa, pou l fè yo fè twa pòsyon ki egal’ la te montre jijman Jewova t apral fè kont Jerizalèm nan se pa t ap yon bagay ki t ap fèt pa aza, men se t ap yon jijman li chwazi fè e l t ap fè l nèt.
7. Poukisa Jewova te di Ezekyèl pou l fè cheve yo fè twa pòsyon e pou l fè yon bagay diferan ak chak pòsyon?
7 Poukisa Jewova te di Ezekyèl pou l fè cheve yo fè twa pòsyon e pou l fè yon bagay diferan ak chak pòsyon? (Li Ezekyèl 5:7-12.) Ezekyèl te boule yon pòsyon cheve “anndan vil la” pou montre moun ki t ap gade yo gen kèk moun ki abite Jerizalèm k ap mouri nan vil la. Ezekyèl te frape yon pòsyon cheve ak yon epe “toutotou vil la” pou montre gen lòt moun yo t ap touye pa deyò vil la. Li te gaye dènye pòsyon cheve a nan tout direksyon pou montre t ap gen lòt moun toujou ki t ap gaye pami nasyon yo, men gen “yon epe” ki t ap “pousuiv” yo. Donk, kèlkeswa kote moun ki chape yo ta ale, yo pa t ap anpè.
8. a) Ki espwa sèn Ezekyèl te jwe sou sa k pral rive nan pwofesi yo te bay? b) Ki jan pawòl ki nan pwofesi konsènan “kèk branch cheve” a te reyalize?
8 Sepandan, sèn Ezekyèl te jwe sou sa k pral rive nan pwofesi yo te bay yon espwa tou. Men sa Jewova te di pwofèt la konsènan cheve l te retire yo: “Pran kèk branch cheve [...] epi w ap vlope yo nan rad ou.” (Eze. 5:3). Lòd sa a te montre gen kèk Juif pami moun ki t ap gaye pami nasyon yo ki t ap chape. Gen “kèk [nan] branch” sa yo ki t ap pami moun ki ann egzil ki t ap tounen Jerizalèm yo apre yo fin pase 70 an kòm prizonye nan Babilòn (Eze. 6:8, 9; 11:17). Èske pawòl sa a ki nan pwofesi a te reyalize? Wi. Plizyè ane apre yo fin libere Juif yo kòm prizonye nan Babilòn, pwofèt Aje te fè konnen gen kèk pami Juif ki te gaye yo ki te tounen Jerizalèm vre. Juif sa yo se te “ansyen moun ki te konnen kay ki te la anvan an”, sa vle di tanp Salomon an (Esd. 3:12; Aje 2:1-3). Jewova te asire l vrè adorasyon an te kontinye egziste, jan l te pwomèt sa. N ap jwenn plis detay sou sa nan chapit 9 nan liv sa a. — Eze. 11:17-20.
Ki sa pwofesi sa a aprann nou sou evènman k ap vini yo?
9, 10. Evènman Ezekyèl te jwe sèn yo fè n sonje yon seri evènman enpòtan Pawòl Bondye a fè konnen ki pral rive pi devan e ki konsène nou. Ki evènman sa yo?
9 Evènman Ezekyèl te jwe sèn yo fè n sonje yon seri evènman enpòtan Pawòl Bondye a fè konnen ki pral rive pi devan e ki konsène nou. Ki kèk nan evènman sa yo? Jan sa te rive vil Jerizalèm tan lontan an, Jewova pral sèvi ak fòs politik yo pou l fè yon bagay moun pa t ap janm panse, anpalan de atak yo pral fè sou tout òganizasyon fo relijyon sou tè a (Rev. 17:16-18). Menm jan destriksyon Jerizalèm te “yon malè” ki potko janm rive, se konsa tou “gwo tribilasyon” an ansanm ak dènye faz li a ki se Amagedon pral yon evènman ki “poko janm rive” anvan sa. — Eze. 5:9; 7:5; Mat. 24:21.
10 Pawòl Bondye a montre gen moun k ap soutni fo relijyon ki pral chape lè òganizasyon relijye yo pral detwi. Piske moun sa yo pral pè, yo pral met ansanm ak moun tout kategori pou yo chèche yon kote pou yo kache (Zak. 13:4-6; Rev. 6:15-17). Sitiyasyon yo a fè n panse ak sa k te rive moun ki te abite nan Jerizalèm tan lontan an ki te chape anba destriksyon e ki te gaye “nan van an”. Jan nou te egzamine sa nan paragraf 7 la, byenke yo te chape lè sa a, Jewova te rale ‘yon epe e l te pousuiv yo’. (Eze. 5:2.) Menm jan an tou, kèlkeswa kote moun ki chape lè yo pral atake relijyon yo ta kache, sa pap pwoteje yo kont epe Jewova a. Y ap touye yo nan Amagedon ansanm ak tout lòt moun ki tankou kabrit yo. — Eze. 7:4; Mat. 25:33, 41, 46; Rev. 19:15, 18.
N ap vin “bèbè” anrapò ak preche bon nouvèl la.
11, 12. a) Ki efè konpreyansyon nou gen sou pwofesi Ezekyèl l la genyen sou fason n konsidere travay predikasyon an jodi a? b) Ki chanjman ki ka genyen talè konsa konsènan travay predikasyon nou an ak mesaj n ap bay la?
11 Ki efè konpreyansyon nou gen sou pwofesi sa a genyen sou fason n konsidere travay predikasyon an e sou fason nou wè l ijan? Li fè n wè nou bezwen fè tout sa n kapab jodi a pou n ede moun yo vin sèvi Jewova. Poukisa? Se paske se yon tikras tan ki rete pou n “fè disip pami moun tout nasyon” yo (Mat. 28:19, 20; Eze. 33:14-16). Lè “baton” an (fòs politik yo) pral atake relijyon, nou pap preche yon mesaj delivrans ankò (Eze. 7:10). N ap vin “bèbè” anrapò ak preche bon nouvèl la, menm jan Ezekyèl te vin bèbè oswa l te sispann pwoklame mesaj li a pandan yon tan nan sèvis li (Eze. 3:26, 27; 33:21, 22). Anfèt, apre destriksyon fo relijyon an, moun yo ap vin tèlman dezespere, nan yon sans, y ap “chèche vizyon nan men pwofèt”, men yo pap jwenn okenn enstriksyon pou sove lavi yo (Eze. 7:26). Moman pou yo jwenn enstriksyon sa yo pou yo ka vin disip Kris ap gentan pase lè sa a.
12 Sepandan, travay nou antanke pwoklamatè pap kanpe. Sa k fè n di sa? Pandan gwo tribilasyon an, li posib pou n kòmanse pwoklame mesaj jijman ki tankou lagrèl la. Mesaj sa a ap montre aklè monn mechan sa a rive nan bout li. — Rev. 16:21.
“Wi, l ap vini!”
13. Poukisa Jewova te di Ezekyèl pou l kouche sou bò goch li, apre sa, sou bò dwat li?
13 Nonsèlman Ezekyèl te anonse fason Jerizalèm t ap detwi, men tou, li te jwe sèn ki montre ki lè sa t ap fèt. Jewova te di Ezekyèl kouche sou bò goch li pandan 390 jou epi kouche sou bò dwat li pandan 40 jou. Chak jou te reprezante yon ane. (Li Ezekyèl 4:4-6; Nonb 14:34.) Sèn sa a Ezekyèl te jwe a te fè konnen nan ki ane egzakteman Jerizalèm t ap detwi, e siman se pandan kèk èdtan sèlman chak jou li te jwe l. Li klè, 390 ane Izrayèl te fè nan peche a te kòmanse nan ane 997 anvan epòk nou an, ane kote wayòm 12 tribi a te vin divize an de pati a (1 Wa 12:12-20). Yon lòt bò, 40 ane Jida te fè nan peche a te kòmanse petèt nan ane 647 anvan epòk nou an, ane kote Jeremi te jwenn lòd antanke pwofèt pou l avèti wayòm Jida a yon fason ki klè e ki dirèk konsènan destriksyon l ki t ap vini an (Jer. 1:1, 2, 17-19; 19:3, 4). Konsa, toule de peryòd sa yo t ap fini nan ane 607 anvan epòk nou an, egzakteman ane Jerizalèm te detwi a, jan Jewova te anonse sa.b
14. a) Ki jan Ezekyèl te montre l gen konfyans Jewova t ap aji egzakteman nan lè l te prevwa a? b) Ki sa k t ap rive anvan destriksyon Jerizalèm?
14 Nan moman Ezekyèl te resevwa pwofesi 390 jou yo ak pwofesi 40 jou yo, li gendwa pa t konnen egzakteman nan ki ane Jerizalèm t ap detwi. Sepandan, pandan plizyè ane anvan destriksyon vil la, li pa t sispann avèti Juif yo konsènan jijman Jewova ki t ap vini an. Men mesaj li te konn pwoklame: “Kounye a, lafen an rive sou ou.” (Li Ezekyèl 7:3, 5-10.) Ezekyèl pa t gen dout Jewova t ap aji egzakteman nan lè l te prevwa a (Eza. 46:10). Mete sou sa, men sa Pwofèt la te di pou fè konnen jan bagay yo t ap ye anvan destriksyon Jerizalèm: “Malè ap vini youn apre lòt e nouvèl ap vini youn apre lòt.” Kòm konsekans, evènman sa yo t ap fè bagay yo vin pi mal nan domèn sosyal, relijye ak politik. — Eze. 7:11-13, 25-27.
15. Ki pati nan pwofesi Ezekyèl la ki te kòmanse reyalize apati ane 609 anvan epòk nou an?
15 Pwofesi a te kòmanse reyalize kèk ane apre Ezekyèl te fin anonse destriksyon Jerizalèm. Nan ane 609 anvan epòk nou an, Ezekyèl te aprann yo te kòmanse atake Jerizalèm. Nan epòk sa a, lè moun yo te tande yo sonnen yon twonpèt, yo te dwe rasanble pou yo defann vil la, men, jan Ezekyèl te anonse sa, “pa gen pèsonn ki [t] al nan batay la”. (Eze. 7:14.) Moun ki abite Jerizalèm yo pa t met tèt yo ansanm pou yo defann vil la kont moun Babilòn yo ki te anvayi yo. Petèt gen Juif ki te panse Jewova t ap vin sove yo. Se vre, Jewova te fè sa lè moun Asiri yo te fè menas y ap pran Jerizalèm epi yon zanj te detwi pifò moun nan lame sa a (2 Wa 19:32). Men, fwa sa a, okenn zanj pa t vin ede yo. Nan yon ti tan, vil sa a yo te ansèkle a te sanble ak yon “chodyè [...] sou dife”, epi moun ki te abite ladan l yo te tankou “moso vyann” nan chodyè a (Eze. 24:1-10). Apre yo te fin ansèkle Jerizalèm pandan 18 mwa, yon peryòd ki te rèd anpil, yo te detwi vil la.
“Anpile trezò nan syèl la”
16. Jodi a, ki jan n ka montre nou gen konfyans Jewova ap aji egzakteman nan lè l te prevwa a?
16 Ki sa n ka aprann nan pati sa a nan pwofesi Ezekyèl te bay la? Èske sa pa gen rapò ak mesaj n ap preche a e ak fason moun nou preche yo reyaji? Se Jewova ki chwazi ki lè fo relijyon ap detwi, yon destriksyon k ap pwoche, e yon lòt fwa ankò, l ap montre li konnen egzakteman ki lè pou l aji (2 Pyè 3:9, 10; Rev. 7:1-3). Nou pa konn ki lè egzakteman evènman sa a ap rive. Sepandan, menm jan ak Ezekyèl, nou kontinye suiv enstriksyon Jewova bay pou n avèti moun yo san rete lè n di yo: “Kounye a, lafen an rive sou ou.” Poukisa nou bezwen kontinye bay mesaj sa a? Nou fè sa pou menm rezon Ezekyèl te dwe fè sa.c Pifò moun Ezekyèl te anonse pwofesi Bondye te bay konsènan destriksyon Jerizalèm nan pa t kwè ladan l (Eze. 12:27, 28). Men, annapre, gen Juif ki te ann egzil nan peyi Babilòn ki te montre yo gen bon kè, e yo te tounen nan peyi yo (Eza. 49:8). Menm jan an tou, anpil moun jodi a pa vle kwè monn sa a pral detwi (2 Pyè 3:3, 4). Malgre sa, toutotan moman pou lèzòm aksepte mesaj Bondye a poko fini, nou vle ede moun ki sensè yo jwenn chemen k ap mennen nan lavi a. — Mat. 7:13, 14; 2 Kor. 6:2.
17. Ki evènman nou pral wè pandan gwo tribilasyon k ap vini an?
17 Anplis de sa, pwofesi Ezekyèl te bay la fè n sonje lè yo pral atake òganizasyon relijye yo, moun ki manm legliz yo pap “batay” pou yo defann relijyon. Olye de sa, lè yo kòmanse rann yo kont pa gen repons pou rèl “Seyè, Seyè” y ap fè pou yo jwenn èd la, y ap “rete ak men yo pandye” e y ap “pran tranble”. (Eze. 7:3, 14, 17, 18; Mat. 7:21-23.) Ki lòt bagay y ap fè ankò? (Li Ezekyèl 7:19-21.) Men sa Jewova fè konnen: “Y ap voye ajan yo genyen yo nan lari.” Deklarasyon sa a konsènan moun ki te abite nan Jerizalèm tan lontan an montre aklè sa k pral rive pandan gwo tribilasyon an tou. Nan moman sa a, moun yo pral rann yo kont lajan pa ka sove yo anba malè ki gen pou vini an.
18. Ki leson nou ka aprann nan pwofesi Ezekyèl la konsènan fikse priyorite?
18 Ki leson nou ka aprann nan pati sa a nan pwofesi Ezekyèl la? Li nesesè pou n fikse bon priyorite yo. Fè yon ti reflechi: Apre moun ki te abite Jerizalèm yo fin konprann vil yo a t ap detwi e yo t ap mouri epi byen materyèl pa t ap ka sove yo, se lè sa a sèlman yo te fè gwo chanjman nan priyorite yo. Yo te jete byen yo te genyen yo e yo te kòmanse “chèche vizyon nan men pwofèt”, men, yo te fè chanjman sa yo twò ta (Eze. 7:26). Men nou menm, nou deja byen konnen monn mechan sa a rive nan bout li. Se sa k fè, lafwa nou nan pwomès Bondye yo pouse nou fikse bon priyorite nan lavi a. Kòm rezilta, nou okipe nan chèche richès espirityèl, yon seri richès k ap dire e nou pap janm jete “nan lari”. — Li Matye 6:19-21, 24.
19. Ki efè pawòl Ezekyèl te di nan pwofesi l yo gen sou nou jodi a?
19 An rezime, ki efè konsa pwofesi Ezekyèl te bay konsènan destriksyon Jerizalèm nan gen sou nou jodi a? Sa fè n sonje se yon tikras tan ki rete pou n ede moun yo vin sèvi Bondye. Se sa k fè, nou patisipe nan travay fè disip la san pèdi tan. Nou kontan anpil lè n wè moun ki sensè kòmanse adore Jewova, Papa nou. Sepandan, nou kontinye bay menm moun ki pa franchi etap sa a avètisman Ezekyèl te bay moun nan epòk li a lè l te di yo: “Kounye a, lafen an rive sou ou.” (Eze. 3:19, 21; 7:3). Anmenmtan tou, nou detèmine pou n kontinye met konfyans nou nan Jewova e pou n kontinye met vrè adorasyon an an premye nan lavi nou. — Sòm 52:7, 8; Pwo. 11:28; Mat. 6:33.
a Li nòmal pou n di Ezekyèl te jwe tout sèn sa yo devan yon seri moun ki t ap gade l. Sa k fè n di sa? Se paske nan kèk sèn, tankou lè l te kuit pen an ak lè l te pran pakèt li a, Jewova te ba l lòd pou l fè sa “devan je yo”. — Eze. 4:12; 12:7.
b Lefètke Jewova kite yo detwi Jerizalèm, nonsèlman li te egzekite jijman l sou wayòm de tribi Jida a, men tou, sou wayòm dis tribi Izrayèl la (Jer. 11:17; Eze. 9:9, 10). Gade Étude perspicace des Écritures, Volim 1, paj 467, “Chronologie: De 997 av. n. è. à la désolation de Jérusalem.”
c N ap remake nan pasaj nou jwenn nan Ezekyèl 7:5-7 la, Jewova site mo “vini” an ak mo “rive” a sèt fwa antou.