“Gade! mwen avèk nou toulejou”
“Gade! mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” — MAT. 28:20.
1. a) Fè yon ti pale konsènan parabòl ble a ak move zèb yo. b) Ki jan Jezi te esplike parabòl sa a?
NAN youn nan parabòl Jezi te bay konsènan Wayòm nan, li te pale de yon kiltivatè ki te simen bon semans ble e l te pale tou konsènan yon ènmi ki te simen move zèb pami bon semans lan. Move zèb yo te anvayi ble a, men, kiltivatè a te bay esklav li yo lòd pou yo “kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive”. Pandan sezon rekòt la, yo te detwi move zèb yo, e yo te ranmase ble a. Se Jezi li menm ki te esplike ki sa parabòl sa a vle di. (Li Matye 13:24-30, 37-43.) Ki sa nou aprann nan parabòl sa a? (Gade kare ki gen tit “Ble a ak move zèb yo”.)
2. a) Ki sa sa k te pase nan jaden kiltivatè a montre? b) Ki pati nan parabòl la nou pral egzamine?
2 Sa ki te pase nan jaden kiltivatè a montre ki lè ak ki jan Jezi pral rasanble tout moun ki fè pati klas ble a, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al dirije ak Jezi nan Wayòm li an. Travay simen semans lan te kòmanse nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Rasanbleman an ap fin fèt lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, k ap vivan toujou nan fen sistèm nan, fin resevwa dènye so a epi yo monte nan syèl (Mat. 24:31; Rev. 7:1-4). Menm jan lè yon moun kanpe sou tèt yon mòn li ka gen yon apèsi sou tout sa k ap pase toutotou mòn nan, se konsa tou parabòl sa a ban nou yon apèsi sou kèk evènman ki t ap gen pou rive sou yon peryòd ki t ap dire anviwon 2 000 an. Ki evènman ki gen rapò ak Wayòm nan nou rive disène nan moman nou ye kounye a? Parabòl la fè konnen gen yon moman kote yo simen, yon moman kote semans lan grandi ak yon moman rekòt. Nan atik sa a, nou pral pale sitou konsènan moman rekòt laa.
YO JWENN BONJAN PWOTEKSYON NAN MEN JEZI
3. a) Ki sa k te vin rive apre premye syèk la? b) Selon Matye 13:28, ki kesyon ki te soulve, e kiyès ki te poze l? (Gade nòt la tou.)
3 Byen bonè nan dezyèm syèk epòk nou an, “move zèb yo [te] parèt” lè fo kretyen yo te vin parèt aklè nan jaden monn nan (Mat. 13:26). Rive nan katriyèm syèk la, kretyen ki tankou move zèb yo te vin pi plis lontan pase kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Sonje nan parabòl la, esklav yo te mande mèt la pèmisyon pou yo rache move zèb yob. (Mat. 13:28). Ki repons mèt la te ba yo?
4. a) Ki sa repons Mèt la te bay la montre? b) Ki lè li te vin posib pou moun idantifye kretyen ki tankou ble yo?
4 Men sa Jezi te di konsènan ble a ak move zèb yo: “Kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive.” Kòmandman sa a montre, soti nan premye syèk la pou rive jis jounen jodi a, t ap toujou gen kèk kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki tankou ble, sou tè a. Gen yon pawòl Jezi te di disip li yo annapre ki kore sa n sot di a. Men sa l te di: “Mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:20). Kidonk, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la t ap jwenn pwoteksyon nan men Jezi toulejou rive jis nan tan lafen an. Sepandan, piske kretyen ki tankou move zèb yo te plis pase kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, nou pa konnen kiyès toutbon ki te fè pati klas ble a pandan tan sa a ki te long anpil. Men, anviwon plizyè dizèn ane anvan sezon rekòt la te kòmanse, li te vin posib pou moun idantifye klas ble a. Ki jan sa te rive fèt?
YON MESAJE KI ‘PREPARE YON CHEMEN’
5. Ki jan pwofesi Malaki a te akonpli nan premye syèk la?
5 Plizyè syèk anvan Jezi te bay parabòl ble a ak move zèb yo, Jewova te enspire pwofèt Malaki pou l anonse yon seri evènman ki te parèt nan parabòl Jezi a. (Li Malaki 3:1-4.) Se Jan ki te konn batize moun nan ki te ‘mesaje ki te prepare chemen an’. (Mat. 11:10, 11.) Lè Jan te vini nan ane 29 epòk nou an, moman an t ap pwoche pou yo jije nasyon Izrayèl la. Se Jezi ki te dezyèm mesaje a. Li te netwaye tanp lan de fwa. Li te fè premye netwayaj la nan kòmansman ministè l, e l te fè dezyèm nan nan fen ministè l (Mat. 21:12, 13; Jan 2:14-17). Kidonk, netwayaj sa a Jezi te fè a t ap dire yon kantite tan.
6. a) Ki pi gwo akonplisman pwofesi Malaki a te genyen? b) Nan ki moman Jezi te enspekte tanp espirityèl la? (Gade nòt la tou.)
6 Ki pi gwo akonplisman pwofesi Malaki a te genyen? Pandan plizyè dizèn ane anvan 1914, C. T. Russell ansanm ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo te fè yon travay ki sanble ak travay Jan ki te konn batize moun nan. Travay enpòtan sa a se te fè moun yo jwenn verite ki nan Bib la. Etidyan Labib yo te fè moun yo konnen ki sa sakrifis ranson Kris la ye toutbon, yo te fè konnen tou pa gen yon dife lanfè ki egziste vre epi tan janti yo pa t twò lwen rive nan bout yo. Sepandan, te gen anpil gwoup relijye ki te fè konnen yo se disip Kris. Donk, gen yon kesyon enpòtan ki te bezwen jwenn repons: Ki gwoup pami tout gwoup sa yo ki te klas ble a? Pou kesyon sa a te jwenn yon repons, Jezi te kòmanse enspekte tanp espirityèl la an 1914. Enspeksyon sa a ak netwayaj sa a te mande yon kantite tan. Li te kòmanse an 1914 e l te fini nan kòmansman ane 1919c.
ENSPEKSYON AN AK NETWAYAJ LA TE PRAN PLIZYÈ ANE
7. Ki sa Jezi te jwenn lè l te kòmanse enspeksyon l lan nan ane 1914?
7 Ki sa Jezi te jwenn lè l te kòmanse enspeksyon l lan? Li te jwenn yon ti gwoup Etidyan Labib ki zele ki te gentan gen plis pase 30 an depi y ap bay fòs yo ak sa yo posede pou yo kontinye fè yon gwo travay predikasyond. Se pa ti kontan Jezi ak zanj yo dwe te kontan pou yo wè jan branch ble sa yo, ki pa t anpil men ki te djanm, pa t kite move zèb Satan yo toufe yo! Aktout sa, li te nesesè pou l “netwaye pitit [...] Levi yo”, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Mal. 3:2, 3; 1 Pyè 4:17). Pou ki rezon?
8. Ki sa k te vin pase apre 1914?
8 Nan fen ane 1914, gen kèk Etidyan Labib ki te vin dekouraje paske yo pa t monte nan syèl. Pandan ane 1915 ak ane 1916 yo, gen opozan ki pa t fè pati òganizasyon an ki te lakòz travay predikasyon an ralanti. Sa k pi mal la, apre lanmò frè Russell nan mwa oktòb 1916, te vin gen opozisyon anndan òganizasyon an. Pami sèt frè ki t ap dirije Watch Tower Bible and Tract Society yo, gen kat nan yo ki pa t dakò pou frè Rutherford pran latèt nan òganizasyon an. Yo te eseye simen divizyon pami frè yo, men, nan mwa out 1917, yo te kite Betèl la. Konsa, te gen yon netwayaj ki te fèt! Te gen kèk Etidyan Labib ki te gen lakrentif pou lòm tou. Malgre sa, antanke gwoup, yo te deside byen reyaji devan netwayaj Jezi te fè a e yo te fè chanjman ki nesesè yo. Se sa k fè, Jezi te jije moun sa yo kòm vrè kretyen ki fè pati klas ble a, men, li te rejte tout fo kretyen yo, san wete tout moun ki nan legliz lakretyente yo (Mal. 3:5; 2 Tim. 2:19). Ki sa k te vin pase annapre? Pou n reponn kesyon sa a, n ap retounen nan parabòl ble a ak move zèb yo.
KI SA K PASE APRE SEZON REKÒT LA FIN KÒMANSE?
9, 10. a) Kounye a, ki sa nou pral egzamine konsènan moman rekòt la? b) Ki premye bagay ki te pase pandan sezon rekòt la?
9 Jezi te di: “Moman rekòt la, se fen sistèm nan.” (Mat. 13:39). Sezon rekòt la te kòmanse an 1914. Nou pral egzamine senk bagay Jezi te fè konnen ki t ap gen pou rive nan moman sa a.
10 Premyèman: Rache move zèb yo. Jezi te di: “Nan sezon rekòt la, m ap di moun k ap rekòlte yo: Rache move zèb yo anvan, mare yo pa pakèt.” Apre 1914, zanj yo te kòmanse “rache” kretyen ki tankou move zèb yo lè yo te separe yo ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, anpalan de “pitit wayòm nan”. — Mat. 13:30, 38, 41.
11. Jis jounen jodi a, ki bagay ki montre diferans ki genyen ant vrè kretyen yo ak fo kretyen yo?
11 Toutpandan zanj yo t ap kontinye rache move zèb yo, diferans ki genyen ant de gwoup yo te vin pi klè toujou (Rev. 18:1, 4). Rive nan ane 1919, tout moun te ka wè aklè Gran Babilòn nan te tonbe. Ki bagay sitou ki te montre diferans ki genyen ant vrè kretyen yo ak fo kretyen yo? Se travay predikasyon an. Frè ki te pran latèt pami Etidyan Labib yo te kòmanse ensiste sou enpòtans pou chak moun patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan. Pa egzanp, gen yon bwochi yo te pibliye an 1919, ki gen tit Moun yo konfye travay la (anglè), ki te ankouraje tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo preche kay an kay. Men sa nou li nan bwochi sa a: “Travay la parèt anpil, men se travay Seyè a, e l ap ban nou fòs pou n fè l. Nou gen privilèj pou n patisipe nan travay sa a.” Ki jan Etidyan Labib yo te reyaji? Dapre sa La Tour de Garde te fè konnen nan ane 1922, depi lè sa a, Etidyan Labib yo te ogmante patisipasyon yo nan aktivite predikasyon an. Sa pa t pran anpil tan pou travay predikasyon kay an kay la te vin tounen mak fabrik kretyen fidèl sa yo, e se konsa sa ye tou jis jounen jodi a.
12. Depi ki lè yo te kòmanse ranmase moun ki fè pati klas ble a?
12 Dezyèmman: Ranmase ble a. Men ki lòd Jezi te bay zanj li yo: “Ranmase ble a met nan depo m.” (Mat. 13:30). Depi 1919, y ap rasanble moun Bondye chwazi pou al nan syèl la nan kongregasyon kretyen an ki te kòmanse fonksyone dapre modèl kongregasyon premye syèk yo. Konsènan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la k ap vivan toujou nan fen sistèm nan, dènye rasanbleman yo a pral fèt lè yo resevwa rekonpans yo nan syèl la. — Dàn. 7:18, 22, 27.
13. Ki sa Revelasyon 18:7 fè n konnen konsènan konpòtman pwostitye a, oswa Gran Babilòn nan jodi a, san wete lakretyente?
13 Twazyèmman: Yo pral kriye e yo pral manje dan. Ki sa k pral pase apre zanj yo fin rache move zèb yo? Men sa Jezi te di konsènan kondisyon moun ki fè pati move zèb yo: “Se la yo pral kriye e yo pral manje dan.” (Mat. 13:42). Èske se sa k ap fèt kounye a? Non. Men sa lakretyente, ki fè pati pwostitye a, kontinye ap di konsènan tèt li jis jounen jodi a: “M ap dirije antanke rèn, mwen pa vèv, e mwen pap janm nan lapenn.” (Rev. 18:7). Anfèt, lakretyente santi l vrèman alèz, li menm fè konnen l chita sou do dirijan politik yo ‘tankou yon rèn’. Aktyèlman, moun ki reprezante move zèb yo ap fè djòlè pou tèt yo, y ap di yo pa nan lapenn. Men, sa gen pou l chanje.
14. a) Ki lè fo kretyen yo pral “manje dan yo”, e poukisa? b) Ki jan ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann Matye 13:42 a ale nan menm sans ak pawòl nou jwenn nan Sòm 112:10 la? (Gade nòt la.)
14 Pandan gwo tribilasyon an, apre Jewova fin detwi tout fo relijyon, ansyen patizan relijyon sa yo pral kouri kache, men, yo pap jwenn okenn bon kote pou yo kache (Lik 23:30; Rev. 6:15-17). Annapre, lè yo fin rann yo kont yo pap ka chape, yo pral pran kriye tèlman yo pap gen okenn espwa e yo pral “manje dan yo” tèlman y ap fache. Jan Jezi te predi sa nan pwofesi l te bay konsènan gwo tribilasyon an, nan moman terib sa a, moun sa yo “pral frape lestomak yo tèlman y ap tris”e. — Mat. 24:30; Rev. 1:7.
15. Ki sa k pral rive move zèb yo, e ki lè sa ap fèt?
15 Katriyèmman: Lage yo nan founèz dife a. Ki sa k pral rive move zèb yo te rache yo? Zanj yo pral “lage yo nan founèz dife a”. (Mat. 13:42.) Sa vle di, yo pral detwi nèt. Kidonk, ansyen patizan fo relijyon sa yo pral detwi nan Amagedòn ki se dènye faz gwo tribilasyon an. — Mal. 4:1.
16, 17. a) Ki dènye evènman Jezi te pale de li nan parabòl li a? b) Ki sa k fè n di evènman sa a poko reyalize?
16 Senkyèmman: Yo pral briye. Men sa Jezi te di pou l fini pwofesi a: “Nan epòk sa a, moun ki jis yo pral briye menm jan ak solèy la nan wayòm Papa yo.” (Mat. 13:43). Ki lè e ki kote sa pral fèt? Pawòl sa yo poko reyalize. Jezi pa t anonse yon bagay ki t ap fèt sou tè a kounye a, men, li te anonse yon evènman ki t ap gen pou fèt nan syèl laf. Ann egzamine de rezon ki fè n di sa.
17 Premyèman, annou wè “ki lè” sa pral fèt. Jezi te di: “Nan epòk sa a, moun ki jis yo pral briye.” Sa klè, ekspresyon “nan epòk sa a” gen rapò ak evènman Jezi te fèk sot pale de li a anpalan de ‘lage yo pral lage move zèb yo nan founèz dife a’. Sa gen pou l fèt nan dènye faz gwo tribilasyon an. Kidonk, moun Bondye chwazi pou al nan syèl la pral “briye” nan epòk sa a ki gen pou vini an tou. Dezyèmman, annou wè “ki kote” sa pral fèt. Jezi te di moun ki jis yo ‘pral briye nan wayòm nan’. Ki sa sa vle di? Tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ki fidèl e k ap sou tè a toujou apre premye faz gwo tribilasyon an ap gentan resevwa dènye so yo a. Apre sa, jan Jezi te fè konn sa nan pwofesi l te bay konsènan gwo tribilasyon an, yo pral rasanble moun sa yo nan syèl la (Mat. 24:31). Se nan syèl la, yo pral briye “nan wayòm Papa yo” a, epi yon ti tan apre batay Amagedòn nan, yo pral patisipe ak Jezi nan “maryaj Timouton an” antanke lamarye ki gen kè kontan. — Rev. 19:6-9.
FASON SA PWOFITAB POU NOU
18, 19. Lefètke nou vin konprann parabòl Jezi te bay konsènan ble a ak move zèb yo, nan ki sans sa pwofitab pou nou pèsonèlman?
18 Ki jan nou chak jwenn byenfè nan sa nou sot aprann nan parabòl sa a? Ann konsidere twa fason sa pwofitab pou nou. Premyèman, li fè n vin pi byen konprann yon rezon enpòtan ki fè Jewova pèmèt mechanste. Li “tolere [...] veso li gen pou l devide kòlè l sou yo” yo yon fason pou l prepare “veso li deside fè mizèrikòd” yo, anpalan de moun ki fè pati klas ble ag (Wom. 9:22-24). Dezyèmman, li fè n vin gen plis konfyans nan Jewova. Tank lafen an ap pwoche, se tank ènmi nou yo pral atake nou pi plis toujou, “men yo pap gen laviktwa”. (Li Jeremi 1:19.) Menm jan Jewova te pwoteje moun ki fè pati klas ble a pandan plizyè ane, se menm jan an tou, antanke Papa nou ki nan syèl la, l ap ansanm avèk nou “toulejou” pa mwayen Jezi ansanm ak zanj yo. — Mat. 28:20.
19 Twazyèmman, parabòl la pèmèt nou idantifye moun ki fè pati klas ble a. Ki sa k fè sa gen anpil enpòtans pou n konn sa? Se paske lè n konnen ki moun ki fè pati klas ble a sa pral pèmèt nou reponn yon kesyon Jezi te poze nan pwofesi li te bay konsènan dènye jou yo. Men ki kesyon l te poze: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an?” (Mat. 24:45). De atik ki vin apre yo pral reponn kesyon sa a yon fason ki klè.
a Paragraf 2: [1] Pou w ka rafrechi memwa w konsènan siyifikasyon lòt pati ki nan parabòl la, nou ankouraje w li atik ki gen tit “Moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy”, ki te parèt nan Toudegad 15 mas 2010.
b Paragraf 3: [2] Piske apot Jezi yo te gentan mouri e yo pa pale de rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la antanke esklav, men, yo di yo se ble, donk, esklav sa yo reprezante zanj yo. Pi devan nan parabòl la, Jezi di moun k ap rache move zèv yo se zanj. — Mat. 13:39.
c Paragraf 6: [3] Se yon ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann pati sa a nan parabòl la. Anvan sa, nou te panse Jezi te fè enspeksyon an an 1918.
d Paragraf 7: [4] Soti ane 1910 pou rive ane 1914, Etidyan Labib yo te distribye prèske 4 000 000 liv ak plis pase 200 000 000 feyè ak depliyan.
e Paragraf 14: [5] Se yon ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann Matye 13:42. Anvan sa, nan piblikasyon nou yo, nou te di fo kretyen yo ‘t ap kriye e yo t ap manje dan yo’ pandan plizyè dizèn ane paske “pitit wayòm nan” te montre ki sa moun sa yo ye toutbon, sa vle di yo se “pitit Mechan an”. (Mat. 13:38.) Sepandan, nou dwe note tou, kesyon manje dan an gen rapò ak destriksyon. — Sòm 112:10.
f Paragraf 16: [6] Men sa nou li nan Dànyèl 12:3 (NW): “Sila ki gen klèvwayans yo [kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo] ap klere tankou klète lespas.” Pandan moun sa yo sou tè a toujou, yo fè sa grasa travay predikasyon an. Sepandan, Matye 13:43 pale konsènan moman yo pral briye nan Wayòm syèl la. Anvan sa, nou te panse toule de vèsè yo fè referans ak menm travay la, anpalan de travay predikasyon an.
g Paragraf 18: [7] Gade liv Approchez-vous de Jéhovah a, paj 288-289.