“Moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy”
“Lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan [wayòm] Papa yo.” —MAT. 13:43.
1. Ki diferan aspè konsènan Wayòm nan Jezi te esplike nan egzanp li te bay yo?
JEZI KRIS te sèvi ak anpil egzanp, oswa parabòl, pou l esplike divès aspè ki konsène Wayòm nan. Men sa Bib la di: ‘Se avèk parabòl Jezi t’ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pat louvri bouch li pou l pat rakonte yo yon parabòl.’ (Mat. 13:34). Nan egzanp Jezi te bay anrapò ak simen semans verite Wayòm nan, li te mete aksan sou wòl kè moun yo jwe nan aksepte mesaj Wayòm nan e sou wòl Jewova jwe nan fè yo grandi nan domèn espirityèl (Mak 4:3-9, 26-29). Jezi te bay lòt egzanp kote l te montre kokenn akwasman ki t ap genyen pami moun ki t ap byen reyaji devan mesaj Wayòm nan sou tè a, menm lè nou pa wè rezilta travay nou an tousuit (Mat. 13:31-33). Anplis, li te montre se pa tout moun ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan ki t ap fòseman kalifye pou yo viv anba dominasyon Wayòm sa a. —Mat. 13:47-50a.
2. Ki sa bon semans lan reprezante nan egzanp ble ak move zèb Jezi te bay la?
2 Sepandan, nan youn nan egzanp Jezi te bay yo, li te plis atire atansyon sou rasanbleman moun ki pral dirije avè l nan Wayòm li an. Souvan, yo rele egzanp sa a parabòl ble ak move zèb la. Nou jwenn egzanp sa a nan Matye chapit 13. Byenke nan yon lòt egzanp Jezi te di semans yo simen an se “pawòl wayòm nan”, nan egzanp sa a, li te di bon semans lan reprezante yon lòt bagay: li reprezante “pitit wayòm nan”. (Se nou ki mete mo a ann italik; Mat. 13:19, 38, Bib Kreyòl La.) Moun sa yo pa pral viv anba dominasyon Wayòm nan, men yo se “pitit” Wayòm nan pito, sa vle di eritye Wayòm nan. —Wom. 8:14-17; li Galat 4:6, 7.
Egzanp ble ak move zèb la
3. Esplike ki pwoblèm nonm ki nan egzanp Jezi te bay la te jwenn e di ki jan li te deside rezoud li.
3 Men egzanp lan: “Wayòm syèl la tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. Men, pandan moun ap dòmi, lènmi li vini, li simen ble mawon [“move zèb”, NW] nan mitan ble a, epi l ale. Lè flèch yo fleri epi yo donnen, lè sa a tou, ble mawon yo parèt. Alò, sèvitè patwon an pwoche, yo di li: Mèt, se bon semans, ou te simen nan jaden an, pa vre? Donk, kòman l fè gen ble mawon? Li di yo: Se yon lènmi ki fè sa. Sèvitè yo di li: Donk, èske w ta vle n al rasanble ble mawon yo ansanm? Li di: Non, dekwa pou lè n ap rasanble ble mawon yo, nou pa derasinen ble a ansanm avèk yo. Kite tou de pouse ansanm pou jis lè rekòt. Epi, nan tan rekòt, m a di moun k ap fè rekòt yo: “Rasanble ble mawon yo anvan, mare yo fè pakèt pou nou boule yo. Men, ble yo, ranmase yo met nan depo mwen.” —Mat. 13:24-30, Bib Kreyòl La.
4. a) Moun ki nan egzanp Jezi a, kiyès li ye? b) Ki lè Jezi te kòmanse simen bon semans lan e ki jan l te fè sa?
4 Kiyès moun ki te simen bon semans nan jaden l lan ye? Jezi te bay repons lan annapre lè l te di disip li yo pawòl sa yo: “Moun k ap simen bon semans lan se Pitit Lòm nan.” (Mat. 13:37, Bib Kreyòl La). “Pitit Lòm nan”, sètadi Jezi, te pase twazan edmi ap akonpli ministè li sou tè a, pandan tan sa a li te prepare jaden an pou l simen semans lan (Mat. 8:20; 25:31; 26:64). Epi, apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, li te kòmanse simen bon semans lan, sètadi “pitit wayòm” yo. Nou konprann travay sa a te fèt nan moman kote Jezi, antanke reprezantan Jewova, te kòmanse simaye lespri sen sou disip yo. Konsa, li te wen yo kòm pitit Bondyeb (Tra. 2:33). Bon semans sa a te grandi pou l tounen yon ble ki pare pou yo rekòlte l. Yo simen bon semans lan nan objektif pou yo reyini finalman tout moun ki t apral gen menm eritaj ak Jezi yo e ki t apral dirije avè l nan Wayòm li an.
5. Kiyès ki lènmi an nan egzanp Jezi a e kiyès move zèb yo reprezante?
5 Kiyès ki lènmi an e kiyès ki move zèb yo? Jezi di lènmi an “se Satan” e move zèb yo “se moun ki patizan Satan” yo (Mat. 13:25, 38, 39). Petèt move zèb Jezi te pale a se yon kalite zèb ki gen pwazon ladan l e ki sanble tètkoupe ak ble lè l ap grandi. Imaj sa a byen dekri fo kretyen yo ki pran pòz yo se pitit Wayòm nan, men ki pa pwodui bon fwi. Fo kretyen sa yo ki fè konnen yo se disip Kris se “pitit” Satan Ledyab yo ye an reyalite. —Jen. 3:15.
6. Ki lè move zèb yo te kòmanse parèt e nan ki sans moun t ap “dòmi” nan moman sa a?
6 Ki lè moun ki tankou move zèb yo te parèt? Jezi di se “pandan moun ap dòmi”. (Mat. 13:25.) Ki lè sa te fèt? Nou jwenn repons lan lè nou li pawòl apot Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo: “Mwen konnen tou, apre m fin ale, gen moun k’ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la [“twoupo a”, NW], tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k’ap sòti nan mitan nou menm menm, k’ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.” (Se nou ki mete yo ann italik; Tra. 20:29, 30). Li te egzòte ansyen yo pou yo rete je klè nan domèn espirityèl. Apot yo te aji antanke “yon bagay k ap anpeche” apostazi antre nan kongregasyon an; men, ofiramezi yo t ap dòmi nan lanmò, anpil kretyen te kòmanse dòmi nan domèn espirityèl. (Li 2 Tesalonisyen 2:3, 6-8.) Se lè sa a gwo apostazi a te kòmanse.
7. Èske gen nan ble a ki te vin tounen move zèb? Esplike.
7 Jezi pa t di ble a t ap vin tounen move zèb, men li te di pito yo t ap simen move zèb yo nan mitan ble a. Donk, parabòl sa a pa pale de moun ki te vrè kretyen ki vin abandone laverite. Depreferans, li montre jan Satan detèmine pou l kòwonp kongregasyon kretyen an lè l fè moun mechan antre ladan l. Lè apot Jan, dènye apot la, te fin granmoun, apostazi a te parèt byen klè. —2 Pyè 2:1-3; 1 Jan 2:18.
“Kite tou de pouse ansanm pou jis lè rekòt”
8, 9. a) Sa k fè enstriksyon Mèt la te bay esklav li yo te gen sans pou moun ki t ap koute Jezi yo? b) Ki jan sa Jezi te di sou ble k ap grandi ansanm ak move zèb yo te akonpli?
8 Esklav yo te fè Mèt la konnen pwoblèm ki te genyen an e yo te mande l: “Èske w ta vle n al rasanble ble mawon yo [move zèb yo]?” (Mat. 13:27, 28). Repons li te ba yo a ka parèt dwòl. Li te di yo pou yo kite ble a grandi ansanm ak move zèb yo jiskaske lè rekòt la rive. Sa l te di yo fè a se yon bagay ki te gen sans pou disip Jezi yo. Paske yo te konnen jan sa difisil pou moun fè ladiferans ant ble ak kalite move zèb Jezi te pale de li a. Moun ki abitye fè jaden konnen souvan rasin move zèb sa yo makònen ak rasin ble ac. Se pa etonan si Mèt la te di yo tann!
9 Nan menm sans lan, pandan syèk yo t ap pase, divès kalite gwoup relijye ki gen nan lakretyente yo pwodui yon bann move zèb. Pami yo, toudabò gen Legliz katolik women an ak Legliz òtodòks yo, ansuit gen anpil gwoup potestan ki te parèt. Anmenmtan, gen kèk bon semans ble a ki te simen nan lemonnantye. Nan egzanp Jezi a, Mèt kay la te tann avèk pasyans pandan tout tan ble a t apral pran pou l grandi a jiskaske moman rekòt la, ki pi kout, te rive.
Rekòt yo te anonse depi byen lontan an rive
10, 11. a) Ki lè moman rekòt la te rive? b) Ki jan yo te mete ble a nan depo Jewova?
10 Men sa Jezi di: “Rekòt la se lafen di monn. E, moun k ap rekòlte yo se zanj.” (Mat. 13:39, Bib Kreyòl La). Pandan dènye jou sistèm mechan sa a, gen yon separasyon k ap fèt kote y ap rasanble pitit Wayòm nan e y ap separe yo avèk moun ki tankou move zèb yo. Men sa apot Pyè di sou pwen sa a: “Dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L’ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sa k pral rive moun sa yo ki pa koute bòn nouvèl Bondye a.” —1 Pyè 4:17.
11 Yon ti tan apre “lafen di monn” nan, sètadi dènye jou yo, te kòmanse, yo te kòmanse jije moun ki fè konnen yo se vrè kretyen yo, kit yo se “pitit wayòm nan” toutbonvre, kit yo se “patizan Satan”. Nan kòmansman rekòt la, Gwo Babilòn nan te tonbe “anvan”, epi apre sa, yo te pran rasanble pitit Wayòm nan (Mat. 13:30). Men, ki jan yo mete ble a nan depo Jewova a? Moun yo te rasanble yo, swa yo te mete yo nan kongregasyon kretyen an ki te restore, kote yo jwenn favè Bondye ak pwoteksyon l, swa yo te resevwa rekonpans yo nan syèl la.
12. Konbyen tan rekòt la ap dire?
12 Konbyen tan jijman an ap dire? Jezi te pale de rekòt la kòm yon “tan”. Konsa li te montre sa t ap pran tan pou l fèt (Rev. 14:15, 16). Jijman chak kretyen wen ap kontinye pandan tan lafen an. L ap kontinye jiskaske yo resevwa so final la. —Rev. 7:1-4.
13. Nan ki sans moun ki tankou move zèb yo fè lòt moun fè peche e ki jan moun sa yo fè sa ki mal?
13 Ki moun y ap rasanble e y ap mete deyò nan Wayòm nan? Ki jan moun sa yo fè lòt moun fè peche e ki jan y ap fè sa ki mal (Mat. 13:41)? Moun ki alatèt nan legliz lakretyente yo ki tankou move zèb ap twonpe plizyè milyon moun depi plizyè syèk. Yo fè sa pa mwayen ansèyman y ap bay yo ki dezonore Bondye. Ansèyman sa yo, tankou doktrin ki fè konnen Bondye ap pini moun pou toutan nan lanfè a ak doktrin Trinite a, yon doktrin moun pa ka konprann e ki lage yo nan konfizyon, se bagay “k’ap fè lòt moun fè peche”. Gen anpil chèf relijye ki bay moun k ap suiv yo move egzanp paske yo fè adiltè nan domèn relijye lefètke yo zanmi monn sa a; mete sou sa, gen nan yo ki imoral (Jak 4:4). Anplis, lakretyente vin plis toleran lè fidèl li yo ap pratike imoralite. (Li Jid 4.) Malgre y ap fè tout bagay sa yo, yo kontinye pran pòz yo gen atachman pou Bondye. Se pa ti kontan pitit Wayòm yo kontan lefètke yo pa gen kontak ak moun sa yo ki tankou move zèb, ki gen move enfliyans sou moun e k ap kòwonp moun ak ansèyman y ap bay k ap fè moun fè peche!
14. Ki jan moun ki tankou move zèb yo ap rele e y ap manje dan yo?
14 Ki jan moun ki tankou move zèb yo ap rele e y ap manje dan yo (Mat. 13:42)? “Moun ki patizan Satan” yo, sètadi moun ki tankou move zèb yo, gen pwoblèm paske “pitit wayòm” yo fè konnen ansèyman y ap bay yo kòwonp moun. Anplis, y ap plenyen lefètke manm legliz yo pa ba yo sipò jan yo te konn fè sa anvan. Y ap plenyen tou poutèt yo pèdi kontwòl yo. —Li Izayi 65:13, 14.
15. Nan ki sans yo boule moun ki tankou move zèb yo nan dife?
15 Nan ki sans yo rasanble move zèb yo e yo boule yo nan dife (Mat. 13:40)? Sa gen rapò ak fason yo pral fini. Lefètke yo jete yo nan gwo founo dife senbolik la, sa montre yo pral detwi yo pou toutan (Rev. 20:14; 21:8). Fo kretyen yo, ki tankou move zèb yo e ki mètdam, pral detwi nan “gwo tribilasyon” an. —Mat. 24:21, Bib Kreyòl La.
Yo “va klere tankou solèy”
16, 17. Ki sa Malaki te anonse konsènan tanp espirityèl Bondye a, e ki jan sa te kòmanse akonpli?
16 Ki lè moun ki tankou ble yo pral “klere tankou solèy”? (Mat. 13:43.) Men sa Malaki te anonse konsènan netwayaj Bondye te di l ap fè nan tanp li a: “M’ap voye mesaje mwen devan pou l pare yon chemen pou mwen. N’ap rete konsa, n’ap wè Senyè n’ap plede chache a ap vini nan Tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l’ap vini pou l fè tout moun konnen kontra a. Men, ki moun ki ka sipòte jou l’ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l lè la parèt la? L’ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L’ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. L’a vini tankou moun k’ap fonn fè pou wete kras ki ladan l. L’ap netwaye pitit pitit Levi yo, l’ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l la.” —Mal. 3:1-3.
17 Nan tan modèn nan, nou konprann pwofesi sa a te kòmanse akonpli an 1918 lè Jewova, ansanm ak ‘mesaje kontra a’, Jezi Kris, te enspekte tanp espirityèl la. Malaki di nou tou sa k t apral pase yonfwa yo ta fin fè netwayaj sa a. Men sa l di: “N’a wè diferans ant moun k’ap mache dwat ak moun k’ap fè sa ki mal, ant moun k’ap sèvi Bondye ak moun ki p’ap sèvi l.” (Mal. 3:18). Piske aktivite vrè kretyen yo, ki te rejwenn fòs, te vin ogmante lè sa a, sa montre se nan peryòd sa a rekòt la te kòmanse.
18. Ki sa Dànyèl te anonse ki t ap rive nan epòk nou an?
18 Pwofèt Dànyèl te pale de epòk nou an tou lè l te anonse: “Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.” (Dàn. 12:3). Kiyès moun ki klere anpil tankou limyè yo ye? Se pa lòt moun, se kretyen wen yo, bonjan ble Jezi te mansyone nan egzanp ble ak move zèb la. Gwo foul lòt mouton yo, ki kontinye ap vin pi plis, wè aklè y ap “rasanble” fo kretyen yo ki tankou move zèb. Moun ki gen esperans pou yo viv anba Wayòm nan vin fè youn ak rès Izrayèl espirityèl la, e se sa k fè, menm jan avèk yo, yo fè limyè yo klere nan monn sa a ki nan fènwa. —Zek. 8:23; Mat. 5:14-16; Fil. 2:15.
19, 20. Ki sa “pitit wayòm” yo ap tann avèk enpasyans e ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?
19 Jodi a, “pitit wayòm” yo ap tann avèk enpasyans pou yo resevwa rekonpans yo nan syèl la (Wom. 8:18, 19; 1 Kor. 15:53; Fil. 1:21-24). Men, anvan lè sa a rive, fòk yo rete fidèl e fòk yo kontinye klere tankou solèy, yon fason pou diferans ki genyen ant yo menm ak “moun ki patizan Satan” yo parèt aklè (Mat. 13:38; Rev. 2:10). Se pou nou kontan dèske nou gen privilèj pou nou wè rezilta travay k ap fèt pou “rasanble” move zèb yo nan epòk nou an!
20 Men, nan ki sans pitit Wayòm yo fè yon sèl twoupo ak gwo foul moun ki pa sispann ogmante a, ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a.
[Nòt anba paj]
a Pou w ka jwenn enfòmasyon detaye anrapò ak egzanp sa yo, gade Toudegad 15 jiyè 2008, paj 12-21.
b Nan parabòl sa a, travay simen semans lan pa reprezante travay predikasyon an ak travay fè disip la ki t apral fè gen nouvo disip ki t apral vin kretyen wen. Men sa Jezi te di konsènan bon semans yo simen nan jaden an: “Bon semans yo menm, se pitit wayòm nan.” La a, Jezi pa t di y ap vin pitit Wayòm nan, men li te di yo “se pitit wayòm nan”. Travay simen semans lan gen rapò ak wen yo wen pitit Wayòm nan nan lemonnantye.
c Rasin kalite move zèb sa a tèlman makònen ak rasin ble a, si yo ta derasinen l anvan rekòt la, yo t ap pèdi nan ble a. —Gade Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 836.
Èske nou sonje?
Nan egzanp Jezi te bay sou ble ak move zèb la, ki sa bagay ki vin apre yo reprezante?
• Bon semans lan
• Nonm ki t ap simen semans lan
• Travay simen semans lan
• Lènmi an
• Move zèb yo
• Tan rekòt la
• Depo a
• Rele ak manje dan an
• Gwo founo dife a
[Foto nan paj 20]
Se apati Pannkòt ane 33 epòk nou an yo te kòmanse simen bon semans lan.
[Foto nan paj 23]
Kounye a, y ap mete ble a nan depo Jewova.
[Liy kredi]
Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.