“Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova?”
“‘Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova, pou l ta di l sa pou l fè’? Men nou menm, nou gen panse Kris la.” —1 KOR. 2:16.
1, 2. a) Ki difikilte anpil moun konn rankontre? b) Ki sa nou dwe sonje anrapò ak panse pa nou e anrapò ak panse pa Jewova?
SA PA janm rive w pou w twouve li difisil pou w konprann fason yon lòt moun panse? Petèt pa gen lontan depi w marye, e ou gen enpresyon ou poko ka byen konprann fason moun ou marye avè l la panse. Anfèt, gason ak fi pa panse menm jan, e pafwa, yo pa gen menm fason pou yo di sa yo panse. An reyalite, nan kèk kilti, gason ak fi pale menm lang nan de fason diferan. Epitou, lefètke kilti moun yo ak lang yo diferan, sa ka fè yo pa panse menm jan e yo pa aji menm jan. Men, plis ou vin konn yon moun, se plis ou vin gen posiblite pou w kòmanse konprann fason l panse.
2 Se sa k fè, nou pa ta dwe sezi si fason nou panse diferan nèt ak fason Jewova panse. Men sa Jewova te di Izrayelit yo pa mwayen Izayi, pwofèt li a: “Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m.” Apre sa, Jewova bay yon egzanp pou l esplike sa, li di: “Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.” —Iza. 55:8, 9.
3. Bay de fason nou ka fè efò pou n vin bon “zanmi” Jewova.
3 Men, èske sa vle di nou pa ta menm bezwen eseye konprann fason Jewova panse? Non. Se vre nou pap janm rive konprann fason Jewova panse nèt, men Labib ankouraje nou pou nou vin bon “zanmi” Jewova. (Li Sòm 25:14; Pwovèb 3:32.) Yon fason nou ka vin pi pwòch Jewova, se lè nou enterese nan sa Labib, Pawòl li a, di sou sa l fè e lè nou reflechi sou yo (Sòm 28:5). Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou aprann konnen “panse Kris la”, li menm ki “se pòtre Bondye envizib la”. (1 Kor. 2:16; Kol. 1:15.) Lè nou pran tan pou n etidye istwa nou jwenn nan Bib la e lè nou medite sou yo, n ap kòmanse konprann ki kalite moun Jewova ye ak fason l panse.
Yon move tandans
4, 5. a) Ki move tandans nou dwe evite? Esplike. b) Ki fason Izrayelit yo te panse ki pa bon?
4 Lè n ap reflechi sou sa Jewova fè, nou dwe evite jije l selon fason lèzòm panse. Tandans sa a parèt nan pawòl Jewova yo nou jwenn nan Sòm 50:21: “Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye?” Se apeprè sa yon biblis te di sa gen plis pase 175 an: “Lèzòm gen tandans jije Bondye selon fason yo panse e yo konprann Bondye dwe obeyi menm lwa yo menm yo obeyi yo.”
5 Nou dwe fè atansyon pou fason nou wè Jewova a pa chita sou pwennvi pa nou ak sa nou ta renmen. Sa k fè sa enpòtan? Ebyen, pandan n ap etidye Labib, gen kèk bagay Jewova fè ki gendwa pa parèt dwat selon pwennvi nou ki limite e ki enpafè. Izrayelit nan tan lontan yo te vin panse konsa e yo te vin mal konprann fason Jewova te boule ak yo. Gade sa Jewova te di yo: “N’a di [nan] kè nou: Jan [Jewova] ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n’ap aji a ki pa bon pito?” —Eze. 18:25.
6. Ki leson Jòb te aprann, e ki jan eksperyans li te fè a kapab ede nou?
6 Yon bagay ki ka ede nou pa fè erè pou n jije Jewova selon nou menm, se lè nou rekonèt nou gen limit nan fason nou wè bagay yo e pafwa fason nou wè bagay yo pa bon menm. Jòb te oblije aprann sa. Lè l t ap soufri a, li te lite ak dekourajman e l te vin wè tèt li sèlman. Li te bliye kesyon ki pi enpòtan yo. Men, Jewova te ede Jòb wè bagay yo yon lòt jan, yon fason ki te demontre li gen lanmou pou Jòb. Lè Jewova te poze Jòb plis pase 70 kesyon, e Jòb pa t ka reponn youn, Jewova te montre se pa tout bagay Jòb te konprann. Jòb te reyaji avèk imilite, li te korije fason l wè bagay yo. —Li Jòb 42:1-6.
Fason pou nou “gen panse Kris la”
7. Poukisa si nou egzamine sa Jezi te fè sa ap ede nou konprann fason Jewova panse?
7 Jezi te imite Papa l yon fason pafè nan tout sa l te di e nan tout sa l te fè (Jan 14:9). Se sa k fè, lè nou egzamine sa Jezi te fè, sa ap ede nou konprann fason Jewova panse (Wom. 15:5; Fil. 2:5). Kidonk, annou egzamine de nan istwa ki nan Evanjil yo.
8, 9. Jan nou wè sa nan Jan 6:1-5 la, ki sitiyasyon ki te prezante ki fè Jezi te poze Filip yon kesyon, e poukisa Jezi te fè sa?
8 Imajine nou nan ane 32 epòk nou an, yon ti tan anvan fèt Pak la. Jezi ak apot li yo fèk tounen sot Galile kote yo te fè yon kanpay predikasyon nan tout zòn nan. Kòm yo fatige apre kanpay sa a, Jezi mennen apot yo yon kote ki izole nan zòn nòdès lanmè Galile a, sou bòdmè a. Men, gen plizyè milye moun ki suiv yo. Apre Jezi fin geri tout foul moun sa a e li fin anseye yo anpil bagay, gen yon pwoblèm ki te prezante. Kòman moun sa yo t apral fè jwenn manje pou yo manje kote yo ye a? Lè Jezi wè sa, li mande Filip, ki te moun zòn nan: “Ki kote nou pral achte pen pou moun sa yo manje?” —Jan 6:1-5.
9 Poukisa Jezi te poze Filip kesyon sa a? Èske se paske Jezi pa t konn sa pou l fè? Non. Ki sa k te nan tèt li menm? Men ki repons apot Jan, ki te la tou, bay: “Li te konnen sa li t apral fè, men, li te di sa pou l teste Filip.” (Jan 6:6). La a, Jezi t ap teste pou l wè jis nan ki pwen disip li yo te grandi nan domèn espirityèl. Lè l te poze kesyon sa a, li te kapte atansyon yo e li te ba yo posiblite pou yo montre yo gen konfyans nan sa l ka fè. Men, yo te rate okazyon sa a e yo te montre jis nan ki pwen yo limite nan fason yo wè bagay yo. (Li Jan 6:7-9.) Lè sa a, Jezi montre yo li ka fè yon bagay yo pa t menm imajine. Li fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun ki te grangou manje. —Jan 6:10-13.
10-12. a) Pou ki rezon, petèt, Jezi pa t reponn demann fi grèk la tousuit? Esplike. b) Ki sa nou pral egzamine kounye a?
10 Istwa sa a ka ede nou konprann ki sa k te nan tèt Jezi nan yon lòt okazyon ankò. Yon ti tan apre l fin bay foul moun sa a manje, li menm ak apot li yo al nan nò peyi a, pa lòtbò fwontyè Izrayèl, toupre Ti ak Sidon. Pandan yo la, yo rankontre ak yon fi grèk ki mande Jezi pou Jezi geri pitit fi l la pou li. Okòmansman, Jezi pa okipe fi a. Men, lè fi a pèsiste, Jezi di l: “Kite vant timoun yo plen anvan, paske li pa bon pou yo pran pen timoun yo pou yo voye l bay ti chen.” —Mak 7:24-27.
11 Poukisa okòmansman Jezi te refize ede fi a? Èske se teste li t ap teste l, menm jan l te teste Filip la, pou l wè kòman l t ap reyaji, e pou l ba l posiblite demontre lafwa l? Ton vwa Jezi pa t dekouraje fi a, byenke Labib pa bay presizyon sou ton vwa l. Li te sèvi ak ekspresyon “ti chen” an pou konparezon an pa t parèt twò di. Donk, petèt Jezi te aji menm jan ak yon paran ki gen entansyon bay pitit li sa pitit la mande l, men k ap tann yon siy ki montre l timoun nan vle bagay la toutbon. Kèlkeswa sa k te nan tèt Jezi, sèke yonfwa fi a te fin demontre lafwa l, Jezi te ba li sa l te mande a san grate tèt. —Li Mak 7:28-30.
12 De istwa sa yo ki nan Evanjil yo ede nou byen konprann “panse Kris”. Kounye a, annou wè kòman istwa sa yo ka ede nou pi byen konprann panse Jewova.
Fason Jewova te boule ak Moyiz
13. Lefètke nou pi byen konprann fason Jezi panse, ki jan sa ede nou?
13 Lefètke nou byen konprann fason Jezi panse, sa ede nou konprann kèk pasaj nan Ekriti yo ki ka difisil pou nou konprann. Pa egzanp, ann egzamine sa Jewova te di Moyiz apre Izrayelit yo te fin fè yon ti bèf annò pou yo adore. Bondye te di: “Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. Bon, kounyeya kite m al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m ankòlè, m’ap detwi yo, m’ap boule yo. Men, ou menm, m’ap fè ou vin yon gwo nasyon.” —Egz. 32:9, 10.
14. Kòman Moyiz te reyaji lè l te fin tande sa Jewova te di l?
14 Men sa Labib fè nou konnen ankò: “Moyiz kriye nan pye Senyè a, Bondye li a, li di l: Senyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute sòti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? Y’a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo sòti kite Lejip pou l te ka touye yo nan mòn yo, pou l te ka disparèt yo sou latè. Senyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a. Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M’ap ban nou pitit pitit an kantite, y’ap tankou zetwal nan syèl la. M’ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m’ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan. Lè sa a, Senyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.” —Egz. 32:11-14a.
15, 16. a) Ki posiblite Moyiz te vin genyen dapre sa Jewova te di a? b) Ki jan Jewova te “chanje lide”?
15 Èske Jewova te bezwen Moyiz ede l korije fason l panse vre? Jamè! Se vre Jewova te di sa l te dispoze fè, men se potko desizyon final li. Annefè, nan ka sa a, Jewova t ap teste Moyiz, menm jan Jezi te teste Filip ansanm ak fi grèk la annapre. Moyiz te jwenn posiblite pou l di sa l panseb. Jewova te chwazi Moyiz kòm medyatè ant Izrayèl avè L, e Jewova te respekte chwa li te fè pou Moyiz jwe wòl sa a. Èske Moyiz t ap koute kòlè l? Èske l t ap pwofite okazyon sa a pou l ankouraje Jewova fini ak Izrayèl e pou l fè desandan pa l yo vin tounen yon gwo nasyon?
16 Repons Moyiz te bay la montre li te gen lafwa nan jistis Jewova. Reyaksyon l lan montre li pa t ap chèche pwòp enterè l, men l te gen sousi pou non Jewova. Li pa t vle pou non Jewova sal. Konsa, Moyiz te montre li konprann “panse Jewova” sou kesyon sa a (1 Kor. 2:16). Ki jan sa te fini? Etandone Jewova potko deside ki sa l pral fè, istwa li enspire a fè nou konnen li te “chanje lide”, konsa li pa t lage kalamite sou pèp la jan l te dispoze fè sa.
Fason Jewova te boule ak Abraram
17. Nan ki sans Jewova te pasyan anpil nan fason l te aji lè Abraram te sipliye l la?
17 Yon lòt egzanp ki montre nou kòman Jewova bay sèvitè l yo posiblite pou yo demontre lafwa yo nan li, se egzanp kote Abraram te fè demann pou Sodòm nan. Nan istwa sa a, Jewova te pasyan anpil ak Abraram lè l te kite Abraram poze l uit kesyon. Rive yon lè, Abraram sipliye Jewova, li di l: “Aa! Pou di w’ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k’ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.” —Jen. 18:22-33.
18. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te boule ak Abraram nan?
18 Ki sa istwa sa a aprann nou sou fason Jewova panse? Èske Jewova te bezwen pou Abraram rezone avè l pou L te ka pran bon desizyon an? Non. Depi anvan, Jewova te ka annik bay Abraram rezon ki fè li pran tèl ou tèl desizyon. Lè Jewova te kite Abraram poze kesyon l yo, li te bay Abraram tan pou l reflechi sou sa l t apral fè a e pou l konprann fason Jewova panse. Sa te bay Abraram posiblite tou pou l konprann nan ki pwen Jewova gen bon kè, li gen pitye pou moun e li jis. Wi, Jewova te boule ak Abraram tankou de zanmi. —Iza. 41:8; Jak 2:23.
Leson pou nou jodi a
19. Ki jan nou ka imite Jòb?
19 Ki sa nou sot aprann sou “panse Jewova”? Nou dwe kite Pawòl Bondye a ede nou konprann panse Jewova kòrèkteman. Nou pa dwe janm panse Jewova gen limit menm jan avèk nou, nitou nou pa dwe janm jije l selon nou menm, selon fason nou panse. Jòb te di: “Bondye pa yon moun tankou m. M pa ka diskite avè l. Nou pa ka al lajistis.” (Jòb 9:32). Menm jan ak Jòb, lè nou kòmanse konprann fason Jewova panse, n ap anvi di: “Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?” (Jòb 26:14).
20. Ki sa pou nou fè si nou tonbe sou yon pasaj nan Bib la ki difisil pou nou konprann?
20 Lè n ap li Labib, ki sa nou dwe fè si gen yon pasaj ki difisil pou nou konprann, sitou si l gen rapò ak fason Jewova panse? Si nou pa jwenn yon repons ki klè apre nou fin fè rechèch sou kesyon an, nou ka konsidere sa kòm yon tès pou nou wè si nou gen lafwa nan Jewova. Sonje sa, pafwa gen kèk bagay Bib la di ki ban nou posiblite pou nou demontre lafwa nou genyen nan kalite Jewova yo. Avèk imilite, annou rekonèt nou pa konprann tout bagay li fè (Ekl. 11:5). Konsa, l ap fasil pou n aksepte pawòl apot Pòl te di yo: “Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo! Paske, ‘kiyès ki rive konnen sa k nan lespri Jewova, oubyen ki moun ki sèvi l konseye?’ Oswa, ‘ki moun ki ba li yon bagay an premye, pou l oblije ap remèt li sa’? Paske, tout bagay soti nan li, yo egziste grasa li e yo la pou li. Glwa pou li pou toutan. Amèn.” —Wom. 11:33-36.
[Nòt anba paj]
a Gen yon istwa ki sanble ak istwa sa a ki parèt nan Nonb 14:11-20.
b Dapre kèk biblis, ekspresyon ebre nou jwenn nan Egzòd 32:10 la yo mete “kite m” pou li a, nou ka pran l kòm yon envitasyon, yon posiblite Jewova te bay Moyiz pou l di yon bagay, sa vle di pou l “kanpe” ant Jewova ak nasyon an (Sòm 106:23; Eze. 22:30). Kèlkeswa sa ekspresyon sa a vle di an reyalite, sanble Moyiz te santi l alèz pou l di Jewova sa l panse.
Èske nou sonje?
• Ki sa k ap ede nou evite tandans pou nou jije Jewova selon nou menm?
• Lefètke nou konprann sa Jezi te fè, ki jan sa ka ede nou vin bon “zanmi” Jewova?
• Ki leson nou aprann nan konvèsasyon Jewova te gen ak Moyiz la e nan sa l te gen ak Abraram nan?
[Foto nan paj 5]
Ki sa nou aprann sou fason Jewova panse lè nou konsidere fason li te boule ni ak Moyiz ni ak Abraram?