“ Kenbe nan pawòl mwen ”
“ Si nou kenbe nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre. ” — JAN 8:31.
1. a) Lè Jezi te retounen nan syèl la, ki sa l te kite sou tè a ? b) Ki kesyon nou pral egzamine ?
LÈ Jezi Kris, Fondatè krisyanis la, te kite tè a pou l retounen nan syèl la, li pa t ekri liv kite. Li pa t fè gwo konstriksyon kite. Ni non plis, li pa t ranmase richès kite. Sa ki sèten, li te kite disip e li te bay kondisyon pou yon moun vin disip li. Anfèt, nan Evanjil Jan an, Jezi bay twa kondisyon enpòtan nenpòt moun ki vle vin disip li dwe ranpli. Ki kondisyon sa yo ? Ki sa nou ka fè pou nou ranpli yo ? E ki jan nou ka fè sèten nou kalifye kòm disip Kris jodi a ?a
2. Selon sa ki ekri nan Evanjil Jan an, bay youn nan kondisyon pou yon moun vin disip Jezi.
2 Anviwon 6 mwa anvan Jezi mouri, l al Jerizalèm e li preche foul moun yo ki te rasanble nan zòn sa a pou yo selebre fèt Joupa a ki te dire yon semèn. Kòm rezilta, nan mitan fèt la, nan mwatye semèn nan, “ anpil moun nan foul la te vin gen lafwa nan li ”. Jezi kontinye preche, e sa vin fè, nan dènye jou fèt la, ‘ anpil moun ankò te gen lafwa nan li ’. (Jan 7:10, 14, 31, 37 ; 8:30.) Se nan moman sa a Jezi pale ak moun ki fèk vin kwayan yo e li ba yo yon kondisyon enpòtan pou yon moun vin disip li. Selon sa apot Jan rapòte, Jezi di : “ Si nou kenbe nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre. ” — Jan 8:31.
3. Ki kalite yon moun bezwen pou l “ kenbe nan pawòl [Jezi] ” ?
3 Pawòl sa yo pa t vle di, dapre Jezi, moun ki fèk kwayan yo te manke lafwa. Okontrè, Jezi t ap fè yo konprann yo gen yon bèl posiblite devan yo pou yo vin disip li toutbonvre, depi yo kenbe nan pawòl li e depi yo demontre yo gen andirans. Yo te deja aksepte pawòl li, men kounye a yo bezwen kontinye kenbe ladan l (Jan 4:34 ; Ebre 3:14). Annefè, Jezi te rekonèt disip li yo t ap bezwen demontre yo gen andirans. Kalite sa a tèlman enpòtan pou disip li yo, nan dènye konvèsasyon li te genyen avèk apot li yo, selon Evanjil Jan an, an de fwa, Jezi te di pawòl ankourajan sa yo : “ Kontinye suiv mwen. ” (Jan 21:19, 22). Se sa anpil kretyen nan premye syèk la te fè (2 Jan 4). Ki sa ki te ede yo andire ?
4. Ki sa ki te pèmèt premye kretyen yo andire ?
4 Apot Jan, yon apot ki fidèl, te fè anviwon 70 an kòm disip Kris. Li ede nou wè yon pwen ki enpòtan. Li felisite yon seri kretyen ki fidèl, li di yo : ‘ Nou djanm, pawòl Bondye a rete lakay nou, epi nou venk mechan an. ’ Disip Jezi sa yo te andire, sa vle di yo te kenbe nan pawòl Bondye a, paske pawòl Bondye a te rete anndan yo. Yo te apresye l ak tout kè yo (1 Jan 2:14, 24). Menm jan an tou jodi a, pou nou ka “ andire jiska lafen ”, nou bezwen asire nou pawòl Bondye a rete anndan nou (Matye 24:13). Ki jan nou ka fè sèten ? N ap jwenn repons lan nan yon egzanp Jezi te pran.
‘ Yo tande pawòl la ’
5. a) Ki divès kalite tè Jezi te mansyone nan youn nan egzanp li yo ? b) Ki sa semans lan reprezante, e ki sa tè a reprezante ?
5 Jezi te pran egzanp yon moun k ap simen semans, e yo rapòte egzanp sa a nan Evanjil Matye, nan Evanjil Mak ak nan Evanjil Lik (Matye 13:1-9, 18-23 ; Mak 4:1-9, 14-20 ; Lik 8:4-8, 11-15). Tank w ap li vèsè sa yo, w ap bezwen byen konprann ide prensipal ki gen nan egzanp lan : se menm semans lan ki tonbe sou divès kalite tè, men, rezilta yo pa menm. Premye kalite tè a se yon tè ki di. Dezyèm nan manke pwofondè, epi twazyèm nan plen pikan. Kanta pou katriyèm nan, li pa menm ak twa lòt yo. Se yon “ bon tè ”. Selon esplikasyon Jezi bay, semans lan se mesaj Wayòm nan nou jwenn nan Pawòl Bondye a, e tè a reprezante moun ki gen divès kalite kè. Menmsi moun yo dekri nan divès kalite tè yo, youn sanble ak lòt nan kèk domèn, moun yo dekri kòm tè ki bon an gen yon karakteristik ki fè yo pa menm ak lòt moun yo.
6. a) Nan ki sans katriyèm kalite tè ki nan egzanp Jezi a pa menm ak lòt kalite tè yo, e ki sa sa vle di ? b) Antanke disip Jezi, ki sa nou bezwen pou nou demontre nou gen andirans ?
6 Selon sa ki rapòte nan Lik 8:12-15, nan toule kat sitiyasyon yo, moun yo “ tande pawòl la ”. Sepandan, moun ki gen ‘ kè ki bèl, ki gen kè ki bon ’ pa kontante yo “ tande pawòl la ”. Yo ‘ kenbe l e yo pwodui fwi avèk andirans ’. Piske tè ki bon an mou e li gen pwofondè, rasin semans lan gen posiblite pou l desann fon nan tè a, e kòm rezilta, semans lan jèmen e li pwodui fwi (Lik 8:8). Menm jan an tou, moun ki gen kè ki bon yo konprann pawòl Bondye a, yo ba l enpòtans e yo kite l fè efè sou yo (Women 10:10 ; 2 Timote 2:7). Pawòl Bondye a rete nan yo. Kòm rezilta, yo pwodui fwi avèk andirans. Kidonk, pou nou ka demontre nou gen andirans antanke disip Kris, li nesesè pou nou bay Pawòl Bondye a anpil enpòtans e pou nou fè sa ak tout kè nou (1 Timote 4:15). Men, ki jan Pawòl Bondye a ka rive gen yon enpòtans konsa nan je nou ?
Enfliyans bonjan refleksyon genyen sou eta kè yon moun
7. Ki aktivite ki byen makònen ak yon kè ki bon ?
7 Gade pou w wè ak ki aktivite Bib la makònen yon kè ki bèl, yon kè ki bon. “ Kè moun ki jis la ap medite anvan li bay repons. ” (Pwovèb 15:28). “ Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak meditasyon ki sot nan kè mwen vin agreyab devan w, o Jewova. ” (Sòm 19:14). “ Kè mwen pral medite sou bagay ki gen sans. ” — Sòm 49:3.
8. a) Lè n ap li Bib la, ki sa nou dwe fè e ki sa nou pa ta dwe fè ? b) Ki avantaj nou jwenn lè nou priye Bondye, e lè nou medite sou Pawòl li ? (Sèvi ak kare ki di : ‘ Yo byen chita nan laverite. ’)
8 Menm jan ak ekriven biblik sa yo, nou menm tou, nou bezwen priye Bondye, e nou bezwen medite avèk rekonesans sou Pawòl li ak pwogram li genyen. Lè n ap li Bib la oswa piblikasyon biblik yo, nou pa ta dwe aji tankou yon seri touris k ap kouri sot nan yon peyizaj al nan yon lòt. Yo filme tout sa yo wè, men yo pa pran tan pou yo admire yo vrèman. Olye pou nou ta imite yo, lè n ap etidye Bib la, nou bezwen pran tan nou pou nou admire peyizaj la, sa vle di pou nou egzamine tèks biblik yo afon.b Tank n ap pran san nou pou nou reflechi sou sa nou sot li a, pawòl Bondye a ap touche kè nou. L ap touche tout santiman nou e l ap dirije panse nou. Anmenmtan, l ap ankouraje nou pou nou priye Bondye, pou nou pale ti koze entim nou yo avèk li. Kòm rezilta, n ap vin gen plis atachman pou Jewova, e lanmou nou genyen pou Bondye ap pouse nou pou nou kontinye suiv Jezi menm nan sikonstans ki difisil (Matye 10:22). Yon bagay ki klè, si nou vle rete fidèl jiska lafen, li enpòtan pou nou medite sou sa Bondye di. — Lik 21:19.
9. Ki jan nou ka fè sèten kè nou ap toujou nan bon kondisyon pou l resevwa pawòl Bondye a ?
9 Egzanp Jezi a montre tou gen obstak ki anpeche semans lan oswa pawòl Bondye a grandi. Donk, pou nou kontinye rete disip ki fidèl, l ap bon pou nou travay pwen sa yo : 1) idantifye obstak ki sanble ak move sitiyasyon konsènan tè ki nan egzanp Jezi a, 2) pran dispozisyon pou nou korije yo oswa pou nou evite yo. Si nou fè sa, n ap sèten kè nou ap toujou nan bon kondisyon pou l resevwa semans Wayòm nan e pou l kontinye pwodui fwi.
“ Arebò wout la ”, sa vle di moun ki gen twòp sousi
10. Dekri premye kalite tè ki nan egzanp Jezi a, e esplike sa l vle di.
10 Premye kalite tè semans lan tonbe sou li a se “ arebò wout la ”, kote ‘ pye pile l ’. (Lik 8:5.) Tè ki arebò wout ki pase nan yon jaden, se yon tè ki di, paske moun k ap plede pase ladan l foule l ak pye yo (Mak 2:23). Menm jan an tou, moun ki kite aktivite monn nan manje tan yo e ki bay tout fòs yo ladan l ka twouve yo gen twòp sousi pou yo ta rive bay pawòl Bondye a enpòtans nan kè yo. Yo tande l, men yo pa rive medite sou li. Donk, kè yo pa reyaji. Anvan yo rive nan pwen pou yo renmen pawòl la, ‘ Dyab la vini, li retire l nan kè yo pou yo ka pa kwè, e pou yo pa sove ’. (Lik 8:12.) Kòman nou ka anpeche sa rive ?
11. Ki sa nou ka fè pou kè nou pa sanble ak yon tè ki di ?
11 Gen plizyè bagay nou ka fè pou nou pa kite kè nou vin tankou tè ki arebò yon wout e ki pa ka pwodui. Yon tè ki foule e ki di kapab vin mou, li kapab vin pwodui si yo vire l e si yo sispann plede pase ladan l. Menm jan an tou, si nou pran tan pou nou etidye e pou nou medite sou Pawòl Bondye a, kè nou ka vin tankou yon bon tè, yon tè k ap donnen. Sekrè a, se pou nou pa kite aktivite lavi a oswa aktivite monn nan domine nou (Lik 12:13-15). Okontrè, annou fè efò pou nou jwenn tan pou nou reflechi sou “ bagay ki pi enpòtan ” nan lavi a. — Filipyen 1:9-11.
“ Sou karyann ”, sa vle di moun ki kraponnen
12. Ki vrè rezon ki fè ti jèm nan seche nan dezyèm kalite tè ki nan egzanp Jezi a ?
12 Lè semans lan tonbe sou dezyèm kalite tè a, li pa annik rete sou li, tankou nou te wè sa nan premye egzanp lan. Li pran rasin e li jèmen. Men, kou solèy leve, chalè solèy la boule ti jèm nan e li seche l. Epoutan, gen yon pwen ki trèzenpòtan. Vrè rezon ki fè ti jèm nan seche a se pa akoz chalè a. Lè w byen gade, plant ki tonbe sou bon tè a li menm tou, li anba solèy, men li pa seche. Okontrè, se fleri l fleri. Kòman fè gen yon diferans ? Dapre sa Jezi esplike, se “ paske tè a te manke fon ”, epi ‘ li pa t gen imidite ’. (Matye 13:5, 6 ; Lik 8:6.) Piske gen yon karyann ki la apre premye kouch tè a, li anpeche semans lan plonje rasin li fon yon fason pou l jwenn imidite, yon fason pou l ka djanm. Ti jèm nan seche paske tè a manke pwofondè.
13. Ki kalite moun ki sanble ak tè ki manke pwofondè, e ki pi gwo rezon ki esplike fason yo reyaji ?
13 Pati sa a ki nan egzanp lan konsène moun ki ‘ resevwa pawòl la ak kè kontan ’ e ki chofe ap suiv Jezi “ pou yon moman ”. (Lik 8:13.) Kou yo anba flanm solèy “ tribilasyon oswa pèsekisyon ”, yo tèlman kraponnen, yo pèdi jwa yo ak fòs yo e yo sispann suiv Kris (Matye 13:21). Epoutan, se pa opozisyon ki pi gwo rezon ki fè yo pè. Lè w byen gade, yon pakèt disip Kris andire divès kalite eprèv e yo rete fidèl (2 Korentyen 2:4 ; 7:5). Vrè rezon ki fè kèk moun panike e ki fè yo lage laverite, se eta kè yo ki vin tankou wòch e sa anpeche yo medite jan pou yo ta medite sou bagay ki pozitif, sou bagay ki espirityèl. Kidonk, rekonesans yo vin genyen pou Jewova ak pou pawòl li twò fèb, li twò mens pou l fè fas ak opozisyon. Kòman yon moun ka anpeche sa rive jiskela ?
14. Ki sa yon moun ta dwe fè pou l pa kite kè l vin tankou yon tè ki manke pwofondè ?
14 Li bon pou yon moun verifye pou l wè si pa gen obstak ki tankou wòch ki chita nan kè l. Se gendwa yon mekontantman ki fon lakay li, oswa yon egoyis anba anba, oswa lòt bagay ki poko parèt aklè, men ki kache nan kè l. Si gen yon obstak konsa ki deja la, pouvwa pawòl Bondye a ka retire l (Jeremi 23:29 ; Efezyen 4:22 ; Ebre 4:12). Apre sa, meditasyon ak lapriyè pral jwe yon gwo wòl “ pou pawòl la plante ” fon nan kè moun nan (Jak 1:21). Se sa k ap ba l fòs nan peryòd dekourajman, e k ap ba l kouraj pou l rete fidèl malgre pwoblèm.
“ Nan mitan pikan ”, sa vle di moun ki gen de lide
15. a) Poukisa nou bezwen konsantre nou anpil sou twazyèm kategori tè Jezi te mansyone a ? b) Finalman, ki sa ki rive twazyèm kategori tè a e poukisa ?
15 Nou bezwen konsantre nou anpil sou twazyèm kategori tè a, tè ki gen pikan an, paske nan yon sans, li sanble ak bon tè a. Menm jan ak bon tè a, tè ki gen pikan an kite semans lan pran rasin e li kite l jèmen. O kòmansman, lè plant lan fèk ap grandi, ou pap wè okenn diferans nan de kategori tè sa yo. Men tank tan ap pase, vin gen yon sitiyasyon ki devlope kote plant lan toufe finalman. Kontrèman ak bon tè a, tè sa a vin plen pikan. Etan plant lan ap leve, ‘ pikan ki grandi avèk li yo ’ ap ba l pwoblèm. Pandan yon moman, ni plant lan ni pikan yo ap lite pou yo jwenn manje, pou yo jwenn limyè ak espas, men finalman, pikan yo kouvri l epi yo ‘ toufe l ’. — Lik 8:7.
16. a) Ki moun ki sanble ak tè ki gen pikan an ? b) Selon sa twa Evanjil yo rapòte, ki sa pikan yo senbolize ? — Gade nòt anba paj la.
16 Ki moun ki sanble ak tè ki plen pikan an ? Men esplikasyon Jezi bay : “ Se moun ki tande pawòl la, men tèt chaje, richès ak plezi lavi a pote y ale, e yo toufe nèt e yo pa ka fè anyen pou l bon nèt. ” (Lik 8:14). Menm jan semans lan ak pikan yo grandi ansanm, se konsa kèk moun ap eseye pran pawòl Bondye a epi y ap eseye anmenmtan pwofite “ plezi lavi a ”. Yo simen verite pawòl Bondye a nan kè moun sa yo, men gen lòt objektif ki soti pou yo pran pye sou li. Nan yon sans senbolik, kè yo vin gen de lide (Lik 9:57-62). Sa anpeche yo pran tan pou yo lapriyè e pou yo byen reflechi sou pawòl Bondye a. Yo pa rive kapte pawòl Bondye a nèt, e kòm rezilta, yo pa devlope rekonesans ki nesesè a pou yo andire. Tikras pa tikras, objektif ki pa espirityèl pran pye sou bagay espirityèl ki te konn enterese yo jiskaske objektif sa yo ‘ toufe yo nèt ’.c Sa vrèman tris pou nou wè ki jan moun ki pa renmen Jewova ak tout kè yo fini mal ! — Matye 6:24 ; 22:37.
17. Ki chwa nou dwe fè nan lavi a si nou pa vle pou pikan senbolik Jezi te pran kòm egzanp lan toufe nou ?
17 Pou nou pa kite enkyetid ak plezi ki gen nan monn nan toufe nou, se pou nou bay bagay espirityèl yo priyorite sou bagay materyèl yo (Matye 6:31-33 ; Lik 21:34-36). Nou pa ta dwe janm neglije ni li Bib la ni reflechi sou sa nou li a. Si nou senplifye lavi nou otan nou kapab, n ap jwenn plis tan pou nou byen medite e pou nou priye (1 Timote 6:6-8). Gen sèvitè Bondye ki rive fè sa, kòmkwa yo rache pikan ki nan tè a pou yo pèmèt plant k ap pwodui fwi a jwenn plis manje, plis limyè ak plis espas. E Jewova beni yo ! Men sa Sandra, ki gen 26 an, di : “ Lè m ap medite sou benediksyon mwen jwenn etan m nan laverite, mwen rann mwen kont monn nan pa ka ofri m anyen devan sa m genyen ! ” — Sòm 84:11.
18. Sa nou ka fè pou nou kenbe nan pawòl Bondye a e pou nou andire antanke kretyen ?
18 Pa gen dout sou sa : nou tout, jèn kou granmoun, n ap kenbe nan pawòl Bondye a e n ap andire antanke disip Kris toutotan pawòl Bondye a rete nan nou. Kidonk, annou asire nou tè ki senbolize kè nou an pa janm ni vin di, ni manke pwofondè. Annou asire nou tou pikan pa anvayi l, men li rete mou e li fon. Si nou fè sa, n ap kapab kapte pawòl Bondye a nèt, e n ap kapab “ pwodui fwi avèk andirans ”. — Lik 8:15.
[Nòt anba paj]
a Nan atik sa a, nou pral egzamine premye kondisyon an. De lòt kondisyon yo, se nan lòt atik yo yo pral pale sou yo.
b Pou w ka medite epi pou w priye sou yon pòsyon Labib ou fin li, ou ta ka mande tèt ou : ‘ Èske m dekouvri kèk kalite Jewova genyen nan sa m sot li a ? Ki rapò li genyen ak tèm Bib la ? Ki jan mwen ka aplike sa m sot li a nan lavi mwen oswa ki jan mwen ka sèvi avèk li pou m ede lòt moun ? ’
c Selon fason twa Evanjil yo dekri parabòl Jezi a, se enkyetid ak plezi ki gen nan monn nan ki toufe semans lan. Twa Evanjil yo pale de : “ Enkyetid sistèm de choz sa a ”, “ pouvwa richès genyen pou l twonpe moun ”, “ dezi pou lòt bagay yo ” ak “ plezi lavi sa a ”. — Mak 4:19 ; Matye 13:22 ; Lik 8:14 ; Jeremi 4:3, 4.
Ki repons nou ta bay ?
• Poukisa nou bezwen ‘ kenbe nan pawòl Jezi a ’ ?
• Sa nou ka fè pou nou kite pawòl Bondye a rete nan kè nou ?
• Ki moun kat kalite tè Jezi te pran kòm egzanp yo reprezante ?
• Ki jan nou ka jwenn tan pou nou reflechi sou pawòl Bondye a ?
[Kare/Foto nan paj 18]
‘ YO BYEN CHITA NAN LAVERITE ’
ANE ale, ane vini, yon pakèt moun ki disip Kris depi lontan montre yo se moun ki “ byen chita nan laverite ”. (2 Pyè 1:12.) Ki sa ki ede yo andire ? Men sa kèk nan yo deklare :
“ Chak jou anvan m dòmi, mwen li yon pati nan Bib la e mwen priye. Apre sa, mwen reflechi sou sa m sot li a. ” — Jean, ki batize an 1939.
“ Lè mwen reflechi sou jan Jewova, li menm ki sitèlman wo, renmen nou, sa ban m anpil asirans e sa ban m fòs pou m rete fidèl. ” — Patricia, ki batize an 1946.
“ Sa k ede m kontinye sèvi Jewova, se kenbe m kenbe bonjan abitid mwen genyen pou m etidye Bib la e pou m kapte ‘ bagay pwofon Bondye yo ’. ” — 1 Korentyen 2:10 ; Anna, ki batize an 1939.
“ Mwen li Bib la ak piblikasyon biblik yo pou m ka egzamine ni kè m, ni sa ki pouse m aji. ” — Zelda, ki batize an 1943.
“ Moman m pi renmen, se lè m gen posiblite fè yon ti mache etan m ap priye Jewova jis pou m fè l konnen ki jan m santi m. ” — Ralph, ki batize an 1947.
“ Chak jou, premye sa m fè se egzamine mwen egzamine tèks pou jounen an epi mwen li Labib. Sa tou ban m okazyon pou m medite sou yon panse tounèf pou jounen an. ” — Marie, ki batize an 1935.
“ Sa ki enteresan pou mwen, se lè m ap etidye yon liv nan Bib la vèsè pa vèsè. ” — Daniel, ki batize an 1946.
E ou menm ? Ki lè w pran tan pou w reflechi sou pawòl Bondye a e pou w priye ? — Danyèl 6:10b ; Mak 1:35 ; Travay 10:9.
[Foto nan paj 21]
Si nou mete bagay espirityèl yo an premye, n ap ka “ pwodui fwi avèk andirans ”.