Yo jwenn Kris la!
“Nou jwenn Mesi a (ki vle di Kris).” — JAN 1:41.
1. Sa k te pase anvan Andre te di “nou jwenn Mesi a”?
JAN ki te konn batize moun nan te ak de nan disip li yo. Pandan Jezi t ap pwoche bò kote yo, Jan di: “Men Timouton Bondye a!” De disip Jan yo, Andre ak Jan, te kòmanse suiv Jezi lapoula e yo te rete avè l pandan tout rès jounen an. Annapre, Andre al chèche frè l la, Simon Pyè, e li ba l yon nouvèl estrawòdinè: “Nou jwenn Mesi a (ki vle di Kris).” Apre sa, Andre mennen Pyè al wè Jezi. — Jan 1:35-41.
2. Ki jan etid nou pral fè sou pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ap ede nou?
2 Ofiramezi tan t ap pase, Andre, Pyè ak lòt moun ankò t apral etidye Ekriti yo avèk swen e yo t ap ka di Jezi se Mesi, oswa Kris, yo te pwomèt la toutbonvre. Kounye a, nou pral egzamine kèk lòt pwofesi nan Bib la ki montre kiyès ki Kris la. Sa ap ede nou fòtifye lafwa nou nan Bib la e nan moun Jewova te chwazi kòm Mesi a.
“Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou!”
3. Ki pwofesi ki te akonpli lè Jezi te antre Jerizalèm tankou yon wa?
3 Mesi a t ap antre Jerizalèm tankou yon wa. Men sa pwofesi Zekarya a di: “Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.” (Zak. (Zek.) 9:9). Gen yon salmis ki te di: “Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!” (Sòm 118:26). Te gen yon gwo foul moun ki t ap rele byen fò ak kè kontan lè Jezi te antre Jerizalèm. San Jezi pa t di foul la sa pou l fè, yo te fè egzakteman sa pwofesi a te di a. Pandan w ap li istwa sa a, imajine w la e w ap tande vwa moun yo ki montre jan kè yo kontan. — Li Matye 21:4-9.
4. Ki jan Sòm 118:22, 23 te akonpli?
4 Jezi t ap gen valè pou Bondye menm lè anpil moun pa t ap aksepte l kòm Mesi a. Jan sa te parèt nan kèk pwofesi, anpil moun te rayi Jezi, yo pa t pran ka l e yo te panse li pa t gen okenn valè. Moun sa yo pa t gen lafwa (Eza. (Iza.) 53:3; Mak 9:12). Men, Bib la di: “Wòch moun ki t’ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Senyè a menm!” (Sòm 118:22, 23). Yon lè, Jezi te mansyone pwofesi sa a lè l t ap pale ak kèk moun nan relijyon juif la ki te rayi l. Mete sou sa, Pyè te di pwofesi sa a te gen rapò ak Jezi e ak kongregasyon an. Li te konpare kongregasyon an ak yon bilding. Chak bilding gen yon wòch ki nan kwen fondasyon l, oubyen yon wòch prensipal. Menm jan an tou, Jezi se wòch prensipal ki nan fondasyon kongregasyon kretyen an. Moun ki pa t gen lafwa yo pa t aksepte Jezi antanke Mesi, sa vle di Kris. Men, se li menm “Bondye chwazi e [li] gen anpil valè” pou Bondye. — 1 Pyè 2:4-6; Mak 12:10, 11; Tra. 4:8-11.
Yon disip trayi l e lòt yo abandone l
5, 6. Ki sa pwofesi yo te di sou trayi yo t ap trayi Jezi a, e ki jan pwofesi sa yo te akonpli?
5 Yon swadizan zanmi Mesi a t ap trayi l. Men sa David te di nan yon pwofesi: “Moun ki anpè avè m nan, li menm mwen te fè konfyans e ki te konn manje nan pen m nan, soulve kont mwen.” (Sòm 41:9, NW). Nan tan biblik yo, lè yon moun te manje pen l ak yon lòt moun, sa te montre li konsidere lòt moun nan kòm zanmi l (Jen. 31:54). Donk, selon pwofesi sa a, yon moun ki te zanmi Mesi a t apral fè l yon bagay ki terib: Li t ap trayi Kris la! Jezi te pale de moun sa a lè l te di apot li yo: “Se pa de nou tout m ap pale. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, se dekwa pou pasaj nan Ekriti yo ki di: ‘Moun ki te konn manje nan pen m nan soulve kont mwen’ [an], ka akonpli.” (Jan 13:18). La a, Jezi t ap pale de Jida Iskaryòt ki te disip li e ki te zanmi l tou. Pwofesi David la te akonpli lè Jida te trayi Jezi.
6 Moun ki t ap trayi Mesi a t ap fè sa pou 30 pyès monnen ann ajan, sa ki te egal ak pri yon esklav. Matye te di Jida te trayi Jezi pou sèlman 30 pyès monnen ann ajan, sa ki te akonpli pwofesi nou jwenn nan Zakari 11:12, 13 la. Men, Matye te di pawòl pwofèt Jeremi yo te akonpli. Poukisa l te pale de Jeremi alòske pwofesi a soti nan liv Zakari a? Se paske, nan epòk Matye a, sanble liv Jeremi an te parèt anvan nan yon gwoup liv ki te gen liv Zakari a ladan l. Jida pa t depanse 30 pyès monnen ann ajan yo. Li te voye lajan an nan tanp lan e l t “al pann tèt li”. — Matye 26:14-16; 27:3-10.
7. Ki jan pwofesi ki nan Zakari 13:7 la te akonpli?
7 Disip Kris yo t ap kite l. Men sa Zekarya te ekri: “Al atake gadò mouton m yo [...] pou bann mouton an ka gaye.” (Zak. 13:7). Jou ki te 14 Nizan ane 33 a, men sa Jezi te di disip li yo: “Aswè a, nou tout pral kite m poutèt sa k pral rive m nan, paske men sa ki ekri: ‘M ap frape bèje a, e mouton ki nan twoupo a ap gaye.’” Se sa menm ki te rive! Matye te di lè sa a tout disip yo te abandone Jezi e yo kouri y ale. — Mat. 26:31, 56.
Moun t ap akize l e yo t ap bat li
8. Ki jan Ezayi 53:8 te akonpli?
8 Moun t ap mennen Mesi a devan tribinal e yo t ap kondane l amò. (Li Ezayi 53:8.) Jou ki te 14 Nizan an, nan maten, tout manm tribinal Sanedren an te reyini. Yo te mete Jezi anba kòd e yo te mennen l bay Pons Pilat, gouvènè women an. Apre Pilat te fin poze Jezi kesyon, li te di Jezi pa t fè anyen ki mal. Men, lè l mande foul la si yo vle l lage Jezi, foul la te di byen fò: “Kloure l sou yon poto!” Yo te pito mande Pilat lage Barabas, yon kriminèl, olye l lage Jezi. Piske Pilat te vle fè foul la plezi, li te lage Barabas. Apre sa, li bay lòd pou yo bat Jezi ak kout frèt e pou yo kloure l sou yon poto.— Mak 15:1-15.
9. Ki jan Sòm 35:11 te akonpli nan epòk Jezi a?
9 Gen fo temwen ki t ap kont Mesi a. Men sa David te ekri: “Gen temwen ki te parèt tou move, yo t ap poze m kesyon sou bagay mwen pa t menm konnen.” (Sòm 35:11, NW). Jan pwofesi a te di sa, “prèt an chèf yo ak tout Sanedren an t ap chèche moun pou bay fo temwayaj sou Jezi, pou yo ka touye l”. (Mat. 26:59.) Vrèmanvre, jan Bib la te di sa, te gen anpil moun ki te bay fo temwayaj sou Jezi, men temwayaj yo te bay yo te depaman youn ak lòt (Mak 14:56). Sa pa t di ènmi Jezi yo anyen dèske temwen sa yo t ap bay manti sou Jezi. Sèl sa yo te vle se pou Jezi mouri.
10. Ki jan Ezayi 53:7 te akonpli?
10 Mesi a pa t ap reponn moun ki t ap akize l yo. Men sa Izayi te pwofetize sou Jezi: “Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y’ap mennen labatwa, li pa t janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y’ap taye lenn sou do l, li pa t janm louvri bouch li di anyen.” (Eza. 53:7). Pandan “prèt an chèf yo ak ansyen yo [t ap] akize l, li pa reponn”. Lè sa a Pilat mande l: “Ou pa tande tout kantite bagay y ap di sou ou?” Men, Jezi “pa di yon mo, e sa te fè gouvènè a sezi anpil”. (Mat. 27:12-14.) Jezi pa t joure ènmi l yo. — Wom. 12:17-21; 1 Pyè 2:23.
11. Ki jan Ezayi 50:6 ak Miche 5:1 te akonpli?
11 Izayi te anonse yo t ap bat Mesi a. Men sa pwofèt la te ekri: “Mwen pare do m bay moun k’ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m bay moun k’ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m lè y’ap joure m, lè y’ap krache sou mwen.” (Eza. 50:6). Men sa Mika te pwofetize: “Y’ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y’ap ba li baton, y’ap souflete l.” (Mi. (Mika) 5:1). Mak te montre pwofesi sa yo te akonpli sou Jezi. Men sa l te ekri: “Gen kèk ladan yo ki krache sou li, yo kouvri figi l, yo ba l kout pwen, epi yo di l: ‘Si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w!’ Apre sa, gad nan tribinal yo souflete l, epi yo pran l yo ale avè l.” Mak te di gen kèk sòlda ki te frape l nan tèt ak yon wozo, yo krache sou li e yo met ajenou devan l pou yo rann li omaj (Mak 14:65; 15:19). An reyalite, moun sa yo pa t gen okenn rezon pou yo te maltrete Jezi konsa.
Li te rete fidèl devan Bondye jouk li mouri
12. Ki jan Sòm 22:16 te akonpli, e ki jan Ezayi 53:12 te akonpli?
12 Mesi a t ap mouri sou yon poto. Men sa David te di: “Bann mechan yo fèmen m toupatou. Yo kraze de men m ak de pye m.” (Sòm 22:16). Tout moun ki li Labib konnen pwofesi sa a te akonpli sou Jezi jan Mak rapòte sa nan Evanjil li a. Mak te di li te anviwon nevè nan maten lè yo te kloure men ak pye Jezi sou poto a (Mak 15:25). Yon lòt pwofesi te anonse Mesi a t ap gen pou l mouri ansanm ak kriminèl. Men sa Izayi te ekri: “Se limenm menm ki te bay tèt li pou l mouri konsa. Li te kite yo mete l ansanm ak kriminèl yo.” (Eza. 53:12). Pwofesi sa a te akonpli lè “yo te mete de bandi sou poto bò kote l, youn adwat li e lòt la agoch li.” — Mat. 27:38.
13. Ki jan Sòm 22:7, 8 te akonpli?
13 David te pwofetize moun yo t ap pase Mesi a nan rizib. (Li Sòm 22:7, 8.) Moun yo te pase Jezi nan rizib pandan li t ap soufri sou poto a. Men sa Matye di: “Moun k ap pase te kòmanse ap manke l dega, yo t ap souke tèt yo, yo t ap di: ‘O, ou menm ki te vle kraze tanp lan pou w bati l nan twa jou, sove tèt ou! Si w se yon pitit Bondye, desann sou poto a!’” Prèt an chèf yo, espè nan Lalwa yo ansanm ak ansyen yo t ap pran plezi sou li e yo t ap di: “Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt li! Se Wa Izrayèl li ye, se pou l desann poto a kounye a, epi n a kwè nan li. Li met konfyans li nan Bondye, se pou Li delivre l kounye a si Li vle l, paske l te di: ‘Mwen se Pitit Bondye.’” (Mat. 27:39-43). Jezi te soufri, men, toutpandan li t ap soufri a, li te ret trankil e li pa t janm di anyen ki mal. Li se yon bonjan egzanp pou nou.
14, 15. Gen kèk pwofesi ki te pale sou rad Mesi a e ki te fè konnen yo t ap ba l bwè vinèg. Ki jan pwofesi sa yo te akonpli?
14 Yo t ap fè tiraj osò pou yo konnen kiyès ki t ap genyen rad Mesi a. Men sa David te ekri: “Y’ap separe rad mwen ant yo menm, y’ap tire osò pou rad mwen an.” (Sòm 22:18). Se egzakteman sa k te rive! Bib la di, apre sòlda women yo te fin met Jezi sou poto a, yo te fè tiraj osò pou yo te separe rad li yo antre yo. — Mat. 27:35; Li Jan 19:23, 24.
15 Yo t ap bay Mesi a vinèg melanje ak fyèl pou l bwè. Men sa pwofesi a te di: “Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m mande dlo pou m bwè, se vinèg yo ban mwen.” (Sòm 69:21). Nou konnen pwofesi sa a te akonpli paske men sa Matye te di: “Yo ba l diven melanje ak fyèl pou l bwè. Men, lè l goute l, li refize bwè l.” Annapre, “youn ladan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon wozo, e l al ba li l pou l bwè”. — Mat. 27:34, 48.
16. Ki jan Sòm 22:1 te akonpli?
16 Mesi a t ap sanble yon moun Bondye abandone. (Li Sòm 22:1.) Selon sa Mak rapòte, nan nevyèm èdtan an [ozanviwon twazè nan aprèmidi], Jezi rele byen fò, li di: “‘Eli, Eli, lama sabaktani?’, ki vle di: ‘Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone m?’” (Mak 15:34). Lè Jezi te di Bondye te abandone l la, se pa t lafwa li te pèdi nan Papa l. Li te konnen Bondye pa t ap pwoteje l kont ènmi l yo nan moman li t apral mouri a. Eprèv sa a te bay Jezi posiblite pou l montre li t ap toujou rete fidèl ak Bondye. Lè l te di byen fò “Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone m”, pwofesi ki nan Sòm 22:1 an te akonpli.
17. Ki jan Zakari 12:10 ak Sòm 34:20 te akonpli?
17 Yo t ap pèse Mesi a. Yo pa t ap kraze zo l. Zekarya te di moun Jerizalèm yo t ap gade Sila a yo te pèse a (Zak. 12:10). Sòm 34:20 te di Bondye t “ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l p’ap kraze”. Apot Jan te fè konnen pwofesi sa yo te akonpli. Men sa li te ekri: “Youn nan sòlda yo pèse bò kòt li ak yon lans, e menm kote a san ak dlo soti. E moun ki te wè sa a bay temwayaj sou sa, temwayaj li a se laverite.” Jan te kontinye pou l di: “Bagay sa yo te rive dekwa pou pasaj nan Ekriti yo ki di: ‘Pa gen yon zo l k ap kraze’ a te ka akonpli. Epitou, gen yon lòt pasaj nan Ekriti yo ki di: ‘Yo pral gade Sila a yo te pèse a.’” — Jan 19:33-37.
18. Pwofesi a te di tonm Jezi t ap menm kote ak tonm moun rich yo. Ki jan pwofesi sa a te akonpli?
18 Tonm Mesi a t ap menm kote ak tonm moun rich yo. (Li Ezayi 53:5, 8, 9.) Jou ki te 14 Nizan an, nan fen aprèmidi, “Jozèf, yon mesye rich, ki moun Arimate” te mande Pilat si l ka pran kò Jezi. Jozèf te vle antere Jezi e Pilat te dakò. Men sa Matye rapòte: “Jozèf pran kò a, li vlope l nan yon twal len bon kalite e ki pwòp, epi li mete l nan yon kavo tounèf li te genyen, yon kavo li te fè fouye nan yon karyann. E lè l fin woule yon gwo wòch devan bouch kavo a, li ale.” — Mat. 27:57-60.
Ann louwe Mesi a, Wa nou an!
19. Ki jan pwofesi ki nan Sòm 16:10 la te akonpli?
19 Jewova t ap resisite Mesi a. Men sa David te ekri: “Ou pap abandone nanm mwen nan Cheyòl”, sa vle di nan tonm (Sòm 16:10, NW). Jou ki te 16 Nizan an, kèk medam t al nan tonm kote yo te antere Jezi a. Imajine jan yo te sezi lè yo wè yon zanj chita anndan tonm nan! Zanj lan te di medam yo: “Nou pa bezwen sezi. Mwen konnen se Jezi, moun Nazarèt la, li menm yo te kloure sou poto a, n ap chèche. Li leve sot nan lanmò, li pa isit la. Gade! Men kote yo te mete l la.” (Mak 16:6). Annapre, nan jou Pannkòt ane 33 a, apot Pyè te pale de pwofesi David te ekri nan Sòm 16 la ak yon foul moun ki te Jerizalèm. Men sa li te di sou David: “Li te wè rezirèksyon Kris la davans e li te pale de sa. Li te fè konnen yo pa t kite Kris nan adès ni kò l pa t gentan dekonpoze.” (Tra. 2:29-31). Bondye pa t kite kò Pitit li renmen anpil la dekonpoze. Mete sou sa, Jewova te fè yon bagay ki pi bèl toujou: Li te resisite Jezi pou l al viv nan syèl la! — 1 Pyè 3:18.
20. Ki sa pwofesi yo di sou sa Mesi a pral fè lè l ap dirije?
20 Bondye t ap fè konnen Jezi se Pitit li. (Li Sòm 2:7; Matye 3:17.) Lè Jezi te antre Jerizalèm, foul la te fè louwanj pou li ak Wayòm li an. Jodi a tou, nou fè louwanj pou Jezi. Nou kontan pale de Jezi ak Wayòm li an ak lòt moun (Mak 11:7-10). Talè konsa, Kris pral detwi ènmi l yo lè l galope pou l al “defann koz laverite ak imilite ak lajistis”. (Sòm 2:8, 9; 45:1-6, NW.) Apre sa, li pral dirije tout tè a. Tout moun pral viv nan lapè e y ap gen sa yo bezwen (Sòm 72:1, 3, 12, 16; Eza. 9:6, 7). Jezi Kris, Pitit Jewova renmen an, deja ap dirije kòm Wa nan syèl la. Se yon gwo privilèj nou genyen dèske nou se Temwen Jewova e dèske nou gen posiblite pataje verite sa yo ak lòt moun!
Ki repons nou ta bay?
• Ki jan pwofesi ki te fè konnen yo t ap trayi Jezi e yo t ap abandone l la te akonpli?
• Ki jan pwofesi konsènan lanmò Jezi yo te akonpli?
• Sa k fè nou pa gen dout se Jezi ki Mesi a oswa Kris la?
[Foto nan paj 13]
Lè Jezi te antre Jerizalèm tankou yon wa, ki pwofesi ki te akonpli?
[Foto nan paj 15]
Jezi te mouri pou peche nou, men kounye a li Wa.