“ Gran jou Jewova a pre ”
“ Gran jou Jewova a pre. Li pre, e l ap prese anpil. ”—SEFÀNYA 1:14.
1, 2. a) Ki jou espesyal kretyen yo ap tann ? b) Ki kesyon nou dwe poze, e poukisa ?
YON jèn fi an jwa ap tann jou maryaj li avèk antouzyas. Yon fi ansent ap tann bebe li pral fè a avèk enpasyans. Yon travayè fatige anvi wè ak tout kè l vakans li l ap tann lontan an kòmanse. Ki sa ki gen an komen ant twa moun sa yo ? Yo toule twa ap tann yon jou espesyal, yon jou k ap gen yon enpak sou lavi yo. Byenke se pa menm santiman k ap travèse yo, men yo tout yo gen santiman ki pwofon. Jou y ap tann nan ap rive finalman, men lè l rive, yo espere y ap prè pou li.
2 Menm jan an tou, jodi a, vrè kretyen yo ap tann avèk enpasyans yon jou espesyal : gran “ jou Jewova a ”. (Izayi 13:9 ; Yowèl 2:1 ; 2 Pyè 3:12.) Ki sa “ jou Jewova a ” k ap vini an ye, e ki jan vini l ap vini an pral afekte limanite ? Epi ankò, ki jan nou ka sèten nou prè pou li ? Li endispansab pou nou chèche repons kesyon sa yo kounye a, paske evènman k ap pase yo montre verite ki gen nan pawòl nou jwenn nan Bib la, ki di : “ Gran jou Jewova a pre. Li pre, e l ap prese anpil. ” — Sefànya 1:14.
“ Gran jou Jewova a ”
3. Ki sa “ gran jou Jewova a ” ye ?
3 Ki sa “ gran jou Jewova a ” ye ? Nan Ekriti yo, ekspresyon “ jou Jewova a ” fè referans ak moman estrawòdinè kote Jewova te egzekite jijman l sou ènmi li yo e li te glorifye non l ki gran. Te gen “ jou Jewova ” ki te vini sou moun enfidèl nan Jida ak nan Jerizalèm e sou moun mechan ki te abite nan vil Babilòn ak nan peyi Ejip, lè Jewova te egzekite jijman l sou moun sa yo (Izayi 2:1, 10-12 ; 13:1-6 ; Jeremi 46:7-10). Sepandan, pi gran “ jou Jewova a ” dèyè toujou. Se “ jou ” kote Jewova pral egzekite jijman l sou moun k ap sal non l yo. Jou sa a ap kòmanse ak destriksyon “ Gran Babilòn nan ”, ki se anpi mondyal fo relijyon an, e l ap rive nan dènye bout li nan lagè Amagedòn lè tout rès sistèm de choz mechan an pral detwi. — Revelasyon 16:14, 16 ; 17:5, 15-17 ; 19:11-21.
4. Poukisa pifò moun sou tè a dwe pè jou Jewova a k ap pwoche byen rapid ?
4 Kit moun yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont, pifò moun sou tè a dwe pè jou sa a k ap pwoche byen rapid. Poukisa ? Pa mwayen pwofèt Sefànya, Jewova bay repons lan : “ Jou sa a se yon jou firè, yon jou detrès ak kè kase, yon jou tanpèt ak dezolasyon, yon jou tenèb ak fènwa, yon jou nyaj ak fènwa pwès. ” Se vrèman yon jou ki fè moun pè ! E pwofèt la di ankò : “ Mwen pral lage lèzòm nan detrès, [...] paske se kont Jewova yo te peche. ” — Sefànya 1:15, 17.
5. Ki pwennvi pozitif plizyè milyon moun genyen anrapò ak jou Jewova a, e poukisa ?
5 Sepandan, gen plizyè milyon lòt moun k ap tann jou Jewova a avèk enpasyans. Poukisa ? Paske yo konnen jou sa a se yon tan pou moun ki jis yo sove, pou yo delivre, yon jou kote Jewova pral elve byen wo e kote non glorye l la pral sangtifye (Yowèl 3:16, 17 ; Sefànya 3:12-17). Pou yon moun pè jou sa a oswa pou l tann li avèk enpasyans, sa depann de ki sa moun sa a ap fè ak lavi l depi kounye a. Kòman ou menm ou konsidere jou sa a k ap pwoche a ? Èske w prè pou li ? Lefètke jou Jewova a prèt pou rive, èske depi kounye a sa afekte lavi w ap mennen chak jou ?
“ Ap gen mokè k ap vini ak mokri yo ”
6. Kòman pifò moun konsidere “ jou Jewova a ”, e sa k fè vrè kretyen yo pa sezi pou sa ?
6 Malgre n ap viv nan sitiyasyon ki mande pou moun aji vit, pifò moun sou tè a pa bay “ jou Jewova a ” ki toupre regle anyen pou yo. Yo moke moun k ap ba yo avètisman sou sa e yo trete yo avèk mepri. Vrè kretyen yo pa sezi pou sa. Yo sonje avètisman apot Pyè te bay kote l te di : “ Anvan tout bagay, men sa nou konnen : nan dènye jou yo ap gen mokè k ap vini ak mokri yo e k ap aji selon pwòp dezi yo. E y ap di : ‘ Kote prezans li a li te pwomèt la ? Anfèt, depi jou zansèt nou yo te kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi lè kreyasyon an te kòmanse. ’ ” — 2 Pyè 3:3, 4.
7. Ki sa k ap ede nou toujou wè nesesite pou nou aji vit ?
7 Ki sa k ap ede nou reziste kont jan de panse negatif sa yo, e konsa pou nou toujou wè nesesite pou nou aji vit ? Pyè di nou : “ M ap fè nou yon rapèl pou m ka reveye bonjan kapasite nou genyen pou n reflechi, dekwa pou nou ka sonje pawòl pwofèt ki sen yo te deja di e pou nou ka sonje kòmandman Seyè a, Sovè a, kòmandman apot yo te transmèt la. ” (2 Pyè 3:1, 2). Lè nou prete atansyon ak avètisman pwofetik yo, sa ap ede nou “ reveye bonjan kapasite nou genyen pou n reflechi ”. Petèt nou tande rapèl sa yo ase souvan, men kounye a, plis pase nenpòt ki lè, li endispansab pou nou kontinye prete atansyon ak avètisman sa yo. — Izayi 34:1-4 ; Lik 21:34-36.
8. Poukisa anpil moun pa prete atansyon ak rapèl ki nan Bib la ?
8 Poukisa gen moun ki pa prete atansyon ak rapèl sa yo ? Pyè di ankò : “ Selon dezi pa yo, gen yon bagay ki echape yo : te gen syèl depi nan tan lontan ak yon tè byen fèm ki te soti anba dlo e ki te nan mitan dlo selon pawòl Bondye, e pa mwayen bagay sa yo, monn nan epòk sa a te detwi lè delij dlo a te kouvri l. ” (2 Pyè 3:5, 6). Wi, gen moun dezi pa yo se pou jou Jewova a pa ta rive. Yo pa ta vle pou anyen vin deranje fason y ap viv. Yo pa ta renmen pou Jewova mande yo kont pou fason egoyis y ap mennen lavi yo ! Jan Pyè di a, y ap viv “ selon dezi pa yo ”.
9. Ki atitid moun nan jou Noye yo ak moun nan jou Lòt yo te genyen ?
9 Selon “ dezi ” mokè sa yo, yo prefere pa teni kont de entèvansyon Jewova te fè nan afè lèzòm nan tan pase yo. Jezi Kris ansanm ak apot Pyè te fè referans ak de nan evènman sa yo : “ Jou Noye yo ” ak “ jou Lòt yo ”. (Lik 17:26-30 ; 2 Pyè 2:5-9.) Anvan delij la, moun yo pa t pran an konsiderasyon avètisman Noye t ap bay yo. Menm jan an tou, anvan destriksyon Sodòm ak Gomò, nan je bofis Lòt yo, Lòt “ te sanble yon moun k ap jwe ”. — Jenèz 19:14.
10. Kòman Jewova pral aji ak moun ki pa prete atansyon yo ?
10 Bagay la pa diferan jodi a. Men, note kòman Jewova pral aji ak moun ki pa prete atansyon yo : “ Mwen pral pote atansyon m sou mesye ki kole nan ma diven yo, epi k ap di nan kè yo : ‘ Jewova pap fè byen e li pap fè mal. ’ Wi, fòtin yo ap vin tounen yon bagay pou moun piye, epi kay yo ap vin tounen yon savann dezole. Y ap bati kay, men yo pap abite ladan yo, y ap plante pye rezen, men yo pap bwè diven ki sot ladan yo. ” (Sefànya 1:12, 13). Moun yo ka kontinye mennen aktivite “ nòmal ” yo chak jou, men yo pap jwenn okenn byenfè dirab nan travay di y ap fè. Sa k fè sa ? Paske jou Jewova a ap rive sanzatann, e pa gen okenn richès materyèl yo t ap ranmase k ap ka sove yo. — Sefànya 1:18.
“ Kontinye tann li ”
11. Ki egzòtasyon nou ta dwe gen nan lespri nou ?
11 Kontrèman ak monn mechan ki antoure nou an, nou dwe toujou gen nan lespri nou egzòtasyon pwofèt Abakouk bay la : “ Vizyon an toujou pou tan fikse a, e li kontinye esoufle jiska lafen, e li pap bay manti. Menmsi li ta pran tan, kontinye tann li paske l ap reyalize kanmenm. Li pap anreta. ” (Abakouk 2:3). Menmsi, selon pwennvi nou ki enpafè, jou sa a ka parèt pran tan, nou dwe sonje Jewova pa lan. Jou li a ap vini egzakteman nan lè l dwe vini an, nan yon lè lèzòm pa atann. — Mak 13:33 ; 2 Pyè 3:9, 10.
12. Ki sa Jezi te predi, e kòman aksyon disip fidèl li yo revele yo diferan ?
12 Pandan Jezi t ap mete aksan sou enpòtans pou nou kontinye tann jou Jewova a, li te predi, menm pami disip li yo, t ap gen kèk ki pa t ap toujou sonje gen ijans. Li te di de yo : “ Si jamè move esklav sa a di nan kè l : ‘ Mèt mwen ap fè reta ’, epi li kòmanse ap bat esklav parèy li yo e l ap manje, l ap bwè ak gwo tafyatè, mèt esklav sa a va rive nan yon jou li pa atann, nan yon lè li pa konnen, e l ap ba l yon pinisyon ki sevè anpil. ” (Matye 24:48-51). Poutan, klas esklav fidèl ki prevwayan an bò kote pa l toujou sonje gen ijans. Klas esklav la kontinye ap veye e li montre li pare. Jezi tabli li “ sou tout byen l ” sou tè a. — Matye 24:42-47.
Nesesite pou nou aji vit
13. Kòman Jezi te souliye enpòtans pou disip li yo toujou wè nesesite pou yo aji vit ?
13 Li te trèzenpòtan pou kretyen premye syèk yo te toujou wè nesesite pou yo aji vit. Lè yo te wè “ lame tabli kan toutotou Jerizalèm ”, yo te bezwen aji san pèdi tan pou yo kouri kite vil la (Lik 21:20, 21). Lame women yo te tabli kan yo nan ane 66 epòk nou an. Men kòman Jezi te souliye enpòtans pou kretyen nan epòk sa a te aji vit : “ Se pou moun ki sou teras kay la pa desann pou l pran byen ki gen lakay li. E se pou moun ki nan jaden pa retounen lakay pou l pran rad pa anlè li genyen. ” (Matye 24:17, 18). Selon sa istwa montre, Jerizalèm te dire katran ankò. Alò, poukisa kretyen yo te bezwen koute pawòl Jezi yo pou yo aji prese prese nan ane 66 epòk nou an ?
14, 15. Poukisa kretyen premye syèk yo te oblije aji san pèdi tan lè yo te wè lame tabli kan toutotou Jerizalèm ?
14 Byenke se jis an 70 epòk nou an lame women an te detwi Jerizalèm, katran sa yo pa t pase san pwoblèm. Okontrè ! Pandan katran sa yo, te gen anpil vyolans ak anpil san ki te koule. Gen yon istoryen ki dekri sitiyasyon ki te egziste nan Jerizalèm pandan tan sa a kòm “ yon gè sivil tèrib e sanginè, ki chaje ak zak kriyèl ki revòltan ”. Yo te anwole yon seri jèn gason pou fè miray la vin pi solid, pou yo pran lèzam e pou yo sèvi nan lame. Yo te fè yo fè egzèsis militè chak jou. Moun ki pa t dakò ak aksyon radikal yo t ap mennen yo, yo te konsidere yo kòm trèt. Si kretyen yo te rete plis tan nan vil la, yo t ap twouve yo nan yon sitiyasyon ki trè danjere. — Matye 26:52 ; Mak 12:17.
15 Ann remake Jezi te di “ sila yo ki nan Jide ”, pa sèlman nan Jerizalèm, pou yo kòmanse kouri kite l. Aspè sa a te enpòtan, paske nan espas kèk mwa apre twoup women yo te retire kò yo nan Jerizalèm, yo te reprann operasyon lagè yo t ap mennen an. Toudabò, an 67 epòk nou an yo te venk Galile, epi ansuit yo te pran Jide nèt nan ane apre a. Sitiyasyon sa a te lakòz gwo detrès nan tout pwovens yo. De jou an jou, li te vin pi difisil tou pou yon Juif kouri kite Jerizalèm. Te gen moun ki t ap veye baryè vil la, e nenpòt moun yo te jwenn k ap chèche sove, yo te akize l kòm yon moun ki pral nan kan Women yo.
16. Ki atitid kretyen premye syèk yo te dwe genyen pou yo te sove lè tan detrès la te rive ?
16 Avèk tout pwen sa yo nan lespri nou, nou kapab konprann poukisa Jezi te mete aksan sou ijans ki te genyen nan moman sa a. Kretyen yo te dwe dispoze fè sakrifis, yo pa t dwe kite byen materyèl fè yo bliye sa yo te dwe fè. Pou yo te obeyi avètisman Jezi a, yo te dwe dispoze “ di tout byen [yo] genyen babay ”. (Lik 14:33.) Moun ki te obeyi san pèdi tan e ki te kouri al lòt bò Jouden an te sove.
Nou dwe toujou sonje gen ijans
17. Poukisa nou dwe wè nesesite pou nou aji vit plis toujou ?
17 Pwofesi biblik yo montre aklè nou lwen nan tan lafen an. Plis pase nenpòt lòt lè, nou bezwen wè nesesite pou nou aji vit plis toujou. Nan peryòd lapè, yon sòlda pa santi presyon ak danje ki gen nan konba. Men, si poutèt gen lapè, li pa santi nesesite pou l rete ap veye, epi sanzatann yo rele l pou lagè, li ka pa gentan byen prepare, e sa ka gen konsekans grav. Menm bagay la ka rive nan lagè espirityèl n ap mennen an. Si tikras pa tikras nou bliye gen ijans, nou ka pa prepare pou nou repouse atak ki lanse kont nou, e lè jou Jewova a rive finalman li ka pran nou pa sipriz (Lik 21:36 ; 1 Tesalonisyen 5:4). Si yon moun te “ rale yon bak nan suiv Jewova ”, kounye a se moman pou l chèche l ankò. — Sefànya 1:3-6 ; 2 Tesalonisyen 1:8, 9.
18, 19. Ki sa k ap ede nou toujou gen “ prezans jou Jewova a ” nan lespri nou ?
18 Se pa etonan si apot Pyè egzòte nou pou nou toujou gen “ prezans jou Jewova a ” nan lespri nou ! Ki jan nou ka fè sa ? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou poze ‘ aksyon ki montre nou gen yon konduit ki sen e ki montre nou gen atachman pou Bondye ’. (2 Pyè 3:11, 12.) Lè nou rete okipe nan aktivite konsa, sa ap ede nou tann “ jou Jewova a ” avèk enpasyans. Mo grèk pou yo tradui l yo mete ekspresyon “ toujou gen nan lespri ” a siyifi literalman “ akselere ”. Se vre nou pa ka akselere tan ki rete anvan jou Jewova a rive, men, toutpandan n ap tann jou sa a, tan an ap sanble l pase pi vit si nou okipe nan sèvis Bondye. — 1 Korentyen 15:58.
19 Lè nou medite sou Pawòl Bondye a e nou reflechi sou rapèl nou jwenn ladan l, sa ap pouse nou “ anvi ak tout kè nou (tann epi akselere) [jou sa a] rive ”, wi, sa ap pouse nou pou nou “ toujou ap tann ” li (2 Pyè 3:12, The Amplified Bible ; The New Testament, William Barclay). Pami rapèl sa yo, nou jwenn yon pakèt pwofesi nonsèlman ki anonse jou Jewova a ap vini, men tou, ki anonse yon pakèt benediksyon moun ki ‘ rete tann Jewova ’ yo pral resevwa. — Sefànya 3:8.
20. Ki egzòtasyon nou ta dwe pran an konsiderasyon ?
20 Kounye a se vrèman moman pou nou tout pran an konsiderasyon egzòtasyon nou jwenn pa mwayen pwofèt Sefànya a : “ Anvan dife kòlè Jewova a rive sou nou, anvan jou kòlè Jewova a rive, chèche Jewova, nou tout, moun ki enb sou latè, ki pratike desizyon jidisyè Li yo. Chèche ladwati, chèche imilite. Sandout y ap kache nou lè jou kòlè Jewova a rive. ” — Sefànya 2:2, 3.
21. Ki detèminasyon pèp Bondye a diran ane 2007 la ?
21 Se poutèt sa, tèks nou chwazi pou ane 2007 la apwopriye anpil : “ Gran jou Jewova a pre. ” Pèp Bondye a gen konviksyon “ li pre, e l ap prese anpil ”. (Sefànya 1:14.) “ Li pap anreta. ” (Abakouk 2:3). Toutpandan n ap tann jou sa a, se pou nou toujou sonje nan ki tan n ap viv, piske nou wè akonplisman final pwofesi sa yo toupre !
Èske nou ka reponn ?
• Ki sa “ gran jou Jewova a ” ye ?
• Poukisa anpil moun pa prete atansyon ak tan n ap viv yo ki egzije pou yo aji vit ?
• Poukisa kretyen premye syèk yo te bezwen aji vit ?
• Ki jan nou ka ogmante konviksyon nou genyen pou nou aji vit ?
[Antrefilè nan paj 11]
Men tèks pou ane 2007 la : “ Gran jou Jewova a pre. ”—Sefànya 1:14.
[Foto nan paj 8, 9]
Tankou nan epòk Noye a, mokè yo pral pranyon kou siprann lè Jewova ap aji.
[Foto nan paj 10]
Kretyen yo te oblije aji san pèdi tan lè yo te wè“ lame tabli kan toutotou Jerizalèm ”.