Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. Nan stil Alamòt*.
2 Se sa k fè nou pap pè menmsi tè a tranble,
Menmsi mòn yo chavire nan fon lanmè+,
3 Menmsi dlo lanmè a gwonde epi li kimen+,
Menmsi mòn yo souke tèlman lanmè a move. (Sela)
4 Gen yon rivyè, branch li yo fè moun kontan nan vil Bondye a+,
Tabènak* sakre ki gen glwa ki pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.
6 Nasyon yo t ap fè bri, wayòm yo te tonbe.
Bondye te leve vwa l e tè a te tranble+.
8 Vini, vin wè sa Jewova fè.
Gade tout bagay estrawòdinè li fè sou tè a.
9 Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a+.
Li kase banza* a e li fè lans lan fè plizyè moso.
Li boule charyo pou fè lagè* yo nan dife.