CHAPIT 22
“Se Bondye pou w adore”
IDE KLE: Revizyon sou pwen prensipal ki nan liv Ezekyèl la ak fason y ap reyalize jodi a e alavni.
1, 2. a) Ki chwa nou tout gen pou nou fè? b) Ki jan yon zanj fidèl te reponn lè yo t apral adore l?
NOU chak gen yon kesyon enpòtan nou dwe reponn: Kiyès n ap adore? Anpil moun ka di se yon repons ki senp, paske se sèl Bondye nou dwe adore. Men, se pa nan bouch sèlman nou fè sa. Aksyon nou poze ap montre si se Jewova n ap adore oswa Satan Ledyab.
2 Satan swaf pou moun adore l. Sa te parèt pi klè lè l te tante Jezi a. Jan nou te wè sa nan chapit 1 liv sa a, Satan te ofri Jezi yon bagay ki estrawòdinè, li te di l ap ba l otorite sou tout wayòm ki gen sou tè a. Ki sa l te vle nan men Jezi menm? Li te di Jezi: “Fè yon jès pou w adore m.” (Mat. 4:9). Men, zanj ki te bay apot Jan revelasyon an te refize Jan adore l. (Li Revelasyon 22:8, 9.) Lè Jan te soti pou adore zanj lan, avèk imilite zanj lan te di l: “Pa fè sa!” Olye zanj lan di l ‘adore m’, li te di l “se Bondye pou w adore”.
3. a) Nan ki objektif yo fè liv sa a? b) Ki sa nou pral egzamine kounye a?
3 Yo fè liv sa a pou nou ka gen detèminasyon pou n fè sa zanj lan te bay lòd fè a: Se sèl Bondye nou dwe adore (Det. 10:20; Mat. 4:10). Ann fè yon ti revizyon sou sa nou te aprann konsènan vrè adorasyon an nan pwofesi Ezekyèl te bay yo ak nan vizyon l te fè yo. Epi, pa mwayen Bib la, nou pral gade ki jan bagay yo pral ye pi devan, lè chak moun sou tè a pral gen pou yo pase anba dènye eprèv la, yon eprèv ki pral detèmine kiyès k ap rete vivan pou yo wè Jewova ki pral retabli vrè adorasyon an pou toutan.
Twa pwen yo mete aksan sou yo nan liv Ezekyèl la
4. Sou ki twa pwen yo met aksan nan liv Ezekyèl la?
4 Liv Ezekyèl la fè nou konnen vrè adorasyon an mande pou 1) se ak Jewova nou atache sèlman, 2) nou kontinye gen tèt ansanm e 3) nou demontre lanmou youn pou lòt. Ann wè ki jan pwofesi ak vizyon nou te egzamine nan liv sa a mete aksan sou twa pwen sa yo.
Premye pwen an: Se ak Jewova nou atache sèlman
5-9. Ki sa nou te aprann anrapò ak kesyon rete atache ak Jewova sèlman an?
5 Chapit 3:a Vizyon estrawòdinè Ezekyèl te fè kote li wè Jewova ki antoure ak yon lakansyèl e ki gen yon pakèt zanj pisan ki pa anba l la fè nou konprann yon bagay ki enpòtan: se Bondye Toupisan an sèlman ki merite pou nou adore l. — Eze. 1:4, 15-28.
6 Chapit 5: Ezekyèl dwe te vrèman sezi lè l te fè vizyon kote moun yo ap sal tanp Jewova a! Vizyon sa a montre pa gen anyen ki kache pou Jewova. Li wè lè moun ap fè aksyon ki montre yo pa fidèl, tankou lè pèp li a te tonbe nan adore zidòl, menmsi aksyon sa yo te fèt an kachèt e moun pa t wè yo. Aksyon sa yo fè l lapenn e li pini moun k ap fè yo. — Eze. 8:1-18.
7 Chapit 7: Jijman Jewova te fè kont nasyon ki ozalantou Izrayèl yo e ki te aji “san respè” avèk yo a montre Jewova ap mande moun ki maltrete pèp li a kont (Eze. 25:6). Men, nou aprann yon lòt bagay tou nan fason Izrayèl te aji ak nasyon sa yo, sèke fidelite nou ak Jewova dwe vin anvan fidelite nou ak kèlkeswa lòt moun nan. Nou pa dwe janm bese prensip nou yo pou nou konfòme nou ak prensip fanmi nou ki pap adore Jewova, nitou nou pa dwe janm mete konfyans nou nan richès ni fè konpwomi lè nou obeyi gouvènman lèzòm yo olye nou obeyi Jewova.
8 Chapit 13 ak chapit 14: Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an ki sou mòn ki wo anpil la aprann nou nou dwe suiv prensip wo nivo Jewova yo nan lavi nou, sa k ap montre nou rekonèt li siperyè tout lòt dye yo. — Eze. 40:1–48:35.
9 Chapit 15: Pwofesi ki pale de Izrayèl ak Jida kòm pwostitye a fè nou sonje jan sa bay Jewova degoutans lè moun pratike idolatri. — Eze., chap. 16 ak chap. 23.
Dezyèm pwen an: Se pou n kontinye gen tèt ansanm nan vrè adorasyon an
10-14. Ki jan yo te mete aksan sou enpòtans pou n kontinye gen tèt ansanm nan vrè adorasyon an?
10 Chapit 8: Pwofesi ki fè konnen Jewova pral mete “yon bèje” pou pran swen pèp Li a montre nesesite pou nou travay nan tèt ansanm e nan lapè anba direksyon Jezi. — Eze. 34:23, 24; 37:24-28.
11 Chapit 9: Pwofesi Ezekyèl te bay konsènan pèp Bondye a k ap libere sot ann egzil nan Babilòn e k ap tounen nan peyi yo a gen yon mesaj pou moun ki vle fè Jewova plezi jodi a. Moun ki fè pati vrè adorasyon an dwe soti anba enfliyans fo relijyon k ap kontamine yo e yo dwe rete lwen l. Malgre nou soti nan diferan ras, ran sosyal ak diferan nivo ekonomik, nou dwe kontinye gen tèt ansanm, paske se sa ki idantifye nou antanke pèp Bondye. — Eze. 11:17, 18; 12:24; Jan 17:20-23.
12 Chapit 10: Vizyon konsènan zo ki te fin sèch nèt e ki vin vivan yo mete aksan sou kesyon tèt ansanm nan. Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou fè pati gwoup moun sa a Jewova retabli nan vrè adorasyon an k ap travay nan tèt ansanm tankou yon lame! — Eze. 37:1-14.
13 Chapit 12: Pwofesi konsènan de bout bwa ki vin fè youn nan te atire atansyon plis toujou sou kesyon tèt ansanm nan. Lè nou wè jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak lòt mouton yo ap akonpli pwofesi sa a, sa fè lafwa nou vin pi djanm. Malgre n ap viv nan yon monn ki divize akoz moun nan relijyon ak nan politik rayi youn lòt, nou menm nou rete atache youn ak lòt grasa lanmou ak fidelite. — Eze. 37:15-23.
14 Chapit 16: Vizyon Ezekyèl te fè konsènan mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan ak mesye ki gen zam pou kraze brize a gen yon mesaj enpòtan: Sèl moun y ap mete mak sou yo pou yo chape se sèvitè Jewova ki fidèl nan moman “gwo tribilasyon” an kòmanse. — Mat. 24:21; Eze. 9:1-11.
Twazyèm pwen an: Se pou n demontre lanmou youn pou lòt
15-18. Poukisa nou dwe kontinye demontre lanmou youn pou lòt, e ki jan nou ka fè sa?
15 Chapit 4: Vizyon Ezekyèl te fè konsènan kat kreyati vivan yo ede n konprann kalite Jewova genyen yo, se lanmou ki pi gwo pami yo. Lè nou pale e nou aji yon fason ki demontre lanmou, nou montre aklè Jewova se Bondye nou. — Eze. 1:5-14; 1 Jan 4:8.
16 Chapit 6 ak chapit 11: Lanmou Bondye genyen pouse l mete moun ki pou veye, menm jan ak Ezekyèl. Etandone Bondye se lanmou, li pa vle okenn moun detwi lè l pral mete fen nan dominasyon Satan sou tè a (2 Pyè 3:9). Se yon onè pou nou demontre lanmou menm jan ak Bondye lè n pran responsablite nou pou n soutni travay moun k ap veye yo ap fè jodi a. — Eze. 33:1-9.
17 Chapit 17 ak chapit 18: Jewova konnen anpil moun pap aksepte mizèrikòd li e yo pral eseye elimine moun k ap adore l fidèlman yo. Lanmou pral pouse Jewova defann pèp li a lè “Gòg ki soti nan peyi Magòg” pral atake moun ki fidèl yo. Lanmou nou gen pou pwochen nou pouse nou fè plis moun posib konnen Jewova pral detwi moun k ap toupizi pèp li a. — Eze. 38:1–39:20; 2 Tes. 1:6, 7.
18 Chapit 19, chapit 20 ak chapit 21: Lanmou Jewova gen pou lèzòm parèt yon fason ki frapan nan vizyon konsènan dlo rivyè ki bay lavi a ak vizyon konsènan pòsyon tè yo separe a. Vizyon yo mete aksan sou rezilta pi gwo aksyon Jewova te fè ki demontre lanmou an, anpalan de lavi Pitit Gason l lan li te bay pou n ka jwenn padon pou peche nou e pou n ka gen lavi pafè antanke moun ki fè pati fanmi l. Youn nan pi bon fason nou montre nou renmen moun se lè nou fè yo konnen bèl avni sa a Jewova prepare pou moun ki mete lafwa yo nan Pitit Gason l lan. — Eze. 45:1-7; 47:1–48:35; Rev. 21:1-4; 22:17.
Yon aksyon estrawòdinè ki demontre imilite k ap fèt apre Rèy mil an an
19. Ki sa Jezi pral fè pandan Rèy mil an an? (Gade kare ki gen tit “Dènye eprèv la”.)
19 Pandan Rèy mil an an, Jezi pral bay plizyè milya moun lavi ankò e l pral efase lapenn ènmi nou an, anpalan de lanmò, te lakòz (1 Kor. 15:26; Mak 5:38-42; Tra. 24:15). Depi lè Adan ak Èv fin peche, lavi lèzòm vin chaje ak soufrans. Men, Jezi pral delivre lèzòm anba soufrans sa a ki gen nan lavi a lè l pral resisite moun ki te mouri yo, e l pral ba yo posiblite pou yo viv sou tè a jan Adan ak Èv t ap viv anvan yo te peche a. Sou baz sakrifis ranson Jezi te bay la, li pral defèt tout pwoblèm maladi, lagè ak grangou lakòz. Mete sou sa, li pral ede nou derasinen peche nou eritye nan men Adan an, ki se rasin tout soufrans nou yo, epi l ap elimine l (Wom. 5:18, 19). Jezi pral “kraze travay Dyab la” nèt (1 Jan 3:8). Ki sa k pral pase apre sa?
Moun ki pral resisite yo ap gen posiblite viv sou tè a jan Adan ak Èv t ap viv anvan yo te peche a.
20. Ki jan Jezi ak 144 000 moun yo pral fè yon aksyon estrawòdinè ki demontre imilite? Esplike. (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)
20 Li 1 Korentyen 15:24-28. Lè tout moun sou tè a pral vin pafè, lè tè a pral resi tounen Paradi Jewova te vle a, Jezi ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo pral demontre imilite yon fason ki estrawòdinè: yo pral remèt Jewova Wayòm nan. San fòse, y ap remèt otorite yo te genyen pandan mil an an. Tout sa Wayòm nan reyalize yo ap rete pou toutan.
Dènye eprèv la
21, 22. a) Ki jan monn nan pral ye nan fen mil an an? b) Poukisa Jewova pral lage Satan ak demon yo?
21 Apre sa, Jewova pral fè yon bagay estrawòdinè, yon bagay ki pral montre jan li fè moun l ap dirije sou tè a anpil konfyans. Li pral bay lòd pou yo lage Satan ak demon yo sot nan twou san fon kote yo te mete yo pandan mil an an. (Li Revelasyon 20:1-3.) Tè a ak moun k ap sou li yo pap menm ditou ak monn Satan ak demon yo te konnen anvan an. Anvan Amagedon, Satan te rive twonpe pifò moun sou tè a e lahèn ak prejije te met divizyon pami lèzòm (Rev. 12:9). Men, nan fen mil an an, tout moun nèt pral adore Jewova antanke yon sèl fanmi ki gen tèt ansanm e ki gen lanmou. Tè a pral vin yon bèl Paradi kote ki gen lapè.
22 Poukisa Jewova pral lage kriminèl sa yo, anpalan de Satan ak demon yo, nan bèl Paradi sa a? Se paske fidelite pifò sèvitè Jewova k ap sou tè a nan fen mil an an potko janm pase anba eprèv. Pifò nan yo te mouri san yo pa t konn Jewova e yo resisite nan Paradi a. Nonsèlman Jewova ba yo lavi, men tou, li ba yo tout sa yo gen bezwen nan domèn fizik ak domèn espirityèl. Yo pa t fè fas ak okenn move enfliyans, se sèl bon enfliyans yo te genyen. Lè yo te fin resisite, se pami moun ki renmen Jewova e k ap sèvi l yo t ap viv. Satan ta ka lage menm akizasyon li te lage sou Jòb la sou yo, sa vle di yo sèvi Bondye paske l pwoteje yo e l beni yo (Jòb 1:9, 10). Donk, anvan Jewova ekri non nou nan liv lavi a nèt, l ap ban nou posiblite pou nou pwouve nou fidèl avè l antanke Papa nou e antanke Souvren nou. — Rev. 20:12, 15.
23. Ki eprèv chak moun pral jwenn?
23 Pandan yon tikras tan, yo pral bay Satan posiblite pou l fè lèzòm sispann sèvi Bondye. Ki sa eprèv la pral ye? Pa gen dout, chak moun pral fè fas ak menm kesyon Adan ak Èv te fè fas yo: Èske y ap aksepte prensip Jewova yo? Èske y ap soutni l antanke Chèf yo e y ap adore l? Oswa èske y ap fè rebèl e y ap soutni Satan?
24. Poukisa yo rele moun ki pral fè rebèl yo Gòg ak Magòg?
24 Li Revelasyon 20:7-10. Se pa san rezon yo rele moun ki pral fè rebèl nan fen mil an an “Gòg ak Magòg”. Yo pral demontre yo gen menm pèsonalite ak moun Ezekyèl te bay pwofesi konsènan yo a ki te atake pèp Bondye a pandan gwo tribilasyon an. Premye gwoup moun nan, anpalan de “Gòg ki soti nan peyi Magòg” la, te soti nan plizyè nasyon ki te opoze ak Bondye (Eze. 38:2). Menm jan an tou, yo pale de moun ki pral opoze ak Kris nan fen Rèy mil an an kòm “nasyon yo”. Se yon fason ki enteresan pou yo pale de yo paske pandan rèy mil an an, kesyon nasyon an pap egziste ankò, tout moun pral anba yon sèl gouvènman, anpalan de Wayòm Bondye a. Nou pral fòme yon sèl nasyon espirityèl. Lefètke nan pwofesi a yo rele moun sa yo Gòg ak Magòg e yo di yo se “nasyon yo”, sa montre Satan pral rive met divizyon pami kèk moun nan pèp Bondye a. Men, pèsonn pap oblije pran pozisyon pou Satan. Chak moun sa yo k ap pafè pral fè pwòp chwa pa yo.
25, 26. Ki kantite moun ki pral suiv Satan, e ki sa k pral rive moun sa yo?
25 Ki kantite moun ki pral suiv Satan? Kantite moun k ap fè rebèl yo ap “tankou sab lanmè”. Ekspresyon sa a pa fòseman vle di ap gen yon pakèt moun ki pral fè rebèl. Ki jan nou fè konnen? Ann egzamine pwomès Bondye te fè Abraram nan. Jewova te fè konnen desandans Abraram t ap vin tankou “grenn sab bò lanmè”. (Jen. 22:17, 18.) Poutan, se sèlman 144 001 moun kantite moun sa yo ye finalman (Gal. 3:16, 29). Byenke kantite sa a anpil, men se sèlman yon ti kantite sa ye parapò ak kantite moun ki gen sou tè a. Menm jan an tou, kantite moun ki pral met ak Satan pou yo fè rebèl kapab anpil, men li pap yon pakèt. Rebèl yo pap yon gwo menas pou sèvitè fidèl Jewova yo.
26 Jewova pral detwi moun ki fè rebèl yo byen vit. Ni yo menm ni Satan ak demon yo ap sispann egziste, e pap gen okenn espwa pou yo janm tounen viv ankò. Sèl sa moun ap sonje pou toutan se move desizyon yo te pran yo ak move rezilta yo te jwenn yo. — Rev. 20:10.
27-29. Ki sa k ap tann moun ki pase dènye eprèv la?
27 Yon lòt bò, yo pral ekri non moun k ap reyisi pase dènye eprèv la nan “liv lavi a” pou toutan (Rev. 20:15). Apre sa, antanke yon fanmi ki gen tèt ansanm, tout pitit gason ak pitit fi fidèl Jewova yo pral ba li adorasyon li merite a.
28 Imajine jan avni sa a pral ye. Talè konsa, ou pral gen travay k ap ba w satisfaksyon e w ap gen bonjan zanmi. Ni ou menm ni moun ou renmen yo pap janm soufri ankò. Nou pap bezwen sakrifis Jezi a ankò, n ap ka pwoche kot Bondye paske n ap san peche, e n ap ka zanmi l san entèmedyè. E sa k pi enpòtan an, ni sou tè a ni nan syèl la, tout moun ap adore Jewova jan l vle a yon fason ki pafè. Se pral pi gwo fason Bondye pral retabli vrè adorasyon an!
29 Èske w ap la pou w wè gran jou sa a? W ap la si w kontinye aplike twa leson nou te aprann nan liv Ezekyèl la: pou se ak Jewova nou atache sèlman, pou nou kontinye gen tèt ansanm nan vrè adorasyon an e pou n demontre lanmou youn pou lòt. Pwofesi Ezekyèl yo aprann nou yon dènye leson ki enpòtan. Ki leson sa a?
“Konnen mwen se Jewova”
30, 31. Ki sa pawòl “y ap konnen mwen se Jewova” a pral vle di pou a) ènmi Bondye yo? b) pèp Bondye a?
30 Nan tout liv Ezekyèl la, nou jwenn ekspresyon “y ap konnen mwen se Jewova” a plizyè fwa (Eze. 6:10; 39:28). Pawòl sa yo pral vle di lagè ak lanmò pou ènmi Bondye yo. Nonsèlman yo pral konnen Jewova egziste, men tou, sa k pral rive yo a pral fè yo konnen siyifikasyon gran non l lan: “Li fè vin tounen.” “Jewova, Chèf lame yo” pral tounen yon moun “ki pisan ki konn fè lagè” pou l batay avèk yo (1 Sam. 17:45; Egz. 15:3). L ap twò ta lè y ap vin konprann verite enpòtan sa a: Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova reyalize objektif li.
31 Pawòl “y ap konnen mwen se Jewova” a pral vle di lapè ak lavi pou pèp Bondye a. Jewova pral fè nou vin tounen sa l te vle depi okòmansman an, sa vle di pitit gason l ak pitit fi l ki imite kalite l yo yon fason ki pafè (Jen. 1:26). Depi kounye a, Jewova vin tounen yon Papa ki renmen nou ak yon Bèje k ap pwoteje nou. Talè konsa, li pral tounen Wa nou an k ap pote laviktwa a. Anvan jou sa a rive, se pou nou pran mesaj Ezekyèl la an konsiderasyon. Chak jou, ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou, se pou nou montre nou konnen kiyès Jewova ye e ki kalite Bondye li ye. Konsa, lè gwo tribilasyon an kòmanse, nou pap pè. Okontrè, nou pral leve tèt nou paske n ap konnen se delivrans nou k ap pwoche (Lik 21:28). Annatandan, se pou nou ede moun tout kote pou yo aprann konn Bondye e pou yo renmen l, paske se li menm sèl ki merite adorasyon, e non l, Jewova, pi enpòtan pase tout lòt non. — Eze. 28:26.
a Nimewo chapit yo fè referans ak chapit ki nan liv sa a.