“ Jewova se fòs mwen ”
Dapre Joan Coville
Mwen fèt an jiyè 1925 nan yon vil ki rele Huddersfield, ann Angletè. Mwen se sèl pitit paran m e mwen pa t gen yon bon sante. Papa m te konn di m : “ Ou menm, depi van vante w, ou malad. ” E sanble se te vre !
LÈ M te timoun, mwen te konn tande manm klèje a k ap priye ak tout fòs yo pou gen lapè, sepandan, lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate, yo te priye pou laviktwa. Sa te etone m e sa te mete dout nan lespri m. Se nan epòk sa a egzakteman, Annie Ratcliffe, sèl Temwen Jewova ki te nan zòn nan, te vin lakay nou.
Mwen aprann laverite
Annie te kite liv Salut a nan men nou e li te envite manman m vin asiste yon etid Labib ki t ap fèt lakay lia. Manman m te mande m al avè l. Mwen sonje premye etid sa a jis kounye a. Yo te pale sou ranson an, e mwen pa t panse li t ap enteresan konsa. Mwen te jwenn anpil repons pou kesyon mwen te konn poze tèt mwen. Semèn apre a, nou te ale ankò. Lè sa a, yo te esplike pwofesi Jezi te bay konsènan siy dènye jou yo. Lè nou te wè move kondisyon ki te gen nan monn nan, mwen menm ak manman m te rann nou kont byen vit sa yo t ap di yo se laverite. Menm jou a, yo te envite nou nan Sal Wayòm nan.
Mwen te rankontre kèk jèn sè pyonye nan Sal la, e pami yo te gen Joyce Barber (ki siyen Ellis kounye a). Jiska prezan, li menm avèk mari l, Peter, ap sèvi nan Betèl ki nan vil Lonn nan. Mwen te gen enpresyon se tout moun ki te pyonye. Se sa k fè, byenke mwen te lekòl toujou, tousuit mwen te kòmanse preche 60 èdtan chak mwa.
Senk mwa apre, nan jou ki te 11 fevriye 1940 lan, mwen menm ak manman m te batize nan yon asanble zòn (kounye a yo rele l asanble sikonskripsyon), nan vil Bradford. Papa m pa t opoze ak nouvo lafwa nou te genyen an, men li pa t janm pran pozisyon pou laverite. Nan epòk mwen t apral batize a, yo te kòmanse avèk temwayaj nan kwen lari. Mwen te patisipe nan fòm temwayaj sa a tou. Mwen te pote yon ti sak espesyal ki fèt an twal pou peryodik e m te gen pankat sou mwen. Yon samdi, yo te asiyen m pou m kanpe kote ki te gen plis aktivite nan yon zòn komèsyal. Mwen te gen krent lòm toujou, e mwen te gen enpresyon tout kamarad lekòl mwen yo te pase kote m te kanpe a !
Nan ane 1940, gwoup (se konsa yo te rele kongregasyon yo lè sa a) mwen te ladan l lan te rive nan pwen pou l sende. Apre sendaj la, prèske tout jèn parèy mwen yo te ale nan lòt gwoup la. Mwen t al plenyen sa bay sèvitè gwoup la (kounye a yo rele yo siveyan prezidan). Li te di m : “ Si w ta renmen gen zanmi ki jèn, soti al preche nan tèritwa a pou w ka jwenn yo. ” E se sa menm mwen te fè. Sa pa t pran tan pou m rankontre Elsie Noble. Li te aksepte laverite e depi lè a nou zanmi.
Sèvis pyonye ak benediksyon li bay
Apre m te fini lekòl, mwen te travay avèk yon kontab. Men, plis mwen t ap gade lajwa moun ki te nan sèvis aplentan yo te genyen, se plis mwen te anvi sèvi Jewova antanke pyonye. An me 1945, mwen te kontan kòmanse sèvi kòm pyonye espesyal. Premye jou m antanke pyonye espesyal, yon gwo lapli te tonbe pandan tout jounen an. Poutan, sa pa t dekouraje m, tèlman m te kontan lefètke m te soti al preche. Lefètke mwen t al preche chak jou sou bisiklèt, sa te yon bon egzèsis pou mwen e sa te gen bon efè sou sante m. Menmsi m pa t janm peze plis pase 90 liv, mwen pa t janm oblije kanpe sou sèvis pyonye a menm yon sèl fwa. Pandan tout ane sa yo, ‘ Jewova te yon fòs pou mwen ’ toutbon. — Sòm 28:7.
Yo te voye m sèvi kòm pyonye espesyal nan vil kote pa t gen okenn Temwen Jewova, nan objektif pou te ka gen nouvo kongregasyon. Toudabò, mwen te sèvi ann Angletè pandan twazan. Apre sa, mwen te sèvi ann Ilann pandan twazan tou. Pandan m te pyonye nan vil Lisburn, ann Ilann, mwen te etidye avèk yon mesye ki te pastè adjwen nan yon legliz potestan. Etan l t ap aprann laverite sou doktrin fondamantal ki gen nan Bib la, li te pataje nouvo konesans sa a ak moun nan kongregasyon l lan. Kèk ladan yo t al pot otorite legliz la plent pou li, e natirèlman, otorite sa yo te mande l esplikasyon. Li te di li santi se yon obligasyon pou li antanke kretyen pou l fè twoupo a konnen li te anseye yo anpil manti. Malgre fanmi l te opoze anpil, li te vwe lavi l bay Jewova e li te sèvi l fidèlman jiska lamò.
Dezyèm kote yo te voye m sèvi kòm pyonye ann Ilann se te vil Larne. Pandan sis semèn, mwen te poukont mwen, paske patnè m nan t al asiste asanble ki te gen tèm : Assemblée pour l’accroissement de la Théocratie, ki te fèt nan vil Nouyòk nan ane 1950. Se te yon moman ki te difisil pou mwen anpil paske mwen te anvi asiste asanble sa a. Poutan, pandan semèn sa yo, mwen te fè plizyè eksperyans ankourajan nan ministè a. Mwen te rankontre yon mesye aje ki te aksepte youn nan piblikasyon nou yo 20 an anvan sa. Pandan tout ane sa yo, li te tèlman li l souvan, li te prèske konnen l pakè. Li menm ansanm ak pitit gason l lan ak pitit fi l la te aksepte laverite.
Mwen resevwa fòmasyon nan Lekòl Gileyad
Nan ane 1951, yo te envite mwen menm ansanm ak dis lòt pyonye ki te soti ann Angletè pou nou asiste 17yèm klas Lekòl Gileyad la nan vil South Lansing, nan Nouyòk. Se pa ti apresye mwen te apresye fòmasyon mwen te resevwa pandan mwa sa yo ! Nan epòk sa a, sè yo potko konn patisipe nan Lekòl ministè teyokratik nan kongregasyon yo, men nan Gileyad, nou menm sè yo nou te jwenn asiyasyon pou nou bay diskou ak kèk rapò. Se pa ti strese nou te strese ! Pandan premye diskou m te bay la, men ki te kenbe nòt mwen yo t ap tranble. Enstriktè a, frè Maxwell Friend, te fè yon blag ak sa pandan l ap ban m konsèy. Men sa l te di : “ Se pa nan kòmansman an sèlman ou te strese. Sa rive tout bon oratè. Men, ou menm, ou te strese rive jis nan fen an. ” Pandan kou a, kapasite pou nou pale devan klas la te vin amelyore. Anvan nou bat je nou, fòmasyon an te fini, e yo te asiyen nou nan plizyè peyi. Asiyasyon pa m se te Taylann !
“ Yon peyi kote moun yo renmen souri ”
Mwen konsidere se yon kado Jewova te fè m lè yo te ban m Astrid Anderson kòm patnè an Taylann. Anvan nou rive, nou te pase sèt semèn sou yon bato ki pote machandiz. Lè nou te rive Bannkòk, kapital la, nou te wè se te yon vil ki te gen anpil mache kote te gen anpil aktivite. Ladan l tou, te gen yon bann gwo kanal dlo ki te sèvi kòm wout prensipal. An 1952, te gen mwens pase 150 pwoklamatè Wayòm nan nan Taylann.
Premye fwa nou te wè yon Toudegad nan lang Tay (lang yo pale an Taylann nan), nou te mande tèt nou si nou t ap janm ka pale lang sa a ? Li te difisil sitou pou nou di mo yo avèk bon ton an. Pa egzanp, lè yo pwononse mo khaù a avèk yon ton vwa ki wo nan kòmansman, men ki desann apre sa, li vle di “ diri ”. Men, si w pwononse menm mo a avèk yon ton vwa ki ba, li vle di “ nouvèl ”. Lè nou te fèk kòmanse nan tèritwa a, nou te konn ap di moun yo nou pote yon “ bon diri ” pou yo olye nou te di yo nou pote yon “ bon nouvèl ” pou yo. Avèk letan, nou te reyisi aprann lang nan, men, ni nou menm ni moun yo te ri kont nou.
Pèp Tay la se yon pèp ki janti. Se sa k fè yo rele Taylann peyi kote moun yo renmen souri a. Premye asiyasyon nou se te vil Khorat (kounye a yo rele l Nakhon Ratchasima). Nou te sèvi la pandan dezan. Apre sa, yo te asiyen nou nan vil Chiang Mai. Pifò moun Taylann se Boudis e yo pa abitye ak Labib. Nan vil Khorat, mwen te etidye avèk yon mesye ki te responsab yon biwo lapòs. Nou te pale de patriyach Abraram. Lefètke mesye a te deja tande pale de non Abraram nan, li souke tèt li ak kè kontan. Men, se apre mwen te vin rann mwen kont nou pa t ap pale de menm Abraram nan. Mesye a te gen nan tèt li Abraham Lincoln, yon ansyen prezidan Etazini.
Nou te renmen anseye moun Taylann ki gen kè sensè yo Labib. Anmenmtan, pèp Taylann nan te aprann nou kòman pou nou jwenn kè kontan nan mennen yon vi ki senp. Leson sa a te enpòtan, paske nan premye kay misyonè nou te ye nan vil Khorat, nou pa t gen ni kouran ni dlo tiyo. Nan asiyasyon sa yo nou te aprann ‘ sekrè ki genyen pou n viv [...] ni nan abondans ni nan nesesite ’. Menm jan ak Pòl, nou te rive konnen sa sa vle di pou nou “ gen fòs grasa moun ki ban [nou] pisans lan ”. — Fil. 4:12, 13, NW.
Yon nouvo patnè ak yon nouvo asiyasyon
Nan ane 1945, mwen te vizite Lonn. Pandan vizit sa a, mwen menm ansanm ak kèk lòt pyonye ak kèk betelit, nou t al vizite yon mize ki rele British Museum. Youn nan frè ki te la yo te rele Allan Coville. Li te asiste 11yèm klas Gileyad la yon ti tan apre sa. Yo te asiyen l an Frans e apre sa, an Bèljikb. Kèk tan apre sa, pandan mwen te toujou misyonè Taylann, li te mande m marye avè l. Mwen te aksepte.
Nou te marye 9 jiyè 1955 nan vil Briksèl, an Bèljik. Mwen te toujou reve pou m pase lindemyèl mwen nan vil Pari. Se sa k fè Allan te fè aranjman pou nou asiste asanble ki t apral fèt nan vil sa a semèn apre maryaj nou an. Men, rive nou rive, yo te mande Allan pou l bay yon koutmen kòm entèprèt pandan tout asanble a. Donk, chak jou, nou te kite kote nou te ye a byen bonè nan maten e nou te tounen byen ta nan aswè. Konsa, mwen te pase lindemyèl mwen Pari, se vre, men, se prèske a distans sèlman mwen te wè Allan ki te sou estrad la. Malgre sa, mwen te kontan wè yo te itilize mari m pou sèvi frè ak sè yo. Nan lespri m, pa t gen okenn dout nou t ap gen kè kontan si nou te bay Jewova premye plas nan maryaj nou.
Grasa maryaj nou, mwen te vin gen yon nouvo tèritwa : Bèljik. Sèl sa m te konnen sou peyi sa a sèke te gen anpil gè ki te fèt la. Men, mwen pa t pran lontan pou m te rann mwen kont pifò moun nan peyi Bèljik se moun ki renmen lapè. Asiyasyon m nan te mande pou m aprann pale fransè, lang yo pale nan sid peyi a.
An 1955, te gen anviwon 4 500 pwoklamatè an Bèljik. Mwen menm ak Allan te sèvi nan Betèl ak nan sèvis sikonskripsyon pandan prèske 50 an. Nou te pase premye ane yo, dezan edmi, ap vwayaje sou bisiklèt, ap monte mòn, ap desann mòn, anba solèy, anba lapli. Pandan tout ane ki pase pou rive jis kounye a, nou te dòmi lakay frè ak sè nan plis pase 2 000 kay. Souvan, mwen te konn rankontre frè ak sè ki te fèb fizikman, men ki te sèvi Jewova ak tout fòs yo. Egzanp yo te ankouraje m pou m pa abandone sèvis mwen. Chak fwa nou te fin vizite yon kongregasyon, nan fen semèn nan nou te toujou santi nou ankouraje (Wom. 1:11, 12). Allan te yon bon konpayon. Pawòl nou jwenn nan Eklezyas 4:9, 10 la se verite toutbon : “ Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou [...]. Si yonn tonbe, lòt la va ba l’ men pou l’ leve. ”
Benediksyon mwen jwenn nan sèvis la grasa ‘ fòs Jewova ’ ban mwen
Pandan tout ane sa yo, mwen menm ak Allan nou te fè anpil bèl eksperyans nan ede lòt moun vin sèvi Jewova. Pa egzanp, an 1983, nou te vizite kongregasyon fransè ki nan vil Antwerp la. Nou te rete kay yon fanmi, e te gen yon frè ki rele Benjamin Bandiwila ki te la tou. Se te yon jèn frè ki te soti nan peyi Zayi (kounye a ki rele Repiblik demokratik Kongo). Li te vin Bèljik pou l te ka fè gwo etid. Men sa li te di nou : “ Mwen vrèman anvye lavi nou genyen an. Nou bay tout nou menm nan sèvis Jewova. ” Allan te di l : “ Ou di ou anvye nou, poutan se yon karyè nan monn nan w ap pousuiv. Ou pa panse se de bagay ki pa vrèman mache ansanm ? ” Repons dirèk sa a te fè Benjamin reflechi sou lavi l. Lè l te tounen Zayi, li te pran sèvis pyonye, e kounye a, l ap sèvi kòm manm komite filyal la.
An 1999, mwen te fè yon operasyon pou retire yon ilsè mwen te gen nan ezofaj mwen. Depi lè a, mwen peze 65 liv sèlman. Reyèlman, mwen se yon “ veso ki fèt an tè ”, ki frajil. Poutan, mwen gen Jewova rekonesans dèske li te ban m “ pisans ki depase sa ki nòmal la ”. Apre operasyon m nan, li te ban m posiblite pou m akonpaye Allan nan travay sikonskripsyon an ankò (2 Kor. 4:7, NW). Nan mwa mas 2004, Allan mouri pandan l ap dòmi. Mwen sonje l anpil anpil. Men, lefètke m konnen li nan memwa Jewova, sa rekonfòte m.
Jodi a, mwen gen 83 an. Mwen gen plis pase 63 an nan sèvis aplentan e mwen panse ak sa souvan. Mwen toujou aktif nan ministè a. Mwen kondui yon etid biblik lakay mwen e mwen pwofite tout okazyon mwen jwenn chak jou pou m pale de bèl objektif Jewova genyen an. Pafwa, mwen konn mande tèt mwen ki jan lavi m t ap ye si m pa t kòmanse nan sèvis pyonye an 1945. Nan epòk sa a, sante m pa t bon. Sa te parèt yon rezon valab pou m pa t pran sèvis la. Men, se pa ti rekonesan mwen rekonesan lefètke mwen te pran sèvis pyonye a pandan m te jèn ! Mwen te rann mwen kont pèsonèlman, lè nou bay Jewova premye plas nan lavi nou, l ap vin yon fòs pou nou.
[Nòt anba paj]
a Yo te pibliye liv Salut a an 1939. Yo pa enprime l ankò.
b N ap jwenn byografi frè Coville nan Toudegad 15 mas 1961 (anglè).
[Foto nan paj 18]
Mwen menm ak Astrid Anderson (li sou bò dwat), patnè m nan sèvis misyonè a.
[Foto nan paj 18]
Mwen menm ak mari m nan sèvis sikonskripsyon an, an 1956.
[Foto nan paj 20]
Mwen menm ak Allan, an 2000.