ATIK ETID 5
Nou pral avèk nou
“Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — ZAK. 8:23.
KANTIK 26 Se pou mwen nou te fè l
SA NOU PRAL WÈa
1. Ki sa Jewova te di ki t ap rive nan epòk pa nou an?
MEN sa Jewova te anonse pou epòk pa nou an: “Dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale ap kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.’” (Zak. 8:23). Nan vèsè sa a, “Juif” la reprezante moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen. Yo rele yo “Izrayèl Bondye a” tou (Gal. 6:16). “Dis moun” yo reprezante moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Yo konnen Jewova beni gwoup moun li chwazi pou al nan syèl yo e yo konsidere se yon onè pou yo adore Jewova ansanm ak moun sa yo.
2. Ki jan “dis moun” yo “ale avèk” moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo?
2 Menm lè li pa posib pou n konn non chak moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a jodi ab, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a kapab “ale avèk” moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Ki jan? Bib la di “dis moun” yo t ap “kenbe wòb long yon Juif [...] byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.’” Vèsè a pale de yon Juif. Men, lè l di avèk “nou” an, sa fè referans ak plis pase yon moun. Sa montre Juif sa a pa reprezante yon sèl moun, men li reprezante gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Moun Bondye pa chwazi pou al nan syèl yo ap sèvi Jewova ansanm ak moun Bondye chwazi yo. Men, yo pa konsidere moun Bondye chwazi yo kòm gid yo, paske yo konnen se Jezi ki Gid yo. — Mat. 23:10.
3. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?
3 Piske gen kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a toujou pami pèp Bondye a jodi a, kèk moun ka ap mande tèt yo: 1) Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta dwe wè tèt yo? 2) Ki jan nou dwe wè moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an pandan Memoryal la? 3) Èske n ta dwe enkyete n si kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an kontinye ogmante? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.
KI JAN MOUN BONDYE CHWAZI POU AL NAN SYÈL YO TA DWE WÈ TÈT YO?
4. Sou ki avètisman nou jwenn nan 1 Korentyen 11:27-29 moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe reflechi seryezman, e poukisa?
4 Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe reflechi seryezman sou avètisman nou jwenn nan 1 Korentyen 11:27-29. (Li vèsè yo.) Ki jan yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl ta kapab manje nan pen an oswa bwè nan diven an nan Memoryal la “yon fason ki pa konvnab”? Li t ap fè sa si l ta manje nan pen an e l ta bwè nan diven an alòske li pa respekte prensip Jewova yo ki jis (Ebre 6:4-6; 10:26-29). Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo rann yo kont yo dwe rete fidèl si yo vle resevwa “rekonpans lan [ki] se lavi nan syèl la Bondye ap bay moun li rele pa mwayen Kris Jezi yo”. — Flp. 3:13-16.
5. Ki jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta dwe wè tèt yo?
5 Lespri sen Jewova ede sèvitè l yo gen imilite, li pa fè yo gen ògèy (Efe. 4:1-3; Kol. 3:10, 12). Donk, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa santi yo pi bon pase lòt moun. Yo konnen Jewova pa fòseman bay moun li chwazi pou al nan syèl yo plis lespri sen pase lòt sèvitè l yo. Yo pa santi yo pi byen konprann verite ki nan Bib la pase tout lòt moun. E yo pa t ap janm di yon lòt moun Bondye chwazi l pou l al nan syèl tou e l dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an nan Memoryal la. Okontrè, yo rekonèt ak imilite se sèlman Jewova ki envite moun pou y al nan syèl.
6. Selon sa nou li nan 1 Korentyen 4:7, 8, ki jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo dwe konpòte yo?
6 Byenke kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo santi se yon onè pou yo jwenn envitasyon pou y al nan syèl, yo pa atann pou lòt moun trete yo yon fason ki espesyal (Flp. 2:2, 3). Mete sou sa, yo konnen lè Jewova te chwazi yo li pa t fè okenn lòt moun konn sa. Se sa k fè yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa sezi si kèk moun pa kwè tousuit Bondye chwazi l. Li konprann Bib la di nou pou n pa kouri kwè yon moun ki di Bondye ba l yon responsablite espesyal (Rev. 2:2). Piske yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa vle atire atansyon sou tèt li, li pap fè moun li rankontre pou premye fwa konnen Bondye chwazi l. E se sèten li pap chèche vante tèt li lè l di moun sa. — Li 1 Korentyen 4:7, 8.
7. Ki sa moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pap fè, e poukisa?
7 Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa santi se ak lòt kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl sèlman yo dwe pase tan, kòmkwa yo ta fè pati yon ti gwoup espesyal. Yo pa chèche lòt kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl menm jan ak yo pou yo pale konsènan esperans yo oubyen pou yo fè gwoup etid prive sou Bib la (Gal. 1:15-17). Kongregasyon an pa t ap gen inite si moun Bondye chwazi yo ta aji konsa. Si yo ta fè sa, yo t ap travay kont lespri sen ki ede pèp Bondye a gen lapè ak inite. — Wom. 16:17, 18.
KI JAN NOU DWE WÈ MOUN BONDYE CHWAZI POU AL NAN SYÈL YO?
8. Poukisa w bezwen fè atansyon ak fason w trete moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Memoryal la? (Gade nòt la tou.)
8 Ki jan nou dwe wè frè ak sè Bondye chwazi pou al nan syèl yo? Li pa t ap bon pou nou admire yon moun depase limit, menmsi li se yon moun Bondye chwazi antanke frè Kris (Mat. 23:8-12). Lè Bib la pale de ansyen yo, li ankouraje nou “imite lafwa yo”, men li pa mande nou pou n fè okenn moun vin gid nou (Ebre 13:7). Se vre, Bib la di gen moun ki merite “yon onè doub”. Men, se paske yo se moun “k ap byen dirije” e ki “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”, se pa paske yo se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl (1 Tim. 5:17). Si nou fè twòp lwanj pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo e nou ba yo twòp atansyon, nou ka fè yo jennenc. Sa ki pi mal la, nou kapab fè yo vin gen ògèy (Wom. 12:3). Pa gen youn nan nou ki ta renmen fè youn nan frè Kris yo fè yon gwo erè konsa! — Lik 17:2.
9. Ki jan nou ka montre nou respekte kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo?
9 Ki jan nou ka montre nou respekte moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo? Nou pa ta dwe mande yo ki jan Bondye fè chwazi yo. Se yon bagay pèsonèl, yon bagay nou pa gen dwa konnen (1 Tes. 4:11; 2 Tes. 3:11). E nou pa ta dwe panse mari yo oswa madanm yo, paran yo oswa lòt manm fanmi yo gen esperans pou y al nan syèl tou. Esperans pou moun al nan syèl la se pa yon eritaj yon moun ka jwenn nan men fanmi l. Se Bondye ki bay esperans sa a (1 Tes. 2:12). Epitou, nou pa dwe poze kesyon ki ka fè moun lapenn. Pa egzanp, nou pa ta dwe mande madanm yon frè ki gen esperans pou l al nan syèl ki jan l santi l lè l konnen li pral viv pou toutan sou tè a san mari l. Dayè, nou ka gen asirans, nan monn nouvo a, Jewova pral “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Sòm 145:16.
10. Nan ki sans nou pwoteje tèt nou lè nou evite “flate moun”?
10 Lè nou pa trete moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo yon fason ki montre yo pi enpòtan pase lòt moun, nou pwoteje tèt nou. Ki jan? Bib la fè nou konnen gen kèk moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki ka pa ret fidèl (Mat. 25:10-12; 2 Pyè 2:20, 21). Men, si nou evite “flate moun”, nou pap janm suiv lòt moun, menm kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl, oubyen kretyen anpil moun konnen oswa ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova (Jid 16). Konsa, si sa ta rive yo pa ret fidèl oubyen yo kite kongregasyon an, nou pap pèdi lafwa nou gen nan Jewova, ni nou pap sispann sèvi l.
ÈSKE N BEZWEN ENKYETE N POU KANTITE MOUN KI MANJE NAN PEN AN E KI BWÈ NAN DIVEN AN?
11. Ki sa nou konstate anrapò ak kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Memoryal la?
11 Pandan anpil ane, kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Memoryal la te kontinye diminye. Men, depi kèk tan, nou konstate chif sa a ap ogmante chak ane. Èske sa ta dwe fè nou enkyete? Non. Ann egzamine kèk bagay nou dwe sonje.
12. Poukisa nou pa ta dwe enkyete n pou kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Memoryal la?
12 “Jewova konnen moun ki pou li yo.” (2 Tim. 2:19). Kontrèman ak Jewova, frè k ap konte kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an pa konnen kiyès Jewova chwazi toutbon pou al nan syèl. Donk, chif sa a gen ladan l moun ki panse Bondye chwazi yo alòske Bondye pa chwazi yo vre. Pa egzanp, gen moun ki te konn pran nan pen an ak diven an nan Memoryal la e ki vin sispann fè sa. Gen lòt ki gendwa gen pwoblèm mantal oubyen afektif, e sa fè yo panse yo pral dirije ak Kris nan syèl la. Sa klè, nou pa konnen egzakteman konbyen moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a toujou.
13. Èske Bib la fè konnen ki kantite moun Bondye chwazi pou al nan syèl k ap sou tè a lè gwo tribilasyon an kòmanse?
13 Ap gen kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl divès kote sou tè a lè Jezi vin pran yo pou y al nan syèl (Mat. 24:31). Bib la fè konnen pandan dènye jou yo, pral gen yon ti kantite moun Bondye chwazi pou al nan syèl k ap sou tè a toujou (Rev. 12:17). Men li pa di ki kantite k ap sou tè a toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse.
14. Jan sa parèt nan Women 9:11, 16, ki sa nou bezwen konprann anrapò ak fason Jewova chwazi kretyen ki pral nan syèl yo?
14 Se Jewova ki deside ki lè l ap chwazi moun pou al nan syèl (Wom. 8:28-30). Jewova te kòmanse chwazi moun ki pral nan syèl yo apre Jezi te fin resisite. Sanble nan premye syèk la, tout vrè kretyen yo te gen esperans pou y al nan syèl. Nan syèk ki te vin apre yo, pifò nan moun ki te di yo se kretyen pa t ap suiv Kris toutbonvre. Malgre sa, pandan ane sa yo, Jewova te chwazi ti kantite moun ki te kretyen toutbon yo pou y al nan syèl. Yo te tankou ble Jezi te di ki t ap grandi nan mitan move zèb la (Mat. 13:24-30). Nan dènye jou yo, Jewova kontinye chwazi moun ki pral fè pati 144 000 moun yod. Se sa k fè, si Bondye deside chwazi kèk moun ankò jis anvan lafen an rive, se sèten nou pa dwe gen dout sou sajès li. (Li Women 9:11, 16.e) Nou dwe veye pou nou pa gen menm reyaksyon ak travayè Jezi te pale de yo nan youn nan egzanp li te bay yo. Yo te plenyen pou fason mèt la te aji ak moun ki te kòmanse travay nan dènye èdtan an. — Mat. 20:8-15.
15. Èske se tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki fè pati “esklav fidèl ki prevwayan” yo pale de li nan Matye 24:45-47 la? Esplike.
15 Se pa tout moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl ki fè pati “esklav fidèl ki prevwayan” an. (Li Matye 24:45-47.) Menm jan Jewova ak Jezi te fè nan premye syèk la, jodi a yo kontinye ap sèvi ak yon ti kantite frè pou yo bay anpil moun manje oswa pou yo anseye yo. Nan premye syèk la, se sèlman kèk kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl Bondye te itilize pou ekri Liv ki te ekri an grèk yo. Jodi a, se sèlman yon ti kantite kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki gen responsablite pou bay pèp Bondye a “manje nan bon moman”.
16. Ki sa w aprann nan atik sa a?
16 Ki sa atik sa a aprann nou? Jewova deside bay pifò moun k ap sèvi l lavi etènèl sou tè a e li bay ti gwoup moun ki pral dirije ak Jezi yo lavi nan syèl la. Jewova rekonpanse tout sèvitè l yo, ni “Juif” la ni “dis moun” yo. Li mande pou yo toule de obeyi menm lwa li bay yo e pou yo rete fidèl. Yo tout dwe kontinye gen imilite. Yo tout dwe sèvi l nan tèt ansanm ak nan inite. E yo tout dwe fè efò pou gen lapè nan kongregasyon an. Tank n ap pwoche pi pre lafen an, annou tout kontinye sèvi Jewova e annou tout kontinye suiv Kris kòm “yon sèl twoupo”. — Jan 10:16.
a Ane sa a, n ap selebre Memoryal lanmò Kris la madi 7 avril. Ki jan nou ta dwe wè moun k ap manje nan pen an e k ap bwè nan diven an jou swa sa a? Èske n ta dwe enkyete n si kantite moun k ap manje nan pen an e k ap bwè nan diven an kontinye ogmante? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a ki baze sou yon atik ki te parèt nan Toudegad janvye 2016.
b Selon Sòm 87:5, 6, alavni petèt Bondye ap fè konn non tout moun k ap dirije ak Jezi nan syèl la. — Wom. 8:19.
c Gade kare ki gen tit “Lanmou ‘pa aji yon fason ki endesan’” ki te parèt nan Toudegad janvye 2016.
d Byenke Travay 2:33 montre se pa mwayen Jezi moun resevwa lespri sen, se Jewova ki envite chak moun.
e Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 1ye me 2007 (fransè).
KANTIK 34 Mache avèk fidelite
f ESPLIKASYON SOU FOTO: Se t ap yon gwo mank respè pou yon reprezantan syèj mondyal la ak madanm li si yon foul moun ta anvayi yo pou fè foto yo nan yon kongrè!