BYOGRAFI
Mwen jwenn vrè sekirite a paske m met konfyans mwen nan Jewova
LÈ MOUN mande m rakonte yo lavi m, mwen konn di yo: “Mwen se yon valiz nan men Jewova!” Sa vle di, menm jan mwen pran valiz mwen pou m al kote m vle, mwen dispoze pou Jewova ak òganizasyon l lan fè menm bagay la avè m, pou yo voye m kote yo vle ak lè yo vle. Mwen aksepte yo voye m kote ki difisil e ki gen gwo danje pafwa. Mwen aprann se lè m fè Jewova konfyans m ap santi m an sekirite toutbon.
FASON M TE KÒMANSE APRANN FÈ JEWOVA KONFYANS
Mwen fèt an 1948 nan yon ti bouk nan sidwès peyi Nijerya. Nan epòk sa a, monnonk Moustapha, ti frè papa m, ak Wahabi, pi gran frè m nan, te batize antanke Temwen Jewova. Papa m mouri lè m te gen nevan. Sa te fè m mal anpil. Wahabi te di m nou kapab wè papa nou ankò lè rezirèksyon an pral fèt. Pawòl sa yo te konsole m e sa te pouse m etidye Labib. Mwen te batize an 1963. E yon ti tan annapre, twa lòt frè m yo te batize.
An 1965, mwen t al jwenn Wilson, gran frè m nan, Lagòs e nou te vin bon zanmi ak pyonye pèmanan ki te nan kongregasyon Igbobi yo. Lefètke yo te gen kè kontan e yo te chofe nan travay predikasyon an sa te ankouraje m, e an janvye 1968, mwen te vin pyonye tou.
Albert Olugbebi, yon Betelit, te òganize yon reyinyon espesyal ak nou menm jèn yo pou fè n konnen yo bezwen pyonye espesyal nan nò peyi Nijerya. Mwen toujou sonje jan frè Olugbebi te chofe pandan l t ap pale. Li te di: “Nou jèn e nou kapab bay Jewova tan nou ak fòs nou. Gen anpil travay nan tèritwa a!” Mwen te vle suiv egzanp pwofèt Ezayi, mwen te dispoze ale kote Jewova voye m, se sa k fè mwen te ranpli yon fich. — Eza. 6:8.
An me 1968, yo te voye m kòm pyonye espesyal nan vil Kano, nan nò peyi Nijerya. Se te pandan gè Byafra a (1967-1970), ki te ravaje zòn nan anvan batay yo t al kontinye fèt nan lès peyi Nijerya. Yon frè ki te gen bon entansyon te eseye konvenk mwen pou m pa t al nan zòn nan. Men, mwen te di l: “Mèsi paske w gen sousi pou mwen. Sepandan, si Jewova vle m al sèvi nan zòn sa a, m pa gen okenn dout l ap avè m.”
MWEN TE MET KONFYANS MWEN NAN JEWOVA NAN YON ZÒN LAGÈ TE FIN RAVAJE
Sa k te rive nan vil Kano a te vrèman tris. Gè sivil te ravaje gwo vil sa a. Pandan nou te konn ap preche, nou te konn wè kadav moun yo te masakre pandan gè a. Byenke te gen plizyè kongregasyon nan vil Kano, pifò nan frè yo te kite zòn nan. Te gen mwens pase 15 pwoklamatè ki te rete. Yo te pè anpil e yo te dekouraje. Frè ak sè sa yo te kontan anpil lè nou sis pyonye espesyal te rive. Nou te ankouraje pwoklamatè yo e yo te reprann fòs. Nou te ede yo òganize reyinyon, rekòmanse preche, epitou, nou te ede yo rekòmanse voye rapò sèvis yo ak kòmann piblikasyon yo nan filyal la.
Nou menm pyonye espesyal yo, nou te kòmanse aprann lang awousa. Lè anpil moun nan zòn nan te tande mesaj Wayòm nan nan lang pa yo, yo te koute nou. Sepandan, moun nan pi gwo relijyon ki te gen nan zòn nan pa t renmen travay predikasyon nou t ap fè a. Se sa k fè nou te oblije pran anpil prekosyon. Yon lè, gen yon mesye ki te gen yon kouto ki te kouri dèyè mwen menm ak patnè m nan. Erezman nou te kouri pi vit pase l e nou te rive chape. Malgre danje yo, Jewova te fè n “santi [n] an sekirite” e kantite pwoklamatè yo te kòmanse ogmante (Sòm 4:8). Jodi a, gen plis pase 500 pwoklamatè nan 11 kongregasyon nan vil Kano.
YO TE PÈSEKITE NOU NAN PEYI NIJÈ
Annapre, ann out 1968, apre m te fin pase kèk mwa nan vil Kano, yo te voye m Nyame, kapital Repiblik Nijè, ansanm ak de lòt pyonye espesyal. Sa pa t pran tan pou n te vin rann nou kont Nijè, ki ann Afrik delwès, se youn nan zòn ki fè pi cho sou tè a. Nonsèlman nou te bezwen aprann adapte nou ak chalè a, nou te gen pou nou aprann fransè tou ki se lang ofisyèl peyi a. Malgre difikilte sa yo, nou te met konfyans nou nan Jewova e nou te kòmanse preche nan kapital la ansanm ak yon ti ponyen pwoklamatè ki t ap viv nan zòn nan. Nan yon ti tan tou kout, prèske tout moun nan Nyame ki te konn li te resevwa liv La vérité qui conduit à la vie éternelle, liv nou te konn etidye ak moun nan epòk la. Gen moun ki te konn menm vin kote nou pou n ba yo yon liv!
Sa pa t pran tan pou n te wè otorite yo pa t renmen Temwen Jewova yo. An jiyè 1969, nou te fè premye asanble sikonskripsyon nan peyi a e te gen anviwon 20 moun ki te asiste. Nou te gen de nouvo pwoklamatè ki t apral batize e nou t ap tann sa anpil. Sepandan, nan premye jou asanble a, lapolis te debake e yo te kanpe pwogram nan. Yo te ale ak pyonye espesyal yo e ak siveyan sikonskripsyon an nan pòs polis la. Apre yo te fin poze nou kesyon, yo te ban nou lòd pou nou retounen kote yo demen maten. Nou te sispèk t apral gen pwoblèm. Se sa k fè nou te pran dispozisyon pou gen yon diskou batèm ki fèt nan yon kay prive, e apre sa pou n t al batize moun yo an kachèt nan yon rivyè.
Kèk semèn annapre, ministè Enteryè te mete mwen menm ak senk lòt pyonye espesyal deyò nan peyi a. Yo te ban nou 48 èdtan pou n kite peyi a e nou te dwe degaje n poukont nou pou n ale. Nou te obeyi. Nou t al tou dwat nan filyal peyi Nijerya e yo te voye n al sèvi lòt kote.
Yo te voye m nan yon bouk ki rele Orisounbare, nan peyi Nijerya, e m te kontan patisipe nan travay predikasyon an ak ti gwoup pwoklamatè ki t ap viv nan zòn sa a. Men, apre sis mwa, biwo filyal la te mande m si m t ap dakò retounen Nijè. Okòmansman, mwen te sezi, e m te yon ti jan pè. Men, mwen pa t ka tann pou m wè frè nan peyi Nijè yo ankò!
Mwen te retounen Nyame. Nan demen, gen yon biznismann ki moun peyi Nijerya ki te wè mwen se yon Temwen e l te kòmanse poze m kesyon sou Bib la. Mwen te etidye Labib avè l. Li te kite fimen, li te sispann bwè twòp alkòl, apre sa, li batize. Mwen te kontan patisipe nan pwogrè ki t ap fèt plizyè kote nan peyi Nijè, menmsi sa te pran tan. Lè m te fèk rive, te gen 31 Temwen nan peyi a. Men, lè m te ale, te gen 69.
“NOU PA KONN ANPIL BAGAY SOU TRAVAY WAYÒM NAN NAN PEYI GINE”
Nan fen ane 1977, mwen te retounen Nijerya pou m te pran yon fòmasyon ki te dire twa semèn. Nan fen fòmasyon an, Malcolm Vigo, ki te kowòdonatè Komite filyal la, te ban m li yon lèt ki te soti nan filyal peyi Syera Leyòn. Frè yo t ap chèche yon frè ki pyonye, ki an sante, ki selibatè, ki pale anglè ak fransè, pou sèvi kòm siveyan sikonskripsyon nan peyi Gine. Frè Vigo te di m mwen deja resevwa fòmasyon pou travay sa a. Li te fè m konnen byen klè travay sa a pa t ap fasil. Li te di m: “Byen reflechi anvan w aksepte.” Menm kote a m di l: “Piske se Jewova k ap voye m, mwen prale.”
Mwen te pran avyon pou m t al Syera Leyòn pou m te ka rankontre frè yo nan filyal la. Gen yon frè nan Komite filyal la ki te di m: “Nou pa konn anpil bagay sou travay Wayòm nan nan peyi Gine.” Byenke se biwo filyal la ki te responsab travay predikasyon an nan peyi Gine, li pa t posib pou yo te pran kontak ak pwoklamatè yo akoz sitiyasyon politik la ki te difisil anpil nan peyi sa a. Pandan plizyè fwa, yo te eseye voye yon frè al vizite frè ak sè yo nan peyi Gine, men, sa pa t mache. Donk, yo te mande m pou m al Konakri, kapital peyi Gine, pou m te chèche jwenn rezidans pou m te ka rete nan peyi a.
“Piske se Jewova k ap voye m, mwen prale”
Lè m te rive Konakri, mwen t al nan anbasad Nijerya a pou m te ka pale ak anbasadè a. Mwen te fè l konnen m ta renmen preche nan peyi Gine. Li te ankouraje m pou m pa rete nan peyi a paske yo te ka arete m oswa fè m yon bagay ki pi mal toujou. Li te di m: “Retounen Nijerya epi preche la.” Lè sa a, mwen di l: “Mwen deside rete.” Donk, li te ekri minis Enteryè peyi Gine a yon lèt pou l mande l ede m, e minis lan te byen resevwa m.
Yon ti tan annapre, mwen te retounen nan biwo filyal Syera Leyòn nan pou m te fè frè yo konnen desizyon minis la te pran. Se pa ti kontan frè yo te kontan lè yo te tande jan Jewova te beni vwayaj mwen an! Mwen te jwenn rezidans pou m te rete nan peyi Gine!
Soti ane 1978 rive nan ane 1989, mwen te sèvi kòm siveyan sikonskripsyon nan Gine ak nan Syera Leyòn, e antanke siveyan ranplasan nan peyi Liberya. Okòmansman, mwen te konn malad souvan. Sa te konn rive nan zòn ki izole yo. Men, frè ak sè yo te konn fè tout sa yo kapab pou yo mennen m lopital.
Yon lè, mwen te malad grav. Mwen te gen malarya, e m te gen vè. Lè m vin refè, mwen te aprann frè yo t ap reflechi pou yo konnen ki kote y ap antere m! Malgre pwoblèm sa yo te ka fè m pèdi lavi m, m pa t janm panse abandone sèvis mwen. Mwen toujou gen konviksyon se Bondye sèl ki kapab ban nou pi bon pwoteksyon ki genyen, paske menmsi nou mouri, li kapab fè nou reviv ankò.
MWEN MENM AK MADANM MWEN TE MET KONFYANS NOU NAN JEWOVA
An 1988, mwen te rankontre Dorcas, yon sè ki te pyonye, ki gen anpil imilite e ki renmen Jewova. Nou te marye, e li te vin jwenn mwen nan sèvis sikonskripsyon an. Dorcas te travay di ansanm avè m e li te dispoze fè anpil sakrifis pou Jewova. Nou te konn fè anviwon 25 kilomèt ap mache sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt ak tout afè nou. Pou kongregasyon ki te pi lwen yo, nou te konn pran kèlkeswa transpò nou te ka jwenn pou n vwayaje sou wout yo ki te gen labou e ki te chaje gwo twou.
Dorcas gen anpil kouraj. Pa egzanp, nou te konn travèse dlo ki te chaje kayiman. Yon lè, nou te gen pou n fè yon vwayaj ki t ap dire senk jou e nou te oblije travèse yon rivyè nan yon kannòt paske pon yo, ki te fèt an bwa, te kraze. Pandan Dorcas te kanpe pou l desann kannòt la, li tonbe nan dlo a, e dlo a te fon. Nou youn pa t konn naje, e te gen kayiman nan rivyè a. Erezman, te gen kèk jèn gason ki te plonje al pran l. Nou toule de te fè kèk tan ap fè move rèv sou sa k te rive a. Men, nou te kontinye sèvis nou nan sikonskripsyon an.
Nan kòmansman ane 1992, se pa ti sezi nou te sezi aprann Dorcas ansent! Èske sa t apral fè nou kite sèvis la? Nou te di tèt nou: “Jewova ban nou yon kado!” Kidonk, nou te deside rele pitit fi nou an Jahgift (ki vle di kado Jewova bay). Katran apre Jahgift te fin fèt, nou te vin gen Eric, frè l la. Toule de pitit nou yo se kado Jewova ban nou. Jahgift te fè kèk tan ap sèvi nan yon biwo tradiksyon nan Konakri, e Eric se sèvitè ministeryèl.
Byenke, rive yon lè Dorcas te oblije sispann sèvi antanke pyonye espesyal, li te pyonye pèmanan toutpandan nou t ap leve pitit nou yo. Grasa èd Jewova, mwen te kontinye sèvi antanke pyonye espesyal. Lè pitit nou yo te vin gran, Dorcas te rekòmanse sèvi antanke pyonye espesyal. Kounye a, nou toule de ap sèvi antanke misyonè nan Konakri.
SE JEWOVA KI BAN NOU PWOTEKSYON
Mwen te toujou ale kote Jewova mennen m. Byen souvan, mwen menm ak madanm mwen te santi jan Jewova pwoteje nou e jan l beni nou. Lefètke nou te met konfyans nou nan Jewova, sa te ede n pou n pa gen pakèt tètchaje moun ki met konfyans yo nan bagay materyèl genyen. Mwen menm ak Dorcas te aprann, grasa eksperyans nou fè, se Jewova, “Bondye ki bay delivrans lan”, ki ban nou pwoteksyon (1 Kwo. 16:35). Mwen gen konfyans lavi tout moun ki met konfyans yo nan Jewova “ap byen vlope anndan sak lavi ki nan men Jewova” a. — 1 Sam. 25:29.