Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
2-8 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 27-29
“Estrateji David te itilize lè l t ap fè lagè”
it-1-F 71
Akich
Pandan David t ap kouri pou Sayil, an de fwa li te jwenn refij lakay wa Akich. Nan premye okazyon an, lè David te sispèk yo pran l pou yon ènmi, li te pran pòz moun fou l epi Akich te kite l ale paske l te wè l tankou yon egare ki pa t reprezante yon danje pou yo (1Sa 21:10-15; Sm 34:pawòl ki ekri anlè tèt Sòm nan; 56:pawòl ki ekri anlè tèt Sòm nan). Nan dezyèm okazyon an, David te gen avèk li 600 sòlda ansanm ak tout fanmi yo avèk yo, se sa k fè Akich te ba yo Ziklag pou yo rete. Pandan ennan kat mwa yo te fè ap viv Ziklag la, Akich te kwè mesye David yo t ap atake vil Jida yo, epoutan mesye David yo te konn al atake moun Gechou yo, Gizit yo ak moun Amalèk yo (1Sa 27:1-12). Riz David la te tèlman byen mache, Akich te fè l tounen sekirite pèsonèl li lè moun Filisti yo t ap òganize yon atak kont wa Sayil. E se sèlman nan dènye moman an, yo te fè David ak mesye l yo tounen Ziklag, tèlman lòt “chèf nan Filisti” yo t ap ensiste pou David ak mesye l yo pa ale nan konba a (1Sa 28:2; 29:1-11). Lè David te vin wa e l t ap goumen kont Gat, ta sanble yo pa t touye Akich. Li te viv jis sou rèy Salomon an. — 1Wa 2:39-41; gade GATH.
Jèn frè, ki sa nou ka fè pou yo fè n konfyans?
8 Ann wè yon lòt difikilte David te jwenn. Apre Bondye te fin chwazi David pou l vin wa, David te oblije tann anpil ane anvan l kòmanse dirije antanke wa nan peyi Jida (1 Sam. 16:13; 2 Sam. 2:3, 4). Pandan tan sa a, ki sa k te ede David tann avèk pasyans? Olye l te kite dekourajman pote l ale, li te konsantre sou sa l kapab fè. Pa egzanp, pandan l te nan mawon nan tèritwa moun Filisti yo, li te pwofite okazyon sa a pou l konbat ènmi Izrayèl yo. Konsa, li te pwoteje fwontyè peyi Jida. — 1 Sam. 27:1-12.
it-2-F 255 § 6
Manti
Byenke Labib kondane yon fason ki klè manti yo bay nan entansyon pou fè moun mal, sa pa vle di yon moun oblije bay yon lòt moun yon enfòmasyon ki verite, si lòt moun nan pa gen dwa pou l konnen. Men konsèy Jezi Kris te bay: “Pa bay chen bagay ki sakre, e pa lage grenn pèl nou devan kochon, dekwa pou yo pa pilonnen yo anba pye e pou yo pa vire vin dechire nou.” (Mt 7:6). Se sa k fè, nan kèk okazyon Jezi pa t konn bay tout enfòmasyon oswa repons dirèk pou yon seri kesyon ki ta ka lakòz pwoblèm ki pa nesesè (Mt 15:1-6; 21:23-27; Jan 7:3-10). Se menm jan an nou ta dwe wè atitid Abraram, Izarak, Rahab, ak Elize ki te bay moun ki pa t ap sèvi Jewova yo move direksyon oswa ki pa t ba yo tout enfòmasyon. — Jen 12:10-19; chap 20; 26:1-10; Joz 2:1-6; Jk 2:25; 2Wa 6:11-23.
Trezò espirityèl
Èske mò yo kapab ede moun ki vivan yo?
Fè yon ti reflechi. Bib la di, lè moun mouri, “yo tounen pousyè” e “lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt”. (Sòm 146:4.) Ni Sayil ni Samyèl te konnen Bondye pa vle sèvitè l yo annafè ak medyòm. Dayè, anvan Sayil t al chèche èd nan men manbo a, li te mennen yon kanpay pou l fè moun sispann pratike espiritis nan peyi a. — Levitik 19:31.
Ann fè yon ti rezònman. Si Samyèl, yon nonm ki te fidèl, te vivan toujou sou fòm yon espri, èske w panse li t ap dakò vyole lwa Bondye lè l sèvi ak yon manbo pou l pale ak Sayil? Jewova te refize pale ak Sayil. Èske yon manbo te kapab fòse Bondye Toupisan an itilize Samyèl ki mouri pou l pale ak Sayil? Non. Donk, li klè, moun sa a se pa t Samyèl, pwofèt fidèl Bondye a. Se te yon demon ki te pretann li se Samyèl.
9-15 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 30-31
“Chèche jwenn fòs nan Jewova, Bondye w la”
Krenn Jewova, epi viv ak kè kontan!
12 Lakrentif David te gen pou Jewova a pa t sèlman anpeche l fè sa ki mal. Sa te ba l fòs pou l aji avèk detèminasyon e avèk sajès lè li te anfas sitiyasyon ki difisil. Pandan ennan kat mwa, David ak mesye l yo te kache pou Sayil yon kote nan pwovens peyi Filisti ki rele Tsiklag (1 Samyèl 27:5-7). Yon lè, pandan mesye yo pa t la, yon gwoup Amalekit, ki t ap vòlè, te boule vil la epi yo ale ak madanm mesye yo, pitit yo ak twoupo yo. Lè David ak mesye l yo tounen epi yo wè sa k te pase a, yo tonbe kriye. Lapenn yo te genyen an te vire an rankin, e mesye David yo te menm pale de lapide l. Malgre David te nan detrès, li pa t dezespere (Pwovèb 24:10). Lakrentif li te gen pou Bondye te pouse l vire kote Jewova, e li te “pran fòtifye tèt li nan Jewova”. Avèk èd Bondye, David ak mesye l yo te rive kenbe Amalekit yo e yo te rejwenn tout sa yo te pèdi. — 1 Samyèl 30:1-20.
Jewova pwoteje nou pou l ka delivre nou
14 David te rankontre anpil pwoblèm nan lavi l (1 Sam. 30:3-6). Pawòl Jewova te fè l ekri yo montre jan li te konnen sa David santi. (Li Sòm 34:18; 56:8.) Bondye konnen sa nou santi tou. Lè nou “dekouraje” oswa nou “pèdi espwa”, Bondye pwoche bò kote nou. Sa sèlman kapab ban nou konsolasyon menm jan ak David ki te chante: “M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.” (Sòm 31:7). Nonsèlman Jewova wè lè nou gen pwoblèm, men tou, li ban nou ankourajman ak konsolasyon pou l ede nou andire. Yon fason li fè sa se pa mwayen reyinyon nou yo.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan premye liv Samyèl la
30:23, 24. Desizyon sa a ki baze sou Nonb 31:27 montre: moun ki soutni aktivite kongregasyon an, Jewova ba yo valè. Poutèt sa, kèlkeswa sa n ap fè, annou “travay ladan l ak tout nanm nou tankou se pou Jewova e non pa pou lèzòm”. — Kolosyen 3:23.
16-22 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 1-3
“Ki sa nou aprann konsènan ‘Banza a’?”
Demontre respè nan kongregasyon an
11 Nou pa dwe janm bliye Jewova nome ansyen yo pou “pran swen kongregasyon” an (Tra. 20:28; 1 Pyè 5:2). Se sa k fè, li enpòtan anpil pou nou respekte dispozisyon Bondye pran yo kit n ap sèvi kòm ansyen kit nou pap sèvi kòm ansyen. Lè nou gen yon bèl mantalite sa ap ede nou pou nou pa bay privilèj nou genyen yo twòp enpòtans. Lè wa Sayil, yon wa nan peyi Izrayèl, te santi David te vin yon menas pou wayòm li an, li pa t sispann “gade David ak move je”. (1 Sam. 18:9.) Wa Sayil te vin gen yon move mantalite e li te menm vle touye David. Olye pou n ta vin menm jan ak Sayil pou n ap enkyete nou pou privilèj nou genyen, li t ap pi bon pou n aji menm jan ak David. Malgre tout bagay mal David te sibi, li te toujou demontre respè pou moun Bondye te chwazi pou dirije a. — Li 1 Samyèl 26:23.
Trayizon se yon siy ki enkyete anpil moun nan epòk nou an
8 Bib la pale tou de yon pakèt moun ki te fidèl. Nou pral pale de de ladan yo e n ap wè ki sa nou ka aprann nan men yo. Premye a se Yonatàn, yon moun ki te montre li te fidèl anvè David. Antanke pi gran pitit gason wa Sayil, Yonatàn te gen posiblite pou l vin wa ann Izrayèl apre papa l. Sèl rezon ki fè l pa t ka vin wa, se paske Jewova te gentan chwazi David. Yonatàn te respekte desizyon Bondye te pran an. Olye l te jalou sò David e olye l te konsidere David kòm rival li, li te deside l ap rete fidèl anvè David. Se sa k fè Labib di “kè Jonatan, pitit gason Sayil la, [te] vin louvri pou David”. Yonatàn te menm bay David rad li, epe l, banza l ak sentiwon l. Konsa, li te onore David kòmsi David te deja wa (1 Sam. 18:1-4). Yonatàn te fè tout sa l kapab pou l ‘bay David kouraj’. Li te menm riske lavi l pou l defann David devan Sayil. Yonatàn te fidèl anvè David. Men sa l te di l: “Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m’ap vin apre ou.” (1 Sam. 20:30-34; 23:16, 17). Nou kapab konprann rezon ki fè David te montre tristès li e li te montre lanmou li pou Yonatàn nan yon chante li te ekri apre lanmò Yonatàn. — 2 Sam. 1:17, 26.
Trezò espirityèl
it-1-F 928 § 7
Frè
Yo sèvi ak mo “frè” a tou pou pale de moun ki met tèt ansanm pou defann menm kòz ak menm objektif. Pa egzanp, Iram, wa peyi Ti a te rele wa Salomon frè l, se pa sèlman paske yo te gen menm ran ak menm pozisyon, men tou, se petèt paske yo toude te enterese nan bay bwa ak lòt bagay pou tanp lan (1Wa 9:13; 5:1-12). Men sa David te ekri pou l montre se pa paske moun yo soti nan menm fanmi sèlman ki fè yo ka gen lapè ak inite nan mitan yo: “Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm!” (Sm 133:1). Anfèt, se afeksyon ak enterè David ak Jonatan te gen youn pou lòt ki fè David te rele Jonatan frè l, men se pa paske yo te soti nan menm fanmi (2Sa 1:26). Yo konn rele zanmi ki gen menm tanperaman ak menm etadespri yo frè tou, menmsi tanperaman ak etadespri sa yo pa bon. — Pw 18:9.
23-29 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 4-6
“Kontinye gen yon gwo respè pou Jewova pou nou pa fè l fache”
Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la
6:1-7. Kwak David te gen bon entansyon, lè l te fè tantativ pou l transpòte Lach la sou charyo a, se yon lwa Bondye li te vyole, e sa te fini mal (Egzòd 25:13, 14; Nonb 4:15, 19; 7:7-9). Anplis de sa, sa k te pase lè Ouza te poze men sou lach la montre se pa paske yon moun gen bon entansyon ki fè Bondye ap chanje sa l mande.
Jewova toujou fè sa ki dwat
20 Sonje sa, Ouza dwe te byen konnen Lalwa. Lach la se te senbòl prezans Jewova. Lalwa te presize moun ki pa t otorize pou sa pa t fèt pou touche l, e li te di byen klè moun ki vyole lwa sa a, kòm pinisyon, li t ap mouri (Nonb 4:18-20; 7:89). Se sa k fè, transpòte kòf sakre a se pa t yon travay pou yo te pran alalejè. Pa gen dout, Ouza te yon Levit (menmsi li pa t yon prèt). Pakonsekan, li te oblije byen konnen Lalwa. San konte, kèk ane anvan sa, yo te transpòte Lach la lakay papa l, ki te gen responsablite pou siveye l (1 Samyèl 6:20–7:1). Lach la te rete la pandan 70 an, jiskaske David te deside deplase l. Kidonk, li pwobab pou Ouza te konnen lwa ki te gen rapò ak Lach la depi l te toupiti.
Jewova toujou fè sa ki dwat
21 Jan nou deja di sa pi wo a, Jewova gen kapasite pou l li nan kè moun. Piske Pawòl li rele aksyon Ouza a yon “zak derespektan”, Jewova ka te wè lakay Ouza kèk mobil egoyis istwa a pa revele dirèkteman. Petèt, èske se pa paske Ouza te yon moun ki gen prezonpsyon, yon moun ki gen tandans depase limit li (Pwovèb 11:2)? Etandone Lach fanmi l te pwoteje an prive a, li t ap kondui l an piblik, èske sa pa t fè l vin pran tèt li pou yon pakèt afè (Pwovèb 8:13)? Èske Ouza te tèlman manke lafwa, li te panse men Jewova te twò kout pou l kenbe kòf sakre ki senbolize prezans Li a fiks kote l te ye a? Kèlkeswa rezon an, nou ka sèten Jewova te fè sa ki dwat. Petèt, li te wè yon bagay nan kè Ouza ki te mande pou Li pini l menm kote a. — Pwovèb 21:2.
Trezò espirityèl
w96-F 1/4 29 § 1
Toujou lage chay ou sou Jewova
Antanke wa, David te plizoumwen responsab sa k te pase a. Fason l te reyaji a montre pafwa menm moun ki gen bon relasyon ak Jewova ka mal reyaji lè yo devan sitiyasyon ki pase yo aleprèv. Pou kòmanse David te fache. Apre sa, li te vin pè (2 Samyèl 6:8, 9). Se te yon gwo tès pou relasyon li te gen ak Jewova ki chita sou konfyans li te gen nan Li. Ta sanble nan okazyon sa a David pa t lage chay li sou Jewova lè l pa t suiv sa Jewova te mande l fè yo. Èske sa ta ka rive nou kèk fwa? Èske sa te janm rive nou blame Jewova pou yon seri pwoblèm ki rive paske nou pa t suiv enstriksyon l yo? — Pwovèb 19:3.
30 ME–5 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 7-8
“Jewova fè yon alyans ak David”
“Wi, wayòm ou an ap kanpe djanm”
Jewova te apresye dezi David te gen nan kè l pou l konstwi tanp lan. Poutèt fidelite David e pou akonplisman pwofesi yo, Bondye fè yon alyans avè l. Li di wa David li pral chwazi yon moun pami desandan l yo e moun sa a pral dirije pou letènite. Men sa Natàn te di David konsènan pwomès Bondye te fè a: “Wi, mezon w lan ak wayòm ou an ap kanpe djanm devan w pou tan endefini, twòn ou an ap vin tabli yon fason fèm pou tan endefini.” (Vèsè 16, NW). Kiyès ki t apral eritye alyans sa a, e ki t ap gen pou l dirije pou toutan an? — Sòm 89:20, 29, 34-36.
“Wi, wayòm ou an ap kanpe djanm”
Jezi, moun Nazarèt, se te yon desandan David. Lè yon zanj t ap anonse nesans Jezi, men sa li te di: “Bondye, Senyè a, va ba li twòn David, papa li. L ap domine sou ras Jakòb pou tout tan. E, wayòm li a p ap janm fini.” (Lik 1:32,33, Bib Kreyòl La). Donk, alyans Jewova te fè ak David la jwenn akonplisman nan Jezi Kris. Kidonk, se pa lèzòm ki chwazi Jezi pou l dirije, men se grasa pwomès solanèl Bondye te fè a ki ba li dwa pou l dirije pou toutan. E nou dwe sonje pwomès Bondye yo toujou reyalize. — Izayi [Ezayi] 55:10, 11.
Se pou w gen bonjan lafwa nan Wayòm nan!
14 Ann wè ki sa Jewova te pwomèt wa David, yon wa ann Izrayèl tan lontan an, pa mwayen alyans ak David la. (Li 2 Samyèl 7:12, 16.) Jewova te fè alyans sa a ak David nan epòk David te wa nan Jerizalèm, e l te pwomèt David Mesi a t ap soti nan fanmi l (Lik 1:30-33). Konsa, Jewova te vin bay plis detay byen klè konsènan liy fanmi kote desandans lan t ap soti a, e l te tou montre se yon eritye David ki t ap gen “dwa legal” pou l chita sou twòn Wayòm Mesi a (Eze. 21:25-27, NW). Pa mwayen Jezi, wayòm David la t ap gen pou l tabli “pou toutan”. Kidonk, desandans David la “ap la pou toutan, [epi] twòn li an ap la pou toutan menm jan ak solèy la”. (Sòm 89:34-37, NW.) Sa klè, gouvènman Mesi a pap janm vin kòwonpi, e sa l pral akonpli yo ap la pou toutan!
Trezò espirityèl
it-1-F 623 § 2
Dènye jou yo
Pwofesi Balaam nan. Se te anvan Izrayelit yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la Balaam te di Balak, wa Mowab la pawòl sa yo: “Vini m di w ki sa pèp sa a [Izrayèl] pral fè pèp ou a nan jou k ap vini yo. [...] Yon zetwal ap soti nan Jakòb, yon baton wa ap soti nan Izrayèl. Wè pa wè, l ap fann fontenn tèt Mowab de bò, e l ap kraze zo tèt tout gason k ap kraze brize yo.” (Nb 24:14-17). Nan premye akonplisman pwofesi sa a, “zetwal” la te reprezante wa David, li menm ki te venk moun Mowab yo (2Sa 8:2). Vrèmanvre, nan akonplisman pwofesi sa a, “dènye jou yo” te kòmanse lè David te vin wa. Piske David te reprezante Jezi antanke Wa Bondye chwazi a, pwofesi a t apral reyalize sou Jezi tou pandan l ap venk ènmi l yo. — Eza 9:7; Sm 2:8, 9.
6-12 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 9-10
“David te montre lanmou fidèl”
w06-F 15/6 14 § 6
Wi, ou ka jwenn kè kontan
Men sa David te ekri: “Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo.” Li kontinye pou l di: “Jewova ap delivre l nan jou malè a. Jewova ap pwoteje l, l ap fè l ret vivan. Moun sou tè a ap fè konnen li gen kè kontan.” (Sòm 41:1, 2). Fason David te demontre konsiderasyon ak lanmou pou Mefibochèt ki te andikape, li menm ki te pitit gason Jonatan, zanmi David te renmen anpil la, se yon egzanp sou fason nou ka byen aji lè n ap pran ka moun ki ba yo. — 2 Samyèl 9:1-13.
Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la
9:1, 6, 7. David te kenbe pwomès li. Nou menm tou nou fèt pou nou fè tout efò nou pou nou kenbe pawòl nou.
w02-F 15/2 14 § 10
Yo te fè fas ak pikan nan chè yo
10 Kèk ane apre, poutèt gwo lanmou wa David te gen pou Jonatan, li te montre lanmou fidèl pou Mefibochèt. David te bay Mefibochèt tout byen Sayil te genyen yo e l te mete Ziba responsab pou pran swen byen sa yo. David te di Mefibochèt tou: ‘W ap toujou manje sou tab mwen.’ (2 Samyèl 9:6-10). Pa gen dout nan sa, lanmou fidèl David te demontre anvè Mefibochèt te rekonfòte l e l te aleje soufrans li te genyen akoz andikap li a. Ala yon bèl leson! Nou menm tou, nou ta dwe demontre bonte anvè moun k ap fè fas ak yon pikan nan chè yo.
Trezò espirityèl
it-1-F 270
Bab
Pami anpil nan ansyen pèp ki t ap viv nan Lès yo, sa gen ladan l Izrayelit yo, bab te gen valè e yo te konsidere l kòm yon bagay ki bay gason diyite. Lwa Bondye te bay Izrayelit yo te entèdi yo koupe “cheve ki bò tèt” yo, sa vle di cheve ki ant zòrèy yo ak je yo, ak pwent bab yo (Lev 19:27; 21:5). Sandout, se paske se te yon pratik relijye pami payen yo.
13-19 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 11-12
“Pa kite dezi ki pa kòrèk kontwole w”
Ou ka retire kò w nan pyèj Satan yo!
10 Piske wa David te vin ava, li te bliye tout sa Jewova te ba li, san wete richès, gwo pozisyon ak laviktwa sou anpil nan ènmi l yo. Rekonesans David te genyen te fè l admèt li “pa t ap kapab” konte kado Bondye ba li yo “tèlman yo anpil”! (Sòm 40:5.) Men, rive yon lè, David te bliye sa Jewova te ba li. Li te vin pa satisfè ak sa l genyen. Li te vle plis. Byenke David te vin gen anpil madanm, li te vin anvi madanm yon lòt gason alòske l te konnen Jewova pa vle sa. Dam nan te rele Batcheba e mari l te rele Ouri, li te yon desandan Èt. Piske David te wè tèt li sèlman, li te gen relasyon seksyèl ak Batcheba e Batcheba te vin ansent. David te fè adiltè, yon bagay ki mal. Mete sou sa, li te fè yon bagay ki pi mal toujou, li te fè konplo pou yo touye Ouri (2 Sam. 11:2-15). Sa k te nan tèt David menm? Èske l te panse Jewova pa t ap wè? Byenke David te toujou fidèl ak Jewova, li te kite egoyis fè l vin ava e li te peye sa chè. Men, erezman, rive yon lè, David te rekonèt peche l te fè a e li te repanti. Se pa ti rekonesans li te genyen dèske Jewova te padone l! — 2 Sam. 12:7-13.
Annou dispoze soumèt devan Jewova
15 Nonsèlman Jewova te mete David chèf fanmi l, men li te mete l chèf tout nasyon Izrayèl la tou. Antanke wa, David te gen anpil pouvwa. Pafwa, li te mal sèvi ak pouvwa sa a e li te fè gwo erè (2 Sam. 11:14, 15). Men, li te aksepte disiplin, konsa li te montre li soumèt devan Jewova. Li te priye Jewova ak tout kè l. E li te eseye fè sa l kapab pou l suiv konsèy Jewova te ba li yo (Sòm 51:1-4). Mete sou sa, li te aksepte bon konsèy ni gason ni fi te ba li, e l te fè sa avèk imilite (1 Sam. 19:11, 12; 25:32, 33). David te tire leson nan erè l te fè e li te konsantre lavi l sou sèvi Jewova.
Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou
7 Erezman n pa oblije sibi konsekans yon moun jwenn lè l dezobeyi lwa Bondye yo pou n ka aprann bonjan leson. Nou ka aprann kèk leson nan erè kèk moun Pawòl Bondye a pale de yo ki te vyole lwa sa yo. Pwovèb 1:5 di: “Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans.” Nan fason sa a, nou resevwa pi bon fòmasyon an nan men Bondye, tankou fòmasyon n jwenn lè n li istwa Bib la rapòte konsènan yon seri moun epi n medite sou yo. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak lapenn wa David te genyen apre l te fin dezobeyi lwa Jewova a epi l te fè adiltè ak Batcheba (2 Sam. 12:7-14). Pandan n ap li istwa sa a e n ap medite sou li, nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan wa David te ka evite pwoblèm li te jwenn akoz adiltè l te fè ak Batcheba a? Si m ap fè fas ak yon tantasyon menm jan an, èske m ap gen fòs pou m kouri pou li? Èske m ap kouri menm jan ak Jozèf oswa èske m ap sede menm jan ak David?’ (Jen. 39:11-15). Lè n reflechi ak move konsekans peche lakòz, nou ka pran detèminasyon nan kè n pou n “rayi sa ki mal”.
Trezò espirityèl
it-1-F 600 § 6
David
Sepandan, Jewova t ap gade e l te devwale move aksyon ki te fèt la. Si Jewova te kite se jij pami lèzòm yo ki te jije ka David ak Batcheba a, selon Lwa Bondye te bay Moyiz la, toude moun yo t ap mouri epi tibebe ki t apral fèt akoz adiltè a t ap mouri ansanm ak manman an (Dt 5:18; 22:22). Sepandan, Jewova te jere ka a li menm, li te demontre mizèrikòd pou David akoz alyans Wayòm nan (2Sa 7:11-16), sandout, paske David te demontre mizèrikòd, (1Sa 24:4-7; konpare ak Jk 2:13), e paske Jewova te wè moun ki te fè peche yo te repanti (Sm 51:1-4). Men, yo pa t chape anba pinisyon. Pa mwayen pwofèt Natan, men sa Jewova te fè konnen: “M ap lage yon malè sou ou k ap soti nan pwòp fanmi w.” — 2Sa 12:1-12.
20-26 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 13-14
“Lefètke Amnon te egoyis sa te mennen nan gwo pwoblèm”
it-1-F 31
Absalon
Yo touye Amnon. Lefètke Tama, sè Absalon an te bèl, sa te lakòz Amnon, gran frè l bò kot papa te tonbe damou l. Amnon te pran pòz li malad, li te mande pou Tama vin fè manje pou li lakay li epi li fè fòs sou li, li vyole l. Lanmou Amnon te genyen pou Tama a te tounen yon rayisman, e li te fè l soti lakay li a. Ak wòb espesyal li a tou dechire, wòb pitit fi wa a te genyen ki vyèj yo te konn met sou yo a, e ak sann sou tèt li, Tama te rankontre Absalon. Byen vit, Absalon te pwofite sitiyasyon an e menm kote a li fè konnen li sispèk Amnon, sa ki montre li te konnen pasyon Amnon te genyen pou sè l la. Absalon te di sè l la pou l pa pote plent, sepandan li te fè Tama vin rete lakay li. — 2Sa 13:1-20.
Annou chèche gen metriz
11 Nan Bib la, nou jwenn plizyè egzanp moun ki te manke metriz anrapò ak konduit seksyèl, e sa sèvi nou avètisman. Epitou, li montre konsekans tris konpòtman san kontwòl sa a ka lakòz. Li ta bon pou kèlkeswa moun ki nan sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Kim nan reflechi sou istwa jèn gason ki san konprann Bib la pale de li nan Pwovèb chapit 7 la. Anplis de sa, reflechi sou desizyon Amnon te pran an ak konsekans terib konpòtman l lan te genyen (2 Sam. 13:1, 2, 10-15, 28-32). Paran yo ka ede pitit yo aprann gen metriz ak sajès nan kesyon relasyon santimantal lè yo sèvi ak pasaj biblik ki pi wo yo pou yo pale sou sijè sa a ak yo nan adorasyon an fanmi an.
it-1-F 32 § 1
Absalon
Dezan te gentan pase. Moman pou yo tonn mouton yo te rive, se te yon moman fèt, e Absalon te òganize yon fèt nan Baalazò ki te nan yon distans anviwon 22 km nan pati nò nan nòdès Jerizalèm, li te envite pitit gason wa a te genyen yo ansanm ak David li menm. Lè papa l te fè l konnen li pa t ap ka vini, Absalon te kouri mande l pou l voye Amnon premye pitit gason l lan nan plas li (Pw 10:18). Pandan fèt la, lè kè Amnon te “kontan apre l fin bwè kont diven l”, Absalon te bay sèvitè l yo lòd pou yo touye Amnon. Lòt pitit gason yo tounen Jerizalèm, e Absalon te ale ann egzil ansanm ak granpapa l ki te yon moun peyi Siri nan Wayòm moun Gechou yo ki te nan Lès Lanmè Galile a (2Sa 13:23-38). Jan pwofèt Natan te di sa a, “epe” a te antre “lakay” David e li te kontinye rete la pou tout rès vi l. — 2Sa 12:10.
Trezò espirityèl
g04-F 22/12 8-9
Bote ki pi enpòtan an
Kontrèman ak sa nou sot wè yo, ann konsidere egzanp Absalon, youn nan pitit gason David yo. Byenke li te gen yon bote anpil moun ta swete genyen, li te vin tounen yon move moun. Anpalan de li, men sa Bib la di: “Twouve, nan tout peyi Izrayèl, pa t gen yon gason yo te fè lwanj pou li poutèt li bèl gason pase jan yo te konn fè pou Absalon an. Li pa t gen okenn defo nan kò l, soti nan pla pye l rive nan tèt li.” (2 Samyèl 14:25). Sepandan, anbisyon Absalon te genyen te fè l rebele kont papa l e l te fè dappiyanp sou twòn nan. Li te menm vyole madanm sou kote papa l yo. Kòm rezilta, Absalon te sibi kòlè Bondye e l te soufri anpil lè l t ap mouri. — 2 Samyèl 15:10-14; 16:13-22; 17:14; 18:9, 15.
Èske w santi Absalon atire w? Pa ditou. Anfèt, li te yon moun ki bay degoutans. Bote fizik remakab li te genyen an pa t kouvri atitid awogan li te genyen an ak lefètke l te enfidèl, ni nonplis sa pa t anpeche l fini mal. Yon lòt bò, Bib la gen egzanp anpil moun ki te gen sajès, yon seri moun atiran yo pa di anyen sou aparans fizik yo. Vrèmanvre, sa k te pi enpòtan an se bote yo te gen pa anndan an.
27 JEN–3 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 15-17
“Absalon te rebele akoz ògèy”
it-2-F 630
Moun k ap kouri devan kòtèj
Jeneralman, se te yon koutim moun ann Oryan yo te genyen pou yo mete moun kouri devan charyo wa yo pou prepare epi anonse lè wa a ap vini e pou ede l (1Sa 8:11). Absalon ak Adonija te imite koutim sa a, lè yo te mete 50 moun kouri devan charyo yo te genyen yo pou yo te ka parèt gen plis diyite ak glwa ak moun k ap soutni yo nan rebelyon yo t ap fè yo. — 2Sa 15:1; 1Wa 1:5; gade COUREURS.
Annou sèvi Bondye ki bay libète a
5 Bib la gen egzanp yon bann moun ki te gen move enfliyans sou lòt moun. Absalòm, youn nan pitit wa David yo, se youn nan moun sa yo. Absalòm te bèl gason anpil. Sepandan, avèk letan, menm jan ak Satan, li te vin gen anbisyon e li te kòmanse panse se li ki ta dwe chita sou twòn papa l la byenke li pa t gen dwa sa a. Pandan li t ap fè manèv pou l monte sou twòn nan, li te pran pòz li gen anpil sousi pou lòt Izrayelit yo. Li te konn ap fè yo konprann moun ki t ap travay pou wa a pa t vrèman enterese nan yo. Menm jan ak Dyab la ki te pran pòz li nan enterè Adan ak Èv e ki te bay manti sou pwòp Papa l, se konsa tou Absalòm te pran pòz li nan enterè Izrayelit yo e li te pale pwòp papa l mal. — 2 Sam. 15:1-5.
it-1-F 1101
Ebwon
Kèk ane apre, Absalon, pitit gason David la te retounen Ebwon e se la a li te kòmanse manniganse koudeta ki pa t reyisi kont wayòm papa l la (2Sa 15:7-10). Absalon te chwazi vil sa a pou l kòmanse koudeta kont twòn nan, petèt paske Ebwon te gen yon istwa enpòtan piske li te kapital Jida yon lè, epitou se nan vil sa a li te fèt. Annapre, wa Wobowam, pitit pitit gason David te rebati Ebwon (2Kw 11:5-10). Apre moun Babilòn yo te fin ravaje Jida epi Juif yo te retounen sot ann egzil, kèk nan Juif ki te rapatriye yo te tounen al abite Ebwon (Kiriyataba). — Ne 11:25.
Trezò espirityèl
Èske w gen tout enfòmasyon yo?
11 Nou menm tou nou ka sibi enjistis lè moun pa bay tout laverite sou nou oswa lè yo gaye enfòmasyon ki pa konplè sou nou. Ann konsidere egzanp wa David ak Mefibochèt. David te montre l donan e l te demontre bonte anvè Mefibochèt, li te fè l jwenn tout tè granpapa l Sayil te genyen yo (2 Sam. 9:6, 7). Annapre, yo te bay David yon move nouvèl sou Mefibochèt. San David pa t verifye enfòmasyon an, li te deside pran tout byen Mefibochèt yo (2 Sam. 16:1-4). Lè David te resi pale ak Mefibochèt, David te rekonèt erè l te fè e l te rebay Mefibochèt yon pati nan byen l te genyen yo (2 Sam. 19:24-29). Men, David te ka evite fè enjistis sa a si l te pran tan pou l chèche gen tout enfòmasyon yo olye l te kouri aji sou baz yon enfòmasyon ki pa t konplè.