Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
1-7 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 87-91
“Rete nan kachèt Sila a ki nan pi gwo pozisyon an”
w01-F 15/11 19-20 § 13-19
Jewova se refij nou
‘Okenn malè pap tonbe sou nou’
Menmsi de jou an jou monn nan ap vin pi mal nan kesyon sekirite, nou met Bondye anvan tout bagay e nou jwenn fòs ak kouraj nan pawòl sa yo moun ki te ekri sòm sa a te di: “Piske w te di Jewova se refij ou, ou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an tounen kay kote w abite, okenn malè pap tonbe sou ou e okenn kalamite pap pwoche pre tant ou.” (Sòm 91:9, 10). Se vre, Jewova se refij nou. Sepandan, nou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an tounen ‘kay kote n abite’ tou, yon kote nou jwenn sekirite. Nou louwe Jewova, Souvren linivè a, nou ‘abite lakay li’ antanke Sila a k ap ban nou sekirite a e nou preche bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14). Kidonk, ‘okenn malè pap tonbe sou nou’, pa menm youn nan malè yo pale de yo anvan sa nan liv Sòm nan. Menm lè nou jwenn menm malè ak lòt moun tankou tranblemanntè, siklòn, inondasyon, gwo gangou ak gwo ravaj lagè, bagay sa yo pa detwi lafwa nou ak sekirite nou genyen nan domèn espirityèl.
Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo tankou etranje k ap viv anba tant apa nan sistèm sa a (1 Pyè 2:11). ‘Pa menm yon kalamite pap pwoche bò tant yo’. Kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl, kit se sou tè a n ap rete, nou pa fè pati monn sa a e nou pa kite flewo tankou imoralite, materyalis, fo relijyon ak adorasyon “bèt sovaj” la ak “imaj” li a, anpalan de Nasyonzini, gen enfliyans sou nou etandone yo ka touye nou nan domèn espirityèl. — Revelasyon 9:20, 21; 13:1-18; Jan 17:16.
Men sa youn nan moun ki te ekri liv Sòm nan te ajoute konsènan pwoteksyon nou genyen an: “L ap [Jewova] bay zanj li yo lòd pou yo pwoteje w kèlkeswa kote w ale. Y ap pote w nan men yo pou w pa frape pye w nan okenn wòch.” (Sòm 91:11, 12). Yo bay zanj yo pouvwa pou yo pwoteje nou (2 Wa 6:17; Sòm 34:7-9; 104:4; Matye 26:53; Lik 1:19). Yo pwoteje nou ‘kèlkeswa kote n ale’. (Matye 18:10.) Zanj yo gide pwoklamatè Wayòm yo e yo pwoteje yo, konsa, yo pa bite nan domèn espirityèl (Revelasyon 14:6, 7). Menm “wòch” tankou entèdiksyon yo met sou travay nou yo pa rive fè nou bite epi pèdi favè Bondye.
Men sa salmis la kontinye ekri: “W ap mache sou jenn lyon an e sou kobra a, w ap pilonnen jenn lyon an ak gwo koulèv la.” (Sòm 91:13). Menm jan ak yon jenn lyon ki konn atake dirèkteman, kèk nan ènmi nou yo konn aji menm jan an pou yo montre aklè yon kont nou. Lè konsa yo vote yon seri lwa pou kanpe travay predikasyon an. Men, konn gen atak tou ki sanble ak lè yon kobra ap atake sanzatann. Pafwa, anba anba, moun ki alatèt Legliz yo konn ap pouse moun ki fè lwa yo, jij yo ak lòt moun ankò pou atake nou. Men, grasa èd Jewova, n al nan tribinal avèk yo pou nou remete bagay yo annòd san bri san kont, konsa, nou ‘defann bon nouvèl la e nou fè rekonèt li devan lajistis’. — Filipyen 1:7; Sòm 94:14, 20-22.
Moun ki te ekri nan liv Sòm nan pale de “pilonnen jenn lyon an ak gwo koulèv la”. Jenn lyon yo konn mechan anpil e gwo koulèv yo konn gwo anpil tou (Ezayi 31:4). Sepandan, kèlkeswa mechan jenn lyon an kapab mechan lè l ap atake dirèkteman, nan yon sans, nou rive pilonnen l lè n obeyi Bondye olye nou obeyi lèzom oswa òganizayon lèzòm yo ki aji tankou lyon (Travay 5:29). Kidonk, “lyon” k ap menase n nan pa rive fè nou anyen menm nan domèn espirityèl.
Nan tradiksyon Labib grèk ki rele Septant lan, yo bay “gwo koulèv la” non “dragon”. Sa ka fè nou panse ak “gwo dragon an [...], li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an”. (Revelasyon 12:7-9; Jenèz 3:15.) Li sanble ak yon gwo tonton bèt kat pat k ap rale sou vant e ki gen kapasite pou l ni kraze bèt li vle pran an ni vale l (Jeremi 51:34). Lè Satan ap chèche pran nou nan pyèj, lè l ap sèvi ak presyon ki gen nan monn nan pou l kraze nou epi vale nou, nou dwe souke kò n jiskaske “gwo koulèv” sa a lage n epi nou dwe kraze l anba pye n (1 Pyè 5:8). Rès moun ki gen esperans pou y al nan syèl yo gen pou yo fè sa pou yo ka patisipe nan reyalizasyon pawòl ki nan Women 16:20 an.
Jewova se sous delivrans nou
Men sa moun ki te ekri nan liv Sòm nan te di pou l prezante Bondye k ap pale konsènan vrè sèvitè l la: “Piske li renmen m anpil, m ap delivre l. M ap pwoteje l paske li konnen non m.” (Sòm 91:14). Yo ka tradui “m ap pwoteje l” la nan yon sans literal e yo ka di “m ap mete I anwo”, sa vle di yon kote moun pa ka touche l. Etandone n ap adore Jewova, nou pran refij nan li, sitou paske ‘nou renmen l anpil’. (Mak 12:29, 30; 1 Jan 4:19.) Bondye, bò kote pa l, ‘delivre n’ anba men ènmi nou yo. Yo pap janm rive elimine nou sou tè a. Okontrè, n ap rive chape paske nou konnen non Bondye e nou envoke non sa a ak lafwa (Women 10:11-13). Epi nou detèmine pou nou ‘mache nan non Jewova, Bondye nou an, pou tout tan gen tan’. — Miche 4:5; Ezayi 43:10-12.
Fouye pou n ka jwenn trezò espiritiyèl
w07-F 15/7 32 § 3-4
“Yon temwen fidèl nan syèl la”
Sa gen plis pase 3 000 an, Jewova Dye te fè alyans konsènan Wayòm nan ak wa David ki t ap viv nan Izaryèl tan lontan an (2 Samyèl 7:12-16). Alyans sa a te sèvi kòm baz legal pou Jezi Kris, antanke eritye David, vin posede twòn David la pou toutan (Ezayi 9:7; Lik 1:32, 33). Men sa yon moun ki te ekri nan liv Sòm nan te ekri konsènan twòn “desandan” David la: “L ap la pou toutan menm jan ak lalin nan, ki tankou yon temwen fidèl nan syèl la.” — Sòm 89:36, 37.
‘Gwo limyè pou klere lannuit lan’, anpalan de lalin nan, se yon egzanp ki byen tonbe pou pèmèt nou sonje Kris ap dirije pou toutan (Jenèz 1:16). Men sa Dànyèl 7:14 di konsènan Wayòm Kris la: “Pouvwa l genyen pou l dirije a la pou toutan, pouvwa sa a pap disparèt, e yo pap detwi wayòm li an.” Lalin lan se yon temwen ki fè nou sonje Wayòm sa a ak tout benediksyon li pral pote pou limanite.
w06-F 15/7 13 § 4
Pwen enteresan ki nan liv Sòm yo — twazyèm ak katriyèm liv
90:10, 12. Piske lavi a kout, nou dwe “byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo”. Ki jan nou ka fè sa? Se lè nou “vin gen sajès nan kè nou” oubyen lè nou aprann aji ak sajès yon fason pou n pa gaspiye jou nou rete pou n viv yo, men pito pou n itilize yo yon fason ki fè Bondye plezi. Sa mande pou nou fikse priyorite nan domèn espirityèl epi montre nou saj nan fason n ap sèvi ak tan nou. — Efezyen 5:15, 16; Filipyen 1:10.
w01-F 15/11 13 § 19
Jewova montre nou ki jan pou nou byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo
Pawòl moun ki te ekri nan liv Sòm nan te ekri yo se yon priyè li te fè Jewova pou l mande l anseye pèp li a ki jan pou yo montre yo saj nan fason y ap sèvi ak jou yo genyen pou yo viv yo fason Jewova apwouve a. Lè yon moun gen esperans viv 70 an sa ba l posiblite viv anviwon 25 500 jou. Sepandan, kèlkeswa laj nou genyen, nou pa konnen ki jan lavi nou ap ye, “nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen, piske nou se yon vapè ki parèt pou yon ti tan e apre ki disparèt”. (Jak 4:13-15.) Etandone ‘move moman ak malè rive sou nou tout sanzatann’, nou pa kapab di pou konbyen tan n ap viv. Se sa k fè, annou priye Bondye pou l ban n sajès pou n ka fè fas ak eprèv yo, pou n trete lòt moun kòmsadwa e pou n fè tout sa n kapab nan sèvis n ap bay Jewova a depi kounye a (Eklezyas 9:11; Jak 1:5-8). Jewova ap gide nou pa mwayen Pawòl li a, lespri l ak òganizasyon l lan (Matye 24:45-47; 1 Korentyen 2:10; 2 Timote 3:16, 17). Lè nou vin gen sajès, sa ankouraje nou ‘chèche Wayòm Bondye a an premye’ epi sèvi ak tan nou yon fason ki bay Jewova glwa e ki fè kè l kontan (Matye 6:25-33; Pwovèb 27:11). Se vre lè nou adore Jewova ak tout kè n, sa pap elimine pwoblèm yo, men pa gen dout sa fè nou gen kè kontan.
8-14 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 92-101
“Yo kontinye bay fwi nan domèn espiritiyèl pandan yo aje”
w07-F 15/9 32
“Menm lè yo vin granmoun, y ap kontinye bay fwi”
Anpil moun ki nan peyi nan zòn Meditèrane yo plante anpil pye dat [Phoenix dactylifera] nan lakou yo. Yo rekonèt pyebwa sa yo kòm pyebwa ki bèl anpil e ki bay bon fwi. Anplis de sa, yo kontinye bay fwi pandan plis pase santan.
Wa Salomon te yon wa ki t ap dirije Izrayèl nan tan lontan, e nan youn nan powèm li te ekri yo, li te konpare bèl wotè yon fi Choulamit ki te bèl anpil ak yon pye dat (Chante Salomon an 7:7). Men sa yon liv fè konnen: “Mo ebre lè yo tradui l yo mete pye palmye a se ‘tama’ [...]. Juif yo te konn itilize l pou yo dekri yon bagay ki byen kanpe epi ki chèlbè. Byen souvan, yo te konn asosye l ak fi.” (Plants of the Bible). Pa egzanp, Salomon te gen yon sè bò kot papa l ki te bèl anpil ki te rele Tama (2 Samyèl 13:1). Pou jis kounye a, gen kèk paran ki rele pitit yo konsa.
Se pa bèl fi yo sèlman yo te konn konpare ak pye palmye. Paske, men sa yon moun ki te ekri nan liv Sòm nan te ekri nan yon chante: “Men, moun ki jis la gen pou l vin bèl menm jan ak yon pye palmye, li gen pou l vin gwo menm jan ak yon pye sèd nan Liban. Se lakay Jewova yo plante yo, y ap fleri nan lakou Bondye nou an. Menm lè yo vin granmoun, y ap kontinye bay fwi, y ap toujou djanm, y ap toujou fre.” — Sòm 92:12-14.
Nan yon sans senbolik, moun k ap sèvi Bondye fidèlman pandan yo vin granmoun sanble anpil ak bèl pye palmye sa a. Labib fè konnen “cheve blan se yon bèl kouwòn sou tèt moun k ap mache nan chemen ki dwat la”. (Pwovèb 16:31.) Byenke fòs moun ki aje yo ap bese tank ane yo ap pase, yo kapab kenbe fòs yo nan domèn espirityèl lè yo kontinye fouye nan Labib, Pawòl Bondye a (Sòm 1:1-3; Jeremi 17:7, 8). Bèl ti pawòl moun sa yo di nou ak bèl egzanp yo ban nou fè yo se yon gwo sous ankourajman pou lòt moun e sa fè yo kontinye bay fwi tou tank ane yo ap pase (Tit 2:2-5; Ebre 13:15, 16). Moun aje yo kapab kontinye bay fwi pandan yo granmoun.
w06-F 15/7 13 § 2
Pwen enteresan ki nan Sòm yo — twazyèm ak katriyèm liv
92:12 — Nan ki sans moun ki jis la “bèl menm jan ak yon pye palmye”? Yo rekonèt pye palmye kòm yon pye bwa ki bay anpil fwi. Yon moun jis tankou yon pye palmye nan sans moun sa a dwat nan je Jewova e li kontinye bay “bon fwi”, sa gen ladan l tou bon travay l ap fè. — Matye 7:17-20.
22-28 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 106-109
“Di Jewova mèsi”
w02-F 1/6 18 § 19
Pran plezi nan jistis Jewova
Nan jou sa yo ki bay laperèz e ki pa bay okenn garanti, lè yon moun pran plezi nan jistis Jewova, sa fè l santi l an sekirite e sa ba l pwoteksyon. Men ki jan wa David te reponn kesyon ki vin annapre yo: “O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre?” David te reponn: “Se moun ki toujou aji byen, ki fè sa ki dwat, ki pale laverite nan kè l.” (Sòm 15:1, 2). Lè nou kontinye chèche jistis Bondye e nou pran plezi nan li, n ap kontinye gen yon bon relasyon avè l e n ap kontinye jwenn favè l ak benediksyon l. Kidonk, n ap vin gen yon vi ki bay satisfaksyon, ki fè nou gen respè pou tèt nou e ki pèmèt lespri nou anpè. Pawòl Bondye a fè konnen: “Moun k ap chèche fè sa ki dwat e k ap chèche lanmou ki fidèl ap vin dwat, e y ap jwenn lavi ak glwa.” (Pwovèb 21:21). Anplis de sa, lè yon moun chèche fè tout sa l kapab pou l fè sa ki jis e ki dwat nan tout sa l ap fè, sa fè l vin gen bon relasyon ak lòt moun e sa fè l viv pi byen ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Men sa yon moun ki te ekri nan liv Sòm nan te ekri: “Byennere moun ki aji yon fason ki jis, ki toujou fè sa ki dwat.” — Sòm 106:3.
w01-F 15/6 13 § 1-3
Nou pa dwe tande pou nou bliye
“NOU pap janm bliye yo”. Se t ap yon bon fason pou moun konsidere mirak Jewova te fè ann Ejip yo sa gen plizyè milye ane. Pa gen dout nan sa, chak grenn flewo sa yo te yon bagay ekstrawòdinè. Mete sou sa, Jewova te fè yon lòt gwo mirak ankò lè l te ouvè Lanmè Wouj de bò pou l te ka delivre pèp Izrayèl la (Detewonòm 34:10-12). Si w te wè mirak sa yo ak de je w, li pwobab pou w pa t janm bliye Moun ki te fè yo. Epoutan, gade sa yon moun ki te ekri nan liv Sòm nan te ekri nan yon chante li te konpoze: “Yo [Izrayelit yo] te bliye Bondye, Sovè yo a, ki te fè yon seri gwo aksyon ann Ejip, ki te fè yon seri bagay estrawòdinè nan peyi Kam nan e ki te fè yon seri aksyon estrawòdinè nan Lanmè Wouj.” — Sòm 106:21, 22.
Apre Izrayelit yo te fin travèse Lanmè Wouj, yo te “vin gen lakrentif pou Jewova, e yo te vin gen lafwa ni nan Jewova, ni nan Moyiz, sèvitè l la”. (Egzòd 14:31.) Moyiz ak mesye Izrayelit yo te met ansanm pou yo chante yon chan viktwa pou Jewova, e Miryam ak medam yo, bò kote pa yo, te pran bat tanbouren toutpandan yo t ap danse (Egzòd 15:1, 20). Vrèmanvre, mirak Jewova te fè yo ki te montre jan l gen anpil pisans te fè pèp Bondye a sezi anpil. Sepandan, yo pa t pran lontan pou yo te bliye Moun ki te fè bèl aksyon sa yo. Yon ti tan annapre, anpil nan yo te kòmanse aji tankou moun ki pèdi memwa yon fason egzajere. Yo te kòmanse ap bougonnen epi plenyen kont Jewova. Gen nan yo ki te tonbe nan adore zidòl ak pratike imoralite seksyèl. — Nonb 14:27; 25:1-9.
Ki bagay konsa ki kapab fè nou bliye?
Sa vrèman etonan pou Izrayelit yo te manke rekonesans pou Jewova jis nan pwen sa a. Sepandan, menm bagay la kapab rive nou tou. Se vre, nou pa t wè Bondye ki t ap fè mirak sa yo ak de je nou, men, depi lè nou vin zanmi Bondye, se sèten nou viv plizyè bagay ki merite pou nou toujou sonje yo. Se gendwa, lè nou te aksepte verite ki nan Bib la. Oubyen ankò, lè nou te vwe lavi nou ba li e nou te batize pou n vin yon vrè kretyen. Nan divès moman nan lavi nou, nou te ka santi men Jewova k ap ede nou (Sòm 118:15). Anplis de sa, grasa lanmò Jezi Kris, pwòp Pitit Gason Bondye a, ki te sakrifye lavi l pou nou an, nou vin gen esperans pou n jwenn delivrans (Jan 3:16). Men, etandone nou enpafè, li gendwa fasil anpil pou n bliye tout bon gagay Jewova te fè pou nou yo lè n ap fè fas ak dezi ki pa kòrèk ak lè n devan enkyetid ki gen nan lavi a.
Fouye pou n ka jwenn trezò espiritiyèl
w00-F 15/12 24 § 20
Rete djanm e kenbe konviksyon w genyen an fèm
Nou pa dwe distrè oswa dekouraje lefètke nou konnen se pa tout moun ki rete djanm e ki kenbe konviksyon yo genyen an fèm. Gen moun ki gendwa vin ap febli nan domèn espirityèl, yo ka kite lòt moun fè yo devye oswa yo ka jis bay vag. Gen yon bagay konsa ki te rive pami moun ki te vrèman pwòch Jezi yo, anpalan de apot yo. Sepandan, lè Jida te vin yon trèt, èske lòt apot yo te vin dekouraje epi kite sa? Non, sa pa t rive! Pyè te aplike pawòl nou jwenn nan Sòm 109:8 yo pou l te montre yon lòt moun t ap ranplase Jida. Vrèmanvre, yo te chwazi yon moun pou ranplase l e moun ki te fidèl ak Bondye yo te kontinye aktivite predikasyon an (Travay 1:15-26). Yo te detèmine pou yo rete djanm e pou yo kenbe konviksyon yo genyen an fèm.
it-2-F 646-647
Konnen alavans, Predestinasyon
Èske Bondye te destine Jida kòm moun ki t ap trayi Jezi yon fason pou pwofesi yo te ka akonpli?
Aji Jida te aji an trèt la te tou akonpli plizyè pwofesi e sa te montre jan Jewova ak Jezi gen kapasite pou yo konnen alavans yon seri bagay ki gen pou rive alavni (Sòm 41:9; 55:12, 13; 109:8; Travay 1:16-20). Sepandan, nou pa ka di se Bondye menm ki te chwazi Jida pou l akonpli pwofesi yo. Pwofesi yo te anonse se yon moun Jezi te byen konnen ki t ap trayi l, men yo pa t presize kiyès nan moun ki te pwòch li yo ki t ap fè sa. Yon lòt fwa ankò, prensip biblik yo montre Bondye pa t gentan deside alavans se Jida menm ki t ap trayi Jezi. Men sa apot Pòl te di konsènan yon prensip Bondye bay: “Pa janm prese poze men w sou okenn moun. Pa patisipe nan peche lòt moun nonplis. Rete pwòp.” (1 Timote 5:22; konpare ak 3:6). Youn nan bagay ki montre sa aklè, se sousi Jezi te genyen pou l byen chwazi 12 apot yo. Jezi fè tout yon nuit ap priye Papa l anvan menm li chwazi yo (Lik 6:12-16). Si Bondye te gentan chwazi Jida pou l vin yon trèt, sa t ap montre direksyon Bondye bay yo ak fason l dirije pa gen amoni ladan yo, epi li t ap pase pou yon moun ki konplis nan peche Jida a.
Kidonk, sanble lè Bondye te chwazi Jida pou l vin yon apot, li pa t gen okenn tras nan kè l ki te montre li t ap gen pou l vin yon trèt pi devan. Jida te kite yon ‘rasin anpwazonnen pouse’ nan li epi fè l devye, e sa te vin fè li te sispann suiv direksyon Bondye t ap ba li a. Li te vin kite Dyab la fè l vin yon vòlè e yon trèt (Ebre 12:14, 15; Jan 13:2; Travay 1:24, 25; Jak 1:14, 15; gade JUDAS No 4). Anvan menm Jida te fin ale nèt, Jezi te gentan wè sa k nan kè Jida e li te menm anonse Jida t apral trayi l. — Jan 13:10, 11.
Se vre, selon Jan 6:64, apre kèk nan disip Jezi yo pa t konprann yon seri bagay Jezi te anseye, yo di “depi okòmansman [“depi nan konmansman”, Bib la] Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo, e li te konnen moun ki t apral trayi l la”. Byenke, yo itilize mo “okòmansman” an (ake, an grèk) nan 2 Pyè 3:4 pou fè referans ak lè Bondye te kòmanse a, yo konn itilize l tou pou fè referans ak lòt moman tou (Lik 1:2; Jan 15:27). Pa egzanp, lè apot Pyè t ap pale konsènan moman lespri sen te desann sou moun nasyon yo, li te di “menm jan l te desann sou nou tou okòmansman an”. Se sèten, lè sa a, li pa t ap pale konsènan moman li te fèk vin yon disip oswa yon apot, men pito li t ap fè referans ak yon lòt aspè ki te enpòtan nan travay predikasyon l te fè a, anpalan de jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, moman kote Bondye te ‘kòmanse’ bay lespri sen l nan yon objektif byen presi (Travay 11:15; 2:1-4). Kidonk, li vrèman enteresan pou n li kòmantè sa a yon liv fè sou Jan 6:64 la (Lange’s Commentary on the Holy Scriptures, p. 227): “Okòmansman an [...] pa vle di okòmansman lè yo te kòmanse kreye tout bagay nan sans metafizik [...], ni li pa vle di tou okòmansman lè [Jezi] te ap fè konesans ak chak moun, li pa vle di nonplis kòmansman lè li te rasanble disip yo bò kote l, oubyen kòmansman travay li te fè antanke Mesi [...], men li gen rapò ak premye grenn semans sekrè li te simen ki te fè kèk moun pa kwè [sa ki te fè kèk nan disip yo bite]. Kidonk, depi okòmansman li te konnen ki moun ki t apral trayi l.” — Se P. Schaff, 1976, ki te tradui epi enprime l; konpare ak 1J 3:8, 11, 12.
29 OUT - 4 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 110-118
“Ki sa m ka bay Jewova?”
w87-F 3/15 24 § 5
Bondye gen kè kontan e pèp li a gen kè kontan!
◆ 116:3 — Ki sa ki “kòd lanmò yo”?
Sanble moun ki te ekri nan liv Sòm nan te santi li pa t ka chape anba lanmò, se kòmsi lanmò te mare l byen di ak plizyè kòd ki pa t ka kase. Lè yo mare yon moun byen di ak yon kòd, sa lakòz moun nan vin ap soufri, oswa gen gwo doulè, e tradiksyon Septant grèk la mete “doulè” nan plas mo “kòd”. Donk, lè Jezi Kris te mouri li te anba grif oswa doulè lanmò ki te anpeche l bouje. Konsa, lè Jewova te resisite Jezi ‘li te delivre l anba grif lanmò’. — Travay 2:24.
w98-F 1/12 24 § 3
Nou kanpe nan papòt yon gwo aktivite
Twa moun ki anseye nan Lekòl Galaad te fè diskou ki annapre yo. Karl Adams te pale an premye sou sijè sa a ki di: “Ki sa m ka bay Jewova?” Li te baze diskou l la sou Sòm 116. Li pwobab pou Jezi te chante sòm sa a nan nuit anvan l mouri a (Matye 26:30). Ki sa k te pase nan tèt Jezi pandan l t ap chante pawòl sa yo ki di: “Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen?” (Sòm 116:12). Petèt li t ap panse ak kò pafè Jewova te prepare pou li a (Ebre 10:5). Nan demen, li t apral ofri kò sa a kòm sakrifis yon fason pou l te pwouve jis nan ki pwen li renmen Bondye. Etidyan ki nan 105yèm klas la te goute jan Jewova bon pandan senk mwa ki sot pase yo. Kounye a, yo pral montre jan yo renmen Bondye nan fason yo pral travay di nan sèvis yo antanke misyonè.