Matye
10 Li fè douz disip li yo vin jwenn li, li ba yo pouvwa sou movèzespri pou yo ka chase yo, e li ba yo pouvwa pou yo geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
2 Men non douz apot yo: toudabò, Simon, ki rele Pyè tou, ak Andre, frè l la; ansuit, Jak ansanm ak frè l la, Jan, de pitit Zebede; 3 Filip ak Batèlmi; Toma ak Matye, pèseptè a; Jak, pitit Alfe, ak Tade; 4 Simon, Kananeyen* an, ak Jida Iskaryòt, li menm ki te trayi Jezi annapre.
5 Jezi voye yo douz la, e men lòd li ba yo: “Pa al kot moun ki nan nasyon yo, e pa antre nan yon vil samariten. 6 Men okontrè, ale sèlman kot mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la. 7 Toutpandan NOU prale, preche. Men sa pou NOU di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’ 8 Geri moun ki malad. Resisite moun ki mouri. Geri moun ki gen lèp. Chase demon. Se gratis NOU te resevwa, se gratis pou NOU bay. 9 Pa chèche gen ni lò, ni ajan, ni kuiv pou NOU mete nan bous NOU konn met nan senti NOU. 10 Pa chèche gen ni sak pou pwovizyon pou vwayaj la, ni de rad, ni sandal, ni baton. Paske, ouvriye a merite pou yo ba l manje.
11 “Nan kèlkeswa vil oswa bouk NOU antre, chèche yon moun ki diy ladan l, rete lakay li jiskaske NOU ale. 12 Lè N ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la. 13 Si kay la diy, se pou lapè NOU swete l la vin sou li. Men, si li pa diy, se pou lapè NOU an retounen vin jwenn NOU. 14 Si yon moun pa resevwa NOU oswa si l pa koute pawòl NOU, lè N ap kite kay sa a oswa vil sa a, souke pousyè ki nan pye NOU*. 15 Anverite m ap di NOU sa: Jou Jijman an, y ap gen plis pitye pou moun peyi Sodòm ak Gomò yo pase pou moun vil sa a.
16 “Gade! M ap voye NOU tankou mouton nan mitan lou. Kidonk, se pou NOU pridan tankou sèpan, e se pou NOU inosan tankou pijon. 17 Pran prekosyon NOU ak moun yo. Paske, y ap rele NOU nan tribinal, e y ap bat NOU ak kout fwèt nan sinagòg yo. 18 Wi, y ap mennen NOU devan gouvènè, devan wa, poutèt mwen. Konsa, N ap ka bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj. 19 Men, lè yo rele NOU nan tribinal, pa enkyete NOU pou fason N ap gen pou NOU pale oswa pou sa N ap gen pou NOU di, paske N ap konnen sa N ap gen pou NOU di a lè lè a rive. 20 Paske, se pa NOU menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa NOU k ap pale nan NOU. 21 Anplis de sa, frè pral livre frè l pou yo touye l, e papa pral livre pitit li. Pitit ap leve kont manman yo ak papa yo e y ap fè touye yo. 22 Epi tout moun ap rayi NOU poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove. 23 Lè yo pèsekite NOU nan yon vil, kouri al nan yon lòt. Paske, anverite m ap di NOU sa: NOU pap gentan fin pase nan tout vil Izrayèl yo anvan Pitit lòm nan vini.
24 “Yon disip pa siperyè moun k ap anseye l la, e yon esklav pa siperyè mèt li. 25 Si yon disip vin tankou moun k ap anseye l la, sa sifi pou li. E si yon esklav vin tankou mèt li, sa sifi pou li. Si yo rele mèt kay la Beyèlzeboub*, se pa moun lakay li yo pap rele konsa! 26 Se sa k fè, NOU pa bezwen pè yo. Paske, pa gen anyen ki kouvri ki pap vin dekouvri, e pa gen anyen ki sekrè moun pap vin konnen. 27 Sa m di NOU nan fènwa, di l nan limyè. E sa m di NOU nan zòrèy, preche l sou do kay. 28 Pinga NOU pè moun ki ka touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan. Men pito, se pou NOU pè sila a ki ka detwi ni nanm nan ni kò a nan jeyèn* nan. 29 Èske yo pa vann de tikit pou yon ti pyès monnen ki pa gen anpil valè? Epoutan, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san Papa NOU pa konnen. 30 Men NOU menm, li konte ata branch cheve nan tèt NOU. 31 Se sa k fè, NOU pa bezwen pè: NOU gen plis valè pase yon bann tikit met ansanm.
32 “Donk, nenpòt moun ki deklare devan lèzòm li ann inyon avè m, mwen menm tou, m ap deklare devan Papa m ki nan syèl la mwen ann inyon avè l. 33 Men, yon moun ki nye m devan lèzòm, mwen menm tou, m ap nye l devan Papa m ki nan syèl la. 34 Pinga NOU panse se lapè mwen vin met sou latè. Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon*. 35 Paske, mwen vin met divizyon ant yon pitit gason ak papa l, ant yon pitit fi ak manman l, ant yon jèn madan marye ak bèlmè l. 36 Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li. 37 Yon moun ki gen plis afeksyon pou papa l oswa pou manman l pase m, pa merite pou l disip mwen, e yon moun ki gen plis afeksyon pou pitit gason l oswa pou pitit fi l pase m, pa merite pou l disip mwen. 38 E kèlkeswa moun ki pa pran poto soufrans li pou l suiv mwen, li pa merite pou l disip mwen. 39 Yon moun k ap chèche sove nanm li, l ap pèdi l, e yon moun ki pèdi nanm li poutèt mwen, l ap jwenn li.
40 “Yon moun ki resevwa NOU, li resevwa m tou, e yon moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan tou. 41 Yon moun ki resevwa yon pwofèt paske se yon pwofèt, l ap jwenn menm rekonpans ak yon pwofèt. Menm jan an tou, yon moun ki resevwa yon moun ki jis paske se yon moun ki jis, l ap jwenn menm rekonpans ak yon moun ki jis. 42 E kèlkeswa moun ki bay youn nan piti sa yo li te mèt se yon sèl vè dlo fre pou l bwè poutèt li se yon disip, anverite m ap di NOU sa, moun sa a pa gendwa pèdi rekonpans li.”