3 Jezi — Yon moun ki tankou Bondye
Jan 1:1 — “e Pawòl la te yon dye (tankou Bondye)”
An grèk: καὶ θεὸς ἦν ὁ λόγος (kay teyòs èn ho logòs)
1808 |
|
The New Testament, in An Improved Version, Upon the Basis of Archbishop Newcome’s New Translation: With a Corrected Text, Lonn. |
1864 |
|
The Emphatic Diaglott (J21, interlinear reading), se B. Wilson ki tradui l, Nouyòk ak Lonn. |
1879 |
|
La Sainte Bible — Nouveau Testament, se H. Oltramare, ki tradui l. — Pari. |
1925 |
|
Pages choisies des Évangiles, se H. Pernot ki tradui l. — Pari. |
1963 |
|
Les Écritures grecques chrétiennes—Traduction du monde nouveau, se Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania ki tradui l. — Nouyòk |
1978 |
|
Das Evangelium nach Johannes, se Johannes Schneider ki tradui l. — Bèlen. |
1979 |
|
Das Evangelium nach Johannes, se Jürgen Becker ki tradui l. — Würzburg, Almay. |
Tradiksyon sa yo sèvi ak ekspresyon “yon dye,” oswa “tankou Bondye” paske mo grèk θεός (teyòs) la se yon non ki parèt anvan vèb la e ki pa gen atik defini devan l. Se yon teyòs yo itilize san atik. Yo sèvi ak ekspresyon grèk ὁ θεός la, ki vle di, teyòs ki gen atik defini ho a devan l pou pale de Bondye kote Pawòl la, oswa Logos la, soti a. Teyòs sa a se yon teyòs ki gen atik defini devan l. An grèk, lè yo mete yon atik devan non an, yo vle pale de sa yon moun ye, alòske lè non ki pa gen atik la vin anvan vèb la, yo vle pale de yon kalite moun nan genyen. Se sa k fè, lè Jan te di Pawòl la, oswa Logos la, te “yon dye” oswa te “tankou Bondye”, ekspresyon sa a pa vle di li te Bondye li te ansanm avèk li a. Ekspresyon an sèlman vle pale de yon kalite Pawòl la, oswa Logos la, genyen, men li pa idantifye l kòmkwa li te Bondye tou.
Nan tèks grèk la, gen anpil ka kote gen yon non ki pa gen atik defini devan yon vèb. Pa egzanp, gade Mak 6:49; 11:32; Jan 4:19; 6:70; 8:44; 8:48; 9:17; 10:1, 13, 33; 12:6; 18:37. Nan vèsè sa yo, tradiktè yo mete atik endefini “yon” an anvan non an yon fason pou moun ka wè ki kalite moun y ap pale de li a genyen. Pou menm rezon yo mete atik endefini an anvan non an nan vèsè sa yo, se pou menm rezon an yo mete atik endefini “yon” an devan mo θεός la ki pa gen atik la nan Jan 1:1. Se sa k fè lè yo tradui l li bay “yon dye”. Selon Ekriti sakre yo, fason sa a yo tradui ekspresyon sa a se bon fason an.
Nan yon atik ki rele “Qualitative Anarthrous Predicate Nouns: Mark 15:39 and John 1:1 [Lè yo itilize non yo san atik, yo jwe wòl adjektif: Mak 15:39 ak Jan 1:1]” ki te parèt nan yon jounal (Journal of Biblical Literature, vol. 92, Filadèlfi, 1973, p. 85), Philip Harner di premye sans jan de ekspresyon sa yo tankou sa nou jwenn nan Jan 1:1 an “ki gen yon non san atik defini devan vèb la, se pou di ki kalite yon moun genyen. Yo montre logòs la tankou Bondye. Pa gen anyen ki montre mo teyòs la se moun nan menm.” Nan paj 87 atik la, men ki konklizyon Harner fè: “Nan Jan 1:1, mwen panse li tèlman klè lè mo sa a san atik la se de kalite moun nan genyen an y ap pale, sa fè yon moun pa ka konsidere se de sa moun y ap pale a de li a ye a y ap pale.”
a Yo tradui l apati anglè.
b Yo tradui l apati anglè.
c Yo tradui l apati fransè.
d Yo tradui l apati fransè.
e Yo tradui l apati fransè.
f Yo tradui l apati alman.
g Yo tradui l apati alman.