4 “Fònikasyon” — Tout relasyon seksyèl ki pa konfòm ak lwa Bondye
Matye 5:32 — an grèk: πορνεία (pòneya); an laten: fornicatio (fònikasyo)
Sans mo grèk pòneya a laj anpil. Dapre definisyon M. Carrez bay, mo pòneya a gen sans: “fònikasyon, pwostitisyon, rapò seksyèl ki pa konfòm ak lwa Bondye.” (Dictionnaire grec-français du Nouveau Testament, Pari, 1971, p. 203; gade sa Bauer di tou, nan p. 693).
Gen yon diksyonè (Theological Dictionary of the New Testament, Vol. VI, p. 592) ki fè kòmantè sou pawòl Jezi te di nan Matye 5:32 ak nan Matye 19:9. Men sa l di: “πορνεία [pòneya] gen rapò ak relasyon seksyèl andeyò maryaj.” Konsa, Ekriti yo sèvi ak mo pòneya a anrapò ak moun ki marye. Menm diksyonè sa a fè yon kòmantè nan paj 594 la konsènan Efezyen 5:3, 5. Li fè konnen Pòl “rann li kont se pa tout moun ki ka kontwole tèt yo pou yo pa gen rapò seksyèl (1Ko 7:7). Yon moun ki pa marye, e ki pa ka kontwole tèt li, dwe suiv konsèy Bondye bay nan 1Ko 7:2 a ki di pou l marye legalman. Konsa, l ap pwoteje tèt li kont malè fònikasyon pote.” Kidonk, Ekriti yo sèvi ak mo pòneya a tou anrapò ak moun ki pa marye, ki gen rapò seksyèl oswa k ap pratike yon seri bagay nan domèn seksyèl ki pa konfòm ak lwa Bondye.—Gade 1 Korentyen 6:9.
Men kòmantè B. F. Westcott, youn nan moun ki te ekri tèks Westcott ak Hort an grèk la, fè sou plizyè sans mo pòneya a genyen nan Ekriti yo nan yon nòt sou Efezyen 5:3 ki parèt nan yon liv li ekri (Saint Paul’s Epistle to the Ephesians, Lonn ak Nouyòk, 1906, p. 76): “Se yon mo yo itilize pou tout rapò seksyèl ki pa konfòm ak lwa Bondye, tankou (I) adiltè: Och. ii. 2, 4 (LXX.); Mat. v. 32; xix. 9; (2) maryaj ki pa fèt selon lalwa, I Kor. v. I; (3) fònikasyon, nan sans jeneral tankou nan ka sa a [Efezyen 5:3].” Lè li di “sans jeneral”, natirèlman l ap pale de sans li genyen nan epòk nou an, yon sans limite ki gen rapò sèlman ak moun ki pa marye.
Mete sou sans sa a ki se yon sans literal, gen kèk kote nan Liv ki te ekri an grèk yo mo pòneya a gen yon sans senbolik. Anrapò ak sans sa a, men sa yon liv di anba tit pòneya a: “apostazi anrapò ak vrè lafwa a, yon apostazi yon moun ka fè nèt oswa li ka pa fè nèt, se lè yon moun kite vrè Dye a, Jewova, pou suiv lòt dye [4Wa 9:22; Jr 3:2, 9; Och 6:10 etc.; rezon an se paske yo te konsidere relasyon Bondye te gen avèk pèp li a te tankou yon maryaj nan sans espirityèl]: Re 14:8; 17:2, 4; 18:3; 19:2.” (Lexicon Graecum Novi Testamenti, twazyèm edisyon 1961, kolòn 1106) (Se F. Zorell ki ekri l, e se li menm ki mete kwochè yo ak mo yo ann italik; 4Wa, ki parèt nan LXX lan koresponn ak 2 Wa nan tèks Masorèt yo.)
Mo pòneya a parèt 25 fwa nan tèks grèk ki vin annapre yo: Matye 5:32; 15:19; 19:9; Mak 7:21; Jan 8:41; Travay 15:20, 29; 21:25; 1 Korentyen 5:1; 6:13, 18; 7:2; 2 Korentyen 12:21; Galat 5:19; Efezyen 5:3; Kolosyen 3:5; 1 Tesalonisyen 4:3; Revelasyon 2:21; 9:21; 14:8; 17:2, 4; 18:3; 19:2.
Nan Tradiksyon monn nouvo a, yo mete “pratike fònikasyon” oswa “fè fònikasyon” pou yo tradui vèb pòneyo a, ki soti nan menm rasin ak mo porneia a, e vèb sa a parèt uit fwa: 1 Korentyen 6:18; 10:8, 8; Revelasyon 2:14, 20; 17:2; 18:3, 9.
Vèb ekpòneyo a, ki soti nan menm rasin nan, parèt yon sèl fwa nan Bib la nan Jid 7, e Tradiksyon monn nouvo a tradui l konsa: “benyen nan fònikasyon”.
Pou mo pòne a, ki soti nan menm rasin nan, Tradiksyon monn nouvo a mete “pwostitye” pou li, e li parèt nan 12 vèsè sa yo: Matye 21:31, 32; Lik 15:30; 1 Korentyen 6:15, 16; Ebre 11:31; Jak 2:25; Revelasyon 17:1, 5, 15, 16; 19:2.
Pou mo pònòs la, ki soti nan menm rasin nan, Tradiksyon monn nouvo a mete “moun k ap fè fònikasyon” oswa “fònikatè”, e mo sa a parèt nan dis vèsè ki annapre yo: 1 Korentyen 5:9, 10, 11; 6:9; Efezyen 5:5; 1 Timote 1:10; Ebre 12:16; 13:4; Revelasyon 21:8; 22:15. Gen yon diksyonè H. Liddell ak R. Scott ekri (A Greek-English Lexicon, 1968, p. 1450) ki defini mo sa a konsa: “gason ki renmen gen rapò seksyèl ak tigason, moun ki gen rapò seksyèl nan dèyè, fònikatè, idolat.” Pou menm mo a, M. Carrez mete: “Moun k ap pwostitye tèt li”. P. Chantaine li menm li mete: “Se nan mo πόρνη a mo πόρνος a soti, yon mo maskilen ki vle di ‘pwostitye gason’ (...) ‘yon moun k ap fè fònikasyon’.” (Dictionnaire étymologique de la langue grecque, Pari, 1984, p. 888).